Jounal 4è, 21-12-18 (Prezantatris, Liliane Pierre-Paul) Transcription Introduction/Entwodiskyon : Jounal katrè (4è), katrè (4è) chak aprè midi sou Radyo Kiskeya. Jounal katrè, yon sèl jounal a lè sa a, nan tout peyi a. Jounal katrè (4è), nouvèl total. Mizik… LPP: Nou di tout moun bonswa, pi gwo pwen nou va gen pou n devlope pou ou aprè midi an nan jounal sa a, e legliz katolik nan Pòtoprens pibliye pwotokòl fineray Monseyè Gi Poula ap chante demen maten nan katedral tranzitwar la, kò a ap ekspoze a pati de setè e antèman an ap kòmanse chante a neveù epui apre midi a pati senkèu nan sal pawasyal e legliz kriswa e ap gen yon seremoni ki ap fèt nan memwar Monsenyè Gi Poulard. Donk se de seremoni, pa fè m di sa m pa di. E Youn aprè midi a epi demen maten antèman nan katedral pòtoprens lan. E gouvènman Moyiz Seyan an pa gen ankenn volonte pou bloke dosye Petro Karibe a se deklarasyon sekretè deta komunikasyon Edi Jackson Alexi fè nan pwen de près jounen jodiya li t ap li bay laprès repons premye minis lan voye bay prezidan lakou siperyè dè kont ak kontansye administrativ la mesye Pierre eee Demezye Volmar e Demezye pou l eksplike gouvènman bay lòd pou tout enstitisyon konsène yo kolabore ee fòk nou di apre plizyè semèn kote n pat tande pale de dosye Petro Karibe a genyen yon relans yon revèy depui yè yon gwoup jèn ki fè pati sa yo rele petro chalenjè yo tanmen yon mouvman devan lakou siperyè dè kont ak kontansye administrativ sa yo rele petro kamping nan dezyèm jounen an jodiya pou egzije prosè a fèt epui gen yon gwoup etudyan ki melanje ak pwofesyonèl e ki fè pati de inisyativ sa epi etidyan Inage yo bò kote pa yo te bloke lari jounen jodiya pou egzije pwosè petro karibe. Lòt dosye toujou nan pwen de près lan sekretè deta ak kominikasyon yo eksplike kèk rezon li di ki lakòz gouvènman an pa ka desann pri gaz lan sou mache e lokal lan daprè sa li eksplike toujou Edi Jackson Alexi ki se pòt pawòl gouvènman li te tou pwofite pale de pwogram asenisman premye minis lan te lanse eee pral kouri sou yon mwa kote leta ayisyen te debloke trannsi milyon goud pou anviron senk mil moun li di ki jwenn travay nan kad pwogram sa e nan okazyon sa li remèt bay la près yon gwo dokiman trè volimineux ki montre travay kap fèt nan kapital la men fotografi a ou konnen li gen yon enstan gendwa nan moman yo tap fè foto sa se te vrè men reyalite chak jou a se pa vre nou konnen pòtoprens kouvri ak fatra. Epui komisyon ekonomi ak finans lan kontinye rankont li yo jodiya se minis justis ak sekirite piblik lan prezidan komisyon an depite Gandi Dorfeuille te rankontre eee minis justis lan Jean Roudi Ali ki salue volonte prezidan komisyon ekonomi ak finans lan manifeste pou ide la justis jwenn plis mwayen pou l kapab fè travay li anonse nan pwojè lwa finans lan gen dispozisyon ki pran pou pote e sèvis juridik e pri pre popilasyon an daprè sa l di. Yon lòt pa minis lan jistis ak sekurite piblik Jean Roudi Ali deklare nouvo komisè gouvènman an resevwa lòd fòmèl pou lite kont fenomèn detansyon prevantiv prolonje nou konnen tout gouvènman an e kase dan l e sou li e depite pretan Belizaire rankontre laprès konsènan yon inisyativ sosyal li pale de final konkou chante nwèl pa l e li ap òganize k ap fèt demen e tou nan twazyèm sikonskripsyon e nou konnen g’ on lòt konkou chante nwèl ki ap fèt ba bò isit demen aprè midi n ap pale de konkou nwèl e e radyo kiskeya men se nwèl nan lekòl Papdap fikse pozisyon l nan yon konferans pou laprés li bay enpresyon ni sou pwojè lwa finans lan epui na pral pale de plizyè lòt fwa ankò nan aktualite lokal la. Nan aktualite entènasyonal la prezidan Trump etabli yon veritab kawo nan mezon blanch nan kote chèf pantagòn nan ministè defans lan jeneral Matis oblije demisyone paske se pou kont li l deside y ap retire militè ameriken deplòtònen nan yon seri de zòn tankou pa egzanp nan Siri menm jan tou chèf militè nan peyi Afganistan se yon tweet ki anonse l ke Prezidan Trump ap fè militè sa yo kite peyi Afghanistan, antouka mwatye nan yo. Li mete tèt anba tout alye peyi Etazini yo san konte boulvès li lage andedan peyi Etazini menm. Pandan tan sa a, l pran yon lòt echèk nan men enstitisyon amèrikèn, enstitisyon euwopeyèn yo tankou lajistis, se lakou siprèm ki derefize limit dwa dazil ke Trump te vle etabli. Lòt pwen nan aktualite a toujou manifestasyon kont Viktor Orban nan peyi Ongri e ki se youn nan òm fòr 21èm syèk lan epi gen de jèn nan touris de jèn ti medam skandinav yo asasine nan peyi Mawòk gouvènman an anonse yo arete 9 moun tout ta fè pati de islamis radikal yo kite asasine de jèn ti medam sa yo e ki te al fè kamping yon kote lwen nan peyi Mawòk. Epi jounen jodiya a premye minis sosyalis lan fè yon eksplwa malgre leve kanpe ki genyen li rive al fè konsyèy dè minis lan nan teritwa sa ki vle pran endepandans li nap pale de Katalòy sa ki pa antre an santiman separatis yo men kan mèm li te fè yon antant ak premye minis separatis la anvan sa. Se enfòmasyon avèk anpil lòt nou va gen pou n devlope pou ou aprè midi a nan jounal sa. Wi alòs ke nou konnen kretyen ap prepare yo pou yo selebre nowèl men peyi Dayiti legliz katolik an dèy. Y ap prepare yo pou yo rann yon dènye omaj bay Monseyè Gyr Poular ki kite nou jan ke n konnen nan dat 9 desanm ki sot pase la a. E nan okazyon sa a, kure archidyosèz pòtoprens lan biwo shanselye a pibliye dispozisyon ki pran pou e fineray ekleziastik ekselans Monseyè Gyr Poular demen. Chanselye archidyosèz pòtoprens lan fè tout pè yo, tout relijye ak relijyez yo e tout pèp Bondye a nan archidyosèz pòtoprens lan konnen antèman eklesiastik Ekselans Monseyè Gyr Poular Archevèk metropoliten e merit e ap chante e alò achevèk pòtoprens ap chante demen samdi 22 desanm nan jan ke yo te anonse l nan katedral transitwa a. Sa ve di kateddral sa a se pou yon tan annatandan yo rebati katedral la li pote non transitwa katedral transitwa pòtoprens nan se demen maten a 9è. Ekspozisyon kò a ap fèt devan chapèl archeveche a pati 7è demen maten e koulè seremoni an daprè presizyon yo ban mwen se pou relijye yo sa pa konsène moun k ap vin nan antèman an se blan an plis de sa e jodiya 21 desanm nan ap gen yon veye priyè pou rann gras bay Bondye e pou archevèk metropoliten e merit lan toujou daprè nòt la rapouswiv pou di l ap selebre. E se aprè midi a nan pawas Kris Wa Bourdon a pati 5è pou rive 7è an menm tan tou ap genyen yon rejis, sa ve di yon gwo liv kote moun kapab siyen rejis kondoleyans. Nan okazyon sa a, se nan sal pawasyal legliz Kris Wa bò kot mè Kris Wa yo, mè Maryàn. Jezu te mouri men li resusite e nou ke li ap fè pase avèk li frè nou, pastè nou, ekselans monseyè Gyr Poular soti nan lanmò pou vin nan lavi se sa pè Edwin Saint-Louis ki vis chanselye archidyosèz pòtoprens lan ekri yon dènye omaj pou Monseyè Gyr Poular. E aprè midi a e demen maten antèman an ap fèt aprè midi a nan sal pawasyal Kris Wa e demen maten nan katedral tranzitwa a. Monseyè Gyr Poular ki se te yon modèl de yon moun ki te angaje nan peyi l e ki te sèvi ak fonksyon li te okipe nan legliz lan pou l te ride pèp Bondye a pou l te ride ayisyen tou kour. E pou te bay kontribisyon l pou l te wè kijan peyi sa a te kapab miyò pou pitit li. Malerezman li pa wè l e sa l te swete pou peyi a pa rive fèt e nou konnen nan ki kondisyon Monseyè Gyr Poular al kite peyi Dayiti. Sitiyasyon an vin pi grav ankò ke lè l te rive archevèk nan Pòtoprens e yon sitiyasyon terib nou konnen l t ap soufri ki te fè l mal anpil e sitiyasyon degradasyon jeneral sitiyasyon sosyoekonomik e politik peyi Dayiti. Donk s avèk yon doulè li ale nan kè l kosènan sitiyasyon global peyi a men sètènman li ale avèk kè l leje antanke kretyen angaje, antanke ayisyen paske li te bay tout vi l pou l te akonpaye pèp li. Monseyè Gyr Poular se yon modèl li ye pou jenès ayisyèn nan. Yo te tante, wi yo te tante pou yo te sal non l pou te diskredite l nan angajman li te pran nan gwo batay politik peyi an men ou konn wè yo voye labou sou yon moun sa te glise sou konn dlo yo voye sou savon, sa pa rete paske li odesu de tout tantativ sa yo. E moun ki te fè sa yo, pwop moun ki te nan menm milye avèk yo ta pral denonse yo de manèv yo e fè e meskinri jus pou pòs politik ak fonksyon k ap ba yo lajan. Monseyè Gyr Poular te toujou odesu de tou sa e tout moun ki te frekante l te konnen se yon moun ki te enb, malgre tout eksperyans li, malgre tout konesans li malgre tout sa ke l konnen de peyi Dayiti e de mond lan li te toujou trè modès. Donk se Monseyè Poular sa a ki kite nou jounen jodiya yon lòt fwa ankò, donk kondoleans pou tout fanmi yo, pou tout zanmi, pou tout pwòch e pou legliz katolik. Demen yon dènye omaj pou Monseyè Gyr Poular ki te kontribye nan batay demokratik pou yon lòt Ayiti. Mèsi Monseyè Poular. Nan aktualite politik la gouvènman Moyiz Seyan an pa gen ankenn volonte pou l bloke dosye Petro-Karibe a. Deklarasyon sa a pote siyati Sekretè deta kominikasyon, Edi Jaksonn Aleksi ki te rankontre laprès jounen jodiya. Sekretè deta ki se pòt pawòl gouvènman an te li nan okazyon sa a, lèt repons premye minis Jean Henry Saillant voye bay Prezidan lakou superyè dè kont ak kontansye administratif lan ki se mesye Pierre Volamar Demezieux, pou l eksplike l gouvènman l ap dirije a pase lòd bay tout entitisyon ki konsène yo nan kad dosye Petro Karibe a pou pataje tout enfòmasyon ak enstitisyon ki gen konpetans pou sa nan kad ankèt ki ap mennen sou dosye sa a. N ap tande eksplikasyon sekretè deta kominakasyon an Edi Jaksonn Aleksi nan konferans pou laprès sa a, kote Vladimir Maurice Ridore te prezan pou radyo Kiskeya : Vladimir Maurice Ridore: “Genyen yon korespondans lakou siperyè dè kont adrese a chèf gouvèneman an pou sinyale de difikilte yo rankontre de la par de sètèn enstitisyon ki enpe retisan pou kominike dè enfòmasyon relativ a kontra ki te siyen nan kad Petro Karibe. Pa enstitisyon sa yo men se sitou dè enstitisyon piblik chèf gouvènman an te swete rapidman e deside tou raple desizyon ki te pran nan nivo primatu pou ke yo enstwi tout enstitisyon ki te konsène nan jesyon fon Petro Karibe a pou yo kolabore de fason pleine et entière avèk lakou siperyè dè kont Pòtoprens le 17 décembre 2018. Monsieur le président j’ai l’avantage de vous transmettre suite à votre lettre, preferans lèt la, en date du 4 décembre 2018 copie des correspondances adressées aux institutions concernées espérant que ces institutions apporteront une suite diligente à la requête de la cour. Je saisis l’occasion pour vous renouveler monsieur le président l’assurance de ma haute considération. Kopi konfòm lèt la, dabò an pyès jwent premye minis lan voye bay lakou dè kont twa korespondans li te adrese a dè enstitisyon kote lakou a di l jwenn sètèn difikilte. Sa se yon lèt ki te adrese an dat 10 desanm 2018 au ministre de l’agriculture des ressources humaines et du développement rural général, agronome Joubert C. Angran. La même correspondance donk ki gen menm teneur yo adrese a minis Décembre e minis Agénor Cadet de l’Education Nationale.” Donk premye minis lan reponn lakou siperyè dè kont li raple l e li voye an pyès jwent kopi korepondans li te adrese a plizyè enstitisyon ki konsène pou mande kèlkeswa enstitisyon leta ki konsène nan dosye Petro Karibe pataje enfòmasyon sa yo avèk enstans nan nivo a leta a ki la e ki ap mennen ankèt sou dosye sa a. Kèlkeswa enstans la bò kote pa nou, pa leta a pa gen blokaj ki ap fèt. Ke tout enstitisyon ki gen responsabilite nan yon nivo ou on lòt konsènan dosye Petro Karibe nan kad misyon lalwa pibliye yo ke yo asume responsabilite yo de façon pleine et entière. Nan lapòt pawòl gouvènman Edi Jaksonn Aleksi toujou nan menm rankont sa a ak laprès, sekretè deta kominikasyon eksplike rezon li di ki lakòz gouvènman an p ap kapab desann pri gaz lan malgre ke n konnen e se yon angajman lè gaz lan monte li monte, lè l desann fòk gouvènman an desann li. Li fè konnen gouvènman an p ap kapab desann pri gaz lan malgre gen yon bès, yon gwo bès menm e sou mache entènasyonal la. Selon sekretè deta a goud la ki pa sispann bese devan dola a se youn pami pi gwo pwoblèm li di ki anpeche gouvènman an bese pri gaz lan e wi e sou mache lokal lan pandan l fè konnen ekip sa a ki nan tèt peyi an n ap defini, n ap site “strateji pou stabilize goud la pa rapò a dola a”. Selon Eli Jaksonn Aleksi leta ayisyen dwe konpayi petròl yo plis pase 3 milyar goud pandan l rapouswiv pou l di sòti nan lane 2010 pour rive 2018 leta depanse plis pase 61 milyar goud n ap site “pou subvansyone gaz lan sou mache lokal la”. N ap tou tande pòt pawòl gouvènman an, sekretè deta kominikasyon Edi Jaksonn Aleksi nan konferans pou laprès sa a, kote Vladimir Maurice Ridore te prezan pou Radyo Kiskeya: Edi Jaksonn Aleksi: An depi du fait que barik petwòl la ap desann men nou menm nan nivo leta a nou oblije kenbe l konsa annatandan lòt eleman ki karakterize kesyon acha kaburan an ki se to dechanj lan li restabilize odumwen bese tou pou ke bès barik petròl la sou mache entènasyonal la kapab repèrkute efektivman de fason pratik sou mache lokal la. Anvan te vinn gen chòk petwolye a, tout moun konnen ke gazolin nan t ap vann nan ponp 224 goud, 179 goud pou gazòy la epi 173 goud pou kerozèn nan. Lè sa a barik petròl la te 67, 87 dola ameriken. Galon an nan moman an sou le plan entènasyonal t ap vann 2 dola 47. An jwen leta lè yo fin vann ti lega de maj yo donk mete tout taks sou li leta te pèdu 84 goud sou galon gazolin nan si yo t ap konsidere pri baril la ap vann sou mache entènasyonal la. E sa l vin bay nan galon an pou n ta ajuste pri a sou mache lokal la nou ta pral oblije vann galon gaz la 309 goud gras a subvansyon leta a, gaz la te oblije rete 224 goud an jwiyè an tantativ pou te ogmante pri gaz la nou konnen kijan struktu de pri a te ye sa vin fè ke de mwa jwen a kounyeya lè pri petwòl la kòmanse chute sou mache entènasyonal la li vini kounyeya 46 dola sou mache entènasyonal la. Nòmalman si leta t ap fè kalkul pri pwodwi yo an depi du fait que li bese, li ta pral vin vann 333 goud, puiske lòt faktè ki detèminan nan fikse pri a se to dechanj lan. E pou kounyeyan, malgre le fait que pri petwòl la, baril la 46 dola sou mache entènasyonal la e ke pri galon te gen tan ap vann 1 dola 88 à l’echelle internationale dola a 77 goud nan moman n ap pale la a, donk lò w gade de zeleman sa yo, bès pri a sou le plan entanasyonal e to dechanj la, sa vin fè pri pwodwi a pou kounyeya lakay nou si leta t ap konsidere de paramèt yo galon gaz la ta dwe vann 288 goud. Leta pèdi toujou, lè pri gaz la ap desann il se trouve que dola a li menm pou kounyeya li a 77 goud. Li ogmante. Sa fè ke bès la pa ka repèkute otomatikman sou pri petwòl la a la pomp ann Ayiti. De 2010 a jodiya 2018, leta subvansyone pri petwòl la a otè de 61 milyar 822 milyon 344 goud e pou kounyeya la a, leta subvansyone pri petwòl la de mas 2010 a jodiya a plus de 61 milyar de goud e aktyèlman leta dwe konpayi petwolye yo 3 milyar 263 milyon 882 mil 510 santim. Tantativ eksplikasyon Edi Jaksonn Aleksi pou ta tante jistifye le fèt ke gouvènman an kenbe pri gaz la nan menm nivo a n ap raple nan semèn sa a, menm youn de sendika te rankontre laprès pou denonse jan lavi a chè e youn ladan yo chanjemeyu te mande gouvènman an bese pri gaz la. Se sèl fason etan done pri gaz la bese sou mache entènasyonal la e sèl fason yo kapab rive pèmèt pèp la rale yon souf paske gaz la nou konnen li transvèsal li touche tout sektè e gen e Duclos Benisoit avèk e manm sendika pa l lan tou ki te denonse lavi chè a e mande mobilizasyon jeneral konsènan sa yo rele pouvwa dacha pèp ayisyen an. Pa gen ankò ditou, ki fonn soukon bè nan solèy te deja trè mizerab k ap asiste sa l te genyen, sa l te ka achte e byen jounen jodiya se bliye sa. Edi Jaksonn Aleksi toujou ki se pòt pawòl gouvènman an nan konferans pou laprès sa a te tou pwofite pale de pwogram asenisman an premye minis te lanse a, ki se dada gouvènman an li te lanse l sou channmas gen anviron twa semèn euh nan sa yo te pale de 2 milyar goud leta ayisyen te genyen pou pwojè sa a men selon sekretè deta a, pòt pawòl gouvènman an, se 36 milyon goud ki ta debloke kote selon li menm chif li bay toujou anviron gen 5 mil moun ki ta jwenn djòb djòb sa yo nou konnen yo rele woywoy se pèp la ki bay yo non menm ki montre se pa jòb de kalite e se pa jòb ki ap dure nan kad pwogwam sa. Sekretè deta kominikasyon an fè konnen pwogwam sa a se yon konpayi prive ki t ap jere l. E se yon eksperyans pilòt e gouvènman ap fè pare yo pou lanse yon pwogwam ki pi gwo nan tout peyi a euh anviron 50 ak 56 mil moun ta dwe travay nan kad pwogwam sa a e nan non gouvènman Moïse Saillant, sekretè deta a swete popilasyon peyi Dayiti a jwaye nowèl kanmèm. N ap koute sekretè deta kominikasyon Edi Jaksonn Aleksi nan konferans pou laprès anvan nwèl kote Valdimir Maurice Ridore te prezan pou radyo kiskeya. Ansanm dispozisyon ki te pran il y a de cela environ 22 jou pou ke lanse dè pwogram dapezman nan peyi a premye minis lan ofisèlman e avèk grand zelokans li te fè yon seremoni sou chann mas pou lanse yon pwogwan asenisman ki antre nan kad yon vaste pwogwam dapezman. Diskisyon e dyalòg avèk pati politik yo antre tou nan kad pwogram apezman politik la. Donk pwogram asenisman ke premye minis lan te anonse an grann ponp lan, li te f on seremoni pou lanse l. Gen yon seremoni ki fèt tou pou fèmen pwogram sa a. Seremoni an te fèt pa twò lontan de sa nan jimnazyòm Vensanaryo Women. Li te koute leta 36 milyon de goud. Te genyen anviwon 5 mil moun ki te jwenn travay nan kad pwogram sa a. Gen yon dokiman ki se rapò sou fason 36 milyon de goud la te itilize. Se yon antrepriz prive, donk te gen yon firm ki gen ekspèrtiz nan domèn nan nou te angaje pou l te fè pwogram nan pou nou. Se te yon eksperyans pilòt pou n te wè kòman sa ka bay. Men pwogram nan fini li kloture. Men nan moman n ap pale la a, gen m te gen dispozisyon ki ap mete pou lanse yon lòt asenisman atravè tout peyi a kote yo pral angaje antre 50 mil e 56 mil moun ki pou travay nan kad pwogram sa a. Alò prezidan repiblik la a travè vwa pa m pou n pwofite di peyi a jwaye nowèl kan mèm. Nou konnen sitiyasyon an difisil sitou sou plan ekonomik e sou plan sosyal nou apèn ap eseye dejele yon kriz politik donk pa gen moun nan peyi a ki kapab kanpe pou di avèk les bras ouverts et le coeur ouvert pou di Joyeux Noël tout court. Donk nou di moun yo menm si sitiyasyon ekonomik lan difisil menm si bagay la rèd Joyeux Noël kanmenm. Donk kanmèm ki sòti nan bouch pòt pawòl gouvènman an ki soti nan bouch li tou li pale de karaktè grandilokan premye minis nan nan okazyon lansman pwogram sa a. Eu vwala se de fason ponp e nou kapab di e daprè Edi Jaksonn Aleksi, premye minis lan te lanse pwogram sa a li di ki fèmen. Donk e yon eksperyans pilòt ak yon kompayi prive euh ben nou wè bon eksperyans li se te eksperyans pilòt se pou wè si w kapab e replike l, elaji l. E byen nou kapab di s on echèk pase pou sitwayen yo ki nan lari a kontrèman a liv gouvènman an pibliye euh ki peze lou yon gwo papa liv e ki bay rapòte tout foto montre kote y ap fè netwayaj nan lari yo jan ke n te di foto se yon enstan li reprezante nan moman an yo te gen dwa t ap fè l la wi euh se te foto sa a ki te la men si w tounen jounen jodiya pou al fè foto la vèy nwèl la m garanti w se pil ak pakèt fatra k ap fè w eksplikasyon. Donk e nou kapab di ab de nwèl nan zòn metwopoliten an se fatra tou patou dayè se krèv kè w ap gade sitiyasyon sa a. Toujou konsènan dosye Petwo Karibe a gen madam Maggie Durce ki direktris jeneral ENFP ki pote yon nòt pou l fè klarifikasyon euh konsènan non l ki site kòm responsab nan leta k ta derefize kolabore ak lakou siperyè dè kont ki ap mennen ankèt sou dosye Petwo Karibe a. Li di dayè li sezi lè se nan laprès avèk sou rezo sosyal yo li aprann gen yon lèt lakou siperyè dè kont ak kontansye administratif e ki pote siyati mesye Volmar. Talè a n te kòche non li e ki lonje dwèt sou li kòm moun nan leta ki kanoe kont ankèt lakou siperyè dè kont lan ap mennen sou pwojè ki te finanse a pati lajan Petwo Karibe a. Madam Durce di nan nòt klarifikasyon sa a : «mwen kwè se yon devwa pou mwen menm pou m pote eklèsisman sa yo e konsènan kontra lekòl pwofesyonèl Piyon an se de li y ap pale. Men sa l di kontra a e se direktris ki te la anvanm nan Madam Margareth Rose Beaulière ki te siyen l e pou e li te angaje pwobableman yon kompayi e pou te egzekite supèviszyon lekòl pwofesyonèl Piyon an se nan dat 15 fevriye 2016» daprè sa l di, «e mwen menm mwen te nonmen nan direksyon INFP nan mwa de mas 2017. Pou fè limye sou dosye lekòl pwofesyonèl Piyon an, etandone lè n ta l chèche nan achiv direksyon jeneral lan nou pa t kapab jwenn enfòmasyon e sou dosye a, mwen te mande kopi e nan euh m te fè demach daprè sa l di euh nan direksyon planifikasyon INFP nan direksyon administrativ ak nan koòdinasyon jeneral ECPINFP pou yo te fè rechèch ki nesesè pou jwenn prèv konsènan kontra INFP te siyen avèk de konpayi ki te egzekite epi sipèvize lekòl pwofesyonèl Piyon an. E demand mwen te fè yo te pèmèt UCPA jwenn kopi kontra direksyon jeneral INFP a te siyen ak konpayi y ap pale a e sa te pèmèt tou jwenn kopi rapò vizit koòdonatè UCPA e sa te pèmèt yo tou jwenn kopi rapò supèvizyon, sa te pèmèt yo tou jwenn kopi swivi konsènan ekipman ke yo te dwe enstale nan lekòl pwofesyonèl piyon an. Tout dokiman sa yo m te pataje yo avèk ministè edukasyon nasyonal e m soumèt yo bay lakou superyè dè kont ak kontansye administratif oubyen bay reprezan yo. INFP te mete a dispozisyon anketè lakou superyè dè kont yo espas e machin pou te pèmèt yo mennen misyon yo e pou pèmèt yo te fè travay yo de fason endepandan. Direksyon jeneral lan te bay anketè yo e kontak te mete yon lyezon ak direktè planifikasyon INFP a e direktè administratif ansanm mete yo an kontak ak direktè finansye INFP a ansanm ak koòdonatè jeneral UCP INFP la ». Se toujou madam Durce k ap pale, direktris jeneral INFP madam Maggie Durce pa t nan peyi a l te ale an misyon an amerik latin li pa t menm la pandan 5 jou kote anketè lakou superyè dè kont yo t ap mennen ankèt yo jiska prezan pa gen ankenn plent ki te depoze anketè sa yo te depoze nan direksyon jeneral lan pou ta di ke te genyen manm nan enstitu a k te derefize kolabore avèk yo an palan de moun ki te konsène yo pou te ba yo enfòmasyon yo te mande. Pandan yon konvèsasyon m te genyen avèk konseye Volmar sou swadizan e kote m ta bloke enfòmasyon yo rapòte nan laprès ak nan rezo sosyo yo, misye te menm parèt etone lè m t ap pale de sa avè l puiske l pa t gen ankenn plent kont kontribusyon INFP te bay. Direktris jeneral INFP a pa t ap ka gen yon enterè pèsonèl menm pou ta fè yo bloke enfòmasyon yo pou lakou superyè dè kont pa ta jwenn yo etandone ke li menm li pa konsène dirèkteman nan sa ki konsène pwojè Piyon an ki te egzekite anvan li menm li te rive nan pòs nan puiske se yon pwojè ki te egzekite nan ane 2016 daprè sa Madam Durce raple. Pandan l ap kontinye, lap poze tèt li kesyon sou sans kanpay denigreman sa a genyen. Direksyon jeneral la redi ankò bò kote direksyon avèk sèvis ki konsène nan kesyon ankèt sa ki ap fèt lan, nesesite pou yo pataje avèk anketè lakou superyè dè kont yo tout dokiman yo kapab bay ki pou pote limyè. Y ap chèche sou dosye Piyon an oubyen tout lòt pwojè anketè yo ta mande enfòmasyon sou yo. Dayè gen yon sirkulèr direksyon jeneral INFP a publiye sou sa konsènan tout e direksyon yo. Direksyon jeneral INFP a reserve tèt li dwa pou l egzije reparasyon nan men tout moun ki te patisipe nan kanpay sa a pou sal non direktris lan. E se Madam Maggie Durce direktris jeneral INFP a ki pote limyè sa yo konsènan euh non l ki site pami enstitisyon k ta derefize kolabore ak lakou superyè dè kont nan kad dosye Petwo Karibe a. Lakou superyè dè kont nou konnen ki g on randevou li bay pèp ayisyen an mwa janvye. Lakou superyè dè kont ki te konnen tout enfòmasyon sou dosye sa yo se atravè yo dayè selon prezidan komisyon etik anti kòrupsyon senatè Yuri Latortue se atravè tout dokiman sa yo te travay men nou konnen majorite senatè yo tèt kale yo te bote an touch lè dosye a te rive devan yo e yo te revoye l nan lakou superyè dè kont on fason pou dosye a te al mouri e se la tou dosye a ta pral resisite paske te gen anpil sitwayen e ki te mobilize e dayè yo pa t anpil fòk nou di sa. Te gen mèt Andre Michel, kèk avoka ki te ramase dosye a epi e piti piti vin gen lòt moun ki vin antre ladann jiskaske l vin pran dimansyon nou konnen an avèk gwo manifestasyon petro challenger yo te fè devan lakou superyè dè kont ak kontansye administratif sou dosye sa a. Toujou sou Radyo Kiskeya, w ap suiv jounal 4è a. N ap prezante depi stidyo Bertrand Pierre-Louis. M ap salye tout entènot yo k ap resevwa m sou 3w.radyokiskeya.com kelkelanswa kote yo ye e tout sa yo tou ki ap resevwa m sou platfòm entelijan yo. Premye kout pye nan aktyalite entènasyonal la ap mennenn nan Washington. S on veritab kawo ki genyen nan mezon blanch ak Donald Trump ki lakòz youn nan pèsonaj yo te konsidere kòm yon kosyon pwofesyonèl ak moral pou gouvènman l lan oblije demisyone. N ap pale de jeneral James Mattis ki te chèf Pentagòn nan yo te konsidere l kòm yon wòk nan sa ki konsène moun ki gen rezon, ki gen larezon e kòm bousòl e kòm stabilite nan mitan euh tanpèt sa a ki se gouvènman ameriken aktyèl la avèk Trump nan tèt li. Le fèt ke jeneral James Mattis oblije demisyone, sekretè defans lan chèf pentagòn nan li te nan pòs sa a depi 2 zan montre ke sitiyasyon an gravman grav. Men pou Donald trump se pa anyen li jwenn yon jan pou l banalize l nan yon tweet li fè konnen jeneral la li te merite pou l te ale pou l te pran retrèt li a laj 68 an e poutan Trump depase 70 lontan. Li pa an retrèt li di se e alòs ke tout moun konnen se pa sa. Se yon veritab souflèt marasa ke jeneral la ba li ak demisyon sa a ki di l p ap aksepte pou misye ap trennen l nan labou jan ke l ap fè sa e ki kanpe tou sou laplas piblik e devan lemond pou dezavwe prezidan e avèk de fason trè furyez konsènan politik entènasyonal prezidan ameriken an ap mennen mwen nan 24è tan apre Trump te fè yon tweet pou l anonse l te retire sòlda ameriken yo nan peyi Siri. Yo rive ranpòte laviktwa kont EI. James Mattis debake nan mezon blanch lan avèk lèt demisyon l nan men l yo di sa ap antre nan antoloji politik fason ke l fè l la li di pwenn vu m sou respè ke nou dwe alye nou yo ak sou nesesite pou nou lusid devan aktè negatif yo e ak konkurans stratejik nou yo se pa la a li soti. S on batay 40 an ke n ap mennen sou pwoblematik sa yo daprè sa jeneral la ekri nan lèt demisyon l nan. Li di pwenn vu l yo e tout obsèvatè ki ap li yo yo klè sou konn dlo kòk ke li pa danse kole ak kalite politik Donald Trump ap mennen. Donk se dènye gout dlo ki fè bokit la chavire a. Li voye li kòm yon pinga bay prezidan ameriken an e l fè l sou laplas piblik paske li di se deriv total kapital jounen jodiya ki genyen nan valè Etazini te enkarne. E poutan li te vini kòm kosyon pwofesyonèl ak moral yon prezidan ki s on tèt mato nan zafè politik sèl prezans jeneral Mattis te pèmèt yo redui tout kalite dezòd Trump ap fè avèk tweet li yo e te garanti tou nan sa ki konsène rapò fondamental istorik politik Etazini nan peyi etranje. Yo te sur ke ak prezans pèsonalite tankou Mattis menm si Trump te di nenpòt bagay te gen garanti sepandan duo a ke yo te rele good cop-bad cop e sanble li pa t kapab kontinye. Tansyon te ogmante nan peryòd eleksyon mi manda a nan mwa oktòb. Trump te deja lese konprann ke jeneral Mattis te an disgras daprè jan l te pale a e l te di misye se yon demokrat li ye lè l t ap tande yon entèvyou li te fè sou Fox News li di retorik li a se retorik demokrat. Donk demisyon sekretè defans lan ki donk chèf Pentagòn nan antre nan kad tout sa Trump ap fè li tabli yon kawo nan mezon blanch lan. Men se nan kawo sa a li kapab dirije e misye poko dijere tou fason pati l lan repibliken pa rive fè gen. Li te espere e fason yo pèdu chanm reprezantan an e an menm tan tou li tradui obsesyon prezidan an pou l rete nan mezon blanch lan pou l reelu nan eleksyon 2020 an. Nan kawo sa a, senatè repibliken Florid la Marco Rubio voye yon pinga bay Trump kont yon seri move desizyon l ap pran ki kapab mete an danje Etazini e ki kapab donmaje rapò l avèk alye l yo e ki ka ranfòse lenmi l yo. Fòk nou di nan kan repibliken an gen anpil moun ki deja enève e ki irite e ki agase ak pozisyon Trump euh le fèt ke misye pran desizyon sa a pou kont li. Yon prezidan yo di ki reprezante yon danje pou l retire militè ameriken yo nan peyi Siri sou pretèks ke yo ta ranpòte laviktwa kont EI, sa ke pwòch alye l yo ki se la France ak Grande Bretagne pa pataje. Mitch McOnnel prezidan sena repibliken, li mande pou yo g on konpreyansyon ki trè klèr nan sa ki konsène kiyès ki zanmi l avèk ènmi l yo lè l konnen daprè sa l di la Russie fè pati de ènmi nou yo. L antre nan kategori sa a e le fèt ke Mattis bay demisyon l nan petèt, selon divès obsèvatè nan Washington sa kapab kontribye pou l louvri je e fè yon pakèt moun jiska prezan ki t ap dòmi reveye pou yo pran konsyans danje prezidans Trump lan reprezante pou Etazini. N ap vini lakay pa nou dabò nan Gonayiv ansyen premye minis Jacques Edouard Alexis li te fè deklarasyon sa a deja nan mikwo enterè piblik li konfirme l li pran retrèt politik li definitif daprè sa l di. Ansyen minis edukasyon an t ap patisipe nan yon konferans deba nan Gonayiv te pwofite kritike epi denonse otorite k ap dirije peyi a jounen jodiya li di ki s on pakèt kowompu k ap lage peyi a nan twou pi fon. Plis detay ak korespondan nou nan wo artibonit lan Josué Jean-Baptiste. Ansyen premye minis Jacques Edouard Alexis anonse retrèt li nan zafè politik peyi an se sa l fè konnen nan yon kout deklarasyon li bay radyo kiskeya sware jedi 20 desanm 2018 lan. Jan politisyen yo ap fè politik anndan peyi a bay ansyen chèf gouvènman an repuyans. Jacques Edouard Alexis pa t mache mo pou kalifye otorite k ap dirije peyi an Jacques Edouard Alexis: “Nou gen tan pa tande mwen m kite politik m fini a politik mwen menm kounyeya m se retrete m retrete mache m ap vin Gonayiv, m ap vin lakay mwen vin pran retrèt mwen a madanm mwen”. Men sa pa anpeche ou di nou ki lekti ou fè de kriz politik peyi a. “E byen kriz politik peyi a peyi a ap efondre nan men nou puiske se yon bann e se yon ekip de vòlè ki pran pouvwa nan peyi a donk se sa k rive wi nan peyi a”. W ap pale dirjan aktyèl yo absoluman kilès ladan yo, Jovenèl Moïse atansyon atansyon non non mwen menm m ale, m ale se volè sa vle di ou pran retrèt ou nan politik m pran retrèt mwen. Ansyen premye minis, ansyen minis edukasyon nasyonal Jacques Edouard Alexis se te twazyèm e dènye entèvenan nan seri konferans deba ki òganize pa kolèj ebenezè pou make 46èm an egzistans kolèj la. Ansyen premye minis lan Jacques Edouard Alexis sou relasyon, edikasyon ak devlopman Gonayiv, Josué Jean-Baptiste Kiskeya. LPP: Mèsi toujou an pwovens nou prale nan Plato Santral Pascal Derelus se non yon jèn gason 22 lane ki pèdu lavi l nan 12 desanm. Men daprè ankèt lan yo rive jwenn se papa l e Lucson Marcelus e ki ta touye l. Non daprè sa yo fè konnen non papa l se Sena Derelus alò se jij lan e Marcson Lucson Marcelus ki fè konn sa ki ta ba li yon kou ak yon fè e ki apre sa ta jete kadav lan euh epi klouwe l nan yon twalèt e lapolis ap chèche l pou yo arete l daprè sa korespondan nou James Thomas fè n konnen. James Thomas: Pascal Derelus se non yon jèn gason 22 lane papa l Sena Derelus touye ak yon kout lam resò, trennen kadav la lage l nan yon twou twalèt ki t ap sèvi déjà. Answit konble fòs la ak tè. Tou sa pase nan yon lokalite Favrèl seksyon Sarazen komun Mirebalais nan dat mèrkredi 12 desanm 2018 ki sot pase a men se ayè jedi lapolis mete men sou akize a sou lòd jij de pè komun nan, mèt Lucson Marcelus ki t al sou lye aksyon an pou konsta. Mèt Lucson Marcelus se jij de pè prensipal mirebalais Mèt Lucson Marcelus: Alò dans la nuit du mardi 11 et du mercredi 12 gen yon sèten de Derelus Sena ki gen yon pitit li ki rele Pascal Derelus. Li gen lè te vann li yon tèren men Pascal Derelus ki aje de 22 zan e ke manman l mouri, k ap viv du kote de Mayisad. Li sòti Mayisad paske l te di papa l l ap vin chèche kòb la nan men l e ke l p ap achte tè a ankò. Sètensi ke se papa l avèk Pascal k ap dòmi nan yon chanm kay epi pandan Pascal ap dòmi, Derelus Sena tuye Pascal selon denonsyatè a ke m gade m pou m pa revele non li. Li lage Pascal Derelus nan yon twalèt ki te nan lakou a, epi l tou bouche twalèt la. Ak kisa li bouche twalèt la? Li bouche twalèt la avèk tè ki te fouye twalèt la. Donk Sena Derelus kounyeya la a, mwen tande li li mennen m sou lye kote li fè krim nan. James Thomas: Donk li fè ave? Mèt Lucson Marcelus: Li fè ave, li di m ke men kòman ke l fè sa e l mennen m kote ke li lage kò jèn gason sa a. Yon chemiz manch long wouj, yon pantalon djinz ble, pye atè ak yon menòt nan bra l, Sena Derelus dakò se li menm ki tiye pitit gason l Pascal Derelus, 22 lane ak yon kout lam resò bò kou pandan l t ap dòmi. James Thomas: Akize a di e n ap site “mwen te vann li yon moso tè pou 25 mil goud. Pascal di m li pa vle tè a ankò pou m remèt li lajan l si m pa fè sa l ap touye m. Mwen m touye l avan”. Yon deklarasyon ki te soulve kòlè popilasyon lokalite a men vijilans lapolis te pèmèt yo te gen tan chape pou l yo ak akize a, mete l dèyè bawo. James Thomas, Mirebalais, Radyo Kiskeya. LPP: Wwala, se terib w ap tande sa k ap pase euh yon papa ki tuye pitit li epi Bondye se terib terib e se te korespondan nou James Thomas e e li lage l nan yon latrin. Nou prale nan nòdwès nan yon konferans pou laprès yè pòt pawòl lapolis nan depatman enspèktè Lionel Joseph pale de divès mezi direksyon polis nan nòdwès e konte e konte pran nan okazyon fèt finisman lane a. Li fè konnen yo gen yon plan stratejik pou asire sekirite popilasyon an nan okazyon fèt finisman lane a epi pou rive kenbe yon klima lapè nan tout depatman yo euh plis detay ak St-Jean Wiskis. St-Jean Wiskis: Endividi yo pa rive idantifye touye ak zam Raymond Marcelus yon kanbiz 39 lanne bò 4è ayè mèkredi 19 desanm 2018 la nan vil Pò de Pè lokalite Dewoulen nan moman l t ap antre lakay li aprè yo pati ak valiz li. Prensip ke direksyon depatemantal la vize premyèman se asume l ke peryòd fen dane sa a ka rete entak, estab jan l te ye pou ane a fasilite tout moun pou yo kapab sirkule san ezitasyon. 3 se veye a strik obèvasyon tout moun ki yo kapab sispèk ki kapab genyen entansyon pou twouble lapè kòm dè bandi, dè fwotè de twoub pote yon atansyon nou di soutnu sou sirkulasyon paske nou konnen ke peryòd sa a se peryòd kote moun pral bwè gwòg e genyen anpil bagay e ki ka rive aksidan grav aksidan sirkulasyon. Sè ke ap genyen yon vizibilite polisyèr pou nivo de karaktè vil lan genyen pou k ab pèmèt tout moun vake libreman a aktivite. Kontwole de manyè sere tout aktivite premyèman nou gen estrateji de prevansyon ke nou mete se tchèkpwent ki pral genyen gen patwouy prevantiv ki ap mobil m otorize … kontwòl dè veyikul, genyen fouy dè polisye sou dè pèsòn sispèk, pèkizisyon dè domisil paske genyen gen dè bandi k ap kite zòn kote yo te ye y ap chèche zòn ki gen lapè pou yo kontinye fè zak ke yo t ap fè yo ki fè lapolis avèk lajistis ap gen posibilite pou pèkizisyone kay moun sa a ke pa egzanp ni bandi, ni moun ki bay moun sa yo lojman. Genyen dòdinè kazèk avèk azèk ki konn di ke lapolis pa asiste yo pandan fèt de fen dane yo paseke yo lese pou kont … nan plan daktivite sa a ke n genyen nan plan ke nou mete nan plan an de strateji ke nou mete pou fen dane a. Li enstwi tout responsab komisarya e sou komisarya yo pou ke yo genyen kontak avèk kazèk, azèk ki nan lokalite ki depann de you menm poukisa pou k ab pèmèt ke chak baay k ap pase yo ke yo gen tan genyen enfòmasyon yo atan pou ke yo reponn a obligasyon ke yo dwe popilasyon an. Sètadi si gen dè moun ki ap poze dè zak o nivo de zòn yo pou yo entèveni le pli rapidman posib. Pandan se pòt pawòl polis nan nòdwès Lionel Joseph epi nan Nip koòdinasyon òganizasyon rejyon Nip lan yo rele Korenip pa kache enkyetid li konsènan e eske vrèman ap g on pwosè Petro Karibe responsab Korenip lan Pierre Philogène fè konnen li pa wè pouvwa an plas la genyen volonte pou pwosè sa a rive fèt e mande popilasyon an kontinye mobilize pou egzije limyè fèt sou dosye Petro Karibe a. Louisjeune Jocelin pou plis detay. Louisjeune Jocelin: Responsab a koòdinasyon òganizasyon rejyon pa Korenip Pierre Philogène eksprime anpil dout li genyen sou yon vrè pwosè sou dosye lajan Petro Karibe a. Dirijan òganizasyon rejyonal la fè konnen li pa wè twòp volonte bò kote otorite an plas yo pou yo rive fè pwosè sou lajan Petwo Karibe a mande popilasyon an pou yo rete mobilize pou fòse otorite yo fè yon vrè pwosè sou lajan Petro Karibe a. Mesye Philogène ki rekonèt sitiyasyon pèp la trè kritik, swete popilasyon an louvri je li, mare senti li pou fòse otorite yo fè yon vrè pwosè k ap nan enterè popilasyon ayisyèn nan. Pierre Philogène: Veritab pwosè a se pèp la k pou egzije l e pou pèp la egzije l se nan lari a pou l egzije l donk pa gen a sòti de la. Si w bezwen yon bon pwosè Petro Karibe ki fèt se pou moun yo mare senti yo. Nou konnen sitiyasyon an difisil nou konnen sitiyasyon an konplike paske moun yo lè yo sòti yon jou nan lari a yo pa ka fè de jou donk yo pa gen rezistans ki pou pèmèt yo kenbe yon sètènn konstans nan lari a men si nou vle jwenn rezilta moun yo ke yo mare senti yo ke yo mete pantanlon yo nan tay yo fòk yo reziye yo pou yo mennen batay la pou egzije pou egzije limyè fèt sou fon Petro Karibe a. Dirijan òganizasyon rejyon Nip lan montre kè kase ki genyen si sitiyasyon sosyo ekonomik peyi an kote selon mesye Philogène anpil moun nan popilasyon ayisyèn nan pa rewè avni yo nan yon ekip k ap dirije peyi a. Depi Miragoane MetropoNip Louisjeune Jocelin, Radyo Kiskeya. LPP: Wi nou prale Tigwav 19 moun kondane gen 6 lòt ki lage se bilan asiz kriminèl asistan juri ki te fèt nan Tigwav k ap rive 21 desanm nan e dwayen tribunal premye enstans Tigwav la e jij Fritzner Duclair fè konnen tribunal la te trete 24 ka e daprè sa li presize, pi plis ladan yo se ka kadejak pami yo yon jèn gason 18 lane ki jwenn kondanasyon l pou l pase 15 zan nan prizon pou vyòl. Plis detay ak korespondant nou nan Tigwav Renée Innocent Desgrange. Renée Innocent Desgrange: Dwayen AU tribunal premyè enstans Tigwav lan mèt Fritzner Duclair prezante bay laprès bilan sesyon asiz kriminèl san asistans juri ki t ap dewoule nan jiridiksyon an depi 4 pou rive 21 desanm 2018 la. 19 moun jwenn kondanasyon yo, 6 lèzot libere. Dwayen an fè konnen tribinal la t ap tande 24 ka, anpil ladan yo se ka vyòl. Ermilio Wilkinson St-Cyr, 18 lane, kondane pou l pase 15 zan nan prizon paske l te vyole yon fiyèt 13 lane. Jijman k rann deja genyen 25, gen 19 moun ki kondane, gen 6 moun ki lage … se 15 zan, s on sèten Wilkinson St-Cyr ki .. agresyon seksyèl sou yon mineur … donk se pi gwo pèn ki gen la a. Se yon sitwayen yo kondane a 15 zan prizon paske l te fè agresyon seksyèl sou yon minè de mwen de 15 zan. Asiz la dewoule trè byen, pa gen twò twò gwo pwoblèm. Sèlman nan kèk sitiyasyon, temwen konn pa vini, odyans la konn sispann pou reprann li nan yon lòt jou, nan yon lòt odyans. Dwayen pou yon ti bout tan an, mèt Fritzner Duclair, fè konnen tribunal la ap konnen yon pwoblèm mwayen dènye jou sa yo ki lakòz jijman gwoup moun baz wot tansyon yo pa ka rive fèt. Men li fè konnen li deja sezi konsèy siperyè pouvwa judisyè a CSPJ, se jus nan lide pou fasilite jijman moun sa yo ki gen gwo akizasyon k ap peze lou sou do yo. René Innocent Desgrange, Tigwav, Radyo Kiskeya. LPP: Mèsi. Nan zile Lagonav, koòdonatè asosiyason jèn gonavyen pou amelyore lavi timoun yo e pi defann dwa moun Lagonav, Amilcar Blanc, kritike pouvwa a li di k pa vire gade moun k ap viv nan zile a pandan finisman lane a. E plis detay ak Jean Preston Toussaint. Jean Preston Toussaint: Koòdonatè asosiyason jèn gonavyen pou ameliorasyon lavi timoun ak defans dwa yo … mesye Almica Blanc, mande otorite ayisyèn yo jiskilè y ap sispann trete moun Lagonav an paran pòv. Koòdonatè a … la fè konnen tout sa ki antre nan peyi a moun Lagonav pajanm benefisye anyen. Pi lwen mesye Amilca kesyone otorite yo poukisa menm ti lajan asenisman sa a pa ka rive Lagonav? Konsa anpil malere ta pase nwèl la nan kè kontan e yo ta bwè yon ti soup pou premye janvye 2019 la. Mesye Almica Blanc: Nou menm Lagonav èske n pa moun ? Nou pa remake menm on ekip ki vin travay sou zile a … fatra. Èske nou menm nou pa fè pati peyi a ? Èske nou menm tou nou pa t vote prezidan Jovnèl Moyiz? Èske moun Lagonav pa egziste nan rès peyi a? Sa ke m remake chak mesye yo bezwen pouvwa, yo kite lòt bò, vin isi, vin ba nou bèl pwomès y ap fè sesi y ap fè sela. E nou pa janm gen anyen ki vini pou nou. Èske se asosiyasyon de baz ki pa genyen nan Lagonav? Èske se majistra azèk, kazèk, delege de vil yo, azèk yo yo pa fè konfyans ki fè ke nou pa menm gen yon ekip sa a. Nou vini nan mikwo laprès pou nou denonse l, pou nou di ke sa a li pa bon. Fòk yo sispann trete Lagonav an paran pòv. Nou menm tou lè bagay ap bay o mwen Lagonav sipoze jwenn pati pa l la. Men nan rezon sa a, n ap mande prezidan an èske se paske l pa fè ka de Lagonav? Paske jodiya la a ke w vle ke w pa vle, Lagonav an matyè elektoral, li reprezante on gwo e on pakèt bagay … mande tout gonavyen konsekan kelkeswa kote yo ye li lè li tan pou yo reyini pou nou bay Lagonav yon lòt direksyon paske otorite ayisyèn yo pa bezwen zile Lagonav. Konsa tou nou menm jenerasyon sa a, nou pa dwe kite zile a peri. Jean Preston Toussaint, Lagonav, Radyo Kiskeya. LPP: Mèsi. N ap toujou rete nan zile a. Fwa sa a, kire pawas sent Izidor Ansagalè a, pè Dieudonne Jean Marceau ki anonse kalandriye sèvis spirityèl sòti 23 desanm pou rive 6 janvye 2019 nan pawas li pè. Jean Marceau envite tout e pawasyen yo, tout pèleren yo vin patisipe e nan yon mès ki ap fèt nan legliz la. Jean Preston Toussaint pou plis detay. Jean Preston Toussaint: Kire pawas sent Izidor Ansagalè a, pè Dieudonne Jean Marceau, fè konnen nwèl la se lanmou, lajwa men yo menm nan pawas Sent Izidò a, y ap fete nwèl la espirityèlman. Y ap kòmanse fete Sent Izidò sòti 23 desanm pou rive 6 janvye 2019 la. Pa konsekan, pè Jean Marceau envite tout pèleren jwenn avèk yo nan sèvis sa yo. Pè Jean Marceau: Depi 23 desanm pou rive 6 janvye, gen bèl preparasyon spirityèl k ap fèt jan w kapab wè pwogram nan. Donk 23, nou gen lamès a 6 zè edmi nan maten donk avèk yon gwoup k ap anime, se gwoup Espwa Lavi. Epi 24 nan aprè midi, nan aswè byen nantandu, n ap gen aktivite, bèl aktivite legliz la. Tout moun envite, tout fidèl Lagonav yo envite kèk moun ki lòt bò lamè k ap vini tou. Tout envite se gran koral la ki ap anime selebrasyon an, e 25 nan lajounen ap gen mès. Tout fwa, pè Dieudonne Jean Marceau di lontan legliz katolik te gen bon jan rapò ak leta ayisyen pou legliz pa foure bouch nan dezòd. Y ap fè leta ayisyen koupe fache ak legliz katolik, sa ki lakòz lè moun yo debake, pa bann, pa pakèt devan presbitè legliz katolik yo, pè yo pa ka resevwa moun yo jan yo ta dwe resevwa yo a. Jean Preston Toussaint, Lagonav, Radyo Kiskeya. Legliz katolik toujou gen rapò privilejye ak leta ayisyen k te siyen konkòrda avè l e tout tan prezidan an toujou al pran tedeyòm nan legliz katolik. An palan de legliz katolik, yon panse spesyal pou fanmi pè Simoli nou konnen yo te asasinen l e te 21 desanm 2017, sa fè egzakteman 1 an. E nou konnen te genyen yon kòmansman mobilizasyon nan legliz katolik lan e fanmi pè Simoli te mobilize. Men apre sa malgre tout deklarasyon ki te fèt, pajanm gen e ankèt la pajanm avanse, pa gen ankenn detay ki bay malgre l te anonse te gen arestasyon ki te fèt dosye a rete konsa pèsonn pa tande pale de li. Donk jodiya fè 1 an depi yo te asasine pè Simonli Joseph. Se te nan komun Petyonvil la, zòn yo rele Marie-Therese nan zòn wout frè e menm enfòmasyon ki te bay yo pa t janm rive verifye si se te labank li te sòti ou si se te yon atanta kote pè a te dirèkteman vize. Fanmi l euh te trè souke anba pèt sa a, e nou sonje gen nan frè l yo k te fè plizyè soti nan laprès pou te denonse leta e ki pa t fè ankenn efò e pou te rive met men sou moun ki te fè krim nan. E legliz katolik te pran angajman pou yo pa t janm abandone dosye sa a. Jisteman, n ap toujou rete nan legliz katolik la. Gen konferans ayisyèn dè relijye ak relijyez CHR ki te yon referans nan ane 80 yo nan peyi Dayiti nan sa ki konsène pozisyon politik e entèlektyèl sou sitiyasyon peyi an. Men depi kèk tan e konferans lan e kriz lan sanble l te souke l tou ki ap souke tout enstitisyon nan peyi a. Men depi kèlke tan y ap eseye reparèt nan aktyalite a e analize sitiyasyon yo e se konsa yo parèt yon deklarasyon k pote dat 18 desanm pou tout frè ak sè yo. Yo di yo tout yo konsakre nan Jezukri pou tout pèp Bondye a. Tout moun konsekan, gason kou fi e sa fè 3 semèn deja poutan bèl peyi nou an ap kontinye ap antre pi fon nan mizè total an tan vyolans ap vale teren nan tout kwen. E nou menm kretyen katolik yo nou antre nan lavan an, ki se yon tan lesperans ak preparasyon an tan n ap tann gran mèt lan k ap pote lapè pou nou. Liberasyon ak justis nou swaf la. Lavan an se tan kote tout lapriyè e pi nou dwe rete ap veye ak vijilans. Rete doubout gran mèt lan di nou, epi priye toutan, Luk 21 vèsè 36. Se yon tan favè kote tout fas tè a envite nou tann epi akeyi sa k ap vin tou nèf la nan mitan nou. Nan tan sa a ak nan sezon sa a, n ap viv kounye la a, nou tande rèl granmèt lan k ap di nou tout ravin pral konble, tout gwo mòn ak tout ti mòn pral kraze. Wout kwochi pral vin dwat, wout wòch yo pral plat e se sa ki vivan sou latè ap wè sovè a. Tout sa yo ki vivan e se Luk 3 vèsè 4 antan n ap rete ap veye nan lapriyè nou menm konsakre ann Ayiti nou vle di yon lòt fwa jan nou solidè jis an rasin ak pèp ayisyen an k ap viv depi pase 200 lane, epi l ap tann yon lavi miyò e li toujou ap goumen pou li kapab jwenn yon kote diy pou li rete, pou li ka jwenn bon jan laswenyaj, bon jan ledukasyon adapte epi ekitab pou li jwenn an plis tout sa yon moun bezwen pou li viv tankou moun tout bon. Jan evèk peyi Dayiti yo sot di l nan dènye mesaj yo a, nou se temwen vivan tout jefò ak volonte pèp ayisyen an pou li pran responsabilite lavi l antan l ap viv, l ap suiv Kris lan epi nou kontinye pran angajman nou pou nou mache ak li sou wout pou nou realize sak pou tout moun zannana kou pengwen. Se vre n ap prepare nou nan angajman lapriyè ak penitans pou nou sonje nesans sovè a. Se toujou konferans ayisyèn relijye k ap pale, tankou konsa ke nou vle reponn yon fason reyèl apèl pap Franswa ki mande nou pran wout konvèsyon an. Wout konvèsyon an dwe manifeste san foub nan chanjman mantalite ki dwe mennen nou nan yon lòt sistèm ledukasyon k ap chita sou valè kretyèn yo ak sou renmen peyi n. Yon lòt Ayiti posib si chak ayisyen rive kapab pran epi asume responsabilite yo kòm sitwayen san kase fèy kouvri sa pou yon Ayiti miyò. E se pou sa antan n ap antre nan fondman konvèsyon an, nou menm konsakre nan peyi Dayiti nan lokazyon fèt nwèl la nou di ak tout fòs nou, non nou pa dakò ak enpinite, gaspiyaj san wont lan, enjustis, manti, korupsyon nan tout kwen vyolans ki sanble tounen nòmal. Divizyon epi jenès nou an pa merite tout mepri sa yo l ap subi jounen jodiya. Nou di wi epi nou afime yon lòt fwa nou vle justis nou vle pou responsab yo byen jere byen ak resous peyi a. Nou vle transparans, lapè, antant, armoni, dyalòg onèt akonpanye jenès la. Nou vle jijman Petro Karibe a e nou di wi pou laverite fèt epi pou lavi boujonnen. Kòm konsakre, manm konferans relijye ayisyen CHR tankou manman Mari, nou toujou louvri zòrèy kè nou pou n tande rèl sa a ki se rèl, rèl sa k pi pòv yo, sa ki imilye yo, sa yo ki toujou meprize nan tout istwa yo. Se pou yo nou la a e se avèk yo nou travay nan kote ki pi difisil e pafwa nan moman ki pi difisil yo. WD 1:00:01 Se pou sa nan eksperyans bay tèt nou, nou fè chak jou nan mitan pèp lan, jan Bondyeu te vin fè l la e viv nan mitan nou pou li te ban nou lavi. Nou menm tou, nou deside ane sa a fè pèp nou kado sa ki pi plus, gen plus valè pou nou. Jou ki vandredi ventuit desanm nan, nou prale nan Lakwa Wouj pou nou bay san nou. Pou nou sove lavi ak anpil frè n ak sèu nou ki nan situyasyon difisil devan danje lanmò. Se fason sa a nou menm nou vle temwanye solidarite nou ak frè nou yo, ak sèu nou yo. Pi espesyalman sa yo ki imilye, blese, sa yo ki pi fèb. Sa yo ki pa gen ni rele ni reponn. Sa yo yo pajanm konprann pou yo ka gen lavi tout bon nan respè. Se pou manman Mari, manman Pèpetuèl Seukou, manman lesperans lan kontinue mache ak nou nan pasyans sou chimen verite a. Justis la ak kè kontan an anndan e konsa ansanm, tankou yon sèul pèp, yon sèul fanmi, n ap kaba akeuyi liberasyon total la sèul grenn pitit li a pote pou nou an, Sovèu nou an, Jezu Kri. Yo fini pou yo di jwaye nowèl deu mil dizuit, bòn, sent e eureuz ane deu mil diznèuf. Pou konferans ayisyen reulijyeu ak reulijyeuz yo, kiyès ki siyen? Se pè Erik Jasmen, CSCS prezidan, Sèur Lourd Tousen SSJ vis prezidant, pè Sen Feliks Deuni, SJ, konseye, Sèur Rozmari Sezar, FDM konseyèr, Frè Jozèf N Way Wa Koulou, CFX, konseye, Sèur Mari Fernanj Blan, FMRI, konseyèr, Pèr Jilbèr Pèltwòp, CSSR, sekretè jeneral, Sèur Àn Wouksèl, FJ, sekretè jeneral adjwent. Vwala, se mesaj konferans ayisyen relijyeu ak relijyeuz yo e CHR nan okazyon fèt finisman ane a. Mobilizasyon pou pwosè petwokaribe a e petwochallenger yo reutante, reulanse mobilizasyon an e depui yè gen yon gwoup jèun etudyan ki mele ak pwofesyonèl, ki enstale yo devan lakou superyè dèkont ak kontansyeu administratif pou mande ki kote lajan petwokaribe a pase. Potestatè yo ki lanse yon lòt mouvman, apre yon bon tan nou pa t tande bale de dosye sa a e yo fè konnen yo p ap dòmi. Yo di y ap kontinue mobilize pou yo ka jwenn yon pwosè, pwosè petwokaribe a. Djin Bèltis, youn nan inisyatè mouvman an fè konnen pandan mouvman sa a, y ap fè ekspozisyon foto, pwojte fim, y ap fè konferans deba e y ap mobilize. Nan yon entèvansyon li te fè apremidi an nan Radyo Kiskeya, n ap tande Djim Bèltis ki fè konnen mouvman sa a pa gen anyen pou l wè ak mouvman ki rele mouvman katon wouj. M pa kwè se jilè wouj non, katon wouj ki ap mande lajan petwokaribe a tou. E n ap koute Djim Bèltis, nan mikwo Ketya Jan Pyèr Telòr. Djim Bèltis: Wi nou deuvan lakou superyè dèkont e depui yèr nan maten a setèur e jan nou te di l la nou t ap fè tout jounen an e nou kite deuvan kou superyèu dèkont lan yè bon maten an la a a minui kèlkeu minut apre nou te fin bat yon gwo tenèb. E pandan tout jounen an la a nou te fè aktivite netwayaj sou tout bagay men nou te jwenn blokaj onivo deu lapolis ki pa t ba nou notifikasyon epi vin koz nou pa ka plase ni stang nou, ni son epi pou n te mete tant yo. Nou te rive enstale kèk chèz yèr e keu lapolis te mande nou pou n te retie yo. Bon nou pa ta pral nan okenn lojik altèrkasyon avèk lapolis. Finalman vè senkèu nou te leuve tant yo, men nou te rete okupe laru a juska minui e kèlkeu minut. Kote nou te gen yon pwojeksyon ki te fèt sou fasad lakou superyèu dèkont lan. Sou kout kòb petwokaribe a. Bon maten an la a anpil demach fèt pou nou rive jwenn notifikasyon lapolis la. E finalman gras a on avoka, on supò avoka Karlo Jèmen epui nou rive jwenn on notifiksasyon. Donk pandan jounen an la a, n ap moute stang nou, son nou gen tan la, jeneratris nou gen tan la. Donk nou pral lage aktivite nou de plein fouet, n ap gen priz de pawòl publik, deba sou petwokaribe, n ap gen deba sou budjè a, deba sou dènye skandal dèmalòg la e n ap gen pwojeksyon film. N ap gen aktivite kulturèl. Gen anpil atis k ap defile e deumen se prèskeu menm bagay la tout jounen tout nannuit. Donk s on pèmanans pou nou fòse leta fè pwosè petwokaribe a e di nasyon an ki kote e ki moun ki pran lajan petwokaribe a ki gagote l panan keu pèp la li menm l ap viv nan on situyasyon ekstrèmeuman difisil e keu nou gade nan dènye budjè a la nèg yo pa reutire yon yota sou privilèj yo pandan keu y ap ogmante taks, y ap ogmante enpo epi y ap y ap depliye on seri de taks pou moun peye. Donk nou panse keu se situyasyon ki ensoutnab. Populasyon an pa ka supòte l, donk nou gen enterè pou tout moun pran laru. N ap tann tout moun deuvan kou superyè dèkont pandan jounen an pou nou fè deu jou deu nuit sa yo on reyusit total. Ketya Jan Pyèr Telòr: Poukisa devan lakou superyè dèkont? Djimi Bèltis: Bon Lakou Superyè dèkont, premyèman fòk nou raple se la mouvman petwochalenge lan li menm li te premye pran fòm ni ak sitin nan laru. Nou sonje e gwo sitin ki te fèt vennkat out la, se la li te fèt. Li se yon espas senbolik pou mouvman pou mande kont sou lajan petwokaribe a. On (inodib) deu pasaj pou leta sa a transfòme tèt li, pou l suspann on leta k ap bay kèk moun sèvis men pou l transfòme tèt an yon leta k ap bay populasyon an sèvis. LPP: Djim Bèltis, alò fòk nou di gen evolusyon nan dosye a. Li te pale a midi nan mikwo Ketya Jan Pyèr Telòr nan telefòn men nou te ale sou teren an tou A midi egzakteuman, pwotestatèu yo te bat tenèb pandan yon bon bout tan pou yo montre egzakteuman yo pa dakò ak rejim ki sou pouvwa a. Daprè deklarasyon kèk nan yo te fè. Yo pale deu Jovnèl Moyiz ki nan tèt peyi a yo di ki fè pati deu moun ki tranpe nan dosye petwokaribe a. Li pa kapab an menm tan li gen dosye epi se limenm ki ta pral vin vay justis. E se pouvwa a yo di e ki eu li reprezante pouvwa a donk li p ap kapab bay dapre sa yo fè konnen, justis. Yo te pale konsa nan mikwo Amòs Brevil. E kèk nan pwotestatèu yo, jeneralman yo rele yo petwo challenger ki twouve yo nan zòn lakou superyè dèkont. N ap tande: Manifestan: Yon situasyon ki rive nan kondisyon sa a nan swa dizan sa yo rele fèt nwèl. Pandan keu g on pakèt moun ki pa ka manje tandi keu te g on lajan k te la pou te envesti nan agrikiltu pou reutire moun nan grangou. Nèg sa yo pran lajan an, yo gagote epi nou menm populasyon an ki pran laru k ap mande fè pwosè petwokaribe, yo touye nou. Jan yo fè masak Lasalin. Yo fè on pakèt mechanste sou populasyon an. Tandike, se premye peyi n ap gade pèp pran lari pou mande arete vòlè tandike se pèp la yo pran, yo arete, yo mete nan prizon. Lakou Superyè dèkont ki la, ki bezwen on ansanm deu dokuman pou fè pwosè petwokaribe a yo pajanm voye l ba li. Jodiya nou vin deuvan Lakou Superyè Dèkont, nou vin fè bwi nan tèt yo, jukaskeu pou yo fè pwosè petwokaribe. Entèvenan: Gen moun ki panse Jovnèl Moyiz pa konpetan ase pou l fè pwosè petwokaribe a? Ki pozisyon w sou pwen sa a? Manifestan: Nou menm nou p ap fè on batay kont moun, kont on endividi. N ap f on batay kont on sistèm. Kidonk Jovnèl Moyiz se reuprezantan sistèm nan pou leu moman. Kidonk nou wè, si n ap mennen on batay kont vòlè se pa on vòle pou n kite k al fè pwosè a. Se poutèt sa nou menm nou di pou nou menm nou wè li p ap posib avèk prezidan Jovnèl Moyiz pou pwosè petwokaribe a. Entèvenan: Kòm ou wè ou t ap bat tenèb tou, nou devan Lakou Supery Dèkont, kisa n ap mande egzakteuman? Manifestan: Bon nou menm se vòlè n ap mande pou yo mare, se kont n ap mande sou twa pwen ui milya dola ki gaspiye. E n ap di nèg yo nou p ap jwe fwa sa a. Se sou beton an n ap mande kot lajan petwokaribe a? Entèvenan: Petwo kisa n ap mande la a? Petwo… Manifestan: Petwokaribe Justis nou bezwen. Pou mare tout nèg ki achte kay, ki peye lajan Ozetazini pou kay ki te gen ta prèske pèdu. (Mhn) Nou menm nou di mare nèg sa yo e nou p ap dòmi. Nou p ap dòmi. Nan lojik sa a n ap di mare. Nou pa bezwen konnen si madan prezidan an te enplike se mare tout moun. S on bagay ki trè senp. On nèg se kowupsyon ki nome w, ki mete w prezidan. Malgre nou ta kab di pa sufraj univèsèl men s on bagay kòman m ka di, ki pwograme. S on eleksyon keu yo vòlè pa gen pwosè w ka fè pou antivòlè. E nou p ap met dlo nan bouch nou. Fò l bay tèt peyi a pou pwosè a kapab fèt. W ap gade leta gen pwoblèm avèk leta. Sa vle di se deu leta sa a pou nou debarase nou, sistèm pouri sa a. LPP: Vwala! Se kèk nan manifestan yo, moun k ap manifeste yo, de nan zòn Lakou Superyè Dèkont. Etudyan INAGHEI te bloke bò kote pa yo jounen jodiya laru an pou egzije leta fè pwosè petwokaribe a. Etudyan sa yo fè konnen yo pa pral nan okenn pwogram atè plat ni nan kredi jan gouvènman sa a ap fè l la. Se pwosè petwokaribe a yo ap tann. Alen Jewòm ki t ap pale nan non etidyan INAGHEI yo kritike pwogram asenisman gouvènman an te mete sou pye. E seulon yo menm se gagote yo sot gagote yon lòt fwa ankò, lajan ki te ka envesti nan yon lòt seri deu sektè e aktivite ki te kapab bay pi bon rezilta. N ap tande etudyan Alen Jewòm ki te pale konsa toujou nan mikwo Amòs Brevis, se yon etidyan INAGHEI. Alen Jewòm: Yo pa gen oken, nèg yo pa gen okenn objektif nan zafè lajan. E pou etudyan an swa yo fè n konprann nou se avni peyi a, nou pa nan enterè nèg yo. Nèg yo, nèg yo pa konsidere nou. Donk nou deside pou n pran lari pou n mande yon bon kondisyon pou n viv, pou n etudye e pou nèg yo byen envesti oubyen enjekte lajan peyi a nan deu sektèu ke yo idantifye se deu sektèu d’activité pou nou envesti ladan n pou peyi a ka ale myeu. Men sa y ap fè a la a li pa ka ede peyi a nan anyen. E lè nou fin fè twazèdtan chita, inè w ap suiv on kou. Nòmalman fò w ta ka pou w ta byen asimile kou a ap fè dezèdtan w ap fè rechèch. Menn lè n pa gen on bon sant deu rechèch. Pa gen on bon budjè kòman w vle pou n suiv kou nan ka sa a? Kòman w panse n ka suiv kou? Non n pa nan suiv kou. Tout aktivite ap fèt nòmal men nou menm etudyan nou pa nan suiv pou paskeu kondisyon yo pa reyini pou n suiv kou. Alen Jewòm. Nou menm nou se MED, Mouvman Etudyan pou yon lòt Demen. Nou nan laru an depi yè. N ap revandike on senp bagay. Donk premyèman se kisa l ye? Se dosye petwokaribe an. Nou kwè sa fè lontan nèg yo fèmen bouch sou li. Yo pa te di anyen. Kòm kwa dire pèp la pa ta bezwen konn kote kòb taks li a pase. Gen dola senkent nèg yo ap pran sou frè transfè depui sou Mateli pou rive juska jounen jodiya poko janm gen on lwa ki vote ki di men poukisa y ap pran kòb sa a. E lè nou konnen leta tout desizyon l ap pran nòmalman l ta supoze apuye l pa yon lwa. E nan sa ki gen rapò pou wè avèk kòb, yon lwa budjetè menm ki fèt pou sa. Nou wè nèg yo pajanm di anyen sou sa. Gen kesyon goud la k ap pran souflèt tout lajounen nan men dola a. Donk se ansanm bagay sa yo ki fè n pran lari a. Lè nou konsidere ansanm pwogram bidon gouvènman an avèk fen mwa a. Lè li vini avèk pwogram kredi atè plat, pwogram asenisman, donk n ap mande èskeu se pandan fen ane a sèulman peyi an bezwen pwòp? Nan pwogram bale laru sa a keu yo vin avè l la, yo fè n konprann se djòb li ye. N ta renmen konnen djòb pou konbyen tan? E se kiyès k ap bay djòb la e èske sa ap desann to chomaj lan? Lè n konnen y ap bay anviwon senkant mil moun djòb, lè nou nan yon populasyon aktiv, moun ki ka travay, nou estime a anviwon ui milyon. Ou konnen ki pousantaj sa fè, sa pa fè chomaj la ni cho ni frèt. Donk se ansanm revandikasyon sa yo ki fè n pran lari a jodiya. Pwodui enpòte e pwodui enpòte yo nou konnen kiyès ki vann yo ann Ayiti. Se menm boujwazi malpwòp lan. Donk nou tou konprann s on fason pouvwa a ap fè pou l ka anri kontinye anrichi boujwazi an odetriman deu populasyon an, deu mas pèp lan. Men lè n ap gade pou fen mwa a sèulman, nèg yo dekese pou kredi atè plat e e e senkant mil, senant mil djòb ki se bale lari. Yo dekese prè deu kat milya senkant milyon goud, sa ki reprezante plis pase de fwa lavalè bidjè inivèsite a ki a anviwon de milya goud pou pandan ennan. Pandan on mwa nèg yo depanse tout kòb sa a. La a ou ka konprann ki rezon ki fè nou menm etidyan k ap etidye nan move kondisyon. Nou fenn kare lè nou fin suiv on kou nou pa ka jwenn on bon sant deu rechèch pou n li. Nou fenn kare nan lari an. Pase lè w ap konsidere lavi on eti… LPP: Vwala, se youn nan etudyan INAGHEI yo ki t ap pale konsa, e e Alen Jewòm. E mèt Andre Michèl voye jete eu envitasyon gouvènman an voye bay sektèu demokratik a populè a pou ta vin chita pale ak li nan dyalòg. Li fè konnen toutotan Jovnèl Moyiz pa demisyone, yo pa nan dyalòg. E li di Jovnèl Moyi gen senk kontra li menm nan petwokaribe a. Li diskalifye li menm pou l poze pwoblèm nan petwokaribe a, li dwe kite pouvwa a, n ap koute l nan mikwo Amòs Brevil. Mèt Andre Michèl: Se pa atit pèsonèl keu yo envite mwen. Se pa mwen yo envite. Le premier ministre mandaté par le président de la république a écrit au secteur démocratique et populaire pour solliciter une première rencontre de travail dans le cadre du dialogue initié par le président de la république. Il fallait le clarifier. Mentenan nou reseuvwa l e premye bagay nou fè nou konvoke yon reyunyon deu leta major du secteur démocratique et populaire, cette réunion doit se tenir demain matin, demain samedi pour fixer définitivement les choses. Mais en attendant nous disons que les conditions dans lesquelles nous nous retrouvons ne sont pas favorable à un dialogue politique. Aujourd’hui il y a une situation de répression. Genyen yon swasantèn deu militan, senpatizan sektèu demokratik la ki eparpiye dans les prisons de la république. Nous avons les deux agents de sécurité du sénateur Nènèl Tassi qui sont derrière les barreaux pour des fautes qu’ils n’ont pas commises. Nou genyen plus pase swasannkenz moun ki blese deu disèt oktòb rive jodiya nan manifestasyon sektèu demokratik la ki te pran responsabilite l pou fè moun sa yo jwenn swen. Nou genyen trèz kadav, moun yo asasinen soti disèt oktòb pase dizui novanm rive jounen jodiya keu sektèu demokratik la antere. Nou genyen le masscre de Lasalin kote keu gen plus pase swasanndiz moun ki asasine dans des circonstances inacceptables. Le gouvèneman, li pa menm mete akson publik, li pa menm fè anyen. Li pa menm voye on nòt d’excuse parapò a tout dezòd sa yo pou tan represyon sa a. À partir de ce moment pou nou nou pa nan w situyasyon pou dyalòg politik fèt. Paskeu dyalòg pa ka fèt nan on situyasyon deu represyon politik. Deuxièment, la position du secteur démocratique et populaire est claire, la solution à la crise politique actuelle passe d’abord et avant tout par la démission de Jovnèl Moyiz. Sur, il est évident que avec Jovnèl Moyiz on ne peut pas avoir ce procès de petrocaribe. Ansuit kesyon konferans nasyonal la pou nou fè emèje lòt pwojè sosyete, pou nou retire peyi a nan situyasyon d mizè l ye la a. Pou nou fè emèje yon lòt sistèm ekonomik. Gen plus pase deusan mil jèun ki kite peyi a. Se aucune façon, aucun moyen de sortir de cette crise sans la démission du président de la république. À la cour des comptes kontra a outrans yo. Sa vle di kisa, l’obstacle est là. Et l’obstacle est politique et c’est pourquoi nous disons qu’il faut continuer la mobilisation citoyenne pour créer les conditions politiques favorables à l’organisation de ce procès. Gen kèk enstitusyon ki te ka bay kèk kout men tou. Le juge d’instruction est déjà saisi, se li k pou mennen l. Pa egzanp, si se on juj denstruksyon ki mande w on enfòmasyon ou pa ba li l, sa va ba l pouvwa pou l kontrenn ou. Men si se lakou dèkont ki mande w on enfòmasyon ou pa ba li l, lakou dèkont pa kapab kontrenn ou. E lankèt deu kowupsyon, ou pa pral fè l apati deu kont publik. Se à partir des comptes personnelles des proches des personnes impliquées ke ou pral mennen yon ankèt de kowupsyon. Sa vle di kisa? Si m ap mennen on ankèt pa gen okenn juge d’instruction qui peut le faire, la cour des comptes ne peut pas le … LPP: Vwala, mèt Andre Michèl, sektè demokratik ak populè nan mikwo Amòs Brevil. Ou sou Radyo Kiskeya, w ap suiv Jounal Katrè a. Ak sis nan sa ki konsène jilè jòn yo alòskeu paleuman fransè a vote mezu prezidan fransè a Emanuèl Makwon te anonse. Li oblije kouri pran mezu sosyal, tankou pou bay moun k ap touche pi piti kòb, sa yo rele smik lan, san dola, e san euwo e chak mwa. Osinon retire taks sou lajan on seri deu reutrete. Yo vote l nan paleuman fransè a. Men sa pa anpeche jilè jòn yo yo te mobilize. E jilè jòn ki egzije e pou genyen, sitwayen yo gen mo yo pou yo di. Yo kapab fè referandòm, yo kapab revoke elu, kote y ap mobilize sou sa. Kòm gouvènman fransè a di li pa anmezu pou l konnen konbyen k ap vin fè manifestasyon paskeu yo pa mande otorizasyon. Men yo pran deu mezu, gen yon seri deu metwo k ap fèmen deumen. Gen yon seri deu zòn, tankou zòn Chan Elize pa egzanp, zòn kote ki gen palè prezidansyèl la, zòn ki gen buwo premye minis, zòn kote k gen paleuman, tout zòn sa yo konsidere yo sansib. Zòn kote k gen gwo komès tankou gran boulva yo, tout zòn sa yo nèt otorite yo pran mezu òtpòt, y ap fèmen yon seri deu metwo mwens keu dènye fwa yo men pou evite sizoka pa ka. E yo pa konnen tou konbyen jilè jòn k ap vini manifeste pa egzanp nan kapital la. E sa yo rele akteu sis nan senaryo sa a. E jilè jòn yo kontinye ap ekri nan peyi Lafrans. Lakay pa nou, minis justis ak sekurite publik lan, Jan Woudi Ali te al rankontre ak komite ekonomi ak finans lan ki gen nan tèt li depute Senlui Dusud la, Gandi Dorfèuy. E minis justis lan e li di li apuiye demach paleumantè yo ap fè pou yo kapab bay justis la plus mwayen e pou mete justis la osèvis populasyon an. Nan sans sa a l pale deu sèvis juridik ki pral jwenn plus mwayen pou ride populasyon an. E e minis lan fè konnen ministè l ap dirije a prevwa konstui divès konplèks administrativ nan peyi a, k ap gen ladan yo tribunal deu pè, ofis eta sivil, ak buwo ONI. Minis justis ak sekurite publik la di nan budjè li genyen an, gen lajan pou mete ann apliksasyon lwa sou asistans legal la, yon fason pou tout moun ki pa gen mwayen kapab jwenn èd yon avoka pou defann yo deuvan lajustis. N ap tande minis justis ak sekurite publik la, Jan Woudi Ali k te pale konsa nan mikwo Vilnè Jozèf. Minis Jan Woudi Ali: Poukisa nou bezwen lajan budjè sa a? Nou ka pran yo pa antite. Dabò enstitu mediko legal. Enstitu mediko legal, li la pou fè otopsi kadav lè gen moun ki desede dans de cas suspects, li enpòtan keu yo fè otopsi yo. E nan kad on justis moderne, li enpòtan pou w gen zouti syantifik sa a a dispozisyon ou. Enstitu mediko legal la li bezwen de fon pou kapab ranfòse kapasite l pou l ka fè travay la. Nou bezwen lajan tou pou ede moun ki an detansyon prevantiv pwolonje pou peye avoka. Gen yon lwa ki fenk vote. La loi sur l’assistance légale ki ap pèmèt moun ki an detansyon prevantiv pwolonje yo pou yo kapab genyen yon avoka a dispozisyon yo. An plus sa nou konstate, gen moun ki an detansyon prevantiv pwolonje se paskeu yo pa ka peye sèvis on avoka. Enben nou gen on nouvèl lwa sou asistans legal, nou bezwen deu mwayen pou mete lwa sa a ann aplikasyon. E donk fòk nou gen kòb pou peye avoka pou kapab defann moun ki nan detansyon prevantiv pwolonje yo. Nou bezwen kòb pou ka pèmèt tout moun genyen dokuman didantite. E acte de l’état civil. Tout moun kapab genyen kat yo tankou l’ONI bezwen lajan pou tout sitwayen kapab genyen dokuman didantite ki enpòtan paskeu leta a dwe gen kontwòl tout sitwayen ki sou teritwa a pou evite ka deu fwod, pou evite pwoblèm ak teworis donk leta a dwe idantifye chak sitwayen yo. Dayèu se yon dwa deu lòm keu li ye, dwa a l’identité. Donk fòk nou idantifye sitwayen an donk nou bezwen lajan pou sa nan sektèu a. Nou bezwen kòb pou lapolis kapab pi pèfòman. Lè n ap pale deu ensekurite. Si gen ensekurite nan peyi a, lapolis la li menm pou l retabli lòd. Pou li mete lapè, fòk polis la gen pi gwo efektif pou ofisye deu pakè yo, komisè du gouvèneman yo ki ap fè yon travay enpòtan nan kad pousuit ki genyen kont bandi. Donk fòk nou revoir kondisyon deu travay yo. Nou mande lajan pou kapab amelyore kondisyon deu travay yo. Il est de même pour l’unité central de l’enseignement financier, UCREF, ki la, ki ap fè on lut kont le blanchiment d’argent, fòk li gen mwayen pou li kapab mennen lut kont le blanchiment d’argent an. Nou pale de l’ONIN, nou pale de l’école de la magistrature ki genyen vokasyon pou l fòme majistra keu seu swa nan kad fòmasyon kontinu ou fòmasyon inisyal, il faut des moyens pour permettre à l’école de la magistrature de pouvoir fonctionner comme il convient. Donk nou mande des moyens supplémentaires. Objektif la se rive konstui le bâtiment, le complexe administratif, ki pou pèmèt nou loje sèvis publik deu baz sa yo e pou nou mennen y al jwenn populasyon an tou. Jounalis: Ou pale deu trèz milya deu goud ou gen nan budjè a, no menm nan ministè lajustis, konbyen nou te mande? Minis Jan Woudi Ali: Ekoute, nou menm nou genyen on pwojè d budjè, nou ranfème l ladann, nou pa vin fè demagoji. Nou defann poukisa nou bezwen lajan an. Ekoute, pwojè budjè a, s on budjè ki pase an konsèy des ministres. Minis lan patisipe nan konsèy des ministres, li defann sa pou l defann, li jwenn sa pou l jwenn e donk nou ranfème nou nan pwopozisyon an ebyen nou vin justifye pouquoi il nous faut de l’argent supplémentaire pour nous permettre de réaliser nos objectifs? LPP: Minis justis ak sekurite publik lan, Jan Woudi Ali, nan mikwo Vilnè Jozèf. Epi yon lòt pa minis lan deklare nouvo komisè gouvèneman Pòtoprens lan ki fèk enstale, resevwa lòd fòmèl pou li mennen batay kont detansyon prevantiv pwolonje a, patikulyèman nan pi gwo prizon ki genyen nan peyi a, kidonk nan kapital la. Selon mèt Ali gen dispozisyon ki deja pran ant dwayen tribunal sivil Pòtoprens lan ak pakè Pòtoprens lan pou òganize deu odyans espesyal, kote y ap juje tout moun ki fèmen nan prizon pandan peryòd kriz la. E n ap tande minis justis ak sekurite publik la e on lòt fwa ankò Jan Woudi Ali ki t al reponn kesyon komisyon ekonomi ak finans sou pwojè budjè gouvènman an voye nan paleuman an pou ane fiskal deu mil dizuit, deu mil diznèuf. Li te nan mikwo Vilnè Jozèf. Minis Jan Woudi Ali: S on plan kont detansyon prevantiv pwolonje. S on lut acharne keu gouvènman an ap mennen kont detansyon prevantiv pwolonje. Et l’ensemble des autorités judiciaires, le parquet de Port-au-Prince genyen yon nouvo titulaire, yon nouvo komisè du gouvèneman ki dwe travay. Li gen enstruksyon pou sa, pou lute kont detansyon prevantiv pwolonje. Nan multiplikasyon odyans koreksyonèl yo, nan òganize odyans sou ka habeas corpus yo, n ap chèche vwa ze mwayen pou pèmèt yo òganize plus sesyon asiz kriminèl plu presizeman asiz kriminèl san asistans deu juri. E asiz kriminèl ak asistans de juri yo tou pou yo òganize yo nan yon delè nan jan kòd enstruksyon kriminèl la prevwa l. E donk pou kesyon prevansyon prevantiv pwolonje a, nou gen on nouvèl lwa sou asistans legal ki fèk vote. E pledwaye nou t ap fè la a onivo de asistans finans pou nou gen mwayen ki pèmèt nou mete ann èuv lwa sou asistans legal sa a pou keu lòt moun ki pa ka peye avoka ki nan prizon pou yo kapab fè valwa dwa yo fòk yo kab peye avoka a. Pou n peye avoka yo nou menm e pou sistèm asistans legal gratui an e paskeu gen deu sitwayen ki pa gen mwayen pou sa e se chak fè yo nan detansyon prevantiv pwolonje a. Donk mizannèuv lwa pou asistans legal, nou mande komisyon an pou li klemant envè nou, nou mande pou n gen budjè nesesè pou n met an plas asistans legal la, e enstruksyon bay komisè gouvènman Pòtoprens lan, men se tout komisè du gouvèneman nan peyi a pou yo lute kont la détention preventive prolongée. Pou yo fè tout sa k nan pouvwa yo pou yo òganize odyans nan tribunal yo, pou yo toujou alèu. Pou yo soutnu akuzasyon an quand il convenient, par devant les tribunaux, pou yo pèmèt yo òganize sesyon, seyans habeas corpus yo, multipliye odyans koreksyonèl yo, e sesyon asiz kriminèl sans assistance de jury e pèmèt reyalize asiz kriminèl ak asistans deu juri, pou yo ka pèmèt pou yo deloje. Jounalis: Èske syèj yo ap reprann nan fen ane a la a? Minis Jan Woudi Ali: E wi, maten an menm m te g on reyisyon avèk dwayen tribunal sivil premyè enstans lan e avèk komisè gouvènman an pou voye on siyal clair parapò a moun ki nan detansyon prevantiv pwolonje pou trete dè dosye e menm le vennkat desanm e menm de fason sinyifikatif ap genyen dè odyans, aprè ap gen odyans mèm leu samdi pou pèmèt keu moun yo ka fè valwa dwa yo deuvan tribunal nou yo. Men pou pèmèt justis la bay sèvis keu li dwe bay paskeu gen moun ki an detansyon pwolonje. Gen moun ki bezwen sèvis sa a e keu otorite yo reusevwa enstruksyon nécessaire pou yo fè travay sa a e n ap bay tout akonpanyeuman nesesè onivo ministè lajustis pou pèmèt nou rive reyalize objektif nou. LPP: Vwala minis justis ak sekurite publik lan, Jan Woudi Ali k t ap pale konsa nan mikwo Vilnè Jozèf. Bò kote pa l gen depute Prentan Belizèr, ki bay yon konferans pou laprès jodiya pou l anonse final konkou chante nwèl pou lapè daprè sa l di li òganize nan sikonskripsyon n nan ki ap fèt deumen. E n ap tande presizyon e depute a pote nan konferans pou laprès sa a kote Vilnè Jozèf te prezan pou Radyo Kiskeya. Depite Prentan Belizèr: Kòm nou konnen, se yon sikonskripsyon ki malad sou leuplan sosyoekonomik, sou leuplan anviwònmantal, sur leuplan enfrastrukturèl, e anmatye ensekurite tou s on sikonskripsyon toutafè boulvèse. E lè gen boulvès sa yo anndan twazyèm nan, se sanse tout peyi a ki boulvèse. Donk nan objektif keu nou menm nou bay tèt nou, pou nou kapab retabli yon veritab lapè anndan twazyèm nan. Nou konnen nou pa kab fè sa d’une manière isolée, men se pou nou fè sa avèk supò tout jèun yo anndan twazyèm nan e tout notab anndan twazyèm nan. Se pou tèt sa genyen on ansanm deu jèun anndan twazyèm nan ki regwoupe yo otou de yon atis sant ki rele Ajak, ki gen on ansanm deu jèun atis ladan ni, kote keu yo te reyalize yon festival pou lapè sou plas Fontamara deja. Donk deuzyèm faz sa a ki se te konkou nwèl pou lapè sa a. E demen samdi an, kote ke nou pral òganize final konkou nwèl pou lapè sa a. Donk se yon moman mwen menm antan keu depute sikonskripsyon an, ki toujou akonpanye jèn yo nan tout aktivite sosyal ke y ap antreprann anndan twazyèm nan pou keu m reyuni avè yo jodiyan la a, pou nou anonse tout populasyon twazyèm nan, tout zòn m kapab di ki se vwazen twazyèm, kote keu n ap envite tout populasyon zòn metwopolitèn nan, pou yo vin pran pa nan final konkou nwèl pou lapè sa a. Kote ke n ap gen de trè gran zatis k ap prezan. San konte on seri de jèn anndan twazyèm nan ki pral mete tout sa yo genyen an tan keu talan ann evidans. E kote ke nou pral montre ke twazyèm nan gen yon lòt imaj ke l vle vann jodiya la a, kontrèman a imaj negativ ki toujou vann de lekteryè pa rapò a ensekirite, enstabilite ki gen anndan twazyèm nan. Donk on lòt fwa ankò n ap swete tout moun byenvni demi samdi an, nan final konkou nwèl sa a, kote ke lansanm de atis ke nou genyen ap patisipe nan final sa a. N ap kite e Dyego, lansanm manm de komite yo kapab enimere non atis sa yo pou nou. Yon lòt fwa ankò n ap batay pou keu deumil diznèuf la, pou nou kapab debouche sou yon veritab lapè anndan twazyèm nan. LPP: Vwala, se depute twazyèm sikonskripsyon Pòtoprens lan. Dyego Jozèf ki te nan konferans pou laprès sa a ansanm avè l, ki manm asosyasyon nan zòn sa a fè konnen gen uit finalis yo seleksyone ki pral patisipe nan final la. Ki ap fèt nan restoran ki anfas Fontamara karanntwa. E li fè konnen moun ki ap soti premye, kidonk ki ap ranpòte viktwa a, li ap ranpòte yon prim deu senkant mil goud ak yon televizyon. Deuzyèm nan ap jwenn vennsenk mil goud ak yon lòt prim. Dyego Jozèf remèsye ministè kultu e buwo depute Prentan Belizèr ki te pèmèt yo jwenn finansman pou te ede yo òganize konkou sa a. N ap tande Dyego Jozèf ki te pale konsa nan mikwo Vilnè Jozèf. Dyego Jozèf: Nou te rive nan faz ki pi enpòtan ki se final la. E final la ap fèt demen nan Fitnès Bar, Fontamara karanntwa e apati deu twa zè. Nou te kòm si f on f on odisyon. Nou enumere dè atis, sa ki pi pèfòman yo, nou rete avèk uit. Nou rete avèk Jòj Elize, Dola Wodennzi, Odne Julou, Ogisten Vanessa, Denilson Simon, Richalda Daneyus, Klifòd Desous epi Pyèr Aleksandra. Se uit jèun talan sa yo ki pral kòmanse fè final la demen a twazè nan Fitnès Bar. Nou genyen dè zatis envite, nou genyen Cheril Wilyan, kòm se jèun nou twouve keu li te trè talantyeuz se poutèt sa nou envite l nan espektak la. Nou gen Dalin Doska osi, ki se youn nan envite nou, nan espektak la osi. Nou genyen e pluzyèu lòt atis, Sent Sekong, Cheli, Chavanak, Pari ki se dè zatis anndan twazyèm sikonskripsyon an e y ap pote èd yo jan yo kapab nan final sa a. E nou dwe remèsye prezans depute a ki toujou avèk nou anndan sikonskripsyon an, k ap ede nou fè travay sa a ki se mete lapè. Ministè kultu ki sipòte nou osi e nou gen plizyè lòt staf ki sipòte nou. E n ap kontinye travay la. M panse li pa fasil men n ap kenbe men, ede nou fè lapè nan twazyèm sikonskripsyon an. Se atravè dyalòg, kòm si se atravè tèt ansanm e se atravè des activités socio-culturelles pou n vann imaj twazyèm nan. Ki kòm si e ganyan an nou gen di mil dola pou li. Moun ki soti anpremye a avèk yon frijidè. Senkant mil goud, sa nou rele senkant mil goud la oke. E moun k ap dezyèm nan nou gen vennsenk mil goud pou li avèk yon TV. E twazyèm nan ap gen kenz mil goud. Men gen des prim deu konsolasyon e tou sa apre bon. Donk pou kòm si on moun ta ekri on tèks ki gen rapò a sa n ap vin nan twazyèm sikonskripsyon an, si w abite nan twazyèm sikonskripsyon an. Se pou seula nou te on ti jan jere l. Nou di si yon moun pa abite anndan twazyèm nan, li pa ka kòm si patisipe nan konkou an. Nou di atis sa yo nou kòm si site la a, se dè zatis ki abite anndan twazyèm sikonskripsyon an. LPP: Dyego Jozèf, responsab asosyasyon ki òganize konkou a, ki te pale konsa nan konferans pou laprès kote Vilnè Jozèf te prezan pou Radyo Kiskeya. Platfòm pledwaye pou yon devlopman altènatif, PAPDA, bay yon konferans pou laprès jodiya pou l bay enpresyon n sou pwojè deu lwa finans pou deumil dizuit, deu mil diznèuf lan gouvènman an depoze nan paleuman an. Pou PAPDA, li di pa gen anyen dutou pou wè ak reyalite peyi dAyiti ap fè fas, selon direktèu egzekutif PAPDA a, budjè sa a e se depi anba nan populasyon an e parapò a priyorite l yo li te supoze prepare pou ale anlè nan nivo otorite yo. Daprè ekonomis Kami Chalmèus, budjè sa a pa gen anyen pou wè avèk tou deklarasyon politik jeneral premye minis Anri Seyan te bay deuvan paleuman an. Li fè konnen tout budjè sa a e trayi lespri konstitusyon an lè li pa konsidere tout bon kolektivite yo. Kote pouvwa a konsantre nan republik Pòtoprens. Ekonomis lan kritike alokasyon ki bay tankou pou ministè anviwònman, eun pousan alòs keu peyi sa a s on peyi, pi gwo malè k pandye sou tèt li se kesyon anviwònman. Li fè konnen se politik makwo ekonomik lan menm ki pou chanje nan plas desizyon apezman deu jou gouvènman an ap pran. N ap tande ekonomis Kami Chalmèus, ki alatèt PAPDA ki ap livre analiz li nan konferans pou laprès sa a sou pwojè budjè gouvènman an. Li te pale konsa nan mikwo, nan koferans pou laprès sa a kote Gervens Rikado Jan Jak te prezan pou Radyo Kiskeya. Kami Chalmèus: Nan lojik aktuèl nou kapab di keu non sèulman yo pa util, yo menm nuisibles aux interêts nationaux. D’une part nou genyen yon volonte korporatist, kote keu anjeneral nou genyen deu klik, deu klan politik ki objektif pa yo se la chasse aux privilèges, la chasse aux postes de responsabilité men pou sèvi tèt yo, pou sèvi klan politik pa yo olyeu keu yo sèvi nasyon an. Yo genyen yon lojik envèse, yon lojik tèt anba. Kote keu fonksyonè sutou ki gen yon o nivo deu responsabilite, li wè leta a tankou on mwayen deu mobilite sosyal. On mwayen pou rezoud pwoblèm pèsonèl yo oubyen pou yo asure kontinuite yon pouvwa olye pou asure enterè deu la populasyon. Donk nou g on bagay envèse, yon bagay tèt anba. Nòmalman, fonksyonè a ta dwe yon serviteur public, yon serviteur de la population olyeu keu pou l ta utilize fon an à des fins personnelles. Alò fòk nou presize tou rapidman keu li enpòtan keu nou presize keu nou pa pale deu katreuven di mil fonksyonè yo. Paskeu nan katreuvendi mil fonksyonè yo gen yon pakèt moun ki trè zonèt. Gen kèk moun ki pajanm pran kòb leta mal. Gen moun pandan karantan travay dans des conditions trè difisil, men respekte tèt yo, ki respekte dinyite yo, ki respekte lajan leta. Sa enpòtan pou n souliye. Onivo des responsables, souvan gen on lojik de predasyon, lojik de kòwupsyon ki dominant e ki gangrene on grande partie deu posibilite pou keu aksyon leta a ta veritableman osèvis deu la populasyon. LPP: Vwala, se Kami Chalmèus, kounyeya k ap retounen sou preparasyon budjè a l ap e toujou nan konferans pou laprès sa a kote Gervens Rikado Jan Jak te prezan pou Radyo Kiskeya. Kami Chalmèus: FAPDA vle eksprime li sou pwojè deu lwa finans ki deuvan paleman an jodiya. Nou te vle ensiste sou des aspects ki poko vrèman soulve onivo deu laprès. Menm si nou pataje anpil nan konkluzyon ki fèt yo otou deu veritab skandal keu budjè sa a reuprezante jodiya. Nou ta dwe poze tèt nou kesyon poukisa chak ane nou gen des budgets similaires, ki gen menm feblès yo, menm enkoerans yo e menm oryantasyon. Premye bagay yo, on budjè se pa on bagay ki izole, s on bagay ki lye a on kad makwoekonomik, on kad deu politik ekonomik. E n wè keu budjè sa a li kontinue. Li gen menm opsyon neoliberal ki aplike nan peyi sa a e ki an grann pati responsab deu efondreuman ekonomi nasyonal la. E youn nan bagay ki enkyetan, lè w ap li budjè sa a, ou pa wè okenn lyezon avèk opsyon keu gouvènman an ap suiv pa egzanp onivo du plan stratégique du développement d'Haïti aux niveaux des quatres fondations: fondation économique, sociale, territoriale et institutionnelle. E enkyetud nou yo grandi lè nou wè objektif yo presize pou diferan ministè. Des objectifs extrêmement flous et des objectifs qui sont le plus souvent des déclarations de mission. Pa egzanp si nou pran yon ministè tankou ministère à la condition féminine kote yo di bon, contribuer à la défense des droits des femmes. D’accord, mais comment on va le faire? Pandan peryòd deumil dizuit, deumil diznèuf. Se pou w kapab banm des éléments mesurables ki pèmèt mwen alafen de l’exercice fiscal m di oke ministè sa a avanse, li ranpli objektif li a senkant pousan, a swasant pousan eksetera. Ou wè vrèman pa gen okenn koerans entre la déclaration de la politique générale du premier ministre Seyan e enstruman budgétaire sa a. Nan declaration de politique générale deu premye minis Seyan, yo te anonse yon budjè sosyal, yo te anonse yo t ap pran ankont deteryorasyon vi populasyon an, yo te anonse yo pral pran reuvandikasyon populasyon an onivo deu la kowupsyon. E nan budjè sa a, silans radyo. Nou pa wè okenn eleman ki montre vrèman gen deu nouvèl oryantasyon. Se vrè gen yon ogmantasyon deu sektèu sosyal la, se on ogmantasyon relativman faible, e ki de toutes les façons pa vrèman yon chanjman en terme d’orientation. Paskeu lè w ap pale deu politik sosyal, fò w fè trèzatansyon. Ou pa ka sèulman panse deu aspirin, deu soulajman. Kote keu ou fè deu gwo politik ki detui populasyon an apre sa ou mete deu twa pansman. Il faut changer à la base la politique makroekonomik e ki bokou pluzenpòtan keu yon politik dapezman sosyal de soulajman ki gen des effets ektrèmeman limite e des effets ki trè souvan lye a des stratégies politiciennes de fidelisation de la clientèle. Budjè sa a, li trayi l’esprit de la constitution de katreuvensèt. Konstitusyon deu katreuvensèt la li kreye yon seri deu eleman ki ta dwe ale autre la logique deu concentration de pouvoir de l’état tradisyonèl ann Ayiti. E jodiya nou wè gen yon leta oligachik ki kontwo, ki kontinue ap fonksyone deu lamèm fason, ki son abiyay, de discours, de rhétorique démocratique men ki pa gen aucun rapport avèk reyalite konkrèt yo. Collectivités territoriales yo te dwe sujè deu l’action gouvernementale alòsekeu jodiya yo pa dutou trete kòm sujè de l’action gouvernmentale. E sa antrene yon pakèt pwoblèm. Nou wè keu yo bay on milyon deu goud pou chak rejyon ki utilize par des parlementaires, le plus souvent à des fins politiciennes qui n’ont rien à voir à une politique de dévelopement e d’investissement. Youn nan bagay ki ekstrèmman enpòtan se la lojik de konfeksyon du budjè. Le budjet ne doit pas être fabriqué de haut vers le bas mais de bas en haut. Les discussion sur les priorités budgétaires doivent commencer au niveau de la section communale. Onivo des bitations. Fòk seksyon komunal yo reyuni pou yo di dizuit, diznèuf, men sa k priyorite nou pou n rezoud des problèmes structurelles keu nou genyen. Men kisa k priyorite nou pou n rezoud dè pwoblèm strukturèl. Mentnan tout prirorite sa yo, tout ekspresyon sa yo, yo dwe remonte onivo de l’administration centrale, ki kapab fè yon abitraj, yon redistribusyon. Omwen budjè sa a keu w fatrike a l ap tenu kont deu sa moun yo di alabaz. Alòskeu jodiya se ministè yo ki di kisa yo beuzwen epi yo fè on sentèz deu beuzwen ministè a. LPP: Vwala, se alatèt PAPDA a, Kami Chalmèus nan konferans pou laprèa sou budjè a, kote Gervens Rikado Jan Jak te prezan pou Radyo Kiskeya. Se la n kanpe, rete sou Radyo Kiskeya pou rès pwogram nan. N ap raple w se demen a katrèu fineray monseyè Gi Poulard ap chante nan katedral tranzitwa a. L ap ekspoze depi setèu, fineray la ap chante a neuvè. Epui nan moman n ap pale la a gen on seremoni ki deja kòmanse e ak tout yon kaye kondoleyans nan Kriswa e k ap fini nan zòn setèu pou yo rann ni on dènye omaj. Nou di tout moun bonswa, n a wè deumen. E deumen tou gen randevou pou final premye konkour chante nwèl nan lekòl Radyo Kiskeya ki ap fèt nan jaden Kiskeya demen swa, demen aprè midi apati deu senkèu.