TRANSCRIPTION Introduction : Jounal 4è, 4è chak apre midi sou Radyo Kiskeya. Jounal katrè, yon sèl jounal a lè sa a, nan tout peyi a. Jounal 4è, nouvèl total. Mizik… LPP : Nou di tout moun bonswa, pi gwo nouvèl nou pral genyen pou n devlope pou ou apre midi a nan jounal sa a, Bawo Pòtoprens lan, ki te fè yon reyinyon an asanble rejyonal ‘extraordinaire’ ekstrawòdinè) deside leve ‘provisoirement’ (pwovizwaman) grèv yo t ap fè depui kòmansman mwa oktòb la pou te reklame yon pa e revokasyon komisè gouvènman Pòtoprens lan. Yon lòt pa arestasyon direktè polis nan lwès la avèk kèk polisye ki te enplike nan akwochay avèk yon seri de avoka nan zafè sikilasyon. E n ap genyen plis presizyon konsènan deklarasyon Mèt Paul Rachèl A Kadè, Batonye a.i sou desizyon ki pran jounen jodiya e 48 èdtan mwens ke 48 èdtan apre ke nouvo komisè gouvènman an tabli nan tèt pakè a. Epui jan Mavèl te anonse nou an, gen nouvo e nan dosye Lasalin nan. Buwo òganizasyon ki ap defann dwa moun yo, BODDH e avèk yon ekip avoka ki fè pati de rezo avoka ki ap defann dosye Petro Caribe, a anonse e fanmi moun ki viktim nan Lasalin yo, gon gwoup nan fanmi yo ki depoze plent nan Kabinè Denstriksyon konsènan masak 13 novanm nan. Epui e genyen RNDDH ki publiye yon e diplus konsènan rapò li te deja mete deyò a. Kote li bay chif ki montre gen plus moun e ki te viktim nan masak sa a. Kidonk li revize alawos e chif viktim yo e ni viktim moun mouri blese, epui avèk moun ki viktim anba kadejak fanm. E viktim yo antou se 71 yo ye. Moun yo asasine epi gen 11 moun, fanm avèk tifi ki subi vyòl kolektif kadejak nan masak 13 novanm 2018 lan. Dapre sa òganizasyon an presize nan yon dènye rapò. Lòt pwen nan aktyalite a se polis lan direksyon lwès e bilan e nan okazyon fèt finisman lane a dabò yon angajman, polis la angaje l pou garanti sekirite tout moun nan okazyon finisman lane a. Se sa pòt pawòl Polis Nasyonal lan, pòt pawòl annapre Gari Dewozye presize nan yon konferans li bay pou laprès jodiya nan direskyon polis lan nan lwès. E pòt pawòl annapre a pale de 500 polysye ki mobilize nan depatman lwès lan, donk lò w tande pale de lwès sitou Pòtoprens pou fèt finisman lane a, san konte supò Minijus. Gras a operasyon sa a yo rele ‘Mache Pran Yo’, wi, lapolis lan e mennen nan pluzyè katye nan zòn metwopolitèn nan, selon pòt pawòl annapre a, lapolis la rive fè arestasyon, sezi zam e pandan operasyon sa a. N ap vini avèk detay nan konferans pou laprès sa a. Konsènan non polisye yo rele Dimmy Cherisier alyas ‘Barbecue’ ki figure nan 2 rapò, 2 òganizasyon ki ap defann dwa moun, Platfòm Je Klere e ak RNDDH sou evènman terib ki pase e nan Lasalin nan epi avèk rekòmandasyon RNDDH fè konsènan e polisye sa a. Ebyen, e selon pòt pawòl annapre polis nasyonal la, Gari Dewozye, li poko gen enfòmasyon sou ki desizyon direksyon jeneral la pran konsènan polisye sa a nou wè ki genyen apui puiske l te mete anpil moun nan laru (4:01) semèn pase a. E l te menm gen yon konferans de près ankò yon lòt òganizasyon fè pou supote l semèn sa a. Epui nou te ale nan e sou plasditali, anba lavil la, pou n al wè kijan deplase Lasalin yo ye, e plis ke yon mwa depui moun sa yo kite kote yo t ap viv akoz de evènman sa yo. Lòt pwen e, deja gen pwoblèm ant otorite lokal yo nan vil ‘Port-de-Paix’ (Pòdepè). Majistra prensipal komun sa a, ‘Josue Alisma’ denonse nouvo delege a ki enstale yè, e Soni Wisle Dordòy, li di ki debake nan meri a avèk yon juj depè pou vin fouye biwo l. Dapre sa li denonse, majistra a, ki genyen yon manda dèyè l e ki nan mawon depui aksidan kote kòlèg li, majistra annapre Toni Vernyo te mouri. E l te pase e nan radyo Kiskeya jounen jodiya pou mande delege Dordòy suspann mete abse sou klou nan sitiyasyon politik li di, Jovnèl Moyiz deja twouve l la. an aktualite entènasyonal lan, dabò sezisman apre sa enkyetud konsènan desizyon prezidan ameriken an pran sanble san konsultasyon, pou l retire militè ameriken ki te deplòtonnen nan yon rejyon kote Etazuni gen alye l ki se minorite e ki twouve yo sou fwontyè ant peyi Turki ak Siri. Apre desizyon an fè anpil moun pantan, e kouwèlyela a se laperèz. E lòt analiz tou montre malgre militè ameriken yo kenbe yon diskou publik ki montre yo pa ta gen pwoblèm ak prezidan sa a, men se pa vre. RDC, eleksyon an repòte pou yon semèn. Kanpay lan ap kanpe demen. Se desizyon sa a konsèy elektoral Republik Demokratik Kongo a anonse jounen jodiya jan ke yo te prevwa. E, Madagaskar, premye rezilta elksyon yo, byen ke yo di se nan kòmansman mwa janvye a y ap bay rezilta yo e gen tan divize popilasyon an. Alòske pa t gen anpil moun ki te mobililize pou te al vote nan eleksyon sa yo. Togo, eleksyon lejislativ – Opozysyon an mande bòykote eleksyon sa yo. Epui Etazuni enkulpe de akè (hackers) chinwa, moun ki ap fè gwo aktivite e sou rezo, sou entènèt e paske yo atake, yo te fè atak kont 12 peyi dapre sa Etazuni e denonse. Epui te gen yon gwo tranbleman detè, 7.3 nan e peyi kontinan yo rele Larusi a, nan Ekstrèm Oryan Larusi. Larusi kote Vladimi Poutin e te genyen you lòt fwa ankò randevou avèk laprès. Yon konferans pou laprès ki dure plizyè èdtan. Kote jounalis soti nan lemond antye pou vin patisipe nan konferans pou laprès sa a. Envite Jounal 4è apre midi a, se de majistra nan zòn metwopoliten an, majistra komin Kafou an, e ki se tou prezidan federasyon an FENA, Jude Edouard Pierre ak majistra Petyonvil la, Dominik Senwòk, k ap pale nou deu ki operasyon netwayaj de komin sa yo ap fè nan finisman lane a. Y ap reponn kesyon Bitovenn Franswa Fis. Se enfòmasyon sa yo ak anpil lòt nou va gen pou nou devlope pou ou aprè midi a nan jounal sa a. 15 LPP: Nou pral pran dènye nouvèl tan ak dènye bilten inite idwometeyo a, Krisnèt deja sou liy lan, bonswa Krisnèt. Krisnèt: Gwo bonswa pou Liliàn, bonswa Antonyèl, bonswa tout ekip la, oditè oditris radyo Kiskeya byen bonswa pou nou chak. Men kòman sitiyasyon meteyo a prezante pou apremidi jedi 20 desanm 2018 la ki va la sou Karayib la ak sou Atlantik lan. Nou gen yon lazòn antisiklonik ki chita kò li sou Atlantik nò lan li ban nou yon tan ki gen solèy, van ap soufle e se sa ki domine Karayib santral lan e n ap rete tann arive yon fon fwa ki yon ti jan aktif sou peyi Cuba disi vandredi k ap vini la a, e li pral ret wout li sou pasaj duvan samdi li ta dwe rann mas lè a gen yon ti jan enstab sou rejyon an. Sa ki pral on ti jan pote e anpil kote ta dwe jwenn ti aktivite lapli n ap pale pou wikenn nan. Men pou demen ak pou jodiya a mas lè a li menm aktivite lapli yo p ap tèlman orandevou. E pou aprè midi an nou gen solèy la ankò ki prezan, gen ti van k ap soufle. Tanperati an te vire kò li pandan jounen an antre venttuit a trenteyen degre sèlsiyus. L ap tonbe nannuit lan an mwayèn antre dizuit e vennde deugre sèlsiyus. Nou prevwa ti aktivite lapli de fason izole sou depatman Sud, Nip pou apre midi an ak aswè a. Pou Pòtoprens ak zòn ki antoure l yo, nou gen sitiyasyon de bon tan, gen solèy gen ti van k ap soufle. Gen ti nyaj ki prezan men fason ki . E nou prevwa tou kèk gout lapli sou kèk tèt mòn ki tou pre Pòtoprens pou aswè a. Men pou Pòtoprens li menm menm n ap gen yon nuit ki gen zetwal. Pou lanmè a nou mande vwalye yo pran prekosyon, zòn kotyè nò, Gòlf Lagonav ak zòn kotyè . Aprè midi an solèy la ap kouche a senkè sèz pou leve deumen maten a sizè disèt minit. Se la nou mete yon bout nan enfòmasyon meteyowolojik yo n ap remèsye w Lilyàn, Antonyèl, tout ekip la. Oditè, oditriz Radyo Kiskeya, nou swete w pase yon mèveyeuz nou kase randevou pou deumen pou n vini ak lòt enfòmasyon ki ap gen pou wè nan zafè meteyo. Lilyàn. LPP: Mèsi ou menm tou Krisnèt, n a wè deumen. Krisnèt: Merci Lilyàn. LPP: Wi dabò gen dosye Lasalin nan eu kote genyen buwo òrganizasyon k ap defann dwa moun BODDH ki anonse yo pote plent nan kabinè juj enstrukson bò kot tribunal première instance nan Pòtoprens. Se yon gwoup moun ki konsènen nan masak ki te fèt e trèz novanm nan nan Lasalin e ki pote plent nan lajustis e konsènan otorite nan leta a. E prezidan an, premye minis, sekretè deta, sekurite publik, direkteu polis e tout moun sa yo e nan dat premye pou rive trèz novanm deu mil dizuit, gen atak ki te fèt youn dèyè lòt. Se de gwoup e ki te fè de gwoup ki te gen zam e ki te debake nan Lasalin nan. E moun sa yo te gen zam nan menm yo. Moun ki pwòch pouvwa a te atake populasyon an dapre sa òganizasyon an di. Yo fè konnen atak sa yo bay kòm rezulta ken swasanntrèz ka moun ki pèdi lavi yo k asasine. Gen katòz moun ki blese anba bal. Gen sèt fanm ki subi kadejak. Gen san senkant kay yo krible anba bal. Yo antre ladan yo, vandalize yo. Daprè sa toujou e BODDH presize nan plent li an. An plus de sa yo pale de kat san trantnèf moun ki pèdu tou sa yo te genyen pandan atak sa a. Eu genyen ka Jeralsonn Belans e ki se yon timoun, ki se pitit madàm Milèn Matyeu ki pran pluzyè bal e kadav li, yo te mete l nan on sak e asasen yo ki te touye l la y ale avèk kò a. E sa l di. E genyen tou, eu Neslann Janlwi eee ki te en Pwosper Remon yo bay non Tibo ki te nan kay ak li. Misyeu te gen ventneuf lane. Yo te fòse misyeu, nèg ak zam sa yo soti deyò lakay li nan Fòtouwon nan zòz Labatwa yo te asasine l ak kouto, katchapika oubyen manchèt. Gen Frans Zo li ki te vennsenk an yo touye l tou lakay li devan pitit li ki te gen katran seulman. Epi moun ki pote plent lan Jolèn Labonte ki se madanm ni, nan moman e zak terib sa a, li te ansent twa mwa. Genyen Ernst Junior Léger ki se pitit Ernst Léger. E yo asasine tou, kò l yo pa jwenn kadav li juska prezan. Gen de endividu avèk zam nan men yo ki antre kay Lèlèn Aristèn, e yo fòse ti frè l ki yo rele Tiga Aristèn ki te gen dizuit lane soti avèk yon bal nan kò l avan yo trennen l nan lari, yo rache l anba manchèt. Rès kò a yo te mete difeu sou li. Apre masak sa a, e pa gen ankenn ankèt otorite leta yo mennen pou yo konnen egzakteman sa k pase. Silans, epi ak kwaze bra, danbalawèdo, kò likid gouvènnan an, moun ki la pou fè leta a mache nan pi wo nivo, sa ve di prezidan an, Jovnèl Moyiz, premye minis lan, Jan Anri Seyan. Chèf konsèy superyè e polis nasyonal lan toujou Jan Anri Seyan, CSPN. Minis justis ak sekurite publik lan, Jan Woudi Ali. Sekretè deta sekurite publik lan, Ronsard Saint Cyr. Minis enteryeu a, Renaldo Brunè, se Jan Mari Renaldo Brunè. Direktè jeneral polis nasyonal la, Mikèl Anj Jedeyon, enspektè jeneral an chèf polis lan, Stanley Bris do e direktè polis nan depatman lwès, se nouvo direktè a, Maryo Oberjis. Eee delege depatmantal lwès lan, Jozèf Pierre Richard Duplan eeee moun sa yo, yo e nan konpòtman yo, yo admèt e fòk yo admèt keu yo gen responsabilite aklè nan krim terib sa a ki fèt lan. Apre yon ankèt keu buwo òganizasyon defans dwa moun BODDH ansanm ak rapò deu òganizasyon, rezo nasyonal ki ap defann dwa moun NDDH ak fondasyon je klere, ee buwo DDH te konsulte krim espektakulè sa yo, se de krim ke pouvwa a te planifye e se de ajan brigad operasyon ak entèvansyon depatmantal Boyd ansanm avèk e deu atache pouvwa a ki te gen inifòm Boy sou yo ki fè krim sa a. Eeeu nan sa ki konsène jan yo te fè krim yo, planifye yo epi egzekite yo, leta nan tout etaj e bay pluzyèu mwayen pou krim sa a te fèt, toujou selon òganizasyon an, tankou machin, inifòm lapolis, zam, minusyon ki te endispansab pou yo te fè atak sa a. Krim sa yo eee ki fèt nan konfyolo ak leta ayisyen se yon atak gravman grav nan sa ki konsène dwa fondal natal viktim yo ke leta supoze pwoteje, selon atik diznèuf konstitusyon an. E deu alineya twa nan pak entènasyonal ki konsène dwa sivil ak politik, atik premye jiska kat alineya eun, atik senk, e vir e vennsenk e eu tout lòt nan konvansyon amerikèn dwa moun nan. Atik san karannsèt avèk tout lòt atik ki vin annapre nan kòd enstruksyon kriminèl ki egzije pou yo respekte dwa moun gen pou yo viv, respekte moun yo, kò yo, entegrite yo antan keu sitwayen ki entèdi keu yo maspimen, yo tòture moun. Yo fè zak kri kriminèl sou yo ki pa, zak ki pase dwa moun anba pye, ki degradan. Yo fè obligasyon e pou tout lajustis lan, tout chèn penal lan ak pouvwa pou fè entèrvansyon lè gen zak ki pase, pou mennen ankèt e jwenn moun ki fè zak sa yo, puni yo selon lalwa. Eee donk atravè plennt eu fanmi sa yo pote e avèk avoka yo ki manb BODDH yo pote e plent pou yo egzèse rekou kont Jovnèl Moyiz, Jan Anri Seyan, Jan Woudy Ali, Renaldo Brunaire, e Mikèlanj Jedeyon, Stanle Bris, Maryo Oberjis ak Jan Pierre Richard Duplan. E pou rezon sa a, euuuu Jolèn Labonte, Lèlèn Aristèn, Edit Desten, Ernst Leje, Milèn Matyeu ansanm avèk mesyeu k ap viv avèk li a Klod Junyò Janbatis, Vani Sengourden e Mirèy Lozandyeu, Mari Yolèn Janlwi, Mariloud Dorestan, Neslan Jan Jan Lwi e ak Bbermàn Edmon ki genyen avoka BODDH ak KANID ki asiste yo. Yo konsituye tèt yo pati sivil euu daprè sa yo di nan plent yo pote a yo mande juj ak juj enstruksyon pou l enstwi dosye sa a, louvri ankèt kont moun sa yo ansanm avèk konplis yo e tout moun ki te egzekute krim sa yo pou detèmine responsabilite divès aktèu politik, sa vle di prezidan an, Jovnèl Moyiz, premye minis lan Jan Anri Seyan, chèf konsèy superyè polis nasyonal la toujou Jan Anri Seyan CSPN, minis justis lan, Jan Woudi Ali, sekretè deta sekurite publik lan Ronsard St Cyr, minis enteryèu a Jan Mari Renaldo Brunaire, direktèu jeneral polis nasyonal la, Mikèlanj Jedeyon, enspektèu jeneral anchèf lan, Stannle Bris e direktèu polis lan nan lwès, Maryo Oberjis epi delege depatmantal la, Jozèf Pyèricha Duplan e nan wòl yo jwe nan krim abominab sa a. E yo mande lajustis e pou yo louvri ankèt e konsènan e viktim yo dapre sa fanmi moun sa yo ki pote plent. Alò se no nou sot site la yo ki pote plent e avoka ki akonpanye yo, e se mèt Jan Seyus Jozèf genyen tou mèt Makenzi Deuni, Lorenèl Lwi, Junior Cherèt e Aleksann Desir. Nou wè non Eltonn Deziran men l pa siyen e genyen Jan Fritz Bawon tou ki p siyen. E gen Pierre Ewòl Filisten pami avoka yo eeeeee genyen tou Jozèf Franswa Lwi gen Maks Olivye Benedikt ki pa siyen, gen Joslen Cherèt ki siyen e Moril Sirismon ki siyen, Ronald Nord Cius ki siyen, Ronald Ipolit e ki siyen. Epi Bernavil uh arive...vwala. Nou pral tande plus prezisyon konsènan plent sa a ki pote nan dosye Lasalin nan. Avoka rezo moun ki pote plent nan dosye petwokaribe a non se eu deuvan laprès jounen jodiya, yo pral fè, yo ta pral fè demach sa a kont leta ayisyen konsènan masak ki fèt nan Lasalin nan e n ap tande avoka Lorenèl Lwi. Konferans pou laprès kote Wobennson Anri te prezan pou radyo Kiskeya (27:31). Lorenèl Lwi: Èske moun ki abite Lasalin yo yo pa Ayisyen tankou tout Ayisyen? Èskeu moun ki abite Lasalin pa peye taks tankou tout Ayisyen? Masak sa a fèt Lasalin e nou menm nou kalifye l de yon masak deta, de yon krim deta. Lè n konsidere keu leta ki gen misyon pou l pwoteje tout sitwayen leta, ki genyen obligasyon pou kapab kontwole kòman sitwayen yo ap viv e pote solidarite ba yo lè situyasyon an mande sa. Eben se menm leta sa a ki rete ensansib pa rapò avèk masak sa a? Se menm leta sa a ki pa pran pyès dispozisyon pou pwoteje moun sa yo. Nou kalifye de masak sa a masak deta. Lè n konsidere keu aprè pratikman yon mwa leta pa pran pyès dispozisyon pou ede moun ki pa kapab rantre lakay yo reganye dinyeuman lakay yo. Anpil nan moun sa yo jounen jodiya y ap viv sou plas Ditali. Anpil nan yo al viv eeee sou Channmas la. Mèt Lorenèl Lwi, lòt avoka tankou Mèt Andre Michèl, Mèt Mezoneuv Mak Antwan -nous avons toujours pris notre responsabilité wè par rapport à la population, avoka ki nan INAPOD yo e avoka ki nan buwo DDH ki nan ----dosye Lasalin nan n ap dokumante l e nou arive nan on faz kote dokumasyon nou avanse on ne peut plus eben trè pwochènman pwobableman nan seumèn k ap vini la a n ap genyen pou n al depoze ofisyèlman plent nou pou nou di keu dosye Lasalin nan tankou anpil lòt dosye pa rete enpuni. Tretman leta a bay dosye Lasalin nan. Leta gen responsabilite pou pwoteje lavi. Si leta pa pwoteje lavi. Si leta kite keu nenpòt sitwayen kapab tonbe avèk fasilite, si aucune disposition n’est prise pour protéger les concitoyens et les concitoyennes, sa a se responsabilite ekskluziv leta a e leta a li menm li dwe peye l, nou dwe trennen l devan lajustis tankou toute personne. Jounalis: Ou di dosye a n on faz trè zavanse nou dokumante l sa sa vle di konkrètman? èskeu nou rive jwenn idantite moun ki mouri, notè, sètifika de decès eksetera. Lorenèl Lwi: Lè m di dosye a nan on faz avanse se dans la mesure ou genyen ankèt pa nou nou fè. Pa bliye mwen menm m s on avoka ki nan domèn dwa zumen tou. M s on avoka ki non seulman m nan rezon m se avoka rezo dosye moun petwokarive yo, men m s on avoka tou ki nan eeeee domèn dwa zumen. Eben nou genyen pratikman on plent ki prè e lè w ap gade nou gen pou n fè on konferans ofisyèl pou n prezante bay laprès plent sa a. LPP: Wi plent lan deja depoze paskeu nou genyen avi de sesyon se te avan e yo te fè konferans pou laprès sa a. Se te mèt Lorenèl Lwi n ap tande mèt Mak Antwàn Mezoneuv ki konsidere lèt lakou dèkont ekri e premye minis Jan Anri Seyan sa se nan dosye petwokaribe a eeeeee li diiii li pa jwenn kolaborasyon nan men on seri de enstitusyon publik konsènan ankèt l ap mennen sou jesyon petwokaribe a kòm on strateji Jovnèl Moyiz ap tabli pou ka bloke dosye a daprè sa avoka a fè konnen Mak Antwàn Mezoneuv toujou nan konferans pou laprès sa a kote Wobennsonn Anri te prezan pou Radyo Kiskeya. Mak Antwàn Mezoneuv: Ces derniers jours korespondans eecourt superieure des comptes ap traverse tout rezo sosyo yo kote verifikateur korola fè konprann keu li dans lenposibilite pou l jwenn >des informations<, pou l jwenn des documents de la part des responsables anndan administration publique peyi Dayiti e pou l te ka byen efektue ankèt li a. N ap di trè clairement keueee enfòmasyon sa a, li pa on seukrè pou nou menm. Lè nou fè aluzyon à la phrase de Jovenèl Moyiz kote misyeu te fè konprann e clairement, keu l genyen anpil moun lan administrasyon publik peyi Dayiti a ki ka ede l fè obstacle a reyalizasyon pwosè petwokaribe a. Depi lè Jovnèl te fin di sa nou te gen tan prevoir keu musyeu t ap utilize >toute strategie possible et imaginable> pou l te ka anpeche reyalizasyon pwosè petwokaribe a. Men nou pa ka bliye tou keu arè lakou superyè des comptes et du contemptieux administratif te rann deja kote l te netwye, li te lave youn nan dam ki te enplike konsiderableman tou lan depatcha lajan petwokaribe a. Nou vle pale de Sofya Mateli. Nou tout konnen keu apwoksimativman, katreuven milyon dollars te pase lan men manmzèl anndan Kòlsam. Manmzèl pa t reyalize absoluman anyen pourtant aprè tout demarche e Jovnèl Moyiz reyalize sou lòd Michèl Mateli ou wè lakou superyè dèkont te arive netwaye manmzèl, di keu manmzèl pa t enplike vrèman lan depatcha lajan petwokaribe a. A remarquer, genyen plus d’une année depuis que monsieur sa yo lan kou superieure des comptes et du contemptieux administratif te g on travay dankèt pou yo reyalize. E aprè keu m te ka di depi keu sena a te pimpe dosye petwokaribe a ba yo pou yo te antere l. Ou wè kèlkeu jou avan jan yo te di l la pou yo rann, pou yo bay rezulta ankèt yo a. Kèlkeu jou wi ou wè kisa yo di w se a partir de ce moment la yo vin di w keu yo pa gen posibilite yo pa gen kapasite pou yo jwenn information et documents yo beuzwen nan kad reyalizsyon travay dankèt nou yo. LPP: Donk vwala se te lòt dosye sa a nou prèskeu pa tande pale deu li ankò, dosye ki sanse mete nan frijidè pou kou wè l ye la a dosye petwokaribe a. Mèt Mak Antwàn Mezoneuv fè n ap retounen eee sou dosye masak Lasalin nan ak NDDH ki publiye yon supleman rapò apati deu apwòch fanmi viktim ki pa t figure nan premye rapò l te publiye a. Premye rapò ki te soti premye desanm nan e RNDDH publiye rapò ankèt sa a sou evènman ki te fèt Lasalin nan pandan mwa novanm nan. Evènman sa yo yo kalifye deu masak deta akoz vyolans ki te fèt konsènan krim sa yo e valè moun ki viktim ee deu fason sistematik atak sa yo te fèt kont yon gwoup byen presi e enplikasyon sèten otorite nan planifikasyon ak krim sa a ki fèt lan e akoz tou gen lòt otorite yo menm ki afirme bay RNDDH yo te genyen enfòmasyon te gen you rankont ki te fèt pou planifye carnage lan san keu otorite sa yo pa t fè ankenn entèvansyon pou te anpeche l fèt daprè sa òganizasyon an presize nan rapò sa a. Seupandan, nan kat aktivite suivi li fè avèk moun ki rive chape nan masak la RNDDH di gen pluzyè lòt moun yo menm ki te viktim oubyen pwòch yo ki te apwoche l pran kontak avèk li e kote l li te vle pou l te pataje ee pou l te pataje avèk li circonstance keu moun sa yo te subi agresyon eee kote pwòch yo te pèdu lavi yo. Se nan sans sa a RNDDH di, li ini retounen sou dosye Lasalin lan, retounen ladan l, fè rechèch duplus eee valè moun e ki viktim yo ki pi plus e situasyon an ki trè grav daprè sa yo relate e prezante bay tout moun keu sa enterese on bilan e yo reuvize alawos e konsa gen senkant neuf viktim yo te di deja fòk yo ajoute douz lòt sou yo e daprè sa òganizasyon an presize ki te pèdu lavi yo nan evènman teriz trèz novanm deu mil dizuit lan. Se Aristèn Kadè ki te gen ventneuvan, misyeu mouri e trèz novanm nan apre midi nan moman e moun ak zam sa yo te debake li t al kache lakay li e se apre sa eee yo jwenn ni moun ki t ap kouri dèyè l yo e yo asasinen n. Gen Dimi Desten e ki te gen sèzan li pran yon bal nan dèyè bal la soti nan vant li misyeu mouri apre l fin blese. Li mouri anba blesu l. Gen Peterson Dieujuste e ki te gen ventuitan li mouri nan apre midi trèz novanm tou. E li te papa yon ti pitit fi deu lane. Gen Frantz Gedeyon alyas Fanfan e ki te gen senkantneuvan nan sware trèz novanm nan li t ap eseye chape soti lakay li lè l pran deu bal nan vant, li mouri la pou la. Yo kò l yo te voye kò a jete nan zòn ansyen magazen Leumèl. Gen Bèrnadèt Jan ee li menm li te gen venttuitan gen de moun ki gen zam te antre lakay li nan apre midi trèz novanm nan yo touye li kadav li yo pa jwenn ni. Li te manman de pitit fi youn gen trèzan lòt gen dizan. Gen Bernard Jan e ki te gen ventan lè endividi sa yo ki te gen zam te rive li te twouve l lakay li e l pa t gen tan pou l te sove. Li pran plizyè bal. Gen Davidson Jan Chal e ki te gen sèzan li pran yon bal nan tèt anvan yo kadav la yo rache l anba kout manchèt. Li te papa yon te bebe yon mwa. Gen Ernsonn Leje venttuit lane ki te twouve li lakay bèlmè l lè endividi sa yo te pete pòt la lo touye l anvan yo te boule kay la. E Fanès Lerison ki gen vennsenkan, de moun ki te gen zam te antre lakay yo lakay li e li menm kote l ap viv avèk sè l yo tuye l. Eee kò l yo pa jwenn kò a. Gen Wanito Lwijan yo touye l anba pluzyè bal alòske l te twouve l deuvan pòt lakay li. Gen Remon Pwosper ventnèuf lane yo touye l lakay li, se de moun ak zam nan apre midi trèz novanm deu mil dizuit la. Yo pa jwenn kò l. Li te papa deu timoun piti. Tersilya Tersi swasanndouzan, machann nan Kwadèbosal, li te twouve l nan apre midi trèz novanm nan e nan zòn nan lè li resevwa yon bal nan tèt. Epi gen kat lòt viktim kadejak anplus donk ou konnen nou pa ka bay non moun sa yo se inisyal yo yo bay. J.B ki gen traantan nan sware trèz novanm nan deu endividu avèk zam antre lakay li avèk kat lòt, yo fè kadejak sou li. Li se manman deu timoun. G on lòt ki gen katòzan on timoun e deu endividu arme antre lakay li e pluzyè ladan yo vyole l. Epi g on lòt ankò venntwa lane ki te twouve l lakay on zanmi fi e li gen venndeuzan lè twa endividu avèk zam gen kagoul te parèt yo pwente zam sou li e kote nan yo tire sou li menm e yo vyole l e pluzyè vyole l e sa pase an prezans pitit pitit li ak pitit zanmi l lan ki genyen senkan ak twa zan. Nouvèl viktim sa yo vin fè antou sa fè swasannonz moun ki mouri asasine selon rapò BNDDH la gen onz eee lòt an moun fanm ak tifi ki subi vyòl e kolektiv nan evènman eee trèz novanm yo. Òganizasyon an ensiste sou le fait que bilan masak Lasalin nan jan keu l prezante eee selon òganizasyon an li pa total paseu gen moun ee ki te ale nan mache Kwabosal e ki pou on rezon oubyen pou on lòt, eeee ki ap frekante zòn nan te twouve yo nan zòn nan e lè evènman yo pase apre atak ki te fèt nan apre midi gen machan ki abitid dòmi tou nan mache a evènman bare anba a e gen plizyèu lòt kò e yo ale avèk yo eee atakan yo e anplus de sa tou tout moun òganizasyon an pa rive jwenn enfòmasyon presiz sou yo. Li pa mete non yo nan dokuman sa a. Li atire atansyon tout moun jounen jodiya, moun ki rive chape anba masak Lasalin nan an jeneral ki twomatize anba evènman sa a e keu yo te viv e yo pèu pou vi yo pou sekirite yo eeee moun sa y ap viv ak kè sou biskèt timoun yo ap viv avèk doulèu akoz yo pèdi yon paran, eee on frè oubyen yon zanmi sèten nan yo eeee asiste devan ee devan je yo krim yo fèt lè paran yo viktim. Mete a sa tou, masak Lasalin yo ap viv nan de kondisyon e -précaire -. Eu li pale de moun ki te blese pandan masak lan, yo pa gen mwayen pou fè yo pran swenyay, fi ak euu tifi ak fanm ki viktim yo yo pa resevwa anken swen konsènan kadejak ki fèt sou yo alòskeu nòmalman moun sa yo te sipoze eee ale ka doktèu pou yo te fè on seri tretman pou yo prevantif eee sant sante Lasalin nan pa gen mwayen pou sa e jounen jodiya s on sant ki padone m pa gen doktèu, pa gen enfimyè, pa gen oksilyè ki ale depi evènman trèz novanm nan. Lasalin ap fè fas depi plizyè ak yon gwo pwoblèm dlo e moun ki sove nan masak lan y ap viv nan mizè total kapital, yo pa gen manje e sitiyasyon sa a vin pi grav abse sou klou e ki bloke tout aktivite biznis nan gwo mache sa a, Kwabosal e kote te gen abitud mennen aktivite yo dapre sa òrganizasyon an prezise, se rapò ann di plus RNDDH sou masak Lasalin nan. (Spot sounds) Toujou sou Radyo Kiskeya w ap suiv Jounal Katrè a n ap prezante depui studyo Bertrand Pierre Louis. M ap salue tout entèrnot yo ki ap resevwa n sou twa doubleuve pwen Radyo Kiskeya pwen kòm (www.radyokiskeya.com) kèlkeulanswa kote yo ye, e tout sa yo k ap resevwa n sou platfòm entelijan yo. Nan aktualite entènasyonal la nou prale nan zòn nan Lasiri kote desizyon prezidan Twonp anonse yè nan on twit l ap retire militè l yo k te deplòtonnen nan peyi sa a, eeee bay premyèman yon sezisman epi apre kounyeya gen laperèz apre Donal Twonp fin anonse pou kont li li retire militè ameriken k te deplòtonnen nan Mwayen Noryan an, tout kat yo sanse pral rebat. Si Poutin bat bravo lakontantman, fransè yo gen kèu ee sou biskèt. Eeee se Donal Twonp ki anonse yè n on twit l ap fè militè yo deu mil e nan fòs spesyal ki te twouve yo nan peyi Siri antre rapidman lakay yo. Eu san keu l pa bay ankenn kalandriye, sa pwovoke yon pakèt reyaksyon ak enkyetud. E prezidan ameriken an ki pran desizyon sa a malgre avi konseye militè l yo ki di l non pa fè sa, ansanm avèk diplomat ameriken yon ladan sekretè deta defans lan tou, jeneral James Mattis te di l non. Malgre sa li fè l. Jounen jodiya l ap eseye justifye desizyon li pran an li voye yon rafal twit maten an e l fè konnen li kite rès travay lan pou rès peyi yo fè kont DAESH pase yo di l kontrèman a sa l di, se pa vre yo pa ranpòte laviktwa sou DAESH. Donal Twonp anvan sa e te pale nan telefòn rapidman ak Emanyuèl Makron madi nan on konvèsasyon pou l te anonse l desizyon an. E kèlkeulanswa jan w prann alòskeu yo pouko konnen kijan yo pral retire militè sa yo pa gen kalandriye, se Twonp k ap aji, se enpwovizasyon se li k ap aji pou kont li men desizyon l pran an pra l rebat kat la nan rejyon an. Eu dabò se pou kud yo s on kout ponya nan do, Donal Twonp ba yo, li trayi yo, se yo menm ki prensipal artisan victoire militè ki fèt nan batay kont jiyadis yo atè dapre sa òrganizasyon an raple. Oganizasyon eta islamik lan e koud yo jounen jodiya puiskeu ameriken yo lage yo e ki t ap pwoteje o juskaprezan anba men Tuk yo, gras a prezans fòs espesyal ameriken yo yo te santi yo te anba yon parasòl. E se yon trè move sinyal eee Donal Twonp voye bay alye peyi oksidantal yo. Se sa Patrik Aram ki se prezidan Kòdinasyon Kretyen Doryan ki an Danje e Chedo deklare, Kredo ee pòt pawòl fòs demokratik an siryèn yo RDS, alyans koudo arab la ki toujou angaje militairement kont i e nan rejyon adjin nan sud e vale Eufrat lan yo tout yo reyaji. Yo fè konnen keu yo menm y ap pousuiv batay la paskeu DAESH pokò fini. Sof si koud yo vin fè atak nan nò dapre sa yo fè konnen, Erdoòn devan n genyen yon boulva dezòmè li pral antre ladan n. Fòk nou di keu kurd yo ki kontribue anpil nan batay ki fèt nan peyi Siri kont DAESH ak nan peyi Irak ebyen se yon ekip teritwa ki sou fwontyè e sud avèk -la Turquie- eee yo pwomèt nan dènye seumèn sa yo, pou yo atake rezèv e Erdoòn, (unclear ) Erdoòn e pou yo li meunase pou l atake kurd yo e desizyon Twonp pran an pral pèmèt keu li fè sa san pwoblèm. E s on kokenn chenn suksè pou Erdoòn. Lame l la prepare l dayèu pou l antre nan peyi Siri pou l al pran kontwòl vil yo rele Talabyèda ki anba kontwòl kurd yo men majorite moun sa yo se arab e tou vil yo rele Mannbidya ki se yon lòt zòn stratejik ki anba pwoteksyon fòs lame amerikèn. Fransè yo ak britanik yo yo espante lè Twonp anonse desizyon sa a tou mete yo an difikilte. Byenke gen plizyè fwa li te evoke posibilite sa a. Men desizyon sa a l pran pou retire fòs espesyal ameriken yo kote yo te ye a nan peyi Siri vin mete Lafrans ak Grann Bretay de alye koalisyon oksidantal la n on situyasyon trè delika. Gouvènman fransè a ki di pou kouwèllyela a l ap kenbe militè l yo sou plas anviwon deu san yo ye militè fransè yo fè konnen l p ap kapab ee rete twò lontan. Li pa pataje dutou opinyon Twonp ki fè konnen yo met do DAESH atè. Fòk nou ta fini ak pwoblèm DAESCH lan nèt pou evite keu yo pa vin parèt sou lòt fòm. Dapre sa on sous ofisyèl fransèz fè konnen. Men, yo oblije rekonèt an Frans responsab fransè yo yo p ap kapab rete nan peyi Siri, l pral enposib avèk ameriken yo ki ale a pou deu san militè fransè sèulman rete sou teren Siri a. Annatandan Lafrans ap tann kalandriye reutrè avèk presizyon e gouvènman ameriken an. Epui tou sa pral pèmèt DAESH kapar reukanpe sou pye l byenkeu pratikman li pèdi fòs men gen posibilite la a pou òganizasyon teworis la reòganize l anbachal. Euuuu lè keu eeeeeeeeu desizyon ameriken an vin frajilize kurd yo, prensipal advèsè DAESH sou teren an Twonp ofri bay eta islamik lan yon veritab -espoir- pou yo reubondi. Rus yo ak iranyen yo, deu prensipal benefisyè desizyon Twonp pran. “Donal Twomp gen rezon” se sa e li sanble l t ap pase Twonp nan betiz elèv la di byen Poutin t ap fè konferans pou laprès li bay chak ane jodiya nan Krenmlen. E li di wi eee ameriken yo gen rezon. Men fòk nou di iranyen yo te gen plus diskresyon. Byenkeu yo kontan lefèt keu ameriken ap kite zòn nan eee peyi sa a ki limenm plus nan zòn fwontyè ak Jòdani, sa ba l posibilite pou l tabli yon aks Teeran, Bagdad Damas ki pèmèt dirèkteman yo pote zam bay Esbola nan sud Liban e tou pre Israyèl. E Israyè tou menm lè Benjamen Netanyawou di yo ka defann tèt yo, yo menm tou yo pa kontan lefèt keu ameriken lage yo jan keu Twonp fè l la. N ap retounen bò lakay pa nou. Bawo Pòtoprens lan te fè asanble jeneral li a jounen jodiya desizyon ki pran -provisoirement-, yo leve grèv yo t ap fè depui kòmansman mwa oktòb lan pou te egzije komisè gouvènman, direktèu polis wè e lwès epi lòt polisye ki te enplike nan akwochay ak avoka te ale nan prizon e batonye a.i a, mèt Pòl Rachèl Arkaden eu fè konnen akoz an eee li di avanse ki fèt nan dosye sa a, se sa k fè bawo a pran desizyon sa a, yon -reportage- Joubert Joseph. Joubert Joseph: Avoka bawo Pòtoprens yo ki te reyini ann asanble jeneral jounen jedi ven desanm nan vote a linanimite pwojè rezolisyon ki mande pou leve pwovizwaman kanpe travay ki te genyen nan pakè a ak pou bawo a kontinye akonpanye avoka ki viktim yo. Batonye a.i a mèt Pòl Rachèl Kadè deklare avanse ki gen nan dosye sa a ba avoka yo espwa revandikasyon yo ap jwenn satisfaksyon: (40:33) Pòl Rachèl Kadè: Pwen a lòd du jour la se te levée de de l’arrêt de prestation judiciaire e keu nou pwopoze l o vòt e nou wè keu te genyen retisans sur la levée définitive e selon veu asanble jeneral la nou te fè on modifikasyon nou te aksepte keu se te leve de l’arret de prestation de euu service de prestation judiciare provisoire donk se a seula keu nou rete e anfen sa te vin fè pou n te jwenn opinyon tout avoka prezan yo e a lunanimite yo te vote pou ansanm pwopozi..de rezolusyon an. Jodiya nou kapab di tout moun - le tribunal est repris, alors les activités du tribunal sont reprises et que le barreau de Port-au-Prince est là pour servir comme d’habitude tous les jours ?judiciables avec la présence continue des avocats qui seront là pour ceux là qui ont besoin de service judiciaire - Joubert Joseph: Batonye a.i a mèt Pol Rachèl Kadè deklare se pa depa ansyen komisè gouvènman mèt Octam Clame Dameus ki fè bawo Pòtoprens pran rezolusyon sa a, men pito avanse ki genyen nan dosye sa a. Batonye a.i a kontinye pou l presize, bawo a pa t genyen yon pwoblèm pèsonèl ak ansyen komisè gouvèneman an. Pòl Rachèl Kadè: Fò nou pa poze pwoblèm nan de manyè pèsonèl. Radyo ki ban m entèvyou deja mwen di keu le problème est plutôt institutionnel l se pa la demision du commissaire du gouvernement ki pote m aboti a rezolusyon sa a. Fò nou wè keu te gen avanse lan tout pwoblèm ki te genyen an nan twa pwen ki te fè parti de rezolusyon vennsis oktòb la, gen avanse ki fèt sou yo. M te di l deja nou wè keu mesyeu Sèrjour n’est plus à son poste, nou wè keu komisè Ocnam pa la atou e keu li enstalasyon an efektif d on nouvo komisè de gouvènman donk sou twa pwen nou gen deu nou di ki e pote yon solusyon.. Joubert Joseph: Pi lwen batonye a.i a mèt Pol Rachèl Kadè anonse avoka biwo asistans legal yo ki la pou asiste moun ki pa gen mwayen finansye ap reprann travay yon fason daprè sa li fè konnen pou evakye dosye moun ki nan sistèm jistisyè a depi kèk tan. Pòl Rachèl Kadè: Depui keu n te lan mitan kriz la nou potko menm wè eklèsi konsèy de l’ordre te deja ap travay sou on miz o travay de tous les avocats du barreau de manière à évacuer tout dosye de moun ki bezwen asistans legal ki pa genyen ki nan prizon k ap tanm on ki nan prizon k ap tann un support des avocats, k ap tann le service des avocats pardon ebyen nou te deja gen sa nan perspective nou nan stateji nou. Pou nou mete n otravay. Nou pral fè soti yon nòt kote keu tout avoka, tout avoka barreau Port-au-Prince tout avoka endistenkteman alò nòt la adrese a tout avoka e partikulyèman les les les les avocats legal dans lassistans legal y ap la de jou kòm de nui pou nou travay pou nou evakue pwoblèm ki rete anndan eu nan sistèm judisyè a. Joubert Joseph: N ap raple avoka bawo Pòtoprens yo ki te reyini ann asanble jeneral vennsis oktòb pase a te pran yon rezolusyon pou mande depa ansyen komisè gouvènman an mèt Octam Clame Dameus, arestasyon ansyen direktè depatmantal lwès lapolis la Albè Sonsòl Jour, avèk ofisye ki te fè agresyon fizik sou kèk avoka epi yon kanpe travay ilimite. Sa ki te lakòz tribinal yo pa t fonksyone pandan fenomèn detansyon prevantiv pwolonje a t ap ogmante. Joubè Jozèf, Radyo Kiskeya. LPP:Mèsi epui genyen ministè afè sosyal ak travay ki parèt yon komunike eee pou l raple ee tout patwon antreupriz yo, tout enstitusyon yo ki ap fè biznis eee pou yo fè yo sonje e nou nan finisman lane, yo dwe anplwaye yo yon mwa salè konplemantè alò salè yo rele bonus, bonus la ou konnen yo toujou ap pale deu li nan dat vennkat ak tranteyen desanm chak ane. Yo dwe bay li kèlkeulanswa tan moun nan genyen depi l antre nan travay la. E jan dispozisyon atik sansenkannkat ake lòt sa k vin apre l nan kòd travay la presize. E konsa genyen yon ekip enspektèu dapre sa ministè a anonse, nan zafè travay l ap deplòtonnen dapre sa l di, toupatou nan peyi a pou y al asure yo patwon yo pou yo fè yo e yo aplike ee dispozisyon sa a. Pou y al wè si yo aplike l pou y al asure yo antrepriz ak enstitusyon ki konsène yo yo mete mezu sa a ann aplikasyon. Ministè afè sosyal ak travay pwofite okazyon sa a pou swete populasyon nan peyi Dayiti an jeneral e tout patnè sosyal li yo an patikulye jwaye nowèl deumildizuit e yon ane deu mil diznèuf ki ap pote fwi. Se Mari Eliz Grison Jelen minis afè sosyal ak travay ki siyen nòt sa a. Lapolis rankontre laprès jonen jodiya a travè numewo deu pòtpawòl li pou bay garanti sekurite tout sitwayen nan okazyon finisman lane a. E se sa pòtpawòl ann apre lapolis lan Gari Derozye presize nan on konferans pou laprès li bay jodiya nan lokal direksyon polis lan nan depatman lwès. Pòtpawòl annapre a presize gen senksan polisye k ap mobilize nan lwès pou fèt finisman lane a san konte supò MUNIJUS gras a kooperasyon sa a yo rele mache pran yo wi, lapolis nan mennen plusieurs operasyon nan pluzyèu katye nan zòn metropolitèn nan seulon pòtpawòl ann apre a lapolis sezi pluzyè zam pandan li pa anmezu di konbyen moun yo arete pou mwa desanm nan. Li pale tou sou operasyon eeeeee apui lapolis nan mennen soti premye desanm pou rive sis ap mennen sis janvye deumil diznèuf kote genyen pluzyè eeeee sezi ki kòmanse fèt dapre sa l di nan kesyon afè zam pa egzanp. N ap tande ee pòtpawòl annapre e lapolis lan Gari Derozye nan konferans pou laprès sa a kote Gervens Rikad Janjak te prezan pou Radyo Kiskeya. Gari Derozye: Ansanm deu zam keu nou wè la yo se deu zam ki sezi nan kad operasyon mache pran yo keu direksyon depatemantal la mete pou keu li kapab justeman pèmèt keu deu zòn pasifye e arete des bandits. Zam sa yo yo sezi des dans des endroits diferan n ap gade avèk mwen la a genyen revolvè de kalib tranttuit, genyen pistolè de kalib eu neuf milimèt. E nou wè tou eu douz e, nou wè tou keu douz eee nou wè tou on zam ki peutèt kapab kreye presyon men ki a longue portée alò euu nou antre justeman nan dispozisyon keu onivo de la direction departemantal de l’ouest pran pou pèmèt keu fen dane a e tout moun kapab vake libreuman nan aktivite yo. E dispozisyon yo se vizibilite polisye yo atravè les rues, renforcer prezans polisye yo nan aks woutye yo, ayopò, bwatdenui egalman sant komèsyal yo e konekte yon ansanm d’information e ki kapab kondui nou tou a dèzoperasyon devlope tou avèk kèk etablisman komèsyal yo yon pwoksimite -à travers police communautaire-e egalman pou regule circulation paskeu jeneralman nan epok sa yo gen anpil blokus anpil bouchon -un peu partout- et circulation an enplike nan kat e dispozisyon sa a keu onivo DDO pran egalman n ap sekurize mache publik yo, kanpayi esans, otèl, egalman lokal estasyon radyo yo e n ap reyalize tou des patrouilles pedes kidonk patwouy apye e motorize e gen anpil patwouy veyikul e gen anpil patwouy veyikul onivo dla polis k ap epapiye yo atravè zòn metwopolitèn yo egalman n ap efektue tou -des fouilles- veyikul e n ap mande justeman eee chofè yo e egalman pasaje yo tou po yo kolabore nan sans sa a pou lapolis kapab myeu garanti sekurite yo e tout n ap arete e kondui devan lajustis tout foteur de trouble ki gen entansyon nui moun nan epòk fèt la. N ap di gen senksan polisye ki mobilize nan kad eu dispozisyon sa a keu lapolis pran. E y ap reparti onivo des endroits differents, komisarya a, sou komisarya a, simo udmo boy olito sikulasyon byen, polis communautaire, garde kòt justeman enplike nan dispozisyon keu ee de buwo pran pou pèmèt keu ane a, fen ane a pase byen. E nou jwenn apui tou de UNIPOL, de FPU, de MINUJUS e prezans sa yo y ap vennkat sou vennkat à travers zòn metwopolitèn yo a travè tout depatman an. Egalman le soir prezans lan l ap ranfòrse onivo bwat denui yo, onivo kazino yo, egalman onivo restoran yo parsekeu jeneralman epòk sa yo, gen anpil moun ki frekante restoran. Sou enstruksyon kòmandan chèf polis la genyen DCPA ki ap mennen on operasyon de soutyen ki ap etann ni sou tout depatman lwès la notamman nan zòn petwopolitèn nan. Operasyon sa a kòmanse depui leu premye desanm e l ap fini leu sis janvye deu mil dizneuf. S on task force ki konpoze de pluzyèu unite ki sou responsibilite direksyon santral de lapolis administrative. Gen SWAT, gen BIM, gen BRISIF e KOM KOMDG, gen bakòp DCPA, gen BPR et -les cadres de la direction centrale de la police administrative-. Anviwon yon santèn de polisye fè pati de tas fòs sa a. Deja, li rive nan zòn Petyonvil. Nou pase deja Kwadèboukè, operasyon an etann ni sou tout Lasalin nan, Dèlma, Lewogàn, egalman Gresye. N ap pataje yon bilan partiel de operasyon de soutien sa a keu DCPA pote onivo komisarya yo men ki p ap chanje justeuman struktu sistèm komisarya yo. Genyen deja pase plus pase dis zàm ki sezi, genyen onz veyikil ki konfiske, gen dis sirèn ki konfiske, katòz jofar, gen sandis moto ki konfiske. Moto sa yo se moto k ap sikile san plak, san papye e genyen deja yon milye kontravansyon ki emèt, se deu moun k ap sikule avèk veyikul tente kote keu yo pa gen otorizasyon. E n ap konte tou le kenz desanm deu mil dizuit nan kad justeuman operasyon deu soutyen an, nou rekupere yon veyikul ki se pou yon jounalis. Kote keu li te fè deklarasyon kote keu yo te vòlè machin nan e onivo Kwadèboukè lapolis rekupere veyikul sa a. Hier soir onivo komisarya Petyonvil, lapolis te enfòme d on gwoup deu bandi ki antre nan yon kay ki twouve l nan zòneu Taraz. Osito keu komisarya Petyonvil fòme, depeche on patwouy arive onivo wu Chavàn nou vin suspèk keu se mesyeu sa yo ki sot anbule kay la. Yo ouvri zàm sou lapolis, echanj deu tir, gen pluzyèu bandi ki blese men ki gen tan kouri. Nou rekupere machin keu yo te ladann nan, s on Freunè kote keu anndan n nou jwenn kat pistolè de kalib nèuf milimèt, twa laptòp egalman televizyon e dot artik. LPP: Pòt pawòl annapre polis nasyonal la euuu komisè prensipal Gari Dewozye nan konferans pou laprès sa a kote Gervens Ricado Jan Jak te prezan pou Radyo Kiskeya. Gen kèlkeu seumèn, menm mwa menm m te anonse gen kolaboratè n yo te atake nan zòn nan Kwadèboukè, zòn Tomazo. Yo te pran tout sa l te genyen ansanm avèk machin ni. Efektivman yo jwenn machin nan pou li. Nan trè movèz eta dayèu e finalman lapolis Kwadèboukè e jwenn machin nan pou li. E juskaprezan daprè sa Gari Dewozye te di nan koferans pou laprès lan. Lapolis t ap mennen ankèt e sou eu dosye Lasalin nan. E masak trèz novanm nan kote pluzyèu dizèn moun pèdi lavi yo. Bilan deu òganizasyon dwa moun BRDDH publiye ee yon bilan ki montre te gen plis moun ankò ki te pèdu lavi yo apati deu enfòmasyon li jwenn e deu e fanmi moun sa yo. Si nan premye temwanyaj li te bay euee li te vle fè kwè keu gen moun ak unifòm si nan pluzyè temwanyaj gen enfòmasyon ki pale deu moun ki te ak inifòm lapolis ki te enplike nan masak moun eeeeee ki te fèt Lasalin yo. Pòt pawòl annapre polis nasyonal la Gari Derozye te toujou reponn nan konferans li te ap bay jodiya, eeee enspeksyon jeneral la ap kontinye mennen ankèt li pou sa ki konsène you polisye non l site nan tou deu rapò deu òrganizasyon k ap defanm dwa moun an palan deu Djimi Cherizye alyas Barbekyou. Men lè l t ap fè konferans deu près sa a g on dènye enfòmasyon l pòt ko genyen konsènan rekòmandasyon enspeksyon jeneral la te fè bay direksyon jeneral lan konsènan polisye sa a. Eeeee enspektèu eee prensipal, Gari Derozye eeeu l te kontakte Radyo Kiskeya nan telefòn kote l fè konnen ajan UDMO sa a, desizyon pran e direksyon jeneral polis la revoke l definitivman, pou vyolasyon dwa moun ak lefèt keu li bandone pòs li. N ap tande presizyon eeee pòt pawòl annapre polis nasyonal la, Gari Derozye nan mikwo Gervens Ricardo Jan Jak. Gari Derozye: Konsènan desizyon keu polis jeneral l pran konsèrnan polisye Djimi Cherizye e nou pa t en mesure justeuman pour keu nou konfime l paskeu n pa t gen dènye done yo, eee nou te antre an kontak avèk enspeksyon jeneral, nou juje l nesesè pou keu nou enfòme laprès. Efektivman enspeksyon jeneral e fè reukòmandasyon pou revoke polisye ajan twa Djimi Cherizye ki te afekte nan UDMO, li te fè pati sèzyèm pwomosyon PNH la. Desizyon sa a li te apwouve -par le commandant en chef de la police nationale-pou leu moman li rete onivo ministère de la justice pour finalite. N ap tou di keu enspeksyon jeneral te pran deja desizyon kont polisye sa a an desanm dènye eu kote keu euuu yo te ba l yon miz an disponibilite an desanm dènye ee li te genyen on desizyon ki te pran kont li kote keu li te pran twa mwa deu miz an disponibilite eee rekòmandasyon enspeksyon jeneral te fè. Epui l te vin abandone e tou polisye sa a li menm, li poste sou rezo sosyo des videyo kote keu l ap egzibe pluzyèur zam. E enspeksyon jeneral revoke l pou detansyon ilegal zam, egalman pou abandon. A savoir le polisye Gregori Antwàn, polisye ajan deu ki te fè pati dizuityèm pwomosyon PNH la, li te an detachman avèk delege depatman lwès kote keu enspeksyon jeneral fè rekòmandasyon pou revoke l pou vyolasyon dwa moun egalman akòz d…. Joubert Joseph: Sa ki te pase Lasalin trèz novanm pase a, kisa lapolis gen ofisyèlman? Ki kisa ki di? Gen òganizasyon dwa moun ki pale deu masak, genyen enfòmasyon ki fè kwè gen moun ki abiye a inifòm lapolis ki te ale nan zòn nan? Donk kisa lapolis ofisyèlman kapab di populasyon an? Gari Derozye: Pour le moment rapò a vini a enspeksyon jeneral, enspeksyon jeneral travay sou sa e g on tèks ki onivo enspektè jeneral e moman opòtun n ap fè lumyè sou sa e an tout transparans n ap di egzakteman kisa k pase. LPP: Vwala, se pòt pawòl annapre polis nasyonal la, Gari Derozye ki te pote prezisyon sa yo. Eee direksyon jeneral lapolis lan revoke polisye Djimi Cherizye, eee UDMO, pou vyolasyon dwa moun e ak abandon d pòs. E ki genyen ti non l yo rele alyas Barbekyou. Non l figure nan tou deu rapò deu òganizasyon k te mennen ankèt sou dosye e masak ki fèt nan Lasalin nan e Fondasyon Je Klere ak RNDDH. Fòk nou di deu òganizasyon sa yo, patizan polisye a sible yo nan koferans pou laprès seumèn sa a men tou e nan manifestasyon yo te fè nan suemèn pase a, yo te pran laru kote yo t ap denonse alafwa e polisye k ap tonbe e moun k ap touye polisye men yo te plus chita sou defans polisye sa a, Djimi Cherizye alyas Barbekyou e yo te remete an koz entegrite deu òrganizasyon sa yo ki te mennen ankèt sou krim san parèy sa a ki fèt nan Lasalin akoz ee gen kinan yo ki gen non l nan rapò a daprè sa yo te di. Lapolis nan Kwadèboukè arete dizuit moun nan kad yon operasyon yo mennen soti dis pou rive diznèuf desanm nan yè, selon komisè prensipal komisarya Kwadèboukè a, Wonal Pyèr, ki fè konnen gen uit moun ki jwenn arestasyon yo nan lokalite yo rele Remi. Nan mòn Kabrit gen kat moun yo arete, yon machin ak yon zam sezi nan lokalite Dimizo eeee gen sis moun yo arete ak de machin sezi, komisè a bay yon dyaspora daprè sa l di tout garanti yo kapab vin pase fèt yo san kè sote nan peyi a dapre sa l di lapolis mobilize tout dispozisyon pran pou garanti sekurite yo daprè sa komisè Wonal Pyèr fè konnen. Ee komisè a te pale konsa nan on konferans pou laprès, kote Radyo Kiskeya te prezan: (58:12) Wonal Pyèr: Le dis desanm nou te fè on operasyon n on zòn ki rele Remi, Remi se yon zòn ki trè kriminojèn, li genyen on chèf de gang ki rele Sevèr ainsi connu donk operasyon sa a te fèt kote yo te arete uit moun nan Remi, yo sezi pluzyèu nan zam sa yo ou wè la a, leu douz nou vin fè yon operasyon anba mòn kabrit kote keu nou arete kat moun avèk yon zam te sezi avèk yon machin vole. Leu kenz nou te fè yon operasyon nan yon zòn ki rele Dimiso, Dimiso a se yonn nou jwenn nan yon triyang antreu Tomazo, Gantye e Kwadèboukè. Zòn sa a, li gen yon nèg ki rele Wilsonn Jozèf alyas lanmò san jou, se misyeu k ap dirije gang sa a. Donk e nan operasyon sa a nou t al pwosede a arestasyon sis moun. Nou gen deu machin keu gang nan te vole, te sere nan raje a, nou rive rekupere yo epi ansanm deu laptòp sa yo, telefòn sa yo a, se dè moun ki viktim deu gang sa a e keu nou te rive rekupere yo nan baz chèf gang nan avèk anpil nan zam sa yo keu w wè la a. (59:00) Efektivman nou te arete dizuit moun nan kat operasyon sa yo. S on ansanm deu materyèl, zam e laptòp, telefòn epui youn nan moun ki te viktim yo se youn nan moun, se youn nan jounalis Radyo Kiskeya a Lakoup ki te viktim de nèg yo, machin ni retwouve e tout badj li retwouve epui tout sa l te pèdu retwouve nan kad operasyon sa a. Garanti a deja se paskeu non seulman gen yo sòt deu pateunarya deu populasyon an k ap ba nou enfòmasyon an tan reyèl, se sa k pèmèt keu otomatikman nèg yo reyini yon kote, ke se nan Remi ke se nan Dimiso, ke se nan Dyaboul yo rele nou di nou sa, nou menm nou entèvenu. Donk pa gen chans pou bandi yo ankò pasekeu lapolis dedouble pou yo kapab ee rasure tout moun k ap rantre nan peyi a duran fèt fen dane a e keu ni DG, DCPA, DDO òd la clair keu lapolis ap sekurize tout moun k ap vin nan fèt. LPP: Vwala, se komisè Kwadèboukè a ak komisè polis lan Wonal Pierre e ki te pale konsa. Euuu yon lòt pa gen òganizasyon sa a yo rele Kolektif Lidè Angaje ki te al fè yon sitin nan ri Chavàn devan lokal Radio Tele Karayib pou mande justis pou populasyon an ki ap viv nan malsite. Òganizasyon sa a ki pwòch rejim nan denonse mizè e sitiyasyon moun yo ap viv. Yo mande gouvènman an, Jovnèl Moyiz e Jan Anri Seyan pran responsabilite l pou peyi a, n ap site pou l kab soti nan kriz ekonomik li ye jodiya. N ap tande koòdonatè Kolektif Lidè Angaje yo Lundi Jan Hilaire alyas Woday (1:00:41) ak pòtpawòl òganizasyon sa a, Makennsonn Kanje. Li te pale konsa nan mikwo Lori Lwijèn: Makennsonn Kanje: Objektif la se keu peyi a pa bon, lamizè, ensekirite, salubrite e nou lanse katon wouj kont lenjistis, nou lanse katon wouj kont moun ki vòlè lajan Petwokaribe yo, fò keu nou jwenn justis. Nou pa dakò pou jan peyi a gen fatra. Nou pa dakò pou nou bay on pakèt moun pouvwa e y ap jwi pouvwa a sou nou. E nou pa dakò paskeu pitit nou pa ka al lekòl. Nou pa dakò mizè anvayi peyi a. Nou pa dakò keu grangou ap tuye moun. Se pa posib, nou pa dakò tout moun nan peyi a ki konn sa yo vle enben yo vle se Chili pou yo ale. Donk nou pa dakò bagay sa a ankò. Donk se sa k fè nou mete katon wouj. Nan katon wouj nou mande pèp ayisyen an, vin jwenn nou, revandikasyon an se pou yo, “Collectif des leaders engagés” se pa yon mouvman opozisyon men seupandan s on mouvman ki pral pèmèt gouvèneman an, administrasyon Moyiz-Seyan an konnen ak kiyès li dwe travay. Paskey jodiya la a peùp la n on ekstrèm mizè, peùp la nan grangou, peùp la nan sitiyasyon deplorab. Kidonk, nou menm antan keu lideù, antan keu chèf dòganizasyon, antan keu chèf pati politik nou di keu fòk nou fè bagay eee revandikasyon peùp la pase. Nou di non ak enpunite, nou di non ak enjustis sosyal, nou di non ak grangou, nou di non ak enflasyon, nou di non ak eee chomaj. Nou di nou bezwen nou bezwen peùp la jwenn mwayen pou envesti. Nou beuzwen pou jeùn gason, jeùn fanm jwenn lajan pou yo fè biznis, pou yo suspann al Chili, pou yo suspann al Brezil. Nou mande gouvènman an pran plus responsabilite yo, paskeu yo g on misyon, fòk yo sèvi populasyon an byen, fòk populasyon an sòti nan sa keu l ye a, fòk populasyon an sòti nan marasm ekonomik keu yo twouve l lan, pou keu peyi an sòti nan kriz ekonomik, sòti nan ensekirite. LPP: Lundi Jan Hilaire alyas Woday ak Makennsonn Kanje, pòt pawòl ak koòdonatè òganizasyon sa a, Kolektif e Lidè Angaje ki te di y ap pran modèl e sou Jilè Jòn an Frans pou lanse mouvman katon wouj la, yo te abiye ak mayo wouj sou yo. Eben n ap raple e te deja gen mouvman katon wouj la deja ann Ayiti. Pa gen twò lontan n sonje yo t ap bay tout otorite katon wouj isit. Komite ekonomik, finans ak budjè nan chanm depite a rankontre minis planifikasyon ak kooperasyon ekstèn nan, Jan Klodi Pyè, se te yè apre midi nan kad analiz pwojè budjè egzèsis fiskal deu mil dizuit deu mil dizneùf lan. Prezidan komite a depute Gandi Dòrfeùy egzije minis planifikasyon ak kooperasyon ektèrn nan remèt manm komisyon an e rapò detaye sou depans ministè a pandan egzèsis fiskal deu mil disèt deu mil dizuit lan. Yon rapò minis lan pa t genyen avè l nan moman li t ap rankontre ak prezidan komisyon sa a ki lakòz keu rankont lan kanpe e depute Senlwi du Sud lan e deklare chanm depute a p ap vote budjè bay ankenn ministè ki pa kapab justifye kijan yo depanse lajan pèp lan ki nan men yo. N ap tande depute Gandi Dòrfeùy ki se prezidan komisyon ekonomi ak finans nan chanm depite a ki te pale konsa nan mikwo Vinèl Jozèf. Depute Gandi Dòrfeùy: Preokupasyon depute yo manm ‘de la commission’ DN se pou rezon sa a nou envite w maten an pou n gade nan ki kad budjè a enskri kòm nou konnen se ou menm ki alabaz deu preparasyon budjè, finansman li menm li ba w des donnés men se planifikasyon ki an chaj pou prepare budjè a. Donk se sou sa a keu e petèt byen dot keu entèvansyon nou au niveau de la commission, preokupasyon nou au niveau de la commission depite yo se reprezantasyon, reprezantan populasyon an yo ye. Se sa k fè tout lwa k ap pase nan sena a, sof lwa des finances lan fò l pase nan chanm depute yo d’abord pase nou menm, se nou menm ki la nan la chambre des représentants nou menm nou gen plus posibilite nan populasyon an ki fè keu si g on w pwoblèm nan kad e entèvansyon leta a nan reprezantan, nan konprann nan dans les zones reculées, donk se depute yo ki ap a même à mesure pou konnen ki pwoblèm populasyon an genyen nan haute point de montagne kote yo ye nan tout seksyon komunal. Sa a se nan kad preparasyon de pwoblèm qui s pose, ee nou rive nan on pwen kote keu genyen pwoblèm de le desan gen de pwojè ki genyen fyòp yo k ale pandan mòn yo desann, gen de mòn, gen de pwojè ki genyen de dat, gen de tranch kòb, gen de firm ki prete lajan ki depanse yon premye nan kont yo, donk depans sa yo pajanm peye. Ministè planifikasyon pajanm debouse on goud. Nou gen on ka flagran onivo Lagonav, se depite Jaki Gèrye, kote keu g on firm ki prete on lajan labank pou kòmanse on pwojè tankou sant e keu finalman juska prezan apre kat mwa dekont anndan ministè planifikasyon, on santim pa depanse. LPP: Se prezidan komisyon ekonomi finans ak budjè nan chanm depite a depute Gandi Dòrfeùy ki t ap pale konsa nan mikwo Vinèl Jozèf. Bò kote pa l minis planifikasyon ak kooperasyon ektèrn (coopération externe) nan Jan Klodi Pierre fè konnen nan kad preparasyon budjè de mil dizuit de mil diznèf lan, ministè planifikasyon te rankontrè divès sektè ki konsène yo. Li presize pwojè lwa finans lan, e respekte eu tout sa lalwa di. E minis Jan Klodi Pierre bay garanti bay manm komisyon an garanti e y ap genyen nan men yo mèkredi rapò detaye depans ministè l ap dirije a te fè pou egzèsis fiskal deu mil disèt deu mil dizuit lan. Euuuuuuu dat sa a eu nou konnen kiyès e ki te nan tèt ministè sa a. N ap tande minis planifikasyon ak kooperasyon ektèrn nan, Jan Klodi Pierre. Jan Klodi Pierre: Donc pour le rapport qui est fait, c’est juste qu’on avait eu un problème d’impression. Étant donné que la dédication…(exclusively French). Journal: Kilè n ap gen rapò a mesyeu l minis? Jan Klodi Pierre: Au courant de cette journée. …(exclusively French). 1:09:53 LPP: Minis planifikasyon ak kooperasyon ektèn Jan Klodi Pierre se Jan Fleurant ki te nan tèt ministè sa a avan Jan Klodi Pierre te rive nan tèt ….Ou toujou sou Radyo Kiskeya, w ap suiv Jounal Katrè a, mèsi dèskeu w fè Radyo Kiskeya Konfyans pou n enfòme w. N ap retounen ankò nan aktyalite entènasyonal. Nou prale an Grann Bretayn kote lame ak lapolis t ap tante jounen jodiya pou yo mete men sou moun nan ki ap fè dwo-n, ti avyon san pilòt vole e ki nan zòn youn nan prensipal ayewopò ki genyen nan kapital britanik lan nan ayewopò Gatwik sa fè ki se dezyèm pi gwo ayewopò nan Wayòm Uni ki bloke depui yè swa kote pluzyè dizèn milye pasaje bloke avan Nwèl la pa kab, avyon pa ka ateri, avyon pa ka dekole. Ayewopò a ki chita nan sid Lond li fème e yè vè zòn nevè diswa yo relouvri l e apre deu dwo-n t ap parèt nan espas kote avyon ap vole a, san keu yo pa konn kiyès ki fè dwo-n sa yo ap vole nan plas kote yo eu avyon supoze vole. Apre sa nan lannuit nan yo te relouvri ayewopò a men yo rapidman refèmen l bò zòn twa zeù du maten paskeu dwo-n yo rekòmanse parèt ankò. E nou deja konnen pral gen boulvès, demen vandredi se youn nan jou nan ane a ki gen plis aktivite paskeu fèt Nwèl la rive e nan ayewopò sa a e ki dapre sa direksyon l fè konnen sou sit entènèt li. E blokaj sa a yo poko janm wè sa. Se yon aktivite ki trè sible ki vize pou fèmen ayewopò a e ki koze anpil pètubasyon jus anvan Nwèl. Se sa PDG ayewopò a Tiwatwinget denonse. Li di li dezole pou tout pwoblèm pasaje yo genyen eu akoz de konpòtman kriminèl sa a ki lakoz pasaje yo pa kapab vwayaje. “N ap travay men nan lamen avèk lapolis, avèk sèvis sekirite yo pou n rezoud pwoblèm sa a” daprè sa l di. Men juska prezan otorite yo parèt enpuisan. Ministè defans lan, britanik, di li deplòtonnen materyèl espesyalize sofistike pou ride lapolis repere kiyès moun ki ap fè travay sa a, dwo-n y ap fè vole nan espas ayewopò a lòskeu gen on lwa ki entèdi e dwo-n pa gen dwa vole a mwen mwens de yon kilomèt de yon ayewopò e li pa dwe monte plus keu kat san mèt. E gen anpil efò ki deplòtonnen selon minis transpò a Kris Grelin ki t ap pale sou BBC, “e nou vin avèk teknoloji de pwent nan Garik pou n trake dwo-n yo” dapre sa l fè konnen. Eu menm premye minis lan, Teresa May, li voye senpati l bay pasaje yo e ki wè pwojè vwayaj yo boulvèse e akoz deu situyasyon sa a. Yo pale de plis de san di mil pasaje ki konsène. E liyn nan men longè, moun ki ap tann. Gen moun ki bloke nan avyon ki fè plis keu katrèdtan dapre sa yon irakyen fè konnen. Y ap mouri ak chalè nan avyon ki pa ka debake yo akòz de pwoblèm dwo-n sa a. Lakay pa nou majistra prensipal komun Pòdepè a ki nan mawon, Jozue Alisma denonse nouvo delege nòdwès la ki fèk enstale, Soni Wisle Dòdòy, e ki al debake nan meri a ak yon juj depè pou vin fouye buwo l. Majistra a ki gen yon manda dèyè l e ki nan mawon depi apre aksidan ki lakòz lanmò kòlèg li, majistra annapre Toni Vernyo, li te pase nan Radyo Kiskeya jounen jodiya pou mande delege a e suspann mete lwil sou dufeu nan sa ki konsène situyasyon Jovnèl Moyiz, dapre sa l fè konnen. E konsènan manda a lajustis lanse kont li an, Majistra a fè konnen keu se te yon aksidan e se yon sekteù li pa site non n, li di ki ap fè politik e ki vle fè kwè se li menm ki ta touye Toni Vernyo. N ap tande l ki te pale konsa nan mikwo Ketya Jan Pyè Telò: Majistra Jozue Alisma: Aprè enstalasyon le délégué départemental du nord ouest à savoir mesyeu Soni, youn nan moun ki pran larelèv de delege ki te pase deja se te Owèl Teyar, misye fè yon gwo deriv kote li antre nan meri a hier avèk yon jujdepè apre katreù avèk yon jujdepè avèk yon sekurite keu kote nou pa menm gen enfòmasyon de sekurite sa a pou l vin fè yon konsta. Konsta kisa, m ta renmen mande jodiya pase m konnen tout meri yo yo pa yon enstitusyon dekonsantre. Men m kwè keu delege a ta dwe konn atribusyon li paskeu lameri answa se yon enstitusyon otonòm. Si delege a pa gen envitasyon sa l vin chèche youn, deu li fèk antre an fonksyon mwen de vennkatreur epi li poko menm fè sa k rele ee yon sòt de evaluasyon nan biwo li se nan biwo ann di meri a li parèt. Yè apre midi sa fèt e sa vin pèmèt keu nou menm pèsonèlman, mwen menm etan majistra, m denonse sa. M panse se on ak ki bezwen koreksyon rapid e gen anpil moun ki konprann keu sutou zanmi Jovnèl yo ki, prezidan Jovnèl ki nan Pòrdepè, fò yo ka konprann lè deriv sa yo ap fèt, yo p ap bon pou prezidan an. E delege a poko konprann nan ki nivo pou l travay, se lameri l atake. M panse sa a nou denonse l. Ketya Jan Pyè Telò: Èskeu se ou menm li t al gade si w vin travay? Paskeu nou konnen ou menm ou gen non w te site nan lanmò ee kolaboratè ou te mouri nan aksidan nan komum Pòdepè. Èskeu w ale nan meri a, se ou menm l te al chèchè? Majistra Jozue Alisma: Non, men non se pa sa, e pa sa. Men on elu m ye. Dayeù m ap travay avèk majistra Yanik dè l depui lamò deu deu deu deu deu konfrè mwen keu nou regrete memwa l. Alò si gen on bagay s on aksidan rele on aksidan. Si g on bagay ki pou fèt delege a konnen sa k fèt yo deja. E yon aksidan rete on aksidan. Si delege a g on ankèt oubyen yon travay li pra l fè nòmalman l ap toujou mwen menm mwen se yon elu, m an fonksyon. Devwa li se pou l ekri pou nou ba l lè pou l vini nan meri a e keu pou nou ba l enfòmasyon deu meri a. Ketya Jan Pyè Telò: Èskeu ou menm ou ale nan buwo kòrèkteman? Majistra Jozue Alisma: Non. Deu tout fason avoka m m ap travay sou dosye a e m la à la hauteur de la justice m nan peyi a, m vwayaje, m ap travay de concert, m toujou an fonksyon. Men m ap tann keu lajustis fè travay li pou keu nou menm nou antre e e anndan e e e meri a pou nou travay. Ketya Jan Pyè Telò: Men ou pa ale Pòrdeupè? Majistra Jozue Alisma: M pa ale Pòrdeupè pasekeu avoka m yo ap travay nan nivo sa a pou keu pou aranje tout bagay pou nou avanse. Ketya Jan Pyè Telò: Ki nivo enplikasyon w nan aksidan k te fèt la ki pote ale yon kolaboratè w nan anndan meri a? Majistra Jozue Alisma: Pa gen okenn enplikasyon, se nan optik deu travay nou t ap soti pou fè vizibilite. Nou te senk nan nan nan lodeù a e operatè a li menm li t ap epanye yon aksidan epui aksidan an fèt. Ketya Jan Pyè Telò: Se ou k t ap kondui? Majistra Jozue Alisma: Non sa a se politik. Se se politik, e anplus mwen frape, m te ka mouri tou. Men m pa panse jodiyan sa a nou ka ale plu lwen keu yon aksidan rete on aksidan. Men tout moun konnen afè politik nan nivo sa a gen konplikasyon. Y ap mete pase genyen, men nou menm nou rete clair ke se yon aksidan rete yon aksidan. M te la kòm on pasaje m te ka mouri tou. Ketya Jan Pyè Telò: Men poukisa ou pa ale nan buwo w si w konnen ou pa gen anyen pou wè nan sa k pase a? Yon oto k gen senk pasaje, ou frape men ou pa al lopital? Majistra Jozue Alisma: Men me ekoute Kiskeya, ou konnen lè on aksidan fèt ajitasyon fèt e nan nivo politik kote juj denstruksyon an dirèkteman li mete yon manda pa yo di, kote ou jwenn maladrès, kòrupsyon epi w jwenn asasina. Nan nivo sa a se pa mwen k pou parèt se avoka a k pou devan. Ketya Jan Pyè Telò: Ou di politik, tout moun wè yon aksidan fèt, yon moun mouri men ou di politik. Men nan kisa politik la vin enplike l la a. Majistra Jozue Alisma: Enben trè senp. Si w gade manda Kiskeya w ap wè keu e nan on aksidan yo mete maladrès, yo mete asasina e yo mete kòrupsyon. Ou wè s on bagay ki politik. Ketya Jan Pyè Telò: Kiyès ki dèyè l? Ki sekteù? Majistra Jozue Alisma: Sekteù, sekteù ki pa egzanp n ap pale deu moun ki vle pòs la oubyen moun ki pa vle nou grandi. Yo konnen, m pa vle fè non lonmen non e yo konnen. LPP: Bon Majistra Jozue Alisma, majistra Pòrdeupè a ki nan mawon nan mikwo Ketya Jan Pyè Telò. Epi nou prale nan Pòrdeupè, moun yo pa rive idantifye touye anba bal Marselus Remon, yon kanbiz e yon kanbis ki gen trentnèf lane. Sa pase nan Pòrdeupè nan yo lokalite yo rele Dewoulen e yè apre midi e nan moman kanbis la t ap rantre lakay li dapre sa madanm ni Karlin Marselus Remon e fè korespondan nou konnen. Li di bandi yo ale ak valiz kòb ki te nan men kanbis lan, plis detay ak Sen Jan Wiskis: Sen Jan Wiskis: Endividi yo pa rive idantifye touye ak zam Remon Marselus, yon kanbis trentnèf lanne vè Katreù ayè mèkredi dizuit desanm deu mil dizuit la nan vil Pòrdeupè, lokalite Dewoulen nan moman li t ap rantre lakay li, apre yo pati ak valiz viktim nan ki te gen ladan li resèt jounen an. Madan viktim nan Karlin Marselus Remon ki di mari l pa konn gen pwoblèm ak pyès moun fè konnen mari l resevwa twa katouch e se te nan sant medikal Laprent Dèpalmis souf mari l etenn: Karlin Marselus Remon: Yo di yo ba li twa bal li pran de gen youn li pa pran bon. Sen Jan Wiskis: Kisa l te gen, kisa yo pran nan men l. Karlin Marselus Remon: Yo pran kòb sou li nan valiz lan. Sen Jan Wiskis: Èske se soulechan l mouri apre yo fin ba l bal la? Karlin Marselus Remon: Non i pa t mouri soulechan, yo te jwenn i t ap detire. Gen moun ki parèt yo te jwenn li t ap detire, sa vledi di li t ap goumen avèk lanmò a (Sen Jan Wiskis: enhen) lè yo kouri (inodib) ansanm avè l lè yo rive nan lopital la lè y al sou li… Sen Jan Wiskis: Èske mari w konn gen kont a kèk moun sou katye a? Karlin Marselus Remon: Jamè, mari m se moun tout moun, (crying) mari m se moun tout moun Bondye se sa m pa ka konprann, uh uh uh, mari m pa nan baz, mari m pa gen zanmi mwen k zanmi mari m, mari m pa konn janm gen zanmi ih ih ih ih ih. Chak kan m rete m di mezanmi gade on lanmò nan menm li p ap pa la (inodib). Sen Jan Wiskis: Madanm defen an Karlin Marselus Remon k ap mande jistis pou mari l, fè konnen mari l mouri kite dèyè yon pitit fi ki gen sis lanne. Jen Wiskis Pòrdeupè, Radyo Kiskeya. LPP: Mèsi. Envite Jounal Katrè apre midi a se de majistra. Majistra komun Kafou a ki se tou prezidan FENAM, Jude Edouard Pierre ak majistra Petyon Vil la Dominik Senwòk, ki kalite travay ki ap fèt nan deu meri sa yo pou fè netwayaj laveùy e fèt finisman lane a, nwèl ak joudlan. Lè keu nou wè keu kapital la kouvri anba fatra, sa vle di plizyè vil e pluzyeù e meri ki nan komunote urbèn nan ap fè fas ak fatra ki sanble on gwo defi yo pa ka leuve, yo te reponn kesyon Bitovenn Franswa Fis: Nan mikwo Bitovenn Franswa Fis: Tout meri yo, tout peyi a jeneralman fèt fendane enbyen yo toujou fè des opérations (inodib) nan sou Kafou nou kòmanse depui wikenn dèrnye a vè sizè (inodib) nou te mobilize plizyè moun k ap fè netwayaj, nou fè twa jou deu netwayaj e sa kontinye gras a supò fò nou rekonèt sa deu deu gouvèneman an ki te ede nou reyalize twa jounen sa yo eee n ap kontinue fè travay la avèk komite kartye yo avèk domèn publik tout pakou keu nou pase yon fendane e pluzoumwen akseptab paskeu nou pa ka vivan nan peryod sa a nan pwoblèm fatra a nan Kafou oubyen nan peyi a fò nou rete. Men gen prezans (inodib), gen vwari, gen sèvis dè vwari ebyen ki pou fasilite avèk (inodib) keu bagay yo pluzoumwen byen pase. Men n ap kontinue. Nou gen sankarant moun nan vwari a ki mobilize, gen yon prezans moun nan vwari a ki mobilize e nou te genyen yon asenisman tou keu yo te ba nou ki kanpe chita pandan on seumèn, nou pral redeplwaye e e disi e e lendi ankò e juska jusko tranteyen desanm pou n rasure n keu justeman e baay yo pase. Donk asenisman yon seùl zòn n ap fè a se nan Kafou ki benefisye on pati ladann. Fò nou di sa se letan se kòm on seumèn travay men nou pral reukòmanse e pou fasilite keu genyen ti kòb, genyen on ti lajan k al jwenn deu twa moun nan laru a (inodib), se sa ki pase pou yo. Bitovenn Franswa Fis: E e e sou kote pogram asenisman netwayaj vil la ki toujou rete yon preokupasyon, gen moun k ap suiv nou, kijan sa ye sou plan sekurite? Ou konnen fenomèn ensekurite a, l ap vale teren nan pluzyè kote. Nan tèt kole ak lapolis, kijan nou manyen kesyon sa a ki s on gwo gwo gwo tonton kesyon? Majistra a: Mwen menm se etonan keu leta pa tenu kont deu deu entèfas oubyen deu wol keu meri yo ka jwe nan travay sou kesyon sekurite. E lapolis se nou, nou deja ap diskute de trè lontan sou opòtunite kreyasyon polis komunal la te ka vini ede on premye travay e denspeksyon, deu reperaj pou lapolis e dakonpayman des mairies nan travay k ap fèt yo sutou an vwari. Paskeu ensekurite a tou, lè on moun ansent ap travèse on tou rego ouvèr, lè on moun ap jete fatra ladan l ou wè pa gen moun ki ka arete l donk s on pwoblèm ensekurite pou nou tout. Donk meri yo g on wol yo ka jwe. Lalwa di clairement gen yon seuil de sekurite munisipal e se maire la ki prezide l. Maleureuzman, nulle part en Haiti sa pa, operasyon sa a fonksyonèl. Wè kòm si m ta di w pa genyen des rencontres périodiques entre les maires et les commissaires de police au niveau communal, pou kapab echanje des informations, des parties fixes sou sou aksyon sécuritaire au niveau communal e ansanm eeeee pour konstui des des repons apropriye nan pati kle moun yo ap viv (inodib). Fò nou rive nan rasyonalizasyon, nan refleksyon konfòm pou n bay on repons byenn definitiv a kesyon traka nan peyi a. Pase m toujou di, pa gen okenn majistra, pa gen okenn sitwayen, pa gen okenn moun ki ap fyè de kote y ap viv si espas sa yo sal ankò une fois. Men fòk gen lajan pou sa. Mwen etone nan budjè sa a ankò pa gen lajan ki rete pou ministè anviwo-nman pou MSGS ta kòmanse travay sou kreyasyon (inodib) konpostaj paske swasanntrez pousan fatra ki pwodui la a ki dorijin òganik nou ta ka fè konpòs pou konpanse agrikiltu a. E deyzyèm bagay mwen etone keu menm pou on izin deu valorizasyon deu dechè de de plastik nan budjè a pa genyen l. Donk se n ap prepare rapò a li menm li pral transfere bay, acheumine bay paleuman an, bay minis finans lan e gouvènman an (pou nou di nou chita sou) sou budjè a e kòman fòk nan budjè a fò nou wè g on volonte poz..ki klèman eksprime kòman pou n kòmanse rezoud pwoblèm fatra a nan en nan, nan deu zan. Si n pa kòmanse jodiya chak fwa g on jou anreta se plus n ap rekule echeyans pou n bay populasyon yo ebyen on repons definitif a pwoblèm (inodib) asenisman du territoire, patikilyèman nan zòn ibèn Pòtoprens lan. Dezyèm Vwa: Donk nou pran dè dispozisyon pou keu à partir deu apre midi a gen on gwo netwayaj k ap kòmanse. Ah n ap g on flòt à partir deu apre midi a la a k ap gen dis kamyon ladan l plus deu lodeù. Donk tout sa keu w wè kòm gwo depo fatra n ap leve yo eu estasyon bò simityèr la eu sou Ri Jefrar la anndan mache a, anwo Frèr, mache Kokoye, mache Telele e tout kote ki gen gwo depo yo la a nou pra l leve yo. Epui tout à partir deu eeee depui lòtrejou swa nou kòmanse, nou netwaye vil la trè tard e leumaten ankò une fwa nou gen moun ki pou fè netwayaj. Donk n ap asure nou keu fèt la pa pase sou fatra. Donk s on konba l ye kesyon fatra a. Paskeu moun ap pote fatra vin vide, w ap retire y ap mete. Donk s on bagay ki du. Donk nou ba moun yo garanti n ap pran tout dispozisyon pou yo pa fete sou fatra. Bon kesyon asenisman ou pale m nan, meri a ap fè travay li. Nou poko genyen euuuu nan kad pwojè kesyon asenisman ke gouvèneman an lanse a eeee, n ap tann yo nou menm onivo meri Petyonvil pou n konnen euu èskeu n ap kapab mete ekip suplemantèr deuyò. Men kant… Bitovenn Franswa Fis: Men parapò a pwojè gouvènman an te lanse a èskeu g on g on suivi ki fèt? G on lyen, nou konsène? Nou nou konsènan nou menm nan meri a èskeu se nou menm ki jere kesyon sa a nou menm poukò nou? Dezyèm Vwa: G on preumye, g on preumye peryòd gouvènman an te fè avèk nou la a, nou te reukrute pluzyè ekid, moun yo travay travay deja, moun yo touche pou peryòd. E n ap tann keu pwojè a li reulanse pou keu li kapar reukòmanse kòrèkteuman. Bitovenn Franswa Fis: Nou nan fèt fendane, gen meri k ap fè fas à des difficultés, kijan ministè enteryè ede nou jere kesyon dèt pou pou amplwaye yo nan peryòd sa a prensipalman. Dezyèm Vwa: Bon pratikman nou menm onivo dlameri se nou menm ki toujou fè prise en charge la pou keu nou peye salarye nou yo. Efektivman nou genyen, nou dwè yo plusieurs mwa men nan moman m ap pale avè w la a m ap siyen des chèques e m panse disi deumen ou lendi oplita y ap touche. Pratikman m panse keu deumen n ap ka siyen sèvis konparezon an. Donk n ap ba yo twa mwa pou keu yo pa pase Nwèl la blanch kondui moun yo. Bitovenn Franswa Fis: Èse se de moun nan tout sektè, nan tout sèvis e oubyen des catégories byen spesifik? Dezyèm Vwa: Bon la a non s on pewòl jeneral li ye. Tout sèvis, keu l administrasyon, keu l vwari, e tout sèvis yo nèt ap touche. Bitovenn Franswa Fis: E ou konnen depui aprè douz janvye Petyonvil vini sant komèsyal ekonomik se la tout aktivite yo ap fèt. Kijan nou jere kesyon e mache toupatou, tout kote w pase se mache sou twotwa ki bay oun gwo pwoblèm nan komun nan? Kijan nou jere kesyon sa a? Dezyèm Vwa: S on grav pwoblè keu ou menm ou konnen onivo konsèy sa a nou pran akeù. Kesyon keu Petyonvil tounen on mache sou tout twotwa yo bloke tout kote yo. Nou pran dè a deu fwa nou fè tantativ pou nou retire machann yo. Premye me de mil disèt nou te detekte nou te wè lari a te blanch. Bon pratikman e malerezman e machan yo retounen. Men n ap pran des dispoziayon, enben n ap gade la a kijan nou kapab jere kesyon an. Ou konnen gen on peryòd eu fendane, donk e chak grenn moun la tranfòme tèt li machann pou keu yo wè kijan l ka vire men l nan lari an. Ebyen nou menm nou pran des dispositions pou keu gen des uisye onivo Petyonvil lan la a pou nou wè kijan n kapab epaye pou keu machin kapab sikile. Deja vil la g on blokis mons apati de prezans machann yo ki nan lari a men seupandan nou genyen pwojè konstruksyon mache Kokoye a ki sou wout Frèr lan e wi janm di w la gen plizyè fim ki bide e nou nan fen pwosesus lan donk kounyeya n ap tann pou keu pratikman e yo avalize pwosesus la pou nou pou keu nou kapab siyen kontra avèk fim ki genyen an pou keu yo kapab mete men nan mache a epi à ce moment là nou kapab dekonjesyone lari a definitivman. LPP: Mentnan se majistra Petyonvil lan Senwòk men avan sa se te majistra Kafou Jud Edwa Pierre. Yo toulèdeu te nan mikwo Bitovenn Franswa Fis, kisa y ap fè nan deu kominote sa yo, alòs deu meri sa yo, deu komun sa yo lavèy fèt fendane a. Nou konnen tout zòn metwopoliten an kouvri anba fatra. E yo t ap pale nan mikwo Bitovenn Franswa Fis. RDC eleksyon an p ap fèt dimanch, se letrent, se sa prezidan konsèy elektoral Repiblik Demokratik Kongo a e fè konnen nan on konferans pou laprès. Alòskeu juska prezan malgre vyolans ak tansyon k te genyen, anpil moun te kwè e apre deuzan Tagila pase li pran degi sou pouvwa a yo te panse finalman eleksyon t ap fèt. Genyen on mylya edmi dola ki deja anglouti. Malgre asurans prezidan komisyon elektoral nasyonal endepandan, Seni bay, euuu gan anpil moun kòmanse ap poze tèt yo kesyon. Gouvènman kongolè a anonse li pa pre ankò pou òganize eleksyon prezidansyèl, lejislatif ak pwovensyal la ki ptevwa pou fèt dimanch. Kidonk fasas yo t ap eseye bay la toudeunkou fisure. Malgre delè deuzan keu Kabila genyen pou l òganize eleksyon sa a. Kònèy Nanga, patwon SENI an, konsèy elektoral pa yo a deklare eleksyon yo y ap nan on semèn, trant desanm. E kisa ki ankoz selon li menm dufeu te pran nan depo materyèl elektoral la nan Kinchasa, yon semèn anvan eleksyon kote ui mil òdinateù e ki soti nan peyi Kore Dusud boule. E bulten yo te genyen anplus nan anpil pwovens vini men sa pa rive rezoud pwoblèm nan kapital la, yo voye refè bulten ankò nan peyi Kore Dusud dapre esplikasyon patwon SENI an bay. E dapre sa l fè konnen kèlkeulanswa jan yo prann, yo pa t ap kap kenbe deuvan delè sa a se pou sa yo mande yon delè yon semèn. Men kalandriye kenbe, kanpay elektoral la fini deuman. N ap raple antèman Monsenyeur Gi Poulard l ap chante nan katedral tranzitwa Pòtoprens lan a neuvè nan maten. Kò a ap ekspoze depui seteù. Ee antèman ap fèt nan katedral la. Eeu men deumen ap g on priyè k ap òganize deumen venteyen desanm nan e nan pawas Kriswa nan Boudon soti senkeù pou rive seteù euu dapre sa fanmi an ak legliz katolik anonse. Kòlèk, e kòlèt e san responsab kolektif defanseù plus lan te prevwa pou te fè jounen jodiya nan okazyon jounen entènasyonal solidarite ak moun pa rive reyalize. Kodirektè kolektif defanseù plus la Antonal Mortime eksplike sa k fè li pa rive fèt se akoz anplwaye Kwa Wouj ayisyèn yo ap fè grèv pou mande peye yo pluzyeù mwa salè yo dwe yo. Responsab òganizasyon k ap defann dwa moun nan fè konnen yo antann kontinuye travay sa a pou sansibilize plus moun sou dwa lavi ak tout dwa moun genyen pou yo jwi de bòn sante. Antonal Mortime te pwofite denonse sistèm sante nan peyi DAviti ki p ap fonksyone a. N ap tande kodirektè kolektif defanseur plus la Antonal Mortime e nan mikwo Lori Lwi Jeùn. Antonal Mortime: Nou te genyen pandan jounen an plus pase twa san moun, pase nan kay la vini pou bay san. Men fò nou di tou nou rive fè sansibilizasyon, nou rive fè pwomosyon dwa lasante men n pa rive fè kòlèk deu san paskeu moun k ap travay nan Lakwa Wouj yo fè nou konnen yo an grèv maten an e, yo te bay yon ultimatòm juska yè pou yo te peye yo pluzyè mwa salè keu yo yo dwe yo, yo pa peye yo donk yo pa deside vin e kolekte san an. Paske tou, anplis yo pa peye yo, men yo redui salè yo a senkant pou san donk yo vrèman e lanse on operasyon kwaze ponyèt e nou te pandan jounen an te gen on ekip Defansè Plus ki te al vizite yo. Yo te rankontre pluzyè moun nan pèsonèl Kwa Wouj lan uh pou yo te eksplike nou kòman yo yo frustre yo di yo ap kwaze ponyèt yo juskaskeu leta e peye yo oubyen Lakwa Wouj peye. Nou menm nou vrèman entèprete sa kòm on sosyete kote sitwayen yo vle aji, ou imajine w on peyi k pa gen san, chak tan se gwo rèl k ap fèt pou moun jwenn san epui men plus pase twa san senkent moun reyini men leta ak Lakwa Wouj pa vle pran san an paskeu justeman gen deu moun ki gen deu revandikasyon. Men nou te kontan te genyen pluzyeù santèn moun ki pase nan kay la eu nan jounen pòt ouvè pou n fè sansibilizasyon sou dwa lasante. Men nou tou pale sou dwa lavi, nou tou pale kisa dwa moun ye, kisa òganizasyon dwa moun yo, ki wòl yo, ki responsablite yo genyen nan fè pwomosyon demokrasi, nan fè pwomosyon valè dwa moun yo tankou libète deskpresyon, tankou libète dasistans. Lori Lwi Jeùn: Puiskeu jodiyan nou pa rive fè kòlèk deu san an èskeu nou antann òganize yon lòt jounen pou nou kapab rive fè sa? Antonal Mortime: N ap kontinue travay lan. Erezman nou gen on ekip jeùn fanm ak gason ki sansibilize non sèlman sou dwa moun men sou pwoblematik sosyal yo, pwoblematik dwa lasante, dwa lavi. N ap kontinye travay sa a juskaskeu nou rive sansibilize plus moun nan populasyon an men sansibilize tou otorite leta yo pou yo kapab asume responsailite yo pou dwa lavi kapab gen sans pou moun anndan peyi a. Pou dwa lasante pa tounen on luks. LPP: Antonal Mortime, kodireteù Kolektif Defanseù Plus nan mikwo Lori Lwi Jeùn. E pluzyè direktè ki nan pwogram nasyonalizasyon lekòl komunotè yo nan Latibonit te òganize on sitin devan direksyon deupatmantal edukasyon an pou egzije Ministè Edukasyon Nasyonal peye yo lajan pluzyeù lane yo di leta dwe yo. E pwo moun ki t ap fè pwotestasyon sa yo fè konnen mouvman sa a ap pran on lòt faz si ministè a pa peye yo e anvan eee deu mil dizneùf. Jozue Jan Batis pou plus detay. Jozue Jan Batis: Direkteù ak pwofesè ki nan pwogram nasyonalizasyon lekòl komunotè yo te vin plante pikèt yo devan direksyon depatmantal Latibonit lan nan yon siting yo òganize jounen jeudi ven desanm deu mil dizuit lan. Objektif siting sa a selon pwotestatè yo se pou fòse mouche leta peye yo lajan pluzyeù ane li dwe lekòl ki nan pwogram sa a. Pòtpawòl AEPONEKA a, pwofesè Fèdinan Labonte fè konnen se yon mobilizasyon manch long yo deklanche pou juskaske yo jwenn sa y ap chache a. Fèdinan Labonte: Fèdinan Labonte: Sa a s on longpleying. Non gen lontan n ap fè l, depi de mil trèz n ap fè l konsa. Chak fwa pou nèg yo ban nou on ti kòb, fò e sa a pou nou fè. Kòm père deu famiy responsab, nou fin travay deja apre sa yo kite nou nan yon sitiyasyon difisil pou nou vin trennen la a. Se pou nèg yo peye nou deu ane travay. Aryere salè de mil katòz de mil kenz, epui deu mil disèt dizuit la pou yo peye nou san kondisyon. Ah, ministè a ki dwe nou men direksyon depatmantal ki genyen dwa pou peye nou. Se vre y ap voye lajan an sou kont yo. Se pa se pa dirèkteuman ministè a ki peye nou, e direksyon depatmantal an lokurens eu locataire de de buwo sa a, Mesye Renwayen Pòl, se li k pou pran angajman l pou l peye nou davantaj paskeu kòb la, yo di l nan men l deja. Jozue Jan Batis: Pwotestatè yo konte pase nan yon lòt faz snan mouvman sa a si otorite yo pa reponn revandikasyon yo nan peryòd Nwèl la. Gonayiv, Jozue Jan Batis Kiskeya. LPP: Mèsi. Fondasyon MOBAZ e fete nèf lane egzistans li kote l mande leta ayisyen pran responsablite l konsènan populasyon k ap viv sou Bèlè. Yo kontinye ap mande pou gen dlo potab sou Bèlè pou yo bwè, bon jan lojman ak mwayen pou yo jwenn swen sante. Jan Wolan Sidne, kòdonatè fondasyon MOBAZ deklare nan evénman ki sot pase la a nan peyi a zòn Bèlè a te toujou n ap site, ‘rete poze, se sa k fè lapolis dwe toujou prezan pou ba yo sekurite’. N ap koute Jan Wolan Sidne k te pale konsa: Jan Wolan Sidne: Fondasyon MOBAZ jodiya ven desanm deu mil dizuit fè MOBAZ neuvan egzistans depi l ap batay pou entegrasyon rara yo ak destinasyon rara yo ap fè anndan ministè de la culture, anndan ministè de lenteryè e jodiya ap fè n neuvan tou depi n ap goumen pou jèn yo pou yon lòt fwa kenbe kesyon kultu rara a se pou n akonpaye populasyon nan bon jan sèvis kankou ba yo plezi lè yo nan tristès, lè yo nan lamizè. Se konsa fondasyon MOBAZ remèsye tou tout pitit Bèlè ki toujou chita ansanm avè nou, ki òganize festival, kanaval ki pou pèmèt populasyon Bèlè a, fè popilasyon espesyalman k ap viv nan Bèlè a (inodib) jodiya nou di tout pitit Bèlè ki toujou chita chak samdi k ap reflechi avèk nou, ki chita avèk nou sou menm tab. Li lè li tan pou komisyon verifikasyon an kòmanse moute. Paskeu apre budjè fin vote nou menm nou di yon lòt fwa ankò jan yo te di l nan Bèlè a e yon lòt Bèlè posib pou chanjman yo, nou kwè keu chanjman yo ap arive fèt. Senan kontèks sa a nou kwè tout kraze brize k ap fèt, tout pale anpil k ap fèt nan peyi a, fondasyon MOBAZ di on lòt fwa ankò li lè li tan pou dwa nou respekte. Enstitusyon nou di, kesyon pou y ap woule n de bò, pou yo ban nou sèvis, bon jan dlo potab. Pwoblèm sante jounen jodiya la a nou menm nou di nou p ap pran l. Paskeu nou fè dè zane, nou kwè n ap chita ak enstitusyon sa yo, nou kwè se pawòl y ap ba nou. Men li lè li tan kote nou menm jodiya la a nou wè tout òganizasyon deu baz yo, notab yo, yo reponn prezan nan jounen dyalòg sa a n ap òganize pou nou ka fè pitit Bèlè on lòt fwa konn dwa yo, kon devwa yo jounen jodiya la a nou di k ap travay de baz, k ap travay ansanm avè nou, ann kontinye kenbe pase jounen jodiya, nan pwoblèm ensekirite a, tout moun wè l, Bèlè se youn nan zòn ki di non a sekirite atravè yon seri de aktivite n ap mennen pou n pèmèt popilasyon an pran plezi li. LPP: Vwala, se pòt pawòl fondasyon MOBAZ la Jan Wolan Sidne ki te pale konsa nan mikwo Amòs Brevil. Epui nan Madagaska premye rezulta yo vrèman trè trè parsyèl kòmanse apre dezyèm tou elkesyon an yè. Apèn si pousan nan buwo vòt yo k deje depouye, deu finalis yo, deu ansyen prezidan yo Raf Mavalo Manana ak euu Rad Jowèl e yo toulède yo di yo deja swete se yo k ranpòte laviktwa. Men apre dezyèm tou sa a kote k pa t gen anpil moun menm jan ak premye a tou an pa t gen ensidan. Komisyon elektoral lan li montre se Rad Jowèl ki sanble ap mennen, li gen sis pwen davans. Men se sèlman sis pousan nan e totalite bulten yo ki depouye e randevou pou rezilta a se nan kòmansman ane deu mil dizneùf lan. Nou prale kwèllye la a nan ba Latibonit lan kote direktris adjwen edukasyon nan depatman sa a Telin Kosmeyus Pierre pa t kache satisfaksyon n pou jan egzamen bak pèmanan yo te dewoule ane sa a, plus detay ak Milsen Madeyus. Milsen Madeyus: Satisfaksyon total bò kote responsab edukasyon yo nan ba Latibonit pou fason yo di egzamen leta yo dewoule soti lendi pou mouv jeudi ven desanm deu mi dizuit la. Direktris depatmantal adjwen edukasyon nan depatman Latibonit lan Telin Kòsmeyus Pierre te di tout prensip ministè edukasyon nasyonal te pran pou bon dewoulman egzamen yo, tout respekte. E se sa ki ba yo gwo satisfaksyon sa a. Telin Kòsmeyus Pierre: Nou te g on afè mil twa san swasant kandida keu nou repati sou ba Atibonit lan, ou konnen lè se bak pèmanan an se Senmak tout moun yo vin konpoze. Nou tout ba a se Senmak yo vin konpoze. Nou repati yo nan nan kat sant degzamen, nou gen nos deux lycés, Lise Stenyo Vensen e Lise du Bicentenaire, nou gen sant nasyonal de Pivert e Antwanen Desalin. A an gwo m wè m ka di m reyisi a san pou san nan pasasyon tès la. Egzamen yo deu tanzantan y ap fè eu de tanzantan yo pase nan sant egzamen yo tou, toujou gen on prezans. E depi kandida a wè g on prezans se pa menm bagay. Nou pa gen gran gran difikulte semèn sa a, m pa ka m pa ka plenyen. Milsen Madeyus: Numewo deu edukasyon an nan depatman Latibonit madam Telin Kòsmeyus Pierre ajoute pou di koreksyon fen egzamen sa yo ap fèt tousuit e li bay garanti ak elèv yo ki te byen travay, y ap jwenn bon rezilta. Ba Latibonit, Senmak, Milsen Madeyus, Kiskeya. LPP: Wi mèsi. Epui genyen deplase sa yo, deplase Lasalin nan ki toujou sou plas yo te ale anba lavil la. Jodiya youn nan repòtè nou yo te ale pran kontak ak yo e te pase wè kijsn situyasyon yo ye depui evénman trèz novanm yo. Eu gen anviwon plus keu swasanndis moun nou konnen ki pèdu lavi yo dapre rapò eu deu òganizasyon e sutou RDDH, e moun sa yo nan on situyasyon ki pa sanble sa on kretyen vivan pa ta dwe ye. Salte, dlo sal pousyè achte plas la lajan kontan. Yo pa gen dlo pou yo e bwè, yo pa gen dlo pou yo benyen. Eu se anba yon seri deu ti tant, se on veritab kan refujye ki pa gen èd e se la yo ye. E se nan yon anbyans konsa yon fanm ki te ansent e ki pèdu mari l pandan masak trèz novanm nan akouche disèt desanm nan e san leyèt pou ti bebe sa a ki pa gen anyen dutou. E se nan on kuvèt plastik yo vlope l ak yon ti dra. Donk se krèvkeù. Moun sa yo mande otorite yo pou yo fè kichòy pou yo. Anba je otorite yo puiskeu e e kibò n ap pale? N ap pale tou pre paleuman ayisyen an. N ap pale anba je palè nasyonal, anba je primatu, pa gen enkenn moun ki vire je gade yo. Tout gouvènman an tonbe nan deni konsènan evénman terib Lasalin yo. N ap tande kèk nan yo, ladan yo manman ti bebe, fanm sa a k pèdu mari l, ki fèk akouche e ki pa suspann lage responsabilite sa k rive a sou moun nan zòn Labatwa. Yo di e ki ee ki s ee dapre sa yo fè konnen se anba direksyon Bout Janjan aksyon sa yo te fèt. N ap tande yo nan mikwo Amòs Brevil. Yon fanm: Se nan nuit sa pase lè yo pran nou pou yo touye nou, nou gen tan sove, yo boule kay nou. Nou vin la a depui premye novanm. Nou pa ka ale ankò. Amòs Brevil: E ou menm sa a e pitit ou? Yon lòt fanm: Wi avanyè m fè l disèt desanm nan. Amòs Brevil: Disèt desanm, e la a ou fè l sou plas la? Lòt fanm nan: Wi nan lari a seren lapli ap mouye m m pa gen kote pou m aale avè l. Amòs Brevil: Se vre? Lòt fanm nan: Wi yo boule kay mwen, yo kra yo tiye mari m (yon lòt vwa: bebe la a, bebe a la wi). Yo touye yo boule kay mwen, yo tiye mari m. Ti bebe a e la m fè l. Amòs Brevil: Kouman mari w te rele? Lòt fanm nan: Li te rele Watsonn. Amòs Brevil: Watsonn? Sa k dou w li mouri ou konnen? Lòt fanm nan: Wi, yo te met dife sou li nan kay la avè l. Yo boule bagay nan kay la. Amòs Brevil: Avè w ou sove? Lòt fanm nan: Wi m te gen tan sove anvan. Li menm li pa t gen tan soti yo met dife a nan kay la. Avan avan avan yè m gen tranche, e sou plas la m fè l. Amòs Brevil: Men kisa w ta renmen pou yo fè pou ou? Pa gen moun ki pou pote w sekou la ditou? Lòt fanm nan: Non se on moun k ap fè m (inodib). Lè yo fè ti kal manje yo ban m ti kal ladann. M pa gen moun ki pou ban mwen. M pa gen rele m pa… Yon lòt fanm: …pòt la, yo tire. Lè y ap tire yon bal tonbe bò tèt ti pitit sa a. Kounyeya pandan grenn bal la tonbe bò tèt ti pitit la yo rantre ak kouto manchèt, y ap debarase kay. Yo pa kite nou gen anyen ditou ditou ditou ditou. Pran yo pran tout bagay la yo fin pran yo pa jwenn nou, nou menm yo pa jwenn nou nou kouri ak tout ti bebe a yo kounyeya yo met dife yo met dife. Kounyeya la a nou kouri. Amòs Brevil: Kounye a la a se la nou vin abite? Yon lòt fanm: Se la nou vin abite. Abite si se pa polis lè konsa yo fè masak yo touye nou. Pase yo konn tout deyò a la a. E zo reken an yo ki an pagon ap bagay ki fè nou la a toujou. Apre sa yo t ap fè masak yo t ap touye tout. Ah m mande pou yo, pou yo, pou leta desitire nou la a, pou l retire nou la a. Yon lòt moun: Epi m ap pase mizè, m anba dlo solèy ap seche m. M ap pase mizè ak yon ti pitit. Pitit mwen boule nan bagay nèg… Amòs Brevil: Nan ki bagay pitit ou boule a? Yon lòt moun: Nèg labatwa yo ki met dife nan kay mwen pitit mwen boule. Yo toujou nan baz yo nou menm nou deyò. Nou nan mizè, n ap pase mizè. Amòs Brevil: Sa k mete nou deyò? Yon lòt moun: Nèg labatwa ki mete nou deyò. Amòs Brevil: Poukisa yo mete nou deyò? Yon lòt moun: Y ap tire, yo di toutan nou toutan nou se sesi. Yo pran pitit mwen yo lage pittit mwen nan dife bagay sa a. Nou sovi ak tout ti pitit sa a. M pran lari ansanm avè l, yo boule tout bagay mwen anndan an. Kijan m fè pou m viv? Lè moun ap pase m mande yo pou m ka viv ansanm a ti pitit la Amòs Brevil: Kisa w ta swete yo fè pou ou? Yon lòt moun: M ta swete pou yo leve m anba tant lan. Pou yo ban m pou yo ede m a ti pitit la, pou yo leve m anba tant lan. Lòt vwa 1: …Mete nou deyò, yo boule kay nou. Lòt vwa 2: Menm yon ti chay nou pa ka al achte nan mache a. Depi n al achte ti chay nan mache a grenn bal pete sou nou la a. Men malere sa a l gen on ti chay yo voye pou li l al pran l la a bal pete nan tout pye l. Amòs Brevil: Kilè sa fèt? Plizyè vwa: Maten an, maten an sa fèt. Atout lè polis ap… Lòt vwa 3: …Bandi yo tire dirèk wi, depi yo wè figi yo la a, depi yo kwaze avèk yo e bal y ap ba yo wi. Amòs Brevil: Ou pè ou pè ti filme a? Lòt vwa 3: O wi m pè filme a anpil paske depi yo kwaze avè m y ap fizye m. Amòs Brevil: Kote moun ou di k pran bal la (inodib)? Moun nan: Bon maten an la a, nèg kafou labatwa antre yo jwen on patnè ki rele, ki rele Sejou Daryo, li pran l yo pran l yo mete dife sou li, yo boule l, yo rache l. Nèg kafou labatwa… Amòs Brevil: Ou di maten an kote sa fèt la a? Moun nan: Wi maten an nan mache Kwabosal la. Kounyeya l tou desann nan mache a, manman an se nan mache a l ap vann ni. Kounyeya l tou pase, yo tou rache l. Lòt vwa 4: Nan pye m li frape, bal la frape m. Amòs Brevil: Sa w te al pran egzakteuman? Lòt vwa 4: Maten an pandan yo voye on bagay pou mwen m ak dèyè l, kò vòlè a debake sot kafou labatwa nan mache a yo vin tire sou moun. Epi menm kote a… Amòs Brevil: Kimoun yo ki tire sou wou a? Lòt vwa 4: Menm nèg bout Chasa Lasalin, (mhm) ki tire sou nou nan mache a maten an. Amòs Brevil: E nou menm kimoun nou ye? Lòt vwa 4: Nou menm nou se moun, nou se moun Chabon ki deyò yo. E yo k mete nou deyò, yo boule tout kay nou nan Chabon. Amòs Brevil: Poukisa, kòman yo fè mete nou deyò a? Apati deu kisa yo mete nou deyò? Lòt vwa 4: Apati de kisa? De on seri de bagay y ap vin fè nan mache a gen de moun ki pa vle sitire yo. Nan menm sans sa a tou yo tou parèt. Amòs Brevil: On mache k rele mache Chabon an? Lòt vwa 4: Non, mache Kwadèbosal. Amòs Brevil: Men gen on zòn ki rele Chabon? Lòt vwa 4: Wi, sa vle di ti malerèz sa yo e nan e nan Chabon an yo rete. Sa ve di yo menn yo tou parèt nan Chabon an yo met dife. Amòs Brevil: Men kounyeya zòn sa a kimoun ki kòmande l? Lòt vwa 4: Nèg Bout Janjan yo. Ou g on chèf ki rele Ti Jowèl. Dezyèm chèf la rele Tibonm. Se nèg sa yo kòm Nènèl. Amòs Brevil: Nou pa konn, nou pa t g on lòt chèf avan sa nou menm? Lòt vwa 4: Lòt nan zòn nan. Non lòt chèf ki te nan zòn nan e te Bout Janjan. Lapolis arive arete l. Amòs Brevil: Kote ote kote Ti Junyò li menm? Lòt vwa 4:Ti Junyò pa nan zòn nan. Ti Junyò pa nan zòn nan. Amòs Brevil: Men lit chèf tou nan zòn nan? Lòt vwa 4: Non m pa konnen. Moun nan: Ti Junyò te on senp sitwayen nan zòn nan. Bon l pa la. Amòs Brevil: Kiyès ki mete l deyò? Moun nan: Nèg Janjan yo. Ti Junyò li pa t dakò pou okenn moun lòt kote vin fè nou abu, vin fè malerèz abu, vin pran tabliye malerèz, vin takse malerèz, li pa t dakò sa a. LPP: Vwala, se deplase sa yo ki pa ka viv Lasalin, ki sou Plasditali an. E yo fè konnen yo pa vle filme yo paskeu yo di si nèg ki te fè zak Lasalin nan rekonèt yo, y ap tounen pou vin pase yo alenfinitif. E yo presize yo si yo kapab dòmi kote yo ye a sou Plasditali a lè keu pa gen lapli byennantandu se gras ak polisye ki ap bay paleuman an sekurite dapre sa yo presize nan mikwo repòtè nou Amòs Brevil. Nou konnen dosye Lasalin nan pran on lòt dimansyon ak plent sa a on gwoup fanmi viktim yo depoze ak apui deu avoka e ki konstituye tèt yo pati sivil fanmi sa a e nan kabinè denstruksyon jodiya. Eleksyon lejislativ nan peyi Togo, opozisyon an mande bòykote eleksyon pifò pati nan opozisyon an,ki denonse yon òldòp elektoral pa patisipe nan eleksyon sa a. Yon skruten euu kote te gen anpil fòs sekurite k deplòtonnen jodiya nan peyi Togo. Nou nan Afrik deulwès, pati ki sou pouvwa a UNIR kapab ranpòte e prèskeu tout syèj yo, ki pral pèmèt keu gen on refòm konstitusyonèl gouvènman an vle fè pou lonje manda prezidan sa a, Fòya Simbe ki se pitit diktatè Ayise e e Adema e ki ta vle kenbe pouvwa a. Malgre mouvman pwotestasyon ki ap kontinye nan peyi Togo. Epi n ap fini pou nou raple w eu RNDDH publiye yon rapò suplemantè e e ki alawos konsènan valè viktim, plus keu swasanndis nan evénman masak sa a ki te fèt nan Lasalin. Epi se deumen aprè midi apati deu senkeù nan sal pawasyal Kriswa a e y ap resevwa ap genyen yon veye spirituèl ki ap fèt nan memwar monseyè Guy Poulard. Antèman l ap fèt samdi maten nan Katedral Tranzitwa apati de neuvè men kò a ap ekspoze depi seteù nan. Oke nou di tout moun bonswa, n a wè deumen. Jounal 4è, 20-12-18 (Prsentatrice. Liliane Pierre-Paul)