TRANSCRIPTION Introduction : Jounal 4è, 4è chak apre midi sou Radyo Kiskeya. Jounal katrè, yon sèl jounal la lè sa a, nan tout peyi a. Jounal 4è, nouvèl total. Mizik… LLP: Nou di tout moun bonswa. Pi gwo enfòmasyon n va genyen pou devlope apremidi a pou ou nan jounal sa a: Euuu 67% nan 172.8 milya goud pwojè bidjè gouvènman 2018-2019 lan ap soti nan DGI, la dwann. E 17% ap soti nan kominote entènasyonal la, E lòt 17% an se prete gouvènman an ap prete l. Se sa PDG Gwoup Kwasans lan e Kesner Pharel, presize nan konferans pou laprès jodiyan kote li soulinye se moun ki pi pòv yo, se sou do yo tout aktivite ekonomik sa yo pral fèt. Li ta swete pou gouvènman an pran tout dispozisyon pou pèp la, majorite popilasyon an benefisye pwiske se a pati de li menm gouvènman an pral pran lajan sa a, pou yo kapab benefisye nan sèvis gouvènman an ta sipoze ba yo. Li prezante tout yon seri done ki montre li konfime pou nou tout sitiyasyon ekonomik peyi Dayiti, sa yo rele makroekonomi (gwo zaktivite ekonomik) pa bon dutou nan peyi a. Epui, konsènan e demisyon oubyen finalman revokasyon komisè gouvènman Pòtoprens la, nou pa twò konnen paske se yon lèt demisyon l bay prezidan an, alòske se bay minis lajustis lan li ta dwe prezante l. De tout fason, Bawo Pòtoprens lan ap gen pou yo fè yon lòt asanble jeneral anvan pou yon konnen egzakteman si y ap pouswiv grèv lan, eske yo satisfè oubyen èske yap rekòmanse travay. Se Batonye Lòd avoka Pòtoprens yo, a.i., mèt Paul Rachel Cadet, e fè Radyo Kiskeya konnen nan yon entèvyou l ban nou. Epi gen prezidan Komisyon Justis ak dwa moun nan Chanm depite a, depi Pòdepè a, depite Jean-Marie Forestal, li salye desizyon pouvwa a pran, malgre li mizade nan wout pou l te pran l pou chanje komisè gouvènman nan pi gwo jiridiksyon peyi a nan domèn jistis. Reprezantan sikonskripsyon Pòdepè a nan senkantyèm lejislati a estime gouvènman an te kite kriz la dire twòp e desizyon sa a selon palmantè a, daprè sa l di, pral pèmèt anpil moun ki nan prizon kapab pase devan juj yo. Epi gen depite twazyèm sikonskripsyon Pòtoprens la, Printemps Bélizaire, ki denonse senatè Joseph Lambert, prezidan sena a, daprè zavwa misye sa l non l lè li fè konnen se li menm ki tal sove chèf gang yo rele Arnel Joseph la, nan moman lapilis tap mennen yon operasyon nann eee nan zòn Site de Dye, jan ke nou konnen l deja, Vilaj de Dye. Li di li pa menm konnen Anèl la menm. E li fè konnen si prezidan sena a pa prezante ekskuz, jan kòlèg li yo fè konnen an, yap anpeche ouvètu asanble nasyonal la fèt nan kòmansman mwa janvye a. Epi yon lòt pa li di l disponib pou reponn envitasyon jij denstriksyon an, Jean Wilner Morin, nan kad ankèt ki louvri sou disparisyon konfrè nou Vladimir Legnagnant nan mwad mas ki sot pase a nan Gran Ravin. E Prétemps Bélizaire di lap kolabore ak lajistis paske li ta renmen fanmi jounalis la jwen tout enfòmasyon e jwenn jistis nan dosye sa a. Men li ap bezwen pou palman, buwo palman an ba l lese pase pou l kapab ak reponn ak kesyon jij enstriksyon an. Epui nou konnen yè se te 16 desanm, sa te fè 28 tan apre premye eleksyon lib te apre diktati fanmi Duvalier a te fèt nan peyi Dayiti paske nou konnen premye tantativ la te fini nan san pèp la. Jean Bertrand Aristide, pè nan legliz St-Jean Bosco te elu prezidan. Nan okazyon sa a, patizan e ansyen prezidan an, byennentandu tout responsab nan pati a te di yap pran laru, gen anpil ladan yo ki te nan manifestasyon. E gen lòt dirijan you tankou Mopod, Serge Jean-Louis ki te nan lari. Sepandan, manifestasyon sa a, menm seupandan manifestasyon sa a menm jan ak manifestasyon dimanch pase a pat fè resèt. Tapral gen yon eskann menm ki pete lè de gwoup manifestan yo, chak te vle pran yon direksyon. Te gen youn ki vle pran direksyon pou ale Tabarre, e lapilis te tou pwofite l kraze manifestation an. N ap genyen pou n pale de plizyè lòt pwen nan aktualite lokal la. Nan aktualite entènasyonal la, finalman CoP 24 la fini avèk 24è de reta akòz pou yo te fin rive antann yo sou yon seri de pwen. Men depi wikenn nan, divès òganizasyon kap defann kesyon anviwònman an pa kache jan yo pa satisfè de sitiyasyon an. Epui nan mwa desanm sa a, se mwa tout kalite danje pou yon seri de peyi ki nan eleksyon, peyi kote yo konn bay koudeta ou byen koudeta elektoral oubyen koudeta san koule. Pa egzanp demen gen nan Madagascar, de ansyen prezidan ki echwe ki kandida pou yo retounen ankò nan tèt peyi a, alòske 23 desanm, nan menm semenn sa a se RDC. Kabila yo sipose vire chapit ki konsènen l nan istwa Repiblik Demokratik Kongo, men sa pa vle di misye pa pwisan, ke l pa toujou nan koulis. Dayè misye gen pwòp kandida l lap soutni nan eleksyon sa a. E Trump mande Fed, ki se bank santral Etazini an fè yon jefò, paske li di Paris ap boule e lemond ap eksploze. E Trump menase pou l fèmen administrasyon federal la si l pa rive jwenn sa l vle a ki se miray ki pou separe peyi Etazini ak peyi Meksik. L ap trè difisil pou l jwenn li ak demokrat yo ki pral rantre an fòs nan chanm reprezantan an a pati de janvye. Epui selon Theresa May, yon nouvo referandòm jan ansyen premye minis Tony Blair mande l la, si y a l fèl sou kesyon Brexit la, l ap fini nèt ak Wayòm Uni, dapre sa premyè minis la deklare. N ap gen pou wè tou sanksyon yo menase yon seri de chèf nan lame fransèz lan daprè zavwa yo te akize prezidan Emmanuel Macron de trayizon. Epi yon jilè Jòn pote plent nan enstans régulateur nan zafè medya, li akize France 3 ki modifye yon mesaj yo te genyen konsènan Macron. Envite Jounal 4è apremidi a, n ap genyen yon konfrè ki se Israel Jacky Cantave, ki te temwen nan evènman 17 desanm 2001 yo, kap retounen sou evènman sa yo nan mikro Beethovens François Fils. Se enfòmasyon sa yo ak anpil lòt nou pral gen pou nou devlope pou ou nan jounal sa a. Mizik… Dabò nou pral pran dènye nouvèl tan ak dènye bilten meteyo a Kristnèt pral prezante m; bonswa Kristnèt. Bonswa pou ou Liliane, bonswa Antonyèl, bonswa tout ekip la, oditè ak oditris Radyo Kiskeya byen bonswa pou nou chak. Men kòman sitiyasyon meteyo a prezante l sou Karayib la, sou Atlantik la. Malgre prezans yon fon fwa ki retwouve l sou peyi Kuba, enben zòn siklonik la se li menm ki chita kòl sou Atlantik la. Si li ki enpakte sitiyasyon meteyo a, ki rann mas lè a pluzoumwen sèk avèk van an kap soufle, sa ki pa twò favorab pou fasilite aktivite lapli sou peyi a, e sitiyasyon sa a ap dure 72 zè kap vini la a. Nou gen yon tan ki gen solèy ak nuaj kap devlope kap prezan pou aswè a. Tanperati a de boulvèse kò l pandan jounen an an 29 ak 32 degre Selsiyus, lap tonbe nan nwit la an mwayèn antre 18 a 22 degre sèlsiyus. Chalè jounen an ak efè lokal yo ap fasilite ti aktivite lapli de fason izole sou kèk tèt mòn pou aswè a. Pou Pòtoprens ak zòn ki antoure l yo, nou gen yon Pòtoprens ki ankò gen solèy, gen nuaj kap devlope. Gen posiblite pou kèk tèt mòn ki prè Pòtoprens, ozalantou tou, resevwa kèk gout lapli aswè a. Tanperati a pendan jounen an te ogmante jiska 32 degre Selsiyus, e lap tonbe nan nwit la a 22 de Sèlsiyus. Pou madi avèk mèkredi, tan an ap toujou rete menm jan an, aktivite lapli yo ap yon tijan ra toujou. Alò agrikiltè yo, nou ki gen flè, moun ki genyen zannimo yo yap plenyen paske se va an li men kap plispale de li. Pou lanmè a, nou mande vwalye yo pran prekosyon, zòn kotyè Nò, zòn Lagonav, e sitou mitan lanmè zòn kotyè Sud. Vag yo ap rive nan zòn kotyè Sud jiska 7 pye e van an li menm la soufle jiska 20 ne. Solèy la ap kouche apremidi a 5 è 15 pou leve demen maten a 6 zè 16 minit. Se la nou meten yon bout ak enfòmasyon meteyolojik la. Yon gran remèsiman trè spesyal ak ou menm Liliane, Antonyèl tout ekip la. Oditè oditris Radyo Kiskeya nou swete nou pase yon favorab fen dapremidi avèk yon ekselant semèn. Randevou pou nou kontinye enfòme se demen madi apremidi. Bòn fen dapremidi Lilian e bòn semèn. Mèsi Kristnèt, na wè demen. N ap raple se samdi ki ap vini la yap chante antèman Monseyè Guyre Poulard nan Katredrak tranzitwa a la. Seremoni a ak kòmanse byen bonè depi b 149 zòn 7 è yap ekpoze kò l, daprè pwogram Achidyosèz Pòtoprens la te piblye nan okazyon sa a. Epi Gwoup Kwasans ki te analyze bidjè 2018-2019 la gouvènman an voye nan paleman an, 67 pou san nan bidjè 172,8 milya goud la ap soti pou pifò nan DGI ak ladwann epui 17% nan kòb la se nan èd entènasyonal epi lòt 17 pou san an la se prete gouvènman ap prete l. Se sa PDG Gwoup Kwasans la, ekonomis Kesner Pharel, presize jodia nan yon konferans pou laprès li bay nan Konplèks Lafayèt, kote katye jeneral Gwoup Kwasans lan ye nan Delma 71. Ekonomis la fè konnen dèt gouvènman an ogmante de 41 pou san nan pwojè bidjè a. E n ap tande Roro Pharel nan konferans pou laprès sa a, kote Robinson Henry te prezan pou Radyo Kiskeya. Les voies et moyens, 72 pwen 8 milliards de gourdes. Men twa fason pou rantre lajan nan bidjè a: les ressources domestiques, 114,3 milliards de gourdes. Banm raple nou ke gouvènman an te prevwa nan vèsyon Jiyè a, avan evènman 6-7 yo te pase, vèsyon orijinal la, 176.3 milliards de gourdes. Don yo kontrakte egalman Yo te apeprè 30 milliards, nan vèsyon korije a li bese a 28,9 milliards. Sa ki enpòtan pou n gade la a, le financement a augmenté dans le budget déposé au parlement la semaine dernière. Yo te prevwa yon finansman de 21 milliards yo pase a 29,6 milliards. Ça veut-dire que dans ce budget, les ressources domestiques diminuent, les dons diminuent, donk finansman an vle di se prè yo k pral ogmante pou kapab finanse bidjè sa a. Ceci est très important à comprendre. Paske nou gen yon dèt deja de 3,2 milliards de dollars, donk si dèt la ap kontinye ogmante avec les intérêts, le service de la dette est extrêmement important, donk il faudra ke nou pote très attention à ce financement qui a augmenté de 41% dans la version 18-19 déposé en décembre par rapport à la version du mois de juin. Donc, on s’endette beaucoup plus pour financer le budget. Resèt entèn nan ap diminye pa rapò a ansyèn vèsyon bidjè a, poukisa paske les 19 milliards de gourdes ki te prevwa au niveau du budget pour les taxes pétrolières yo pa ka pran l ankò. Il y a une augmentation considérable de près de 40%, 45% des recettes douanières. M ap kouvri bidjè lontan, mwen poko janm wè recettes douanières depase 20 milliards de gourde, men nan tablo sa a, 35,5 milliards de gourdes. Eske vrèman kontrebann nan a tout sa ki genyen egzansyon fiskal yo ap vrèman disparèt pour pèmèt nou atenn 35,5 milliards de gourdes, ki parèt ekstrawèodiné, men banm raple nou Repiblik Dominikèn ane dènyè, pwiske nou sou menm il la fòk nou konpare, ane dènyè rantre 130 milliards de pesos nan recettes douanières li. Se pa yon bagay ki enposib pou Ayiti ta fè, men nou wè ki lòd ki pou mete ladan l. Autre source domestique ki depui kèlketan ki te enferyè a 1 milliard de gourdes, nan rektifikatif la li franchi la barre de 3 milliards de gourdes e nou wè gouvènman an kenbe l a 3 milliards de gourdes, se tout lòt aktivite ki andedan peyi a. Les dons à 28.9, l’appui budgétaire a connu une diminution de 5 à 4 e èd pwojè a vin ogmante. Sa montre en quelque sorte que entènasyonal poko alèz avè n pou l mete kòb la nan menm dirèteman. Ann gade finansman an ke m te atire atansyon nou yo. Tirage sous emprunt, sa vle di dette externe, la dette externe a augmenté dans le budget passant de 5 à 13 milliards de gourdes. Sa vle di ke mekanis Petro Caribe, Vendes, a pra l ba nou kòb la à hauteur de 13 milliards de gourdes. La dette interne, mwen ta kap di trè optimiste de la part du gouvernement, 9 milliards de gourdes de bons du trèsor, li te 3 milliards dans la version corrigée. Autre financement interne de projets, 7.5 milliards de gourdes, enpo dirèk, enpo sou revnu yo ap sèlman 26 milliards de gourdes, tandis que les impôts indirects seront de l’ordre de plus de 70 milliards de gourdes. Les ressources domestiques représentent 70% du budget, les dons seulement 17%, et le financement se retrouve autour de 17%. An an, se PDG Gwoup Kwasans la, ekonomis Kesner Pharel. Pi fò lajan gouvènman an ap ranmase nan DGI ak ladwann pral nan depans chak jou, sa rele depans kouran, selon PDG Gwoup Kwasans la, e li fè konnen se moun ki pi pòv yo, wi, e poutan se yo menm ki pral finanse bidjè sa a, menm jan ak moun ki gen mwayen yo, men nan peyi Dayiti pi pòv yo pi plis. Li swete gouvènman an ap pran dispozisyon pou moun sa yo, pi pòv yo, moun ki pi vilnerab yo, pou gouvènman an ta retounen ba yo kòb lap ranmase nan bidjè a a travè sèvis pou l ta ba yo, sa vle di bon kalite lekòl, bon kalite sèvis sante, bon wout, bon kominikasyon, bon anviwònman, bon loisir, tout sa pou yo menm ak pitit ak fanmi yo, bon kay pou yo rete, tout sa politik lojman. N ap koute PDG Gwoup Kwasans la, Kesner Pharel, toujou nan konferans pou laprès sa a kote Robinson Henry te prezan pour Radyo Kiskeya. N ap rantre 114 milliards de gourdes nou menm, nou pral soti an dépenses courantes 90 milliards de gourdes.Konk lajan n ap rantre la yo nan enpo dirèk, nan enpo endirèk ak nan recettes douanières yo, nou wè yo tout prale nan depans kourant. Les salaires et traitements vont augmenter à 47 milliards de gourdes. Les biens et services sont restés au presque même niveau, 29 milliards de gourdes. Les transferts et subventions, 10 milliards de gourdes, et intérêts sur la dette, 3,6 milliards de gourdes. Donc vwala kèoman lajan nou prevwa depanse lajan nou prevwa rantre a. Byeb ke gouvènman an di ke l fè yon chanjman vers le social, nou gade rasyo a pa rapò a bidjè rektifikatif la, wi, il y a eu un changement, la tendance a connu un changement, mais cela reste encore trop faible. Regardons les dépenses d’investissement, elles sont de l’ordre de 81 milliards de gourdes, immobilisations 1,6 milliards de gourdes. La partie la plus importante pour souligner l’apaisement social de la part du gouvernement, c’est les programmes et projets de l’ordre de 62 milliards de gourdes. Li rete stable par rapport à la première version, mais beaucoup plus élevé par rapport au budget rectificatif ki li menm parlement an te fè yon veritab gagòt ladan l, paske parlement avait réduit les investissements sociaux après les 6 et 7 juillet pou yo te ogmante les dépenses courantes parce que le dubget rectificatif qui a été déposé au parlement, sa k soti a te diferan de sa ki te depoze a. Donc, on va voir ici, le trésor public, 17,3 milliards de gourdes ke yap pote anndan budjè a pou envestisman sosyal la, l’annulation de la dette du Fonds monétaire, 3.8, autres financements 3.7, dons et emprunts, 37.52 milliards de gourdes. Donc, on verra que le financement externe supporte les investissements sociaux par rapport au trésor public. L’explication est seulement arithmétique, plis ou mete kòb nan depans koutant yo, se mwens kòb wap genyen pou envestisman sosyal yo. Nan chak 100 goud ki pral depanse anndedan budjè a, 67 se nou menm kap peye l. E 67 sa a, 63 se enpo endirèk k ap peye l. Se resous domestik et se enpo endirèk kap supòte budjè a. Si w gade enpo dirèk ou li 26 milliards de gourdes. Tout revnu ki jenere andedan peyi a, Leta gen yon kòb ke l pran dirèkteman. E tank nou rantre plis kòb, Leta pran plis nan men nou. Enpo endirèk la se sou tout aktivite ekonomik ki fèt nan peyi a. Ke m gen yon machin nèf ki rantre nan yon ponp gazoline, ke m gen yon motosiklèt ki gen 20 tan, yo peye menm taks la. Sa vle di moun pòv ak moun ki ekstrèmman pòv peye menm enpo endirèk. Ò enpo endirèk la pi eleve pase enpo dirèk la. C’est un débat qui est en France actuellement, ce qu’on appelle la justice fiscale. Ki vle di moun pòv ap peye budjè a la a. Si yo peye plis ke 60%, fòk nou ta pèmèt nan depans kap fèt yo yo benefisye bokou plis tou. Si yo peye otan dajan epi nou wè se depans kourant li prale pou fè machin nan fonksyone se yon enjstis en quelque sorte, tant à l’entrée qu’à la sortie. Alò se petèt yon jeu d’mo Roro fè lè l di depans pou machin nan fonksyone, nou konnen anpil kòb Leta se nan achte machin yo pase, se youn nan pòs de depans ki trè eleve nan Leta Ayisyen. PDG Gwoup Kwasans la prezante tout yon lòt seri de done sou aktivite ekonomik la, sa yo rele makroekonomi, gwo aktivite ekonomik. Enbeyn sitiyasyon an gravman grav. Nou toujou ap tande l nan konferans pou laprès sa a kote Robinson Henry te prezan pou Radyo Kiskeya. Evolusyon produit intérieur brut la sou yon peryòd alan de 2010 a 18-19, dans les 4 dernières années, 14-15 jiska 17-18, ke ekonomi a pa janm depase 1.5% de kwasans. Chif sa a enpòtan paske 1.5% se to minimal kwasans demografik. Ki vle di pandan 4 an le pays pa atenn nivo de kwasans demografik li. Pa gen lòt rezilta, se povrete e ekstrêm povrete. Ke l an rythme annuel ke l nan rythme mensuel, en glissement annuel nou pra l wè ke to denflasyon an poko janm pase anba nivo 10%. Nan yon peyi pouvwa dacha ekstrèmman fèb ak yon to denflasyon aussi élevé, encore une fois, ça confirme la situation de pauvreté. To de chanj se pa diferan. 14-15 se te 48,56 goud an mwayèn. Pou 17-18 la, li pral monte 74 goud 61. Sa vle di ke l’environnement macroéconomique totalman deteryore. Ann gade previzyon gouvènman fè pou 18-19 nan nouvèl vèsyon bidjè a, sèlman 2.8%. Gouvènmanvin boko plu reyalis ke optimis, an jeneral li konn 3.8%. 2.8% pap sufizan pou kouvri 1.5% ane kwasans 4 dènye ane yo. E anndan 2,8% sa a yo pa oblije pran an konsiderasyon sa nou ta ka rele les désastres naturels, ni yo pa pran an konsiderasyon les désastres humains, fèmen peyi. Sa ka vle di 2.8% an gen anpil chans pou nou pa atenn li ankò. Les prévisions du taux d’inflation sont extrêmement élevées, 14.7% ki vle di to denflasyon nou te genyen an 13.6% nou te genyen an 17-18 la, nou a yon to denflasyon encore plus élevé pou 18-19. To d’chanj la, ou wè nou pa fè previsyon, men chak jou nou wè kijan to d’chanj lan prale ki poze pwoblèm pou l’économie haitienne. Vwala konferans pou laprès PDG Gwoup Kwasans la, Kesner Pharel, sou sitiyasyon ekenomik peyi a pa rapò a budjè gouvènman an prezante e pwojè budjè ki te depoze nan paleman an pou ane fiskal 2018-2019 la. E poutan prezidan sa a ki pral gen 2 zan nan tèt peyi a, nèg bannann nan li te di pèp Ayisen li tap mete manje sou tab li e l tap mete plis lajan nan pòch li. Dezan apre peyi a vin pi pòv, men sepandan se vre gen yon ti kras plis konsyans nou kòmanse wè. Se poko sa total kapital, men ane pase nou sonje deba kesyon bidjè a te fè. Pou lapremyè fwa, popilasyon an te pran konsyans sou kesyon bidjè a. Fòk ou konprann bidjè a pou w ka konprann Leta a, kijan yo separe sa yo rele richès nasyonal la. Kikote lajan yo ale, kisa yo fè avè l Moun an te kòmanse konprann, gen anpil gwoup ki patisipe nan edikasyon sa a. Roro se youn nan ekonomis ak plizyè lòt konfrè l ki fè travay sa a. Pèp yo jounen jodiya kòmanse pran an men sa yo rele bidjè Leta yo. E sa k ap pase an France, y ap denonse enjistis fiskal la sitou sa yo konsène taks yo mete sou konsomasyon kote tout moun ap peye alòske tout moun pa gen menm mwayen, ki se yon enjistis sosyal e se enjistis sa a tou Roro sot denonse la a nan taks endirèk ke yo fè tout moun peye a e pifò moun k ap peye l nan yon peyi tankou Ayiti se moun ki pi pòv yo, e se yo menm ki pi plis. N ap soti nan ekonomi nou prale nan justis, ki se yon gwo preyokipasyon pou pèp Ayisyen an. Alò gen yon Justis sosyal, men gen yon Justis tou kou. Justis sa a nou konnen ki pap fonksyone nan peyi, ki pa distribue. Nou konnen gen yon pàn la pami lòt pwoblèm li genyen. Men pàn sa a se akòz de yon evènman ki te pase nan Pakè Potoprens la nan kòmansman mwa oktòb la kote te gen avoka ki te nan akwochay avèk Pakè Pòtoprens la ak responsab polis la nan Lwès la, e gen plizyè lòt avoka ki te nan akwochay avèk eee reprezantan lapolis. Epi finalman sa te abouti a apeprè twa mwa kote jiridiksyon Pòtoprens la te bloke, e finalman pami egzijans yo te fè se te pou komisè gouvènman Pòtoprens la, Ocman Clamé Daméus te bay talon n. Finalman sa rive fèt, men li pa rive fèt selon règ ki etabli pwiske l pa bay minis jistis la demisyon l, se prezidan an l remèt demisyon l, e ki ka pèmèt tou tout kalite analiz fèt konsènan wòl komisè gouvènman an, finalman eske l reprezante sosyete a oubyen egzekitif la yo te an misyon pou li yo reprezante, paske o pwendvi senbòl sa a gen tout yon charj ki mache avèk li. Epi ou genyen tou, direktè polis la nan Lwès la, li menm yo deja ranplase l, men kounye la a se konnen eske avoka yo satisfè oubyen eske yap kenbe grèv la toujou konsènan divès revandikasyon yo te genyen. Eee, Bawo Pòtoprens la poko pwononse l, selon Batonye Lòd avoka Pòtoprens la a.i. Mèt Paul Rachel Cadet, li salye paske finalman Ocman Clamé Daméus kite tèt Pakè a, gen yon lòt komisè gouvènman ki nonmen. Nan yon entèvyou l bay Radio Kiskeya jounen jodiya, mèt Cadet fè konnen se nan yon lòt asanble jeneral pral gen desizyon avoka yo pral pran pou konnen si yap mete yon bout ak mouvman yo te fè a oubyen eske yo estime yo jwenn justis oubyen eske yo poko satisfè. Se nan asanble jeneral la yap konnen. N ap tande mèt Paul Rachel Cadet ki se batonye Lòt avoka Pòtoprens yo a.i. ki te pale konsa nan mikwo Ketia Jean-Pierre Taylor: Il serait question aujourd’hui ke genyen yon lettre de démission de maître Ocman Clamé Daméus comme titulaire du Parquet de Port-au-Prince. Nou tande l tou e nou panse yon bagay konsa pa rapò a objè kriz la, sa k te fè kriz la s on avans considérable. Euh, nous attendons tous aujourd’hui que la mesure soit effective et que il y ait l’installation du nouveau commissaire du gouvernement. Donc une fois, nou akeyi favorablement avanse sa a, e petèt lòt eklèsi kap fè nan dosye sa a nan jou kap vini yo.. E nou konsidere se yon bon apwòch, yon bon avanse ki ka pèmèt bagay yo amelyore dans les jours à venir. Ketia J-P Taylor: Nou jwenn youn nan twa revandikasyon nou te genyen ki se depart mèt Ocman Clamé Daméus nan tèt Pakè a, arestasyon Berceau Soljour, arestasyon polisye ki te frape avoka nan kafou Gérald Bataille. Eske n ap kontinye a mouvman nou genyen nan Bawo a? Mèt Paul R. Cadet: Nou kapab diw tan osi lontan nou wè gen yon bon sinyal ki lanse pou nouvo komisè gouvènman ki ka enstale a, mwen panse tou gen yon bon sinyal ki lanse, menm si l a demi-teint, men li lanse pou Berceau Soljour ki li menm ki mete akote kòm DDO. Se vre ke rezolusyon an li menm, li ale un peu pi lwen, men nou kanmenm gen kapasite pou nou apresye jodiya qu’il n’est plus à la tête de DD nan Pòtoprens la, nan Lwès la. Nou sansib a sa k ap fèt la, e nou santi nou prè pou konsidere nouvèl apwòch ki supoze ka fèt compte-tenu de avanse ki fèt. Donk nou pa pou yon arè pou toutan sitiyasyon an rete konsa, nou swete pou sa mache yon lòt jan, ke systèm judiciaire la rekòmanse fonksyone convenablement e ke tou moun gen aksè a la justis. Mais il y a un principe que nous supoze respekte, le parallélisme des formes et des compétences. Cependant l’arrêt de travail ke nou te pran rezolisyon an te pran nan asanble jeneral, li ka leve definitivman aprè yon nouvèl asanble jeneral kap pwononse l sou justement nouvèl direksyon pou nou bay a arè de travay la. Men tankou m di w, nou favorab à ce que sityasyon an retounen à la normale, pou Bawo a, pou tribunal la fonksyone normalement. Et nous attendons quand même, paske nou pa ka fè l nenpòt kòman. Ketia J-P Taylor: Se kilè nou kapab fè asanble jeneral sa a? Mèt Paul R. Cadet: Bon jodiya an particulier nou konte reyini avèk Konsèy la. E pou asanble jeneral la, nou ap tann enstalasyon nouvo komisè du gouvernement an. Vwala, se batonye Lòd avoka Pòtoprens yo, batonye a.i. Paul Rachel Cadet nan mikwo Ketia Jean-Pierre Taylor. E gen prezidan Komisyon Jistis ak Dwa Moun nan chanm depite a, depite Pòdepè a, Jean-Marie Forestal, li salye desizyon li di pouvwa a pran pou nomen yon nouvo komisè gouvènman nan tèt Pakè Pòtoprens lan. Reprezantan sikonskripsyon Pòdepè a nan 50e lejislatu a estime gouvènman an te kite kriz la dure twòp nan pi gwo juridiksyon peyi a, eee, juridiksyon justis. Selon palmantè a, desizyon sa a pra l pèmèt anpil moun ki fèmen nan prizon pase devan juj naturèl yo. Jean-Marie Forestal mande nouvo komisè a travay ak lòt aktè nan systèm nan pou atake fenomèm détention préventive prolongée a, paske anpil moun nan prizon, yo pa janm pase devan juj yo; se sa ki vrè reyalite nan kesyon justis la nan peyi a. N ap tande depite Jean-Marie Forestal, prezidan Komisyon Jistis ak Dwa Moun ki te pale konsa nan mikwo Vilner Joseph: Se deja two ta menm, desizyon gouvèneman an pran pou rezoud kriz sa ki t ap sakaje bil Pakè Pòtoprens lan. Non sèlman kriz la te pèmèt anpil dwa moun vyole pa rapò a ensemble de justiciables ki te gen pou prezante devan juj naturèl yo ki pat ka prezante akoz paralizi kriz la te trennen dèyè l, men tou ki ta kapab pèmèt anpil odyans ki te gen pou fèt o nivo de chanm koreksyonèl swa chanm kriminèl ki pat kabap dewoule paske w konnen, sitou pou odyan kriminèl yo, lè avoka yo fè defo, donk desizyon yo pa ka pran e jujman an pa ka tenu. Donk, myen panse ke jodiyan nou tire yon satisfecit pa le fèt ke gouvènman an twouve ke li bout, fòk li mete yon fen a kriz la avèk le renvoi ou le transfert de commaissaire Oclam. M te gentan sugjere solusyon sa a, m te mande youn nan pati yo pou yo tire lareverans, e pati mwen te mande pou tire lareverans la, se sûr mwen te utilize yon lang de bwa, se sûr se te komisè Oclam. Paske dans tous les cas, ou twouve w nan yon contentieux avèk yon Bawo ou gen tan konnen se ou kap fè les frè, ou pap ka ranvwaye Bawo a, se ou yap toujou ka ranvwaye, depandàmman de valè kriz la, de ampleur kriz ki kreye a. Donk nou panse jodiya, le nouveau commissaire qui est à peine venu au niveau du Parquet de Port-au-Prince, li pral tire leson de sa ki rive prédécesseur li, komisè Oclam, pou pa chache konfli avèk Bawo a, epi tou pou l ta pran sou li tout chaj ki genyen sou li an tan ke chef du Parquet pou kapab jere post-kriz la, paske gen ante-kriz la, gen kriz la e gen post-kriz la, paske tout n’est pas fini avec le renvoi de Oclam, gen remou yo ki rete toujou. Mentenan ki dispozisyon ki pral pran pou pèmèt à ce que sa ki te genyen kòm contentieux a ap regle? Eske le renvoi de Oclam est suffisant, eske kòlèg avoka yo nan Bawo Port-au-Prince, eske yo satisfè de renvoi de Oclam nan, eske se te sèl revandikasyon yo te genyen? Eske yo pap chache yon sèten suivi nan dosye ki te kreye kriz la, à savoir giffle ke avoka a te pran au niveau de l’enceinte du Parquet de Port-au-Prince? Eske ce monsieur va pouvoir comparaître devant une instance judiciaire pour répondre de son forfait? LPP: Vwala se te prezidan Komisyon Jistis ak Dwa Moun nan chanm depite a, depite Port-de-Paix a, Jean-Marie Forestal nan mikwo Vilner Joseph. Efektivman se yon dosye ki conjoncturel, men ki touche tou aspè structurel nan fonksyònman enstitusyon yo nan peyi Dayiti, yon deba nou pa dwe fè ekonomi de li, divès aspè san konsesyon sou sa ki te pase a. Pa bliye gen yon gwoup avoka, mèt Samuel Madistin fè pati de gwoup sa a ki te tante fè yon medyasyon nan dènye moman an, men yo te echwe paske avoka yo te kanpe sou yon revandikasyon radikal konsenan komisè gouvènman an, men kounya a eske dosye direktè lapolis la ki deja ranplase, yo satisfè de li oubyen yo pa satisfè? Men de tout fason pwoblèm jistis la se yon pwoblèm ki beaucoup plus complexe ke sa nan peyi a nan jan la justice distribue e tout enstans ki konsène yo sa di juj, avoka, Pakè, sosyete a an jeneral, yo genyen anpil kesyon ak anpil deba ki ta dwe fèt. Pa bliye nan budjè a tou, gen CSPJ a ki deja denonse, nan yon lèt tou louvri li voye bay premye minis la, ke ane se sèlman 0,91% nan budjè a, yo desanm li, se te 1%, yo prevwa pou lajistis la nan peyi Dayiti. Dosye ki rete tou louvri nan Radyo Kiskeya. N ap fè yon premye kout pye nan aktualite entènasyonal la kap mennen nou nan peyi Madagascar, nou prale trè lwen an fas, nou prale, en quelques sortes, paske Madagascar vin yon carrefour à la fois fas a yon kontinan Afriken kote l ya a nan Oseyan Endyen an, se yon peyi carrefour, gwo zile a, jan yo rele l gen plis ke 10 milyon Malgach, se non pèp sa a, ki pral vote demen nan eleksyon pou elu yon nouvo prezidan. Eben, se menm moun yo k ap retounen devan yo, eleksyon sa yo te wè l deja, e 2 kandida ki pral nan dezyèm tou yo pèp plen repwòch pou yo paske 2 ansyen prezidan ki pa rive fè Madagascar dekole, 2 ansyen prezidan yo akize nan koripsyon, nan mounpayis, tout bagay, se yo menm ki retounen ankò, alòske 2 mesye sa yo, yo te bloke yo nan eleksyon 2013 la. Pake yo tap fè yon tantativ pou ta gen lòt moun ki emèje, pase a dwat, pase a goch, yo tounen menm kote a, menm penpenp la. E nan youn kritike lòt se lave nan kanpay elektoral sa a, 2 klyan an youn konnen lòt trè byen. A 69 an sou tè li, Marc Ravalomanana, li poko janm dijere le fèt ke l te oblije demisyone, paske l te vin mete nan peyi a yon gouvènman gwo ponyèt malgre angajman l e pran pou peyi a kontinye nan demokrasi. E dezyèm manda l la nan ane 2009, misye pat fini l paske l te rantre nan yon veritab derive autoritaire e sa te fè te gen yon leve kanpe kont li ki ta pral pote l ale sou pouvwa a. Jiska prezan misye poko dijere sa e misye bat, li bat, li bat jiskake l retounen. Li pat ka kandida, plizyè fwa deja li te tande, yon lèt menm avyon ki tap soti nan peyi Afrik du Sud te oblije kase tèt tounen, li pat gen dwa pou l te viv nan peyi a, li tap viv an egzil nan Afrik du Sud. Kiyès ki ranplase l, yon jèn majistra ki se te yon DJ, se premye pwofesyon l, DJ l ye nan kapital la, tout moun konnen l, epi misye te majistra Antananarivo ki se kapital la, Andry Rajoel, misye pral fè yon kout prezidan. E fòk nou di Ravalomana te kraze tout mouvman pwotestasyon kont li nan san, sak pral fè l pèdi pouvwa a pi vit, e kòm aktènativ se jèn DJ sa a ki te majistra kapital la ki ta pral ranplase l. Donk sa fè youn konn lòt trè byen. Ravalomana te oblije demisyone, li te oblije pran wout legzil. Li retounen nan peyi a apre plizyè ane, yo te mete misye nan prizon lakay li, residence surveillée, apre sa misye reprann direksyon pati l la. Jounen jodiya li pral nan dezyèm tou eleksyon, li espere lap tounen nan tèt peyi a ankò. E devan l menm rival ke l te genyen an ki te pran plas li lè l te oblije demisyone. Rival sa a te supoze òganize eleksyon pi vit, men rival sa a, menm sa yo te repwoche prezidan ki te oblije demisyone a li pral fè menm wout la tou kote l te fòme yon gouvènman se moun pa l sèlman, clientelisme, e yo pral repwoche an definitiv menm sa yo te repwoche sa ki te oblije tonbe a. Yo pral repwoche l daprezavwa li angaje tou resous naturèl peyi sa a, ki son peyi ki rich men pèp ladan l pòv, paske yo gagote tout sa l genyen. Yo pral fè l menm repwòch yo, donk 2 mesye sa yo, yo te entèdi yo patisipe nan eleksyon 2013 la, paske te gen structure ki te mete kanpe sou pye pou di 2 mesye sa yo ki te gagote peyi a, youn pa pi bon pase lòt, annou wè si nou ta ka jwenn lòt moun pou ta vin pran direksyon peyi a. Te gen yon akò ki te siyen nan sans sa a pou renouvle klas politik la. Men kòm yo pa ka renouvle yon klas politik avèk yon klik, Madagascar pral fè eksperyans li. Se vre yon rive nan madebat mete yon prezidan, men nonm sa a pèdi depi nan premye tou, prezidan tou nèf la, li pa menm asiste tiraj pou l al nan dezyèm tou, donk misye tou pèdu nan premye tou. 2 ansyen prezidan ki pat bon yo, se yo menm ki prale nan dezyèm tou. Se eksperyans sa a pèp la ap fè nan peyi Madagascar. 2 Ansyen prezidan yo, pou kouwèl ye la a, se Rajoelina ki devan nan premye tou eleksyon 7 novanm nan, li gen 39,23% sufraj ki eksprime an favè l alòske Ravalomanana li menm gen 35,35% nan premye tou a. Donk 2 kandida yo bay anpil kado, yo fè anpil pwomès san yo pa konnen a ki kòb yo pral reyalize pwomès sa yo pou yo ka sedui yo elektora ki ba yo vag paske pi gwo pati politik ki genyen nan peyi Madagascar jounen jodiya yo rele l abstansyon, 47,7% nan pèp la pat patisipe nan premye tou eleksyon an. Demen ap genyen dezyèm tou eleksyon sa a, sa vle di pa gen anpil espwa pou pèp Malgach la. Mizik… Toujou sou Radyo Kiskeya wap suiv Jounal 4è n ap prezante w depi nan Studio Bertrand Pierre-Louis. N ap salye tout internaute yo kap resevwa nou sou www.radiokiskeya.com kelekesya kote yo ye, e sila yo tou kap resevwa n sou platfòm entelijan yo. N ap retounen ankò nan aktualite entènasyonal la konsènan enjerans la Russie nan eleksyon amerikèn nan ki te fèt nan lane 2016 ki pote Donald Trump sou pouvwa a, gen 2 rapò sena ameriken an te kòmande, gen plizyè medya ki pibliye yo dayè, ki moute de fason sofistike kòman la Russie te enplike nan soutni Donald Trump pou l vin prezidan nan eleksyon 2016 yo e rive kraze kandidatu Hillary Clinton nan. Pa egzanp gen yon ajan nan Entènèt yo rele Internet Research Agency (IRA) ki baze nan St Petersbourg nan peyi La Russie, li gen plizyè sentèn fo kont li tap jere sou Entènèt, yo te fè moun kap pale yo pase pou dè ameriken, se pat ameriken yo te ye, yo itilize yo. Yo te itilize pòs sa yo pou mete yon seri mesaj sou Facebook, sou Instagram, sou Twitter men tou sou Youtube, kont Hillary Clinton men an favè Donald Trump, e yo te itilize patikilyèman kominote nwa a nan peyi Etazini pou destabilize kandidat demokrat la daprè sa 2 rapò sa yo, Sena ameriken te mande pou mennen ankèt la revele, selon sa plizyè medya ameriken ki pibliye enfòmasyon sa yo jodiya. N ap vini lakay pa nou pou nou ba w enfòmasyon konsènan premye konkou Nwèl nan lekòl Radyo Kiskeya te òganize, edisyon 2018. E premye nou te fè seleksyon kote te gen plizyè kandida ki te pase devan yon juri, e finalman gen 5 finalis n ap tann nan final la kap fèt samdi 22 a 5è nan menm kote a, nan Jaden Kiskeya. Alò lekòl ki patisipe pou konnen kiyès kap ranpòte final la samdi se Lycée Marie-Jeanne, l’Excellence, lekòl Collège l’Excellence, Collège Canapé-Vert, Lycée Benoît Batraville ak Lycée Anténor Firmin. Se yo menm ki 5 finalis yo. Juri a te genyen Gary Lubin ki se manadjè grand chanteuz ayisyèn Emeline Michel, madam Yola Montpremier, chanteuz Tamara Suffrin epi ansyen depute Vikens Dérilus ki te konpoze juri a. Epi MC (maître de cérémonie) a se te Wilken Tiberis, Wilmix nasyonal kiskeya, se li menm ki te MC a samdi. E te gen fanmi, te gen supòtè tout lekòl ki tap patisipe yo ki te prezan. E randevou a se samdi pwochen kote 5 lekòl sa yo pral fè final, e fòk nou di ke pou Excellence, gen yon òkès yo mete kanpe sou pye nan okazyon patisipasyon yo, ladan yo gen plizyè muzisyen, gen keybordis, gen vyolonis, gen gitaris, yo tout te patisipe, yovini avèk tout enstruman yo pou yo te ka patisipe eee, nan konkou a. Epi Lycée Marie-Jeanne se 4 bon kwatuò ekstrawòdinè, twa lòt lekòl nou te di w yo, Collège Canapé-Vert, Lycée Benoît Batraville ak Lycée Anténor Firmin, se yo menm ki nan final. Fòk nou di tout sa rive fèt paske gen yon pakèt moun ki te mobilize. Se okazyon pou nou salye Fincha ansanm avèk Rousmine, epi tout ekip teknik la ki genyen, avèk tout moun ki te patisipe yo epi avèk tout supòtè tou ak tout sponsò ki te sponsorize pou nou te ka fè premye pa sa a. Pi gwo pa a n ap fè l samdi ki ap vini la. Epi Wendy, se li menm ki chèf ekip teknik la, se li menm ki gen tout bagay nan men l. Nou gen tou Kazy, nou gen anpil moun ki mobilize, nou deja ap remèsye yo, men n ap vini a yon lis pi konplè. Nou prale nan Ti Gwav avèk korespondant nou Renée Innocent Desgranges konsènan bakaloreya pémanan, enspektè Biwo Distri Leyogàn nan, Emmanuel Sanon, fè konnen Ministè Edikasyon Nasyonal deja pran tout mezi pou pèmèt egzamen pénanan an ki kòmanse jodiya ki ap bout le 20 byen pase. Gen 800 kandida ki ap subi egzamen sa a nan zòn Ti Gwav, Leyogàn ak Gran Gwav. Plis detay ak Renée Innocent Desgranges: RID: Enspektè segondè buwo Distri Leyogàn nan (BDS), mèt Emmanuel Sanon fè konnen tout dispozisyon deja pran pou dewoulman egzamen ofisyèl Bak pémanan ki dwe kòmanse 17 dedanm 2018 la. Distri a ap resevwa 800 kandida pou twa komin yo, Leyogàn, Ti Gwav ak Gran Gwav, 30 suveyan ak 2 supévizé pou twa komin yo, daprè enspektè Emmanuel Sanon: Emmanuel Sanon: En fait, tout bagay sanse prè, pwiske materyèl pou dewoulman an gen tan anndan komin nan, si w vle, anndan distri a. Lè m di distri se Ti Gwav, Leyogà, Gran Gwav, e se 800 elèv ki genyen pou tout distri a, men a Petit-Goâve genyen anviwon 15 sal. Yap konpoze nan 2 sant, se Lycée Faustin Soulouque pou Ti Gwav ak Gran Gwav tou, e Lycée Anacaona de Leôgane pou Leyogàn. Se yon Bak pèmanan, nan filozofi ministè a ki pèmèt a sila yo ki pat pase dès juin yon opòtunite pou yo ka konpoze 2 fwa pa ane pou yo ka prepare yo pou ale nan univèsite. RID: Enspektè a swete pou kandida yo respekte prensip ministè a mete sou pye tankou telefòn selilè kandida yo pa dwe itilize, sinon yap tonbe anba sanksyon. Emmanuel Sanon: Donk n ap tann yo nan yon klima ki trè seren pou ke tout bagay pase byen. Se pa utilisation du téléphone portable qui est interdite, c’est le port du téléphone portable, sa a se yon fot grav ke tout kandida gen tan konnen pou yo pa vini avè l. RID: Toutfwa, anpil kandida gen tan montre yo pare pou subi egzamen ofisyèl la ki se konpòtman nòmal majorite elèv ki travay pou reyisi nan egzamen final yo. Renée Innocent Desgranges, Ti Gwav, Radyo Kiskeya. Nou prale nan Grandans konsènan menm egzamen sa yo ki kòmanse jodiya nan Komin Jeremi, daprè sa korespondan nou fè n konnen, li pale de 1070 kandida kap patisipe, selon direckè edikasyon nan Depatman Grandans la, Jean Ernso Dauphin, ki mande kandida yo konfòme yo ak prensip ministè a pou yo ka byen subi egzamen yo. Charles Emile Joissaint pou plis detay. CEJ: Nan yon konferans pou laprès, direktè departemental Grandans la, Jean Ernso Dauphin, fè konnen nan weken ki sot pase a egzamen pou 1070 elèv klas Filo ap demare jou 17 pou rive 20 desanm 2018 nan syèj Jeremi kote tout elèv nan depatman an ap reyini nan 4 sant sa yo: Lycée Nord Alexis, Lycée de Jeunes Filles, Ephaka e Hortencius Merley.. Direktè depatmantal Grandans la di menm mezi disiplinè yo toujou kenbe, tankou telefòn selilè entèdi, pou l, tenu desan ak pantalon chita sou senti, e latriye. Jean Ernso Dauphin: Yon sèl syèj, nou santralize l nan Jeremi paske nou pa gen ase efektif e menm mwayen tou pou nou ta eseye dispatche l nan de twa syèj diferan, ki tap aloudi tach nou e ki tap ba nou plis pwoblèm. Donk nan syèj Jeremi ap genyen 4 centres kap gen 40 sal, e centre sa yo se Lycée Nord Alexis, Lycée de Jeunes Filles, Ephaka, ak lekòl pwofesyonèl Hortencius Merley. Donk nan sant sa yo, n ap gen surveillants, superviseurs, responsab sant yo, nou menm kap asure delegasyon an, kap asure supervision kontwol la et aux surveillants de la police. CEJ: Selon direktè depatmantal Grandans la, Jean Ernso Dauphin, tout suveyan kèlkonk yo ta kenbe, ki tonbe sou le kou d’la lwa ap gen pou sanksyone menm jan avèk elèv yo. Charles Émile Joissaint, Radyo Kiskeya, Jeremi. Mèsi, nou prale nan Latibonit, plizyè etudyan UPAD, univèsite nan rejyon des Gonaïves, te nan lari pou yo manifeste ak divès òganizasyon popilè nan Gonayiv. Yap manifeste pou denonse lavi chè, ensekirite epi avèk goud la ki pa vo anyen ankò. Manifestan yo pa de divès lòt pwen. Gen ladan yo ki te pyatè, do touni, asyèt ak kiyè nan men yo pou mand justis sosyal. Yo fè konnen se yon avètisman yo voye bay otorite ki sou pouvwa yo pou yo ka pran responsabilite yo. Plis detay ak korespondan nou nan Haut-Artibonite la, Josué Jean-Baptiste. J J-B: Dimanch 16 desanm sa a se te yon okazyon pou etidyan nan Univèsite Piblik la nan Gonayiv ak divès òganizasyon popilè manifeste nan 4e vil peyi a. Yon kote, etidyan yo pye até, do touni, asyèt ak kiyè nan men yo manifeste pasifikman pandan yo tap pakouri divès ri nan lavil la san di yon mo. Nan pankat ki te gen nan mwen yo, etidyan yo te fè pase revandikasyon yo: lavi chè, ensekirite, justis, dola a kap monte pye bwa kite goud la, se tout sa yo ki te fè etidyan yo foule beton an dimanch sa a. Nou menm an tan ke jèn, 16 desanm li gen yon bagay li vle di pou nou. Kòm etudyan, nou pa ka kite yon dat konsa pase inaperçu. Nan kad revandikasyon nou genyen, n ap mande justis sosyal. Ou ka gade nou pran lari a pye até, nou pran l avèk yon asyèt ak kiyè nan men nou, pòch nou lanvè avèk revandikasyon nou yo ekri. Son on mach senbolik, son on mach silencieuse ke nou fè. Prezidan an se yon prezidan k kanpe sou manti, li pa janm fè anyen ki konkrè. Lè nou pran lari a pye atè, do touni, sa vle se yon peyi ki dépourvu de tou, nou di Leta nou ensatisfè, jodiya nou ka konprann dévaluation ki genyen ant goud la ak dola a, sa vle moun yo pi grangou, yo nan mizè. J J-B: Yon lòt kote Front des Organisations Populaires Gonayiz t ap manisfeste yo menm tou pou denonse fason yo di pouvwa Tèt Kale numewo 2 a ap mennen bak peyi a. Pòt pawòl Fanmi Lavalas nan Gonayiz, Féquière Séraphin, ki te nan tèt manifestasyon sa a di yo bouke avèk gouvènman peze souse Jovenel Moïse la ki vin konplike lavi mas pèp la. Féquière Séraphin: FS: Nou tout te toujou ap pale de sityasyon sa yo: grangou, lavi chè, ensekirite. Lè w ap gade yon lavi chè k ap kwaze pye l sou kòtòf lestomak malere, malèrèz. Tout moun konsyan e ap rele de jan sityasyon an ye, de kòman Jovenel Moïse ap dirije peyi a. Tout moun rekonèt ke Jovenel se corrupteur, tout moun wè sa Jovenel te di yo, li te di lap mete lajan nan pòch nou, nou wè lap retire lajan nan pòch malere pou mete nan pòch grannèg.. Peyi a ap mal dirije, peyi a ap dirije pa des brasseurs d’affaires. J J-B: Fòk nou di ke etidyan yo ak manm òganizasyon popilè yo di se yon avètisman yo voye bay otorite yo ki dwe reponn a revandikasyon yo pou pita pa pi tris. Gonayiz, Josué Jean-Baptiste, Radyo Kiskeya LPP: N ap toujou rete nan depatman Latibonit la, sektè demokratik nan Ba Latibonit la kritike pouvwa an plas la yo di ki entere peyi a nan twou pi fon nan gagote lajan Leta, sa yo denonse nan yon konferans pou laprès yo bay yè. Òganizasyon sektè demokratik ak popilè a mande tout sitwayen leve kanpe jou kap 31 desanm nan leve premye janvye pou egzije Jovenel Moïse kite pouvwa a. Plis detay ak korespondan nou nan Ba Atibonit la Milsan Madéus. MM: Sektè demokratik nan Ba Latibonit la rankontre ak laprès 16 desanm 2018 la yo di ki lage peyi a nan tou pi fon nan gaspiye lajan san kontwol a ti zanmi. Twa dirijan sektè demokratik la nan St-Marc Germain Louis, Blaise Toben Pierrilus ak Walken Télémaque, pat mete dlo nan bouch yo pou pati a bòt otorite an plas yo. Dirijan sektè demokratik: Juska cette présente minute, centre de livraison et de réception paspò sa a li poko janm louvri. Se sak fè nou menm nan sektè demokratik e popilè St-Marc nou di sa a li enterese nou, tout moun alawonnbadè, profesé lekòl, direktè lekòl, peyizan, pastè, pwofesè jeneral, randevou a kase pou 31 desanm leve premye janvye paske soup la n ap bwèl sou Wout nasyonal nimewo a pou nou di Jovenel Moïse cette fois nou bouke avèl. Nou pa nan trèv la, nou pa konn trèv la paske si Jovenel Moïse avèk tout alolit li yo, li menm avèk madanm li pa pran yon trèv nan sa yo rele kòripsyon, nou menm tou nou pap janm pran trèv toutan Jovenel Moïse pa kite pouvwa a. Kòman w konprann jodiya yon biwo sou St-Marc gen 7 millions de gourdes ki debloke pou li, biwo a fèt deja e l pa janm ka ouvri. Pèsonn moun pa janm konn pouki. MM: Twa dirijan sektè demokratik la, Germain Louis, Blaise Toben Pierrilus ak Walken Télémaque, fè konnen pou jan mizè mete pèp ayisyen an a jenou, si yo kite prezidan Jovenel Moïse sou pouvwa a premye janvye 2019 la, popilasyon an ap mouri a grangou. Ba Latibonit St-Marc, Milsan Madéus, Kiskeya. LPP: Nou poko ap kite Latibonit la, n ap retounen nan Wo Atibonit la kote minis sante piblik ak popilasyon an, doktè Marie Greta Roy Clément lanse samdi ki sot pase la a pwojè yo rele Prisma a ki dwe entegre manman ak pitit, timoun piti nan Gonayiv. Minis la te tou pwofite remèt kle 9 anbilans a sèvis anbilansye nan rejyon an daprè sa korespondan nou fè n konnen, Josué Jean-Baptiste. J J-B: Minis sante piblik la te pwofite remèt kle 9 anbilans ak sèvis anbilansye rejyon an pou yo ka pote sekou ak moun ki nan nesesite nan divès komin nan depatman Latibonit la. Fò n di Pwojè prise en charge intégrée sante manman ak timoun piti a ki pote non Prisma 2 ap dire 5 lane e ap koute anviwon 20 milyon dola kanadyen, e se peyi Kanada ki bay kòb sa a. Gonayiz, Josué Jean-Baptiste, Kiskeya. LPP: Epi n ap kite Latibonit la pou nou pran direksyon Sudès ki se dènye kout pye nou nan pwovens pou jounen jodiya. Popilasyon nan lokalite Kòk Chant rann yon dènye omaj bay Jean Henry Chéry ki te fonde Lekòl Lamitye SODEC, se samdi ki sot pase a, e seremoni an te fèt, Lucner Dumont, yon ansyen elèv te fè anpil elòj pou fondatè lekòl sa a nan lane 1986 ki pèmèt anpil timoun ki pat ka al lekòl benefisye lekòl gratis. Yo te ba yo inifòm, liv e menm manje, dapre sa li deklare nan seremoni omaj sa a. Plus detay ak korespondan nou nan Sudès Jeudi Monouse: JM: Kominote Paul Martin, lokalite Kòk Chant, 9èm seksyon kominal nan Jakmèl, rann yon omaj postum a fondatè lekòl Lamitye a samdi 15 desanm 2018 la, seremoni sa a ki te dewoule an prezans plizyè pèsonalite, elèv ak ansyen elèv, pami yo direktè salle des nouvelles Signal FM nan Tom Dumont, yon ansyen elèv Lucner Dumont fè konnen jan Henry Chery te fonde lekòl sa a an 1986 pou te pèmèt timoun nan kominote a jwenn pen de lenstriksyon gratis, epi ba yo unifòm, liv ak manje. Daprè Lucner Dumont depa byenfetè sila a, Jean Henry Chéry, ki mouri a 73 zan plonje kominote a nan yon gwo chagren paske daprè sa yo di 100% elèv yo konn reyisi nan egzamen sètifika. Yon ansyen direktè, Jacques Petit Fort, ki te konn bay sèvis li a etablisman skolè sila a gen gwo enkyetid aprè depart fondateur lekòl Lamitye SODEC la, Jean Henry Chéry. Nouvo direktè a, Pierre Joseph, salye depart grantòm sila a, Jean Henry Chéry, mande tout pitit Kòk Chant ki te resevwa pen de lenstriksyon nan lekòl sila a pou yo kontinye èv byenfetè sila a paske gen anpil pwofesè ki poko touche. N ap raple gwoup ansyen elèv lekòl Lamitye SODEC la te remèt nan fen seremoni an yon plak donè a ansyen direktè lekòl la, polisye Jacques Petit Fort, a senk lòt ak ansyen pyonye lekòl sila a. N ap souliye ke fondatè Lekòl Lamitye SODEC la, Jean Henry Chéry, te mouri 15 septembre 2018, yo te antere l 25 septembre 2018. Jakmèl, Jeudi Momouse, Kiskeya. LPP: Mèsi. N ap rantre nan Pòtoprens, yè se te 16 desanm, kite fè 28 an depi te gen yon eleksyon istorik ki te fèt ki te pote Jean-Bertrand Aristide sou pouvwa a sou inisyativ divès gwoup nan tandans politik sa a. Gen anpil ladan yo ki nan opoxisyon ak pouvwa a. Plizyè santèn moun, anpil nan yo te genyen mayo ak foto ansyen prezidan an sou yo te pran lari pou yo patisipe nan yon manifestasyon ki pa fè resèt pou yo egzije depa Jovenel Moïse, mande pwosè Petro-Caribe a. Manifestasyon ki pat rasanble twòp moun, kontrèman ak espwa òganizatè yo te genyen. Te gen plizyè pwen kote yo te gen randevou, tankou devan Legliz St-Jean Bosco, Place Dessalines, pase La Saline, Bel-air, Kafou Peyan pou ak debouche sou wout Delma. Manifestasyon an ta pral kraze nan moman yon gwoup patizan Fanmi Lavalas te pran direksyon wout ayopò pou al debouche Taba, kote rezidans lidè Fanmi Lavalas la ye, pandan tan sa a lòt branch la te deside pran direksyo Petyonvil. Bout pou bout, lapolis te mete tout moun dakò lè l te vide gaz lakrimojèn sou yo e tire anlè pou anpeche de gwoup sa yo pran direksyon kontrè.Dirijan Fanmi Lavalas ki te prezan, ansyen prezidan chanm depite, minis e kandida à la présidence, Yves Christalin, ansyen minis Afè sosyal te prezan nan manifestasyon sa a, lè l te nan zòn La Salin deklare si pat gen koudeta peyi a pa tap an reta konsa apre 28 lane, selon Yves Christalin. Lè jounalis kite la mande l eske Fanmi Lavalas nan opozisyon pou kont li ka mete Jovenel Moïse atè li reponn pou l di se pèp la ki pral deside. Sou bò pa l, gen lòt dirijan Fanmi Lavalas, doktè Myrtho Julien ki te prezan tou fè konnen pati Jean-Bertrand Aristide la pap janm al chita nan dyalòg ak gouvènman Moïse-Céant an paske, daprè sa l di, fò pèp la jwenn justis. Nou envite w koute de dirijan sa yo, Yves Christalin ak Mytho Julien, d dirijan Fanmi Lavalas ki te prezan nan manifestasyon sa a a ki pat yon suksè yè 16 desanm nan ki te pale konsa nan mikwo Guervens Ricardo Jean-Jacques: 16 desanm, se yon dat ki ekri nan listwa pèp ayisyen, ki ekri nan istwa peyi a. Jodi 16 desanm sa a se yon jou pou pèp ayisyen t ap fete si pa t gen koudeta 1991 la kote brasa wouj yo te tuye plis pase 5000 frè ak sè n. Si pat gen koudeta 2004, jodiya se fete pou n ta ap fete. Malerezman, depi 1990, gen yon loboratwa ki kanpe kont pèp ayisyen an ki soti pou elimine pèp ayisyen an, pou detwui pèp la. Men pèp la entèlijan paske w pa ka efase dat sa a nan listwa pèp ayisyen an, se pa sèlman nan kè l li ye, li nan nanm li tou, paske desanm sa a se yon desanm rezistans pou demen ka gen delivrans total kapital. Se pou pèp la pa pè pran lari a, kontinye mobilize pou pèp la chavire chodyè sa a, pou pèp la moute chodyè pa l la sou wòch dife kise jistis, transparans ak patisipasyon pou pèp la retounen kote l te ye a. Si pat gen koudeta, nou pa tap an reta 28 an aprè, nou konstate pèp la gen preske menm revandikasyon yo. Pouki rezon, paske yo te fè nou fè 7 mwa sou pouvwa kote tout moun ki nan peyi etranje, nan dyaspora a tap antre an Ayiti paske yo te wè nan prezidan Aristide senbòl chanjman peyi a. E Fanmi Lavalas rete ankò, juska jounen jodi kote n ap pale a zouti ki pou chanje peyi a. GRJJ: Eske Fanmi Lavalas pou kont li ka dechouke Jovenel Moïse Dirijan Fanmi Lavalas: Non, se pèp ayisyen kap dechouke Jovenel, e mentenan se pèp ayisyen an ki mobilize pou dechouke Jovenel, e yap dechouke l. Fanmi Lavalas pa ka dyaloge avèk moun ki fè koudeta, Fanmi Lavalas pa ka dyaloge avèk moun kap masakre pèp ayisyen. Men jodiya nou nan Lasalin n ap kontinye, se kote ki fè pi gwo masak nan peyi a la a. Kote n kanpe a la a anpil moun mouri; nou pa ka negosye ak moun sa yo sou san pèp la, sou kadav pèp la. Nou pa ka negosye ni dyaloge avèk yon gouvènman ki ilegal ke nou pa janm rekonèt, ki pa janm travay pou pèp la e ki an fèt ap masakre pèp la. Fòk nou mare ponyèt nou pou nou pou nou chavire chodyè a, pou nou chanje sistèm nan, pou kounya a, se priyorite majorite a ki pou pase anvan priyorite boujwa ti lolit yo ki mete sistèm nan la pou mete sistèm peze souse a pou yo kontinye kite nou nan grangou, nan ensekirite ak tout sa ki pa bon yo. Kounya a jiska prezan se san pèp la ki kontinye ap koule, e fò san pèp la sispann koule. LPP: Dabò se te ansyen prezidan chanm, ansyen minis ak ansyen kandida Yves Christalin answit doktè Myrtho Jean-Jacques ki tap pale nan mikwo Guervens Ricardo Jean-Jacques pandan manifestasyon an tap pase nan zòn La Salin. Manifestan yo ki te pale nan mikwo Radyo Kiskeya pat rate okazyon pou yo te retire chapo devan lidè Fanmi Lavalas la, Jean-Bertrand Aristide, n ap site, ke yo konsidere kòm yon wa. Yo sèmante pou yo fòse ekip ki sou pouvwa a bay talon l. N ap koute kèk nan manifestan yo, lavalasyen, ki te pale nan mikwo Guervens Ricardo Jean-Jacques: M ap di respè pou wa, doktè Jean-Bertrand Aristide, kòm yon gwo potorik gason pèp la te soti 16 desanm 90. An foul, an mas, nou tal vote wa doktè Jean-Bertrand Aristide. Nou mobilize devan St-Jean Bosco pou nou soti, pou n al mande 3,800,000,000 dola a. Jodiya se jou pèp la, kòb Petro-Caribe a, fò nou jwenn li. Paske kòb Petro-Caribe a se pa yon jwèt, se pa yon jwèt, gen anpil timoun ki nan grangou la a, gen anpil timoun ki pa gen ak de nesans, gen anpil timoun ki pa ka manje, chak jou moun ap mouri nan yon peyi. Pa janm gen moun ki di anyen. Jodiya, nou pa ka di nou fyè paske se yon pouvwa fachis kap dirije peyi a, se menm Duvalyeris yo kap dirije peyi a. Se sa k fè yo fè masak Lasalin, twa moun mouri, boule, disparèt, chen avèk kochon manje yo. Jodiya, se pou pèp la fè yon sòl, pou nou fè yonlòt 16 desanm ankò, yon lòt 16 desanm kote brin d’espoir la va koule pou majorite a, paske jounen jodiya, pouvwa sa a redui nou atè plat, li pran pèp la pou fatra. Nou di non, yo pa ka pran pèp la pou fatra paske deja gen anpil bagay nan mond la, paske yon lòt 16 desanm posib nan inite youn avèk lòt. Jodiya ankò une fois, nou ansanm, sektè demokratik, patizan Lavalas, patizan sektè demokratik la, nou refoule makadàm nan ankò une fois pou n di l’enperyalis, pou n di kominote entènasyonal nou menm an tan ke pèp nou gen demokrasi patisipativ la lakay nou. Jodiya l’enperyalis ki wè pèp sa a ap mache vè demokrasi sa a, yo di fòk yo kase batay pèp la. E nou menm ansanm dirijan nan sektè demokratik la, Fanmi Lavalas, Pitit Dessalines, ansanm òganizasyon de baz yo, nou di nou pap fè bak; systèm sa a ki la a ki reprezante oligachi a, ki reprezante enperyalis mafia a, nou di fòk nou chavire systèm sa a. Yon sèl fason nou genyen pou nou chavire systèm sa a, se a travè mobilizasyon jeneral a travè 4 kwen peyi a pou nou di lajan Petro Caribe a fò nou jwenn li nan men systèm sa a. Nou pran 2 kou deta paske n ap defann la grande majorité. Jodiya, nèg yo te di yap bòne kontra sosyal, nouvo kontra sosyal sa a, se menm vye nèg sa yo ki enpoze Jovenel Moise la. Nou di nou pap fè bak, nou pap bay pou nou ka chavire systèm sa a, nou pap kanpe nan wout, nou prale juskobou. LPP: Vwala, Gwolobo ak kèk militan Fanmi Lavalas ki tap pale nan mikwo kolaboratè nou Guervens Ricardo Jean-Jacques. Serge Jean-Louis, Mopod, ki te prezan tou, bon yo tap pale de prezans Schiller Louidor. Dirijan Mouvman Patryotik Desalinyen an (MOPOD), ansyen depite Machan Desalin nan, Serge Jean-Louis, sou pakou manifestasyon 16 desanm yè a, rekonèt divizyon ki genyen nan opozisyon an fè ke kapasite mobilizasyon yo redui. Se sa k eksplike echèk manifestasyon an pa rapò a jan manifestasyon an ta supoze ye, ki pral fanm tou an 2 nan kafou ayopò. Li avwe senaryo ki pase nan kafou ayopò yè dimanch la rive deja nan mouvman ki konn fèt deja, wi. Serge Jean-Louis avwe 16 desanm nan gen yon sans spesyal pou mouvman Lavalas la, men se pa propryete mouvman Fanmi Lavalas la li ye, se yon mouvman istorik, se yon batay anpil moun peye trè chè pou yo te kapab wè viktwa sa a, al vote san ke se pa yon moun ki rale zàm sou pou di w kijan pou w vote, san vòt la pa fini nan san pèp la, jan sa te fèt imedyatman apre yo te fin kapote rejim Duvalier a an 1987, 29 novanm. Li rete kwè ke opozisyon an, kouwè l ye la malgre se mare bas pou li, malgre mouvman an se nan sans desann li ye, malgre sa li kwè y ap remonte pou yo rive jete Jovenel Moise sou pouvwa a. Li di gouvènman an pa bezwen kouri bat bravo ki bwè chanpay. N ap fè w tande youn nan dirijan MOPOD, Serge Jean-Louis ki te pale konsa nan mikwo Guervens Ricardo Jean-Jacques: S J-L: Nou rekonèt se yon gran jou 16 desanm nan ye. Men yon sèl bagay, nou te gen tran planifye fè 4 èd tan nan Petyonvil pou n te pote yon mesaj trè klè bay boujwa tilolit pwograme yo. GRJJ: Bon sa k pase? O mwens yo deside pou ale Taba. S J-L: Non, fò w konprann bagay sa yo. Mwen menm se yon pwodui 16 desanm. 16 desanm nan pwiske Jean-Bertrand Aristide, se le leader charismatique ki soti anndan sektè a, epi se yo menm ki konvoke manifestasyon an. Nou menm n apiye pendan demach, kòm si mwen se yon pitit 16 desanm 90 la. Lè w di 16 desanm 90, se ansanm sektè demokratik la, se mouvans demokratik la ki te fè l. Bon bagay la rive la, gen yon gwoup ki deside pou yo ale Taba, gen de gwoup ki di yo pa estime pou bagay la ta fèt Taba paske Taba pa gen Petro Caribe. Se pran direksyon, na vire 40-B, e gwoup la deside pou al Taba. Depi w pran 16 desanm nan, fòk ou konnen li gen yon dominant lavalasyèn. Se yon verite, men sa ki enpòtan pou nou jodiya sè ke moun ki fè pati sektè demokratik la, mouvans demokratik la la justeman pou rakonte sa ki te pase e ki mennen nou la a. Se pa premye fwa sa rive non kote yo fè manifestasyon yo pran direksyon Taba, kote gen moun ki apuiye ki yo menm yo pa chwazi pou al Taba, yo pa ale, se osi senp ke sa. Men pou nou menm s ki enpòtan sè ke 28 an apre nou te vle make prezans nou nan lari a kòm moun ki te atizan 16 desanm, ki te sot nan KONAKOM ki te anndan FNCD. Bagay sa yo pou yo konifik, men lè yo rive dirijan yo rete, yo reflechi, yo pran konsyans de sa k pase yo, epi yo chita yo korije sa k merite korije. Ou pral wè mouvan an pran vitè de kwazyè li, e n ap rive kanmenm ranvèse pouvwa an plas la, pa gen anyen yap regle. Aktivite yo pral kontinye pou yon demach pou inite, pral gen yon batay ki pral fè pou rasanble diferant fòs pwogresis yo pou nou fè yon batay ak yon sèl objektif: ranvèse rejim ki la a epi etabli yon lòt rejim a travè yon nouvo systèm ki pou ògamize la conférence nationale e pwosè Petro Caribe, et pour le reste. LPP: Vwala ansyen depite Serge Jean-Louis, ansyen dirijan MOPOD ki te pale konsa nan mikwo Guervens Ricardo Jean-Jacques. Mizik… Ou toujou sou Radyo Kiskeya wap swiv Jounal 4 è a. Mèsi dèske w fè n konfyans pou nou enfòme w. N ap retounen ankò nan akyalite entènasyonal la. Nou te soti Madagascar ki pral gen eleksyon demen, men se nan finansman semèn nan, dimanch ki pral gen eleksyon nan Kinshasa ki ta supoze vire plizyè chapit nan sa ki konsènen fanmi Kabila a. A 47 an, prezidan kongolè a, Joseph Kabila, misye pa pral pran retrèt politik, se sa l di ak plizyè jounalis oksidantal. Si li vini premye ansyen prezidan kap kite pouvwa a pou yon eleksyon fèt, paske yo poko menm konnen si lap posib dimanch. Antouka, li di li pa prale fè vakans Baamas, ni prale menm an Espay ni Doubay, kèlkeswa okenn kote a, dapre sa Kabila deklare bay jounal Bèlj la, ki se ansyen puisans kolonyal la, Bèljik nan jounal yo rele Le Soir la nan entèvyou l bay. Fòk nou di w Kabila pa yon moun ki bay entèvyou ki bay konferans pou laprès, lap trè trè ra. Li fèt deklarasyon sa a na lavèy eleksyon ki supoze fèt dimanch kap vini la, 23 desanm, ekeksyon kote l ta supoze remèt pouvwa a. Tout prezidan ki te pase anvan l yo oubyen se ranvèse yo te ranvèse yo oubyen se mouri yo te mouri sou pouvwa a, tankou papa l, Laurent Désiré Kabila li ranplase apre yo fin asasine l nan dat 16 janvye 2001. Moboutou, apre plizyè ane dominasyon te oblije kite pouvwa a paske justeman Kabila te kapote l sou pouvwa a. E kisa li pra l fè, li menm ke yo konsidere kòm pi jèn chèf Leta nan tout kontinan Afriken an, si eleksyon an fèt dimanch e si gen yon pati oubyen pwòp pati pa l la oubyen nenpòt lòt moun ranpòte laviktwa, se pral yon premye tranzisyon pasifik pouvwa ki pral fèt tout bon vre. Se kesyon sa a y ap poze deja. Mete blag sou kote, dapre sa l reponn, mwen pral okipe de anpil bagay, dapre sa l ajoute devan jounalis Le Soir, jounalis bèlj la. Nan lavi tankou nan politik, mwen pa eksklu anyen, dapre sa Kabila deklare devan medya britanik an medya ameriken ki tap poze l kesyon. Li di yo tann jis nan lane 2023, konsa y ap gen repons konsènen avni politik li. Se pa pa aza li chwazi dat sa a, 2023, paske si eleksyon an dewoule jan sa prevwa, paske l te gen 2 zan pou l te fè eleksyon l pa fè l. Si moun nan elu pral ramplase l la ta efektivman elu, se pou 5 an, manda l ap vini an 2023. Selon konstitisyon, Kabila ka fè yon lòt manda ankò 5 an daprè sa yo prevwa men ki p ap renouvlab. Avèk 2 zan li pran reta avan pou li aksepte eleksyon yo òganize, finalman li chwazi nan mwa dawout la yon dofen, li renonse pou l pa fè yon twazyèm mande, se yon koudeta pou l ta fè avèk fòs. Bon li chwazi pou l pa fè l, li chwazi yon dofen yo rele Emmanuel Ramazani Chadari ki se ansyen minis enteryè li. Yo mete tout mwayen deyò pou misye ta supoze ranpòte eleksyon 2018 la. Prezidan kongolè a deja prepare avni materyèl ak politik li dapre sa l di, mwen pral okipe de fè m mwen yo, paske l plen tè. Se sa l di jounal Le Soir, li tap fè referans ak pil ak pakèt tè l genyen nan rejyon Kingakati ki tou pre kapital la, Kinshasa oubyen nan Katanga. Byen entandu, pouvwa a se ranmase pou tèt ou ak fanmi w. Yon ankèt ajans ameriken Bloomberg mennen nan mwa desanm 2016 la fè konnen Kabila ak fanmi l, yo ranmase yon veritab trezò pandan pasaj li nan tèt peyi a, 17 an, e misye gem yen yon rezo biznis nan tout kalite rekwen ekonomi peyi sa a ki chaje ak richès, ki gen lò, ki gen dyaman, e ki gen plizyè min, plizyè kalite min. Yo di fanmi Kabila a li nan tout aspè ekonomi kongolèz la, selon Bloomberg. Sou plan politik, konstitisyon an garanti ansyen prezidan an yon pòs senatè a vi. An plis de sa a, Kabila pran swen de tèt li kote l mete kanpe yon kowalisyon ki gen pi fò moun ki te nan pouvwa a ak li, li rele l Fwon Komun pou Kongo (FCC). Kabila se li menm ki prezidan a vi fwon sa, yo rele l otorite moral FCC a, selon yon ekspresyon tout moun nan Repiblik Demokratik Kongo sanse konnen. An plis de sa, prezidan an li gen lamen sou lame ansanm ak aparèy sekirite peyi a, 2 prensipal pivo Eta Kongolè a. Nan lavèy li tap nonmen dofen l, 8 dawou la, Kabila te tou parèt sou chèn televizyon Leta a RTNC pou enstale yon nouvo chèf État-Major, avèk nan tèt li jeneral Celestin Mbala. Kabila fè pwomosyon tou nan pòs enspektè jeneral fòs lame a John Numbi ke yo sispèk ki te prensipal reponsab asasinay militan dwa moun Floribert Chebeya ansanm avèk chofè l. John Nimbi fè pati de 14 pèsonalite kongolèz Unyon Ewopeèn bay sanksyon pou vyolasyon dwa moun ki pa ka vwayaje nan Unyon an. Li di mwen menm, moun sa yo ke Unyon Ewopeèn pran sanksyon kont yo mwen men m mwen fè yo konfyans de fason total kapital, e sitou ofisye lame yo, dapre sa Kabila deklare nan jounal Le Soir, jounal bèlj la. Li denonse sanksyon Unyon Ewopeèn pran kont pwoteje l yo. Pami 14 pèsonalite sa yo Unyon Ewopeèn pran sanksyon kont yo, gen 2 lòt fidèl prezidan Kabila ki okipe 2 pòs stratejik nan aparèy sekirite a. Se patwon rensèyman enteryè ak militè ki se 2 moun ki sou kontwòl li. Yon sous nan prezidans la fè konnen ke Kabila li pral kontinye kontwole sekirite ak politik peyi a, e prezidan ki pral elu a ap gen pou okipe des affaires courantes ak ekonomi. Men fòk kondisyon politik yo pèmèt Kabila ka jwe wòl sa a vrèman, sa vle di fò l ta kite pouvwa a a pati de eleksyon ki ta dwe fèt dimanch la. Alòske kisa tout moun wè, yo wè ke yon pakèt ajitasyon ki ap fèt lavèy eleksyon. E yo supoze bay rezilta eleksyon 30 desanm, e pwobableman kandida yo gen pou yo ale devan la kou konstitisyonèl la pou yo fè kontestasyon, e prestasyon sèman prezidan elu a ta supoze fèt 12 janvye 2019. Men eske Kabila ap kite pouvwa a ? Prezidan republik la, li supoze rete an fonksyon juskaske prezidan ki elu a ranplase l, se sa konstitusyon an raple. Se tout sa y ap swiv pou wè si apre Kabila se pa Kabila kap toujou la. N ap vin lakay pa nou, reprezantan 3e sikonskripsyon Pòtoprens nan chanm depita a, Printemps Bélizaire, denonse prezidan Sena a, Joseph Lambert, kou wè ou konnen, ki lonje dwèt sou li kòm palmanté li di ki te ale avèk machin plak ofisyèl ki tal retire chèf gang Anel Joseph nan men lapolis nan moman yo tap mennen operasyon pou yo te arete l nan mwa novanm nan.Palmantè a, menm jan avèk kòlèg li yo menase pou yo bloke seyans an asanble nasyonal, ouvètu premye lendi mwa janvye 2019 la si przidan Sena a pa prezante l eskuz. Li menase tou trennen Lambert tou devan lajustis pou difamasyon. N ap tande l kite pale konsa nan mikwo Vilner Joseph: Printemps Bélizaire: Enben nou menm tou, nou te enterese konnen ki non palemantè sa a ki te anpeche ajan PNH yo mete lapat sou sèten Anel sa a. Men olye Mesye Joseph Lambert te site nomeman palemantè sa a nou wè se te yon seyan ki te dewoule otou yon seri de kesyònman, kote l tap kesyone direktè jeneral lapolis la eske, eske, eske. E malerezman tou, Mesye Joseph Lambert ta pral site nonm, mwen menm Printemps Bèlizaire depite 3e sikonskripsyon an kòm youn nan moun ki te prezan pandan entèvansyon polisyè a ki te pèmèt Anel sove. E m ap di Mesye Joseph Lambert Printemps Bélizaire pa janm itilize plak ofisyèl nan machin li. M ap di pou tout popilasyon ayisyèn nan menm plak Service de l’État mwen pa itilize nan machin mwen. Machin mwen pa gen jirofa, li pa genyen sirèn, li pa genyen plak ofisyèl. Sa vle di, 2 nimewo plak ofisyèl Mesye Lambert te site pandan seyans lan, nou pa gen anyen, absolument rien pou n wè avèk yo. Juska prezan si yo mete l kanpe devan nou, nou pap rekonèt kiyès yo rela Anel la. E machin pa m nan, mwen mete l a la dispozisyon de la DCPJ pou yo fè nenpòt etid syantifik andedan machin mwen an pou yo wè si yap jwenn anprent Anel ladan l. Ansanm de difamasyon sa yo ke Mesye Joseph Lambert pote kont nou menm se yon atent a pèsonalite nou, se yon atent a moralite nou. E n ap renouvle demand ansanm de kòlèg depite yo fè a Mesye Joseph Lambert, demand popilasyon ayisyèn nan fè a Mesye Joseph Lambert, kote yo mande l pou prezante yon ekskuz publik a mwen menm. E si l pa fè sa, de konsè avèk kabinè avoka m, m ap some l, e si l pa deside prezante ekskuz publik sa a m ap trennen l devan tribinal koreksyonèl pou difamasyon. Toutotan Joseph Lambert pa prezante ekskuz li a nou menm, kote ke moralman, psikolojikman fanmi nou destabilize, ebyen lap kesyon 2e lendi janvye pou Joseph Lambert prezante au niveau de l’Assemblée nationale pendant rewouvètu asanble a 2e lendi mwa janvye, nou di se bliye sa paske fòk Joseph Lambert konnen ke nou menm kap mennen batay politik sa a nou pa konn vann dwòg, nou pa konn tiye moun, machin nou pa konn transpòte dwòg. Sèl sa nou fè nan vi nou se batay politik, se batay ideyolojik bò kote moun ki nan kondisyon difisil yo. LPP: Vwala se depite 3èm sikonskripsyon Pòtoprens la ki eli anba banyè Fanmi Lavalas, Printemps Bélizaire, ki pat nan peyi a ki tap pale konsa nan mikwo Vilner Joseph. Yon lòt pa, depite a di li pare pou l al reponn envitasyon jij enstriksyon Jean Wilner Morin nan kad ankèt jij la ap mennen sou disparisyon jounalis Vladimir Legagneur nan Gran Ravin. Printemps Bélizaire di li gen enfòmasyon jij la pa an Ayiti, lap tann li retounen pou li ka reponn kesyon li. Selon palemantè Lavalas la, se pou li yon obligasyon pou l kolabora pou ede fanmi Lagagneur a jwenn jistis. Depite Bélizaire di li pa bezwen otorizasyon biwo chanm nan pou l reponn a kesyon majistra enstruktè a. Or, li pa bezwen, li te kwè l te bezwen l. N ap tande l, li te pale konsa nan mikwo Vilner Joseph: Malerezman jij la pa prezan nan peyi a dapre sa m aprann. Depi premye jou mwen te retounen Ayiti a mwen te prè pou m al devan l, e juska prezan mwen prè pou m al devan l, paske dosye jounalis Legagneur ki disparèt mwen kwè se yon pryokipasyon pou tout sitwayen ayisyen ke l ye. Yon jèn gason kap travay o nivo de près la, jiskaprezan menm nou di ke kòporasyon an li an dèy e jodiya la nou konnen ki wòl ke laprès ki wòl li jwe anndan peyi a kote vwa popilasyon an pa ka rive li pèmèt ke l rive. Donk si jounalis la disparèt, fanmi l bezwen ke limyè fèt autour de disparisyon sa a, nou menm an tan ke militan politik, nou menm an tan ke sitwayen, nou enterese tou pou limyè fèt autour de disparisyon sa a. E vin jwenn, yo di se anndan sikonskripsyon m nan yo di sa pase, e kèlkeswa kote anndan peyi a sa ta pase sa ta dwe entèrese nou. E jodiya nou di jij la rele nou an tan ke sitwayen, e se menm pa a tit de temwen paske si se te a tit de temwen se komisè gouvènman an ki ta dwe fè apèl a nou menm. Nou di jij la rele nou an tan ke sitwayen, petèt li ka bezwen kèlke enfòmasyon paske se anndan sikonskripsyon m nan sa pase. M ap redi sa ankò, nou prè pou nou pase devan juj la, e nou pa bezwen biwo chanm depite a ba nou otorizasyon pou nou ale. VJ: Wap brandi kesyon iminite w? Printemps Bélizaire: Pa kesyon iminite la a, koute se yon jij kap mennen yon ankèt autour de yon dosye. Jij la ka deside tande kèlkeswa sitwayen an sou dosye a, e janm sot di, se pa à titre de temwen, paske si se te à titre de témoin, se komisè gouvènman an ki tap rele m. Donk an nou di pa gen yon kesyon de iminite la a, se yon kesyon de kolaborasyon de tout sitwayen pou ke limyè fèt autour de disparisyon jounalis Legagneur la. LPP: Vwala se depite 3e sikonskripsyon Pòtoprens la, Printemps Bélizaire ki tap pale konsa nan mikwo Vilner Joseph. San tranzisyon, n ap resevwa envite Jounal 4è a ki se jounalis Israel Jacky Cantave kap retounen sou evènman 17 desanm 2001 yo kote gouvènman Lavalas la te denonse yon tantativ koudeta li te di k ta pral fèt kont li, men pèsonn moun pat kwè. Apre plizyè ane, Guy Phillipe de di te gen plan an, Marvel te pale de sa nan emisyon Di m ma di w. N ap tande Israel Jacky Cantave nan mikwo kolaboratè nou Beethovens François Fils, l ap pale de peryòd sa a nan pouvwa Jean-Bertrand Aristide: IJC: Evènman 17 desanm yo nou pa ka mete yo nan yon kontèks yo menm sèlman non, fòn fè yon bak wi chak fwa n ap eseye analyze evènman 17 desanm yo. Fò n fon bak depui ane 2000 nan eleksyon 21 me 2000 yo, se yo ki pral kondui a yon seri devènman, a yon seri animozite ke pouvwa a te vin devlope pa rapò ak jounalis yo. Kisa k te genyen 21 me, te gen yon eleksyon kote Lavalas te soti pou l te pran tout bagay. Nou te estime, efektivman, te gen bourrage d’urnes, te gen vyolans nan eleksyon yo, ki fè ke, nou te eksplike sa tou nan repòtaj nou, e sa te vin kondui a evènman 17 desanm yo. Ou di l, se yon supoze koudeta, lè n ap poze kesyon an tan ke jounalis nou pa ka jwenn eksplikasyon koudeta a. Donk se te yon supoze koudeta, kout zam tire a dwat, kout zam tire a goch, epi nou menm lè n ap fè travay nou nal foure je gade, nou poze kesyon an. Sa te fè tou te vin gen yon animozite ki te devlope à l’encontre de jounalis yo. Epi 17 desanm nan gen yon supoze koudeta a yon ansanm de mouvman de protestasyon nan lari patizan Fanmi Lavalas yo, e sa te kondui a incendie biwo yon pati politik opzisyon an, KID pou n pa site l. Ansuit sa te vin kondui tou a yon chasse aux journalistes parce que ta sanble nan je moun ki te sou pouvwa a nan epòk la se te jounalis yo ki tap rakonte yon seri de bagay ki fè kominote entènasyonal la te mal gade yo. Donk ou pral jwenn yon ensemble de jounalistes tankou Abel Descolines, Robert Filomé, mwen sonje mwen menm Robert Filomé te nan Vision 2000 e à cette époque yon intrus desanm pou l vin di viv Lavalas. Donk vwala evènman 17 desanm 2001 yo. BFF: Te gen Pharez Duverné tou epi te gen Yves-Clausel Alexis, lè sa a yo t ap travay nan Vision 2000. IJC: Yo tap travay nan Vision 2000 epi te gen jounalis Galaxie a, Abel Descolines ki kounye a depute, te gen jounalis Caraïbes, Jean Elie Moléus, te gen plizyè lòt jounalis nan Caraïbes ki te viktim tou. Gérin Alexandre, bien sûr, entimidasyon pa rapò a travay jounalis yo, fè jounalis kanpe di viv Aristide, menase jounalis. Se te yon seri evènman pou pouvwa a te ka fè yon chas a yon ansanb de jounalis. Se sak fè gen jounalis ki egzakteman apre evènman sa yo oblije pran egzil, dont janm te di w talè a, zanmi nou Robert Filomé. BFF: Yon supoze tantativ koudeta, apre sa w vin jwenn lokal pati ak rezidans plizyè lidè opozisyon an yo te sakaje yo, e n ta pral fè fas ak yon gwoup de moun ki gen zam nan men yo, dè sivil ki dechennen e ki tap aji ouvèteman nan non pouvwa a. Yo te sible OPL, fe Gérard Pierre-Charles, KID Evans Paul, Konakom Victor Benoit. Donk se moman sa a ki fè nou vin fè dekouvèt ak kesyon nèg ak zam. IJC: Wi, bien sûr, nan tout lari pèp la te pran koudeta a, antouka tantativ koudeta a, jan yo eksplike l la, kòm yon pretèks paske m sonje nan epòk la n ap mande pou nan kominikasyon palè a, n ap mande kisa k pase! Se yon tantativ de koudeta, pa gen moun ki revandike l, pa gen moun ki revandike pouvwa a. Donk se te pretèks pou pèmèt jounen 17 desanm nan m ap pase dans la mesure où, jan w sot di l la, lokal pati politik opozisyon an boule, yo atake moun nan opozisyon an, epi jounalis kap fè travay dobsèvasyon yo vin, yo menm tou, sib moun ki nan lari a avèk zam e ke finalman pat gen kontwòl. Lapolis te pratikman enpuisan face è cette époque, bagay yo te yon ti jan konplike nan lari a, e se nou menm ki ta pral fè fas a sitiyasyon sa a, nou menm jounalis nou pa konn sou ki pye pou nou danse. Nou nan lari a n ap kouvri yon ansanm evènman, dayè nou pa konn ki evènman l ye, se yon gwoup moun ki pran lari spontaneman san yo pap revandike yon bagay an patikilye. Yo pran lari, zam nan men e yap eseye atake yon seri de lòt moun, moun ki te nan opzisyon, men tou jounalis ki tap rakonte men kijan jounen an pase, paske djòb nou si gen yon koudeta fòn eseye konprann kisa k te pase. Lè n al eseye konprann, bon nou pa ka jwenn eksplikasyon, gen anpil jounalis ki di ke pat gen koudeta efektivman. Bon vwala, sa se ase pou yo te kapab nan ligne de mire yon seri de moun ki te pran lari. BFF: Jacques Maurice ki te alepòk youn nan pòt pawòl la prezidans d’alors, eksplikasyon l te bay yo pat rive konvenk moun yo, pou m pa di jounalis ki te prezan ki tap chèche konnen. IJC: Enfòmasyon yo pat rive konvenk, ke se moun ki te eseye kanpe devan palè a, nan yon premye tan yo te pale de 2 etranje, apresa yo te vin di se pa etranje, se moun ki vle bay koudeta e ki vle ak kanpe à la vue du président d’alors, Jean-Bertrand Aristide. BFF: Yo te di gen moun ki te gen nan tèt yo ansyen komisè Guy Phillipe. IJC: Egzakteman, yo te menm site non l. Te gen yon flou nan enfòmasyon yo, e se te justeman flou sa a nou t ap eseye, an tan ke jounalis, demele. E se nan demele flou sa a ki fè pratikman nou vin à cette époque nan ligne de mire moun sa yo tou paske nou pa ta dwe poze twòp kesyon pa rapò a sa. Si yo di gen yon tantativ de koudeta, se pou n di sa k fè gen yon tantativ de koudeta. E an menm tan, menm si ta gen yon tantativ de koudeta, sa pa ta ka justifye nivo vyolans ki te gen genyen pa la suit nan jounan 17 desanm nan e nan jounen ki tap swiv pa ka suit yo. LPP: Se Israel Jacky Cantave ki te temwen evènman 17 desanm 2001 yo ki pale konsa nan mikwo Beethovens François Fils. Spot: Jounal 4 è, presizyon san mank. Mizik… Mouvman kòlè nan peyi Lafrans, gen gwoup moun dwat, ekstrèm dwat ki leve kanpe, ladan yo gen plizyè militè ki leve kanpe kont prezidan Macron. Yo denonse l kòm noun k ap trayi Lafrans lè l al siyen pak Marakech la chèf Leta yo ap gen pou ratifye 19 desanm k ap vini nan semèn sa a nan Asanble jeneral Nasyon Zini an. Sa pwovoke kòlè plizyè pati dwat du ak ekstrèm dwat nan peyi Lafrans e sèten jilè jòn tou leve kanpe kon Macron, men tou de gwo grad nan lame fransèz la ki akuze prezidan fransè a, Emmanuel Macron, yo di li ap trayi Lafrans. Kritik sa yo agase ministè ki anchaje kesyon lame selon Jounal Lopinyon ki pibliye enfòmasyon sa a jounen jodiya. Yo di Lafrans, Emmanuel Macron, lè w pral siyen tèks Nasyon Zini an sou zafè migrasyon, wap sede yon pati nan souverènte nasyonal peyi a. Wap pran risk tou pou yon pakèt imigran ka vin debake nan peyi nou kap koute nou yonpakèt lajan, men tou, ou pral koupab de yon konpòtman kote w denye demokrasi a, menm yon konpòtman kòm trèt konsènan nasyon fransèz la. Se sa ki fè ministè ki anchaje lame a endinye konsanan moun sa yo ki pibliye lèt tou louvri sa jou 10 desanm nan sou sit yo rele Volontè pou Lafrans ki prezante kòm yon sosyasyon, youn nan misyon yo se defann idantite nasyonal peyi Lafrans e goumen kont islamizasyon peyi a. Asosyasyon an opinyon an prezante kòm dwat radikal gen pami volontè l yo, volontè d’honneur Renaud Camus ki devlope yon teyori l devlope, li di gen yon plan pou yo ranplase popilasyon fransèz la, sa yo rele gran ranplasman, pou yo mete lòt moun nan plas yo, imigran. Ou pa kapab deside ou menm sèl pou w efese repère sivilizasyon nou, pou w prive nou de patrie charnelle nou, daprè sa yo di nan lèt tou louvri sa a, y ap pale ak Macron, Macron n ap mande pou ou pa al siyen pak sa a avèk lòt chèf deta yo nan Lonu, e nou mande w pou fè yon referandòm pou pèp fransè a pwononse l sou dokuman sa a, paske ou gen redevans anvè pèp fransè a nan aksyon ke w ap mennen. Paske yo te elu w, sa pa ba w dwa pou w fè sa w pito nan peyi Lafrans, daprè sa yo ekri sou sit sa a ki pibliye yon petisyon. Tèks sa a, gen jeneral nan lame, tankou jeneral Antoine Martinez ki siyen anba l kòm prezidan asosyasyon. Gen 13 lòt pèsonalite pami yo ansyen minis defans tankou Charles Myon, gen 10 jeneral nan lame fransèz la, yon amiral ak yon kolonèl ki siyen l. Daprè sa Lopinyon presize, tout militè ki siyen yo, an wetan yon sèl, yo se militè 2èm seksyon, sa vle di yo pa aktif nan lame a, men yo toujou mobilizab. Se poutèt sa ministè lame a toujou konsidere yo kòm rezèv, yo pa gen dwa pran pozisyon piblik kont prezidan Lafrans la. Vwala yon gwoup militè ki leve kanpe e ki akuze prezidan fransè a sou dosye sa a ki rele Pak Marakèch la. Anpil peyi gen pwoblèm, sitou dwat ak ekstrèm dwat yo, denonse l, le fèt ke yo mande peyi yo pou yo resevwa de fason souvren imigran nan peyi lakay yo, ekstrèm dwat nan peyi Lafrans pa dakò. Preizidan Konsèy Episkopal legliz katolik, n ap pale de li, monseyè Launé Saturné enstale pwofesè Jean-Marie Louis ki son relijye kòm nouvo rektè Inivèsite Notre-Dame nan (UNDH) jodiya. Li gen yon mada 4 an, li ranplase nan plas a monseyè Pierre-André Pierre ki sot pase 10 zan nan tè inivèsite legliz katolik la. Seremoni sa a te dewoule jodiya an prezans konsèy evèk yo, kadinal Chibly Langlois, achevèk Max Lerois Mésidor, achevèk metwopoliten Pòtoprens, monseyè Pierre-Andé Dumas, evèk Nip, monseyè Ducanges Sylvain, monseyè Jean Désinor, evèk Ench, rektè lòt inivèsite piblik tankou prive epi avèk lòt enstitusyon.Nan okazyon sa a, rektè ki ale, monseyè Pierre-André Dumas, di li kontan e satisfè de pasaj li nan tèt (UNDH). Rektè ki prale a remèsye tout patnè teknik ak finansye ki te sipòte enstitisyon an pandan 10 lane li te pase nan tèt inivèsite legliz katolik la, lii raple objektif li te genyen. N ap tande monseyè Pierre-André Pierre ki te pale konsa nan okazyon seremoni an nan mikwo Diderot Parent: Il y a dix ans, j’ai été investi comme recteur de l’Université Notre-Dame d’Haïti. Immédiatement, je me suis rendu compte des nombreux défis qu’il fallait relever. Je me suis fixé des objectifs ainsi que des étapes pour atteindre ces objectifs. Il fallait tout d’abord étendre la présence de l’UNDH à travers le pays en multipliant les campus et les facultés. Et ainsi, pour répondre à la vision des pères fondateurs et pour permettre aux jeunes de toutes les régions du pays de bénéficier d’un enseignement de qualité. Aujourd’hui, l’UNDH a un campus dans toutes les régions d’Haïti. Aujourd’hui, je suis heureux et fier de partager avec vous ces informations, j’allais dire bonne nouvelle; c’en est une. Tous les employés de l’UNDH peuvent bénéficier d’une assurance santé pour eux-mêmes et pour les membres de leur famille éligibles. L’UNDH, avec ses 7 UDERS actuelles sont une université, une famille ayant une même identité, un université catholique ayant une même mission, une même finalité et une seule référence statutaire. Aujourd’hui, je suis heureux et satisfait de mon passage à la tête de cette famille, et c’est avec plaisir que je vous accueille, professeur et docteur Jean-Marie Louis, je vous accueille avec plaisir, vous qui êtes de la compagnie de Jésus avec les confrères les Jésuites comme mon successeur à la tête de cette famille, devenant ainsi le 5e recteur de l’Université Notre-Dame d’Haïti. Je vous félicite chaleureusement, et je demanderais à l’assemblée de m’aider à vous dire bienvenu. J’ai un regret, à mon avis, docteur Jean-Marie Loui, je vous connais depuis de longue date; ça remonte aux temps révolus du dernier siècle ou du dernier millénium. Et je sais que vous avez les atouts particuliers pour réussir dans cette noble mission. Je prie Le Seigneur de vous accorder la sérénité et la force pour vaincre les obstacles que nous ne manquerez pas de trouver sur votre route. Soyez confiants. LPP: Vwala se monseyè Pierre-André Pierre, recteur sortant. Nouvo rektè a, professeur Jean-Marie Louis remèsye konferans episkopal la pou konfyans yo plase nan li lè yo nonmen l nan tèt Inivèsite Notre-Dame nan. Nouvo rektè inivésite a ki son pè di li pran angajman pou l asume reponsabilite l pandan l di li gen konsyans de kalite defi ki ap tann li. Pwofesè Jean-Marie Louis prezante liy li pral swiv kòm objektif li bay tèt li nan tèt UNDH la. N ap tande l toujou nan mikwo Diderot Parent: Avec beaucoup d gratitude et de courage, j’assumerai la responsabilité qui m’a été confiée tout en étant conscient des défis et des engagements liés à cette charge. Je salue spécialement le travail réalisé par mon prédécesseur. Monseigneur Pierre-André Pierre pendant les dix années passées à la tête de l’université entre bon temps, tempêtes et turbulences. Monseigneur, vous avez laissé une UNDH qui s’est entendue sur sept diocèses avec 23 facultés, 6 000 étudiants. Trois autres diocèses, m’a t-on dit, sont dans le processus de devenir UDERS; il s’agit des Nippes, de Fort-Liberté et de Jérémie. Beaucoup de travail a été fait pour le positionnement et la visibilité de l’UNDH tant au niveau national qu’international. Mais beaucoup de travail reste encore à faire pour consolider les acquis et inventer l’avenir. Accepter le poste de recteur de l’UNDH implique l’obligation de la diriger suivant une certaine vision, implique l’obligation de communiquer un esprit, un souffle, et d’apporter de nouveaux projets et de nouvelles perspectives. En cette occasion où je me dirige pour la première fois à la communauté universitaire de l’Université Notre-Dame, je ne peux m’empêcher de partager avec vous les grandes lignes directrices qui devraient mobiliser la communauté de l’UNDH durant mon mandat. Souffrez que je vous communique mes huit lignes directrices élaborées après avoir écouté la Conférence épiscopale, le Conseil exécutif du rectorat de l’UNDH et plusieurs autres acteurs de l’université. La première ligne: renforcement de l’identité catholique et de l’unité de la famille de l’UNDH. Ma deuxième ligne: la formation intégrale des professionnels à l’UNDH. Ma troisième ligne: gouvernement et gestion efficace. LPP: Vwala nouvo rektè Inivèsite Notre-Dame, inivèsite legliz katolik l enstale jounen jodiya nan seremoni sa a, evèk yo chwazi yon nouvo rekte yo rele Jean-Marie Louis. Epi lòt pwen nan akyalite a, genyen minis Afè Sosyal la, Marie-Élise Brisson Gélin, li denonse nan yon konferans pou laprès jounen jodiya moun li di ki pran lajan nan men Leta pou louvri restoran kominotè epi ki pa louvri l, daprè sa minis la di. Li pale de yon sitwayen nan zòn Koray, yo idantifye ki ta rive fè aksyon malonèt sa a. Li fè konnen ministè l ap dirije a, n ap site, «gen enspektè k ap siveye ki kalite manje, kijan yo distribye l nan restoran sa a. Li fè konnen lapolis ap arete tout moun ki pran lajan ki pa distribye manje jan yo dwe bay li a. N ap fè w koute minis Afè Sosyal la ak Travay, Marie-Élis Brisson Gélin: Nou genyen, selon demand prezidan an pou nou fè anviwon 775 restoran kominotè à travè peyi a avèk yon maksimòm sou Pòtoprens. Vwala ke nou mete sou plas yon ekip enspektè. Nou genyen enspektè ki ale sou plas ki ale regilyèman nan restoran pou al verifye non sèlman ke manje a byen fèt, men pou wè si manje a fèt dans des conditions d’hygiène appropriées, ke kantite ke yo fè a desèvi kantite moun pou yo desèvi a, anviwon 500 a 600 moun pa jou, e pou asire nou tou ke restoran yo rete louvri tout mwa a, tout longè mwa a paske nou bay manje pou dire tout mwa a. Vwala ke youn nan enspektè nou yo al nan yon zòn epi li pa wè restoran. Antretan, nou gen popilasyon an ki vini nan FAES ki di yo te tande gen yon restoran nan zòn sa a, yo pa wè l, yo pa wè restoran an. Donk, FAES delege yon ekip ale sou plas, nou pa jwenn restoran an. E kòm nou konnen, chak moun ki resevwa pwodui pou fè restoran nou gen non l, nou gen NIF li, nou gen nimewo telefòn li, nou gen kote pou n jwenn li. Donk, nou chèche moun nan, nou jwenn li, men nou pa jwenn pwodui yo. Nou rele lajistis ki fè travay pa l ki ale mande moun nan bay manje a; se yon moun ki intèpele. Sa n ap di maten an, tout moun ki gen manje a nan men yo ou ki poko louvri restoran an ou ki fè autre chose avèk manje a, n ap fè yo konnen n ap fè travay pa nou e n ap mande lajistis pou fè travay pa yo. Gen yon moun mwen te pale avè l, li te di se bandi ki pran manje a nan men l. Si bandi pran manje a nan men w, fòk gen yon konsta ki te fèt, fòk gen yon jij de pè ki te wè sa, oubyen pale lapolis, fòk gen yon temwen ki te wè yo tap vòlè manje a nan men w, ou te fè lapolis konnen, ou te rele yon jij de pè. LPPÈ Vwala se minis Afè sosyal la, Marie-Élise Brisson Gélin ki te pale konsa. Epi gen anplwaye ministè kote lap dirije a ki kanpe travay pou egzije yo peye yo 3 mwa kat debi yo dwe yo. Anplwaye sa yo denonse administratè a tou, epi yo mande prezidan an ak premye minis la pou yo voye administratè a ansanm ak minis la ale. N ap tande kèk nan yo nan mikwo Laurie Louis-Jeune: Objektif nou jodiya se 3 mwa kat de debi. Madame Estefanie Auguste fè nou kenbe kat de debi nan men nou, minis Marie-Élise Gélin soti pou l elimine kat la nan men nou. Ou imajine lòt anplwaye tankou ministè dè finans ki te dwe anplwaye yo 3 mwa, yo ba yo tou le twa mwa yo. Pawòl ki sot nan bouch administratè a fè nou konnen ke kòm si se yon fevè yo fè nou pou yo ba nou mwa desanm nan. Se kontraktyèl yo yo kase nan mwayen yo pou yo ka jwenn mwa desanm nan pou yo ba nou, tandiske kat la se pa nan fon Leta Ayisyen l soti, se kominote entènasyonal ki bay kat la. Nou menm, objektif nou se nou jwenn 3 mwa kat la, e pou kat la mache kòm sa dwa, menm jan ak tout lòt ministè yo. Nou menm anplwaye yo, nou oblije kanpe. Malgre tòtiray, malgre yap peze nou, nou toujou rete, nou pran bal nou ofon. Men alokazyon ti kat debi a ki te nan tiwa, se gras a minis Estefanie ki retire l nan tiwa, li ba nou l. Ti kat la la pou 2021. Yo ba nou 5 mwa ase, rès la nan mwen yo la a, nou gen 3 mwa nou pa janm jwenn li. Nou tande nan yon zòrèy yo pral ba nou yon mwa, ki se mwa desanm. Nou pap pran mwa desanm, se 3 mwa pou yo ba nou, pou yo ba nou l, pou yo rantre l nan bidjè a. Ministè sa a se abitrè kl gen ladan l, se vanpi ki gen ladan l, yo pa konn afè ti pèsonèl. Wap touche 9 mil goud, 11 mil goud, pou pitit ou al lekòl, pou w vin travay chak jou. Yo pa menm ba nou ankadreman kòm amplwaye, se sèl ti kat la ki souvni nou. Lè w gade administratè a se tèt pansant mechan an, minis la vin fè yon sèl avè l pou l fini avè nou. Mezanmi se pa konsa ministè a te ye non. Ministè a vin tounen yon bwat abolotcho, raketè. M ap mande Jovenel, si Céant se moun li ye vre se pou l vini retire kansè sa yo pou nou menm anplwaye Afè Sosyal rale yon souf. Paske lè nou pale yo pwoblèm nou, se ri yo ri nou. LPP: Vwala, minis la Marie-Élise Brisson Gélin reponn li di li pa vòlè lajan kat debi, se dwe li dwe lajan kat debi a ki moute yon pakèt lajan, se dekouvri lap dekouvri senpyè pou l kouvri senpòl nan ministè a daprè sa l deklare. N ap tande Marie-Élise Brisson Gélin: Se minis Auguste ki te la a ki te fè de demach pou te bay moun yo kat de debi a an jeneral. Men kat de debi a li pa nan budjè vrèman, se pa rapò a sa ki genyen, kredi ki genyen, swa tou lè mwa, swa tou lè 2 mwa ke yo ba yo kat sa a pou yo ka itilize l, oke. Nou fèk resevwa kopi chèk ki soti nan bank nasyonal ki moutre nou kòb sa a pra l disponib labank pou moun yo jwenn kòb yo. Men kò m depi maten m rive mwen jwenn yap fè bri, mwen di yo nou pa bezwen ap fè bui pou grenmesi. Yo di yo pap pale a pèsonn, sof a minis la. Mwen di fè yo monte anwo a, ce qui est fait. Lè m rive m jwenn yap chante “bare yo, bare yo, bare yo”. E kò m yo te di il y a deux semaines ke m te vin nan ministè a ak pitit mwen mwen te vòlè 8 chèk. Fò m di nou 8 chèk m ta vòlè a li pa totalize 300 mil goud. Alò pou m ta vin vòlè 300 mil goud alòske m te gen chèk pou moun ki te vo 300 mil goud, chèk pa yon moun. Alò, lè yap chante “bare yo, bare yo, bare yo” mwen voye chache kopi chèk bank nasyonal voye ban nou kote li pwouve moun nou te wè nan radyo, nan televizyon ki tap di minis la te vòlè chèk la. Se yo k te chanje chèk yo paske nou genyen rekto vèso. Non sèlman non moun nan la a, moun ki te pale yo se yo menm ki tal chanje chèk yo. E m di yo m pa pran presyon, yo di si w pa pran presyon ou pa ka minis. Mwen se yon umen, mwen ka fè erè, men mwen evite fè erè nan tout sa m ap fè. Men chèk la, bank nasyonal, chèk sa a se 19,497,250 goud, ce qui veut dire que yap fè bui, men yo pa dakò moun pale avèk yo. Mwen sot di talè a se pa kòb ki nan budjè a, se de kredi pa rapò a depans ministè a. Sa vle di si jodiya m te pou m depanse 500 mil goud, mwen depanse 200 mil goud, mwen gen 300 mil goud kredi, ainsi de suite. Lè l ogmante a, si li pèmèt nou peye 3 mwa, n ap peye 3 mwa. LPP: Vwala, se minis Afè Sosyal la, madam Gélin Brisson ki te pale konsa. Epi, konsènan jilè jòn yo nan peyi Lafrans, yo pote plent devan CSA, ki se enstans kila pou kontwole medya yo konsènan chèn Frans 3 a, jounal nan wikenn nan, kote youn nan yo te gen yon pankat ki te manke Macron dega, rale kòw la Makron. Epi chèn televizyon an piblye sèlman Macron, li pa pibliye dégage la. Malgre ekskiz, jilè jòn yo pa dakò, yale devan enstè regilatè a. E gen redaktè an chèf, direktè enfòmasyon Frans televizyon, Yanick Lefranc Tranchant, ki prezante ekskiz sou twitè, li fè konnen se yon erreur humaine, tout moun ka fè erè. Men sa pa rive kalme sitiyasyon an kote sou rezo sosyo yo yo mande dechennen kont chèn televizyon sa a, ki se yon chèn piblik, Frans 3 poutèt li retouche yon slogan jilè jòn yo kont Macron. Epi, n ap fini avèk plizyè moun ki te pase nan mikwo nou, ladan l gen youn nou konnen trè byen: Roday, Jean Hilaire Lundi, frè Roday, avèk yon lòt sitwayen yo rele Mackenson Cangé. Moun sa yo fè konnen ke yo kreye yon òganizasyon ki rele Kolektif lidè angaje (KLE) ki pral bay katon wouj nan jou kap vini la yo nan jan peyi ap mache. Yap kòmanse manifestasyon yo devan lokal Radio Télé Caraïbes, daprè sa yo anonse mèkredi ki ap vini la a. N ap tande Roday ak Mackenson Cangé: Se yon mouvman nou pral lanse ki rele katon wouj. Katon wouj vle di nou pral bay sistèm nan katon wouj ki refize kite peyi a fonksyone. Moun ki ladan l yo pou fè sistèm nan, kèlkeswa degre de responsabilite, donk nou pral mande yo la a, nan fèt fen dane a, dayè nou bezwen lapè nan peyi a. Moun ki anpeche peyi a mache, katon wouj pou yo, lamizè, ensekirite, ensalibrite. Epi nou pral di pèp la si w dakò jan sitiyasyon an ye la a ou santi w byen ladan, ret lakay ou. Men depi w pakò, n ap envite w pou pote rad wouj ou, katon wouj ou nan men w, chèche bouton katon wouj ou. Mouvman nou an rele katon wouj, nou enspire de yon mouvman nou wè k fèt Lafrans, enben nou inisye l la a. Mekredi maten n ap kòmanse mouvman sa a. 7è du maten n ap deja nan lari a devan Radyo Karayib la, n ap derape la Jounalis Kiskeya: Ki pakou ke n ap fè? Envite: Fò m di w nou pa pral fè yon pakou, se yon mach, se yon sitin n ap kòmanse. Nou pa vize yon bwat Leta pou moun pa di se dèyè yon djòb n ap kriye. Nou vize yon enstitisyon prive, konsa tou nou ta ka vin fè li devan Radyo Kiskeya paske jodiya sitiyasyon peyi a vin yon ti jan difisil, fòk sitwayen konsekan yo pran responsabilite yo pou pèmèt peyi a soti nan sa l ye a. LPP: Mackenson Cangé avèk Roday konsènan mouvman sa a, Katon wouj. Se la n kanpe, rete sou Radyo Kiskeya pou rès pwogram nan. N ap di korespondan nou Jean Sénosier Despre, Okay, bòn fèt, jodiya se anivèsè li. Nou di tout moun bonswa, na wè demen. Spot: Jounal 4è, 4è chak apremidi sou Radyo Kiskeya. Jounal 4è, yon sèl jounal a lè sa a sou tout peyi a. Jounal 4è nouvèl total. Fen. Jounal 4è, 17-12-18 (Prsentatrice. Liliane Pierre-Paul) 1