TRANSCRIPTION /TRANSKRIPSYON Introduction/Entwodiskyon: Jounal katrè (4è), katrè (4è) chak aprè midi sou Radyo Kiskeya. Jounal katrè, yon sèl jounal a lè sa a, nan tout peyi a. Jounal katrè (4è), nouvèl total. Mizik… LPP: Nou di tout moun bonswa. Pi gwo enfòmasyon nou va genyen pou n devlope pou ou aprèmidi a nan jounal sa a: byen ke yo te envite laprès depi yè lajounen se byen ta yè aprè midi finalman nouvo komisè gouvènman Pòtopwens lan, Mèt Paul Eronce Villard enstale. Nan okazyon sa a se Jij Bernard Saint-Vil ki te fè enstalasyon an, ki se dwayen tribinal sivil nan kapital lan. Epi li bay premye konferans pou laprès li, nouvo komisè gouvènman an kote li defini priyorite l: “pou li menm pa gen gwo dosye, pa gen ti dosye”. Li pa site mo PetwoKaribe a, men li fè konnen tout travay ke predesesè l te kòmanse fè l ap kontinye l. Men li di l ap bay yon priyorite nan sa ki konsène detansyon prevantiv pwolonje. Dayè, pakè an ap fonksyone nòmalman vennkat (24) ak tranteyen (31) Desanm kote y ap panche sou dosye de moun ki ta merite lage, daprè sa nouvo komisè a fè konnen. Epi dosye pwojè bidjè a sisite anpil analiz ekonomis yo. Yon lòt analiz aprè gwoup Kwasans lan, se Fim Konsiltasyon Ayiti Efikas ak Gwoup Edikasyon Ekonomik ak Finansyè, GEEF, ki fè l ki gen nan tèt li ekonomis Etzer Emile, ki livre nan yon konferans pou laprès plizyè aspè nan analiz li fè konsènan modifikasyon li di tankou sou enpo ki fèt nan nouvo pwojè lwa sa a sou kesyon finans peyi an. Li pale de enpo sou revni an, gen modifikasyon ki fèt ladann ki ogmante. Li mande sitwayen yo pa rete je fèmen, menm lè li rekonèt gen kèk eleman tankou sektè sosyal la ki jwenn ogmantasyon nan bidjè a. Ekonomis lan konsidere kèk antrepriz piblik ki rapòte leta lajan tankou: AAN, APN, OAVCT, pou n site sa yo sèlman; kote previzyon resèt yo disèt wotè. Li kesyone tou aspè ki pa pran kont nan dimansyon chapant sosyal ak ekonomik peyi an nan pwojè bidjè sa a. Lòt pwen: lakou siperyè dè kont ekri premye minis lan, Jean-Henry Céant, sou blokaj li jwenn nan kad ankèt l ap mennen sou gaspiyay ki fèt nan lajan PetwoKaribe a, se sa antouka mèt André Michel revele. Li deklare lèt lakou dèkont lan konfime yon lòt fwa ankò avèk Jovenel Moïse, pa gen pwosè Karibe ki posib. Nan sans sa a li mande popilasyon an rete mobilize. Lòt pwen: genyen Rezo Politik PHTK nan Kafou pandan y ap mande pou yo entegre yo nan leta a, ki voye pinga bay sektè demokratik ak popilè a, tout lòt branch nan opozisyon an, n ap site “kite peyi a mache”, se sa yo deklare. Pawòl sa yo nou konn tande yo deja. Epi genyen Mouvement Unifié Transport Haitien (MUTH) ki denonse lavi chè a ki ap ogmante chak jou pi plis kote popilasyon an pa konn ki sen pou l priye. Nan yon konferans pou laprès dirijan sendika sa a, Duclos Benissoit, kritike otorite yo nan ministè komès ak endistri ki pa kontwole anyen ki ap vann nan peyi an. De (2) responsab òganizasyon sendikal sa a, Val-Pierre Richard Deloitte ak Jean-Louis Fortuné, mande popilasyon an leve kanpe kont lavi chè a ak sistèm ki egziste jounen jodiya. Selon yo menm, sistèm sa a, li merite chanje, li rive nan bout li. Nan aktyalite entènasyonal la: Trump òdone retire lame amerikèn nan peyi Siri. Epi Pak Mondyal pou Migrasyon ratifye lajman laj nan Nations Unies, byen ke li ap fè vag nan yon seri de peyi, e lakoz de gouvènman tonbe tankou nan peyi Bèljik. Lòt pwen nan aktyalite entènasyonal lan: sanble RDC pran wout ankò pou eleksyon pa ta fèt venntwa (23) Desanm jan ke angajman te pran. Alòske li deja gen yon reta dezan (2an) e yo sispann kanpay elektoral la pou kou ou wè li ye la a nan République Démocratique Congo. Envite jounal katrè (4è) a aprèmidi a se ansyen minis Jean-Joseph Exumé, ki pral pale nou sou defi ki ap tann nouvo chèf pakè Pòtoprens lan. L ap gen pou l reponn kesyon Beethovens François-Fils. Epi pa bliye, se Samdi antèman monsenyè Guire Poulard ap chante nan Cathédrale Transitoire la, e se la tou y ap antere l. Men avan sa, ap gen yon seremoni ki ap fèt lavèy nan Salle Paroissiale Eglise Christ-Roi; se Vandredi aprè midi. E konsènan presizyon ki te bay sou zafè teni koulè blanch lan, se pou relijye yo, li pa konsène fidèl yo. Lè ke nan nòt legliz Catholique Archidiosaise Pòtoprens lan te pibliye pou anonse lanmò monsenyè Guire Poulard yo te fè konnen koulè litijik lan se blan. Ebyen se pou moun ki konsène dirèkteman an palan de relijye ak relijyez yo, men se pa pou moun ki ap vin nan fineray la. Se enfòmasyon sa yo, avèk anpil lòt nou va genyen pou n devlope pou ou aprè midi a nan jounal sa a. Mizik… LPP: Nou pral pran dènye nouvèl tan an ak dènye bilten Inite IdwoMeteo a Chrisnette t ap prazante n. Bonswa Chrisnette! Chri: Gwo bonswa pou ou Liliane, bonswa Antoniel, bonswa tout ekip la, oditè, oditris Radio Kiskeya. Byen bonswa pou nou chak. Men kòman sitiyasyon meteyo ap prezante pou aprè midi Mèkredi diznèf (19) Desanm 2018 lan ki valab pou karayib la ak sou Atlantik lan. Nou genyen Karayib Santral lan ki anba dominasyon yon sant depresyonè ke n lokalize nan pati Sidwès lanmè Karayib lan avèk yon to de sifas ki etann li sou Atlantik Nò lan jiskaske li rive nan pati Nòdès peyi Kiba. Sa ki pral afekte plizyè rejyon nan Karayib lan, ikonpri peyi Dayiti. Pou peyi Dayiti, nou gen yon tan ki bonbade nyaj sitou sou rejyon nò peyi an. E gen nyaj tou nan rès depatman yo, gen posibilite pou n gen aktivite lapli lejè ak modere nan plizyè kwen nan depatman nou yo, e depatman ki ap plis afekte se sitou depatman Sidès, Sid, Nip, Grandans pou aswè ya. Pòtoprens ak pou zòn ki antourel yo, nou gen yon Pòtoprens ki gen solèy, gen nyaj tou, ap gen nyaj ankò pou aswè a. Tanperati an te elve pandan jounen an jiska tranteyen (31) degre selsiyis e l ap tonbe nan nwit lan a ven (20) degre selsiyis. Nou prevwa aktivite lapli tou nan kèk kote nan Pòtoprens pou aswè a ankò. Pou lanmè a, nou mande vwalye yo pran prekosyon zòn Kotyè Nò, gen yon flagon la, e sitou mitan lanmè zòn Kotyè Sid e kote lanmè a ap move anpil pa rapò ak vag yo ki on ti jan trè elve nan zòn Kotyè Sid. E kòm rapèl, maten an te gen aktivite de trè to lapli ki t ap tonbe nan rejyon Sid peyi an. Pou aswè a ankò, nou prevwa aktivite lapli. N ap mande avèk moun ki nan zòn kote sitou nan rejyon Sid peyi a pou yo pran anpil prekosyon. Aprè midi a solèy la li menm l ap kouche a senkè kenz (5è15) pou li leve demen maten a sizè sèz (6è16) minit. Se la nou mete yon bout nan enfòmasyon metewolojik yo. Yon gran remèsiman ak ou menm Liliane, Antoniel, tout ekip lan, oditè, oditris Radyo Kiskeya. Nou swete n pase yon favorab fen daprè midi. Randevou pou n kontinye enfòme n se pou demen Jedi aprè midi. Bòn fen daprè midi Liliane. LPP: Mèsi Chrisnette! Na wè demen. Chri: Mèsi Liliane. LPP: Wi fòk nou di (inodib) nou te kontan wè Senatè Benoit, Steven Benoit, ki te nan rann nou vizit pandan mitan jounen an. Nou te pase prèske dezè (2è) de tan ap fè echanj. Senatè Benoit nou konnen ki volontèman rete an silans depi li kite sena repiblik lan nan finisman manda l, fè n konnen ke antan ke sitwayen ki responsab nan peyi l, ebyen li deside pou l rekòmanse manifeste l e li disponib a pati de Janvye; pa egzanp pou l rekòmanse opine sou sitiyasyon politik peyi a. Revèy sa a vini aprè li te pran yon vakans de analiz, de entèvansyon nan kesyon politik peyi a, jiskaske evenamn sis (6), sèt (7), wit (8) yo ta pral souke peyi a – n ap pale de mwa Jiyè, bien entendu. Nou te kontan wè Senatè Benoit ki toujou rete egal a li menm, kèlke lanswa kritik ou kapab fè Steven Benoit, ou pa ka pa rekonèt onètete entèlektyèl li. E kote tou volonte l pou l manifeste transparans nan tout sa l ap fè epi goumen jouk nan bout pou yo respekte entegrite l. Byen ke li te viktim de kanpay dezenfòmasyon jan ke peyi a vin spesyalize l nan sa, ki fè l anpil tò. E li kwè sa fè anpil moun lè ke yo bonbade yon seri de vye enfòmasyon sou li, sa k rele “fake news” yo, sa sètènman te afekte imaj li bò kote yon seri de moun. Men li espere ke finalman tout moun, yon jou, ap fin wè klè se labou yo te voye sou li. Tout sa yo te di yo pa gen ankenn verite, pa menm yon ti kal ladann. Donk nou swete Senatè Benoit bon retou sou sèn nan paske peyi a bezwen tout pitit li, deja pa gen ase moun lè ou genyen yon enèji, yon kapasite tankou Steven Benoit avèk tout diyite ke li genyen, li paka al kache paske y ap mal mennen l nan zafè politik. Donk depi wantre nan batay sa a, ou oblije mennen l jouk nan bout. Nou te kontan, (inodib) avè l, wè Senatè Steven Benoit, pandan jounen an. E se yon kado vizit sa a te ye pou nou, kado de fen dane. Li te swete wè nou, e nou te kontan! M te vle pataje sa avèk nou. Epi dwayen tribinal sivil Pòtoprens lan, Jij Bernard Saint-Vil, enstale yè aprè midi byen ta, byen ke laprès te konvoke depi nan matine. Nan yon seremoni piblik, de fason ekstrawòdinè ki fèt, nou konnen nan ki konjonkti kote komisè gouvènman ki te la, Clamé Ocnam Daméus, finalman oblije demisyone pou debloke sitiyasyon an nan pakè Pòtoprens lan. E se yon nouvo komisè ki enstale, Mèt Paul Eronce Villard, kòm nouvo komisè gouvènman Pòtoprens, li ranplase Clamé Ocnam Daméus. Nan okazyon sa a, dwayen tribinal sivil Pòtoprens lan, Jij Bernard Saint-Vil, te atire atansyon nouvo komisè gouvènman an sou pil ak pakèt defi ki ap tann li sou wout pakè a, e nan tèt pakè a kote li pral tabli an. Tankou fenomèn yo rele detansyon prevantiv pwolonje, sa vle di yo arete anpil moun fèmen nan prizon, e moun sa yo pa janm pase devan jij yo. Anpil fwa, si yo t ap jije yo, pou valè tan yo fè y ap manje prizon, yo t ap gentan lage depi lontan. Tèlman se yon sistèm ki tabli e ki ap koukouman sitwayen yo, e ki tounnen yon veritab gangrènn daprè sa dwayen an di pou lajistis la nan peyi dayiti. Li mande nouvo chèf pakè a travay vit pou l kapab fè pakè a fonksyone pandan l ofri kolaborasyon tout pèsonèl li gen a dispozisyon l nan sans sa a. N ap tande Jij Bernard Saint-Vil, dwayen tribinal sivil Pòtoprens lan, nan okazyon enstalayon nouvo komisè gouvènman an. Li te pale konsa nan mikwo Laurie Louis-Jeune. Jij BS: Je dois vous dire Magistrat Villard, que le défi qui vous attend est de taille. Car, depuis environ trois (3) mois, la juridiction est, je ne peux même pas dire paralysée, c’est-à-dire est bloquée, par l’arrêt de travail observé par les avocats qui réclamaient le départ du Commissaire du Gouvernement. Aujourd’hui vous êtes investi dans vos fonctions de Commissaire du Gouvernement. Vous allez nous aider à faire fonctionner le tribunal le plus rapidement possible. On sait que la justice est un service public, c’est-à-dire que le service public de la justice doit fonctionner sans interruption. Nous sommes à l’approche des fêtes de fin d’années, (inodib). Je vous demande, à partir de demain matin, d’envoyer des ordres d’extraction à la prison civile pour que les gens qui devaient comparaître au tribunal correctionnel, comparaissent le plus rapidement possible. Je vous ordre, d’ors et déjà, la collaboration du Tribunal de Première Instance dont je suis l’administrateur, j’ai déjà contacté les magistrats; ils sont disposés et disponibles. Mettez-vous au travail dès aujourd’hui, nous allons organiser des audiences même le 24 Décembre avec l’accord du Paquet, si vous n’êtes pas d’avis contraire. Il y a également des gens qui sont gardé au Pénitencier National depuis plus de dix (10) ans qui sont sans dossier. Il est de notre devoir de faire notre possible pour reconstituer ces dossiers. Si on ne peut pas les reconstituer, on doit déclencher une procédure “deas corpus”, car les gens ne peuvent pas être garder indéfiniment en prison. Il y va de la dignité humaine, nous avons pour devoir de respecter les droits de ces personnes qui sont gardées en détention. LPP: Vwala se dwayen Tribinal Sivil Pòtoprens lan Jij Bernard Saint-Vil nan okazyon enstalasyon nouvo komisè gouvènman Pòtoprens lan. Sou bò pa l, nouvo komisè a, mèt Paul Eronce Villard, te pran lapawòl pou l di li pra l travay pou l konbat koripsyon nan sistèm jistis Ayisyen an e nan kapital la, patikilyèman nan pakè a ke l ap dirije. Li deklare l ap mete tout enèji l pou l kapab fè popilasyon an gen konfyans nan lajistis lan. Mèt Paul Eronce Villard fè konnen l ap fè pakè Pòtoprens lan tounen, n ap site “yon modèl nan peyi a”. Donk anpil pwomès ak angajman devan yon montay, nou konen, se yon “travail d’Hercules” kesyon rive fè sistèm jistis la fonksyone, men sanble zèpòl mèt Paul Eronce Villard ase laj pou l pote fado sa a; li te pale konsa nan enstalyon l lan nan mikwo Laurie Louis-Jeune. Mèt PEV: Je vous dis tout de suite que, toute comme la crise bancaire, la crise principale de la justice est la crise de confiance. Et dès qu’il est question de confiance, il est question de déontologie. Nous avons aujourd’hui l’urgence de rétablir cette confiance perdue par la population Haïtienne dans sa justice. Et, encore une fois, je pense que l’honnêteté, l’intégrité, la probité, la vérité, l’impartialité, aucun de ces mots n’est trop fort pour caractériser mes actes à la tête du Parquet de Port-au-Prince. Je vous dis rapidement qu’en tant que Commissaire du Gouvernement, où est le Tribunal de Premère Instance de Port-au-Prince, mes actions vont tout droit vers cette confiance dans l’action publique. En tant que maître de l’action publique, j’estime qu’il est de bon temps de renforcer le parquet, que ce soit par note dimension de déontologie, et que ce soit par notre dimension professionnelle. Honorable doyen, vous n’est pas sans savoir que la justice est non-seulement un service public, mais la justice est également célère; donc maître, le mot c’est la célérité. Il y a deux (2) choses qu’il ne faut jamais oublier: la célérité dans le traitement des dossiers au niveau de la justice et la question des délais, parce que tout se déroule dans le temps. Pourquoi ? Ma première action, c’est de renforcer cette confiance dans l’action publique. Ma deuxième action est d’engager une lutte sans merci contre la corruption; que, dès demain, je vais justement au cœur du tribunal et je vais donner l’exemple. Parce que, dans la question de la corruption, il n’y a pas seulement la répression, il y a également la prévention. Et Nietzsche disait souvent que: “Je ne me soucie pas de quelqu’un pour autant qu’il est capable de donner un exemple.” L’exemple doit venir du Parquet de Port-au-Prince. Je veux faire de ce parquet un modèle dans la République. LPP: Nouvo komisè gouvènman Pòtoprens lan ki te pale konsa yè nan enstalasyon l lan. N ap retounnen avèk li jodiya paske li te rankontre laprès. Nou pral pale de dosye koripsyon lè jounalis te poze l kesyon nan premye konferans li bay pou laprès. Dayè li pwomèt l ap gen kontak trè sere avèk laprès sou youn nan dosye (inodib), nou konen komisè gouvènman an t ap travay sou li ki te soulve anpil polemik – se dosye PetwoKaribe a. Nouvo komisè gouvènman Pòtoprens lan pa t site non PetwoKaribe a, li de preferans pale de koripsyon. Li di lajistis lan ta dwe fè plis prevansyon olye pou fè represyon. Komisè tou nèf lan te di avan li te kòmanse, li di komisè ki te la avan li an te tande de moun nan dosye PetwoKaribe a, li fè konnen yo fenk gen kontinyite nan lajistis lan. Li p ap apeche l pou l ta kontinye travay predesesè l la te kòmanse sou dosye sa a. Sepandan komisè tou nèf lan fè konnen pa gen ti dosye pou li menm, ni gwo dosye devan lajistis. Li di tout dosye yo se prese prese, se ijans. Depi l gen rapò ak dwa epi ak libète moun, ou paka mize nan wout ak dosye sa yo. Donk de deklarasyon komisè ap fè l konnen k ap rete deja nan achiv laprès paske li pral gen pou konpare ofi e a mezi travay l ap fè pa rapò ak tout angajman sa yo li pran. Komisè Paul Eronce Villard anonse li deja fè envantè sou dosye detansyon prevantiv pwolonje yo e non sèlman li di tribinal la pral travay pou jounen vennkat (24) Desanm lan men yo prevwa tou pou yo travay sou kesyon prizonye yo pou yo fè jijman jous nan dat tranteyen (31) Desanm. Li ajoute li plis kwè nan pwosedi paske tout dosye, kit se yon dosye ki cho kou dife, oubyen kèlke lanswa jan l prezante a, se lalwa - lalwa deja trase kijan pou yo entèveni sou dosye sa a, kèlke lanswa nati li devan lajistis; se sa yo rele prosedi an. N ap tande nouvo komisè gouvènman Pòtoprens lan mèt Paul Eronce Villard nan premye konferans pou laprès li kote Amos Breville te prezan pou Radyo Kiskeya. Mèt PEV: Rapidman m gentan mande pou yo fè envantè tout dosye pou mwen, pou m pwosede a des ordres d’extractions paske gen yon kriz la ki dire pli de de (2) mwa. Prizon an paka kenbe ankò, moun yo paka tann ankò. Donk, dans l’urgence, mwen m prale o dela de vennkat (24) Desanm, si n ka trete dosye jisko tranteyen (31) Janvye m ap fè l yon priyorite. Yon avoka se yon oksilyè de wo ran de lajistis, san oksilyè sa a, lajistis ka paralize. Donk nou pa gen lòt chwa pou fè odyans yo, pou travay pou jwen rezilta, avoka yo enkontounab. Donk nou pral jwenn meyè fomil posib pou nou fè dosye yo avanse e mwen kwè ke avoka yo ap kontan paske sa fè lontan yo bezwen pou gen yon dewoulman nan sitiyasyon an, n ap fè rankont yo gradyèlman. Bawo a mwen kwè li prevwa pou yon ansanble jeneral, donk tout swit aprè n ap rankontre li pou nou detèmine les methodologies de travail paske menm avoka yo tou konsyan ke detansyon prevantiv lan li anpil, mwen konte sou sipò yo. Nou genyen dosye e dwa a detèmine kòman pou fè cheminman dosye yo, il y a les procédures. Men mwen trè konfyan ke avèk le droit, la justice est formelle, li deja detèmine prensip li ki pou rezoud kesyon an. Donk, mwen menm mwen bay tèt mwen sa a kòm defi pou m toujou rete dans le cadre de la loi, pou m fè tout sa lalwa di m sou tout dosye ke m ap trete. Sa ka rive ke yon dosye defreye lakonik, il n’y a pas de problème! Lajistis se yon sèvis piblik. La publicité se youn nan prensip de justice. Donk si piblik lan enterese a yon dosye, il n’y a aucun problème. Mais la justice formellement li deja detèmine kòman pou nenpòt ki dosye trete. Men se pa paske yon dosye brûlant pou n trete l en dehors de la loi, se lalwa ki trase prosedi a. Sou kesyon koripsyon an, li klè ke, e tout moun di l, li pa yon sekrè pou pèsòn, que la corruption se youn nan mal sosyete an. Mwen menm mwen toujou di nou, mwen gen apwòch filozofik mwen, apwòch jiridik mwen de la corruption. E m ap di nou sa ankò, mwen menm mwen plis kwè nan prevansyon ke represyon. Al li tout tèks sou kesyon koripsyon, yo di w fòk leta pran de mesures préventives pou l pa rive nan mal la. Mwen menm pou mwen kesyon koripsyon an se d’abord yon question de comportement, se d’abord yon question de déontologie, nou nan yon kriz moral, nou nan yon kriz detik, fòk nou abòde l konsa. Sou yon ang prevantif pou nou pa wè sèlman la répression. Lajistis pa fèt nan skandal, la justice est célère, mais la justice est faite dans la sérénité, dans le respect des procédures. Donk pou mwen pa gen gwo dosye, pa gen ti dosye. Tout dosye dwe respekte la lettre de la loi. Men pa bliye, si les questions de procédures ne sont pas respectées, aprè ou pral tonbe nan yon bann voies de recours, ou pral tonbe nan vices de formes, vices de procédures. Mwen menm mwen se yon juriste! Mwen plis kwè kote procédurale kesyon an, ke mwen wè vakam li pale. Paske si mwen wè yon bagay la, fòk mwen fè sa lalwa di m fè. Lalwa di m kisa pou m fè lè yon dosye tonbe nan menm. Donk daprè sa m konnen, gen de ak ki te deja angaje. Donk predesesè m nan te fè de askyon, men kòm lajistis fonksyone dans la continuité, donk mwen pral pran konesans de tout ak ke l te poze dans le cadre de ce dossier, e m ap fè sa lalwa di m fè. LPP: Se nouvo komisè gouvènman Pòtoprens lan ki t ap pale konsa nan premye konferans pou laprès li, mèt Paul Eronce Villard. Eske aktivite yo reprann nan pakè Pòtoprens lan ? Repòtè nou Amos Breville note gen aktivite. E jounen jodiya, mwens ke vennkatrè (24trè) de tan aprè enstalasyon nouvo komisè gouvènman an, aktivite yo vle reprann, aprè plis pase prèske de (2) mwa tout akitivite te bloke. Avoke yo t ap fè grèv pou egzije demisyon ansyen komisè gouvènman Pòtoprens lan, Clamé Ocnam Daméus, li te enplike nan yon ensidan ki te trè medyatize nan kòmansman mwa Oktòb lan e kote direktè polis nan lwès lan tou, Berson Solijour, te enplike nan menm ensidan sa a. Anplis de sa mete sou lòt akwochay ki te genyen na lari ant kèk polisye ak kèk avoka. E tout sa te fè yon blòk kote avoka yo te fè yon asanble jeneral e yo te dekrete grèv toutotan ke komisè gouvènman sa a pa tonbe ansanm avèk direktè polis la, epi lòt polisye yo pou yo arete yo, yo pa t ap reprann travay. Dayè avoka yo ofisyèlman poko reprann travay, selon yon responsab nou te pale avèk li nan bawo Pòtoprens lan, Batonye A.I. Li fè konnen se yon asanble jeneral yo pral fè de fason ekstrawòdinè pou konn ki dezisyon y ap pran. Men sepandan aktivite yo sanble yo vle reprann nan pakè a. Pandan repòtè nou te prezan nan Palais de Justice lan, li di l te remake Administration Tribunale lan t ap fonksyone tankou grèf yo ak divès lòt sèvis. E te gen tou prizonye ki soti nan Pénitencier National ak detni ki t ap tann nan grèf pakè a, e pou yo te pase devan jij natirèl yo. Nan yon rankont, ki se premye rankont li ak laprès, kote kèk jounalis te prezan nan pakè a jounen jodiya, mwens ke vennkatrè (24trè) de tan aprè li fin enstale kòm nouvo chèf pakè Pòtoprens lan. Mèt Paul Eronce Villard, deklare gen anpil dosye li bay enpòtans, tankou detansyon prevantiv pwolonje a, li pral travay pou l gen rapò statistik pou chak sibstiti ki ap travay avè l pou kapab fè evalyasyon dosye yo pou konnen ki kote yo ye, epi ki kote yo vle ale. Komisè tou nèf lan fè konnen pakè tribinal sivil Pòtoprens lan anonse ap genyen, daprè sa l di, yon rankont l ap fè avèk laprès, o mwen chak mwa nan ki pwen dosye yo ye, daprè sa l di. Donk li deja kase randevou mansyèl ak laprès pou fè lepwen. N ap koute komisè gouvènman Pòtoprens lan, mèt Paul Eronce Villard, nan premye konferans pou laprès la kote Amos Breville te prezan pou Radyo Kiskeya. Mèt PEV: Sa ki kenbe m a kè se la question de la détention préventive prolongée. Donk nou tout konnen kesyon detansyon an se yon pwoblèm reyèl k ap sakaje bil lajistis Ayisyèn lan. Donk premye bagay, jan m te di an, maten an m gentan nan grèf pakè tribunal la. M ap fè evalyasyon tout kantite dosye ke m jwenn, nou pral pwan. Ce qui veut dire ke m ap tou pwofite anonse laprès ke chak mwa, n ap gen yon pwen de près sur l’état d’avancement des dossiers. Se pa yon bagay ki nouvo, dayè se yon bagay ki enskri nan lalwa de 2007 sur le statut de la magistrature, kote ke chèf jiridiksyon yo, dwayen tribinal la, Commissaire du Gouvernement an genyen pour devoir pou l enfòme l’opinion publique. Je crois que c’est l’article soixante-neuf (69) de la loi de deux-mille sept (2007) sur le statut de la magistrature: informer l’opinion publique sur l’état d’avancement des dossiers de la date. Donk pou n fè sa, nou oblije fè yon inventaire, fè yon état des lieux, e nou kòmanse sa maten an. Nou fè yon envantè de tout dosye ki nan pakè a, kèlkeswa dimansyon dosye yo. Swit aprè envantè sa a, nou pral detèmine des stratégies de travail. Tankou mwen di nou an, pa gen yon jou k ap pase san n pa avanse; paske travay la anpil, moun yo ap plenyen nan prizon an, dosye yo anpil. E ou p ap ka rezoud dosye detansyon prevantiv lan nan diskou sèlman. Se pa paske ou di ou pral konbat li, gen dè strateji pou ou detèmine. Se sa k fè mwen di nou lajistis se yon bagay ki célère. Se vre, gen de dosye ki ijan, men mwen menm pou mwen, nan konsepsyon pa m de lajistis, tout dosye ijan. Paske depi gen rapò avèk libète moun, ou gen rapò avèk byen moun, ou gen rapò avèk vi moun, dwa moun pou mwen se de kesyon fondamantalman ijan. Donk se sa k fè jodiya, nan byen mwens de vennkatrè (24trè) aprè prestation de serment m, m kòmanse egzatkteman nan sa m te di m ap fè yo. Donk nou kòmanse envantè yo, nou gentan gen konesans nonb de dosye ki egziste nan pakè a. N ap fè evalyasyon pou n wè kòman nou pral abòde yo. Nou kòmanse detèmine de strateji, nou kòmanse ap remanyen selil pakè a; paske administrasyon an, fòk li fonksyonèl. Mwen menm sa ki enterese m, si nou vle goumen veritableman kont detansyon prevantiv lan, se pou nou opersyonalize machin nan. Donk si ou gen yon machin, ou pa fè sèvis ladann, li pa byen wile, chak moun yo pa konn wòl yo, chak moun yo pa konnen ke yo gen yon obligasyon de travay, yo gen yo “quota” de travay chak mwa, nou p ap avanse. Donk mwen menm nan administrasyon pam nan, outre lòt kesyon n ap regle yo, fòk chak mwa nou konnen, par subside, ki kantite dosye ki antre, ki kantite dosye li trete, si yo pa trete, poukisa yo pa trete. Mwen menm pou mwen tout pwoblèm detansyon prevantiv lan li kòmanse nan sitiyasyon sa a. Se sa k fè mwen di w, encore une fois, n ap genyen yon triloji: ‘statistik, evalyasyon, rapò (x2 fwa)’; pou n konnen ki kote n soti, ki kote n ye, e ki kote n ap rive. Donk e m bay garanti, ‘c’est mon combat (x2 fwa)’, se goumen kont detansyon prevantiv lan. Men en utilisant d’autres stratégies, donc c’est la stratégie de travail. LPP: Vwala, yo di se premye enpresyon yo ki pral detèmine, la plipa di tan, nan rapò de (2) moun lè yo fenk rankontre. Nou kapab di nouvo komisè a, li fè yon rantre ki atire atansyon sou sèn jistis nan kapital lan, nan yon pozisyon komisè gouvènman, nou konnen ki se yon chèz ki cho anpil, ejektab e kote tou se yon chèz/pòs ki gen anpil diskisyon k ap fèt sou li, e ki mande pou chanje nati li. Etan done ambivalans li gen ladann li, a la fwa reprezantan yon sosyete, men anpil fwa komisè yo kèlke ra erezman ka reprezantan gouvènman an plis ye ke defansè de sosyete a. Sa vle di tout je fikse sou nouvo komisè gouvènman Pòtoprens lan, mèt Paul Eronce Villard, ki sanble li pa pè laprès! (Ri) Donk nou pa kwè li pral kache pou laprès, donk n ap tann li, kou wè yo konn di: “on l’attend au tournant”. N ap fè yon premye kanpe. Mizik… LPP: Ou toujou sou Radyo Kiskeya, w ap swiv jounal katrè (4è) a, n ap prezante w depi stidyo, Bertrand Pierre-Louis. M ap salye tout entènot yo ki ap resevwa n sou www.radyokiskeya.com, kèlke lanswa kote yo ye, e tout sa yo tou ki ap resevwa n sou platfòm entelijan yo. Premye kout pye n nan aktyalite entènasyonal la ap mennen n nan Kinshasa, kapital Repiblik Demokratik Konngo, nou an Afrik Santral. Daprè tout enfòmasyon ki disponib, sanble eleksyon an p ap fèt dimanch sa a ankò, sa pral fè twa (3) fwa depi de mil sèz (2016) yo oblije ranvwaye eleksyon an. Eleksyon ki prevwa pou fèt Dimanch sa a nan Repiblik Demokratik Konngo, li kapab pa fèt, li kapab genyen yon semèn reta ankò. E se sa jounen jodiya, yon sous ki tou pre komisyon elektoral lan, bon ti mamit, fè A.F.P konnen. Fòk nou di genyen anpil vyolans nan kanpay elektoral sa a avèk tansyon ki ap monte. Otorite pwovensyal yo nan Kinshasa, kapital la, kote gen douz (12) milyon moun ki ap viv, òdone pou kanpay elektoral la kanpe. Eleskyon yo depi en (1) an, tout moun te konnen gen randevou dimanch sa a venntwa (23) Desanm pou eleksyon an te òganize pou yo ka vire plizyè chapit nan istwa peyi sa a konsènan fanmi Kabila, Joseph Kabila patikilyèman, ki sou pouvwa a depi disetan (17an). Li te oblije renonse, li pa t sèvi avèk fòs ke li gen na men l pou l te al pati dèyè yon twazyèm (3èm) manda, Konstitisyon an pa rekonèt. Men sepandan, li woule kò l jiskaske li fè dezan (2an) anplis sou manda l. Genyen konsèy elektoral peyi Repiblik Demokratik Konngo a, yo rele Commission Electorale Nationale Independence (CENI), ki di li tanmen konsiltasyon pou l kapab ranvwaye eleksyon yo pou lòt semèn. Se yon eleksyon jeneral, eleksyon pou plas prezidan, eleksyon legislatif ak eleksyon pwovensyal. Se sa youn nan responsab yo t ap pale ak A.F.P jounen jodiya fè konnen, men li pa t vle non l site. Prezidan CENI an ki se konsèy elektoral pa Repiblik Demokratik Konngo a (RDC), Corneille Nangaa, l ap gen pou l bay yon konferans de près demen nan kapital la, Kinshasa, selon sa pòt pawòl CENI an fè konnen. Li ta menm gentan pran kontak ak diplomat ki akredite nan Kinshasa e li ta dwe fè menm jan an tou ak konferans episkopal lan ki trè enfliyan nan RDC, daprè sa plizyè sous fè konnen. Se premye fwa yo anvizaje depi yo te fin pibliye kalandriye elektoral sa a nan dat senk (5) novanm de mil disèt (2017), wi se premye fwa yo anvizaje pou eleskyon an pa fèt nan dat yo te prevwa ki se venntwa (23) Desanm de mil dizwit (2018). Si konsèy elektoral la konfime ofisyèlman li ranvwaye eleksyon an pou yon lòt semèn, demen, li kapab ofisyèl nouvèl lan, li deklare se li menm sèl ki gen dwa pou pran desizyon sa a, selon komisè elektoral la. Li fè konnen, alòske bri ap kouri ke yo deja pran kontak ak anbasad, li di ke yo pa pral mande pèsòn moun avi yo, pa menm Kabila. Daprè sa yon responsab CENI an ki t ap pale ak A.F.P fè konnen, se yon desizyon l ap pran poukont li. E eleskyon sa yo, yo te dwe òganize nan finisman dezyèm e dènye manda Kabila a, sa vle di gen dezan (2an), an de mil sèz (2016). Men kounye a nou nan de mil dizwit (2018), eleskyon yo ki ta dwe fèt dimanch sanble sou wout pou yo repòte. Yo te repòte yo nan finisman ane de mil disèt (2017) la apre sa a, si sa konfime, y ap repòte yo ankò ane de mil dizwit (2018) lan. Alòs nou te pale w de yon gwo dife ki te pwan nan yon depo komisyon elektoral la genyen, Jedi pase nan Kinshasa, kote se yon gwo kou konsènan pwosesis elektoral la selon menm sous enfòmasyon sa a nan CENI, pou jistifye posibilite sa a pou yo pa ta fè eleskyon an dimanch. Dife sa a, san dout, ki se yon dife kriminèl, daprè otorite yo, detwi yon bon pati nan materyèl elektoral la, e ki la pou kapital la. Dife a boule katreven pousan (80%) nan machin elektoral yo, yo fè nan peyi Kore di Sid; se li menm CENI an te chwazi. Gen dispozisyon yo di yo pran pou garanti ke eleskyon an fèt san fay, daprè sa prezidan CENI an, Corneille Nangaa, te deklare. Gen jefò yo te fè pou yo te jwenn lòt materyèl elektoral, vini avèk yo nan Kinshasa, kòmande lòt machin; e opozisyon an pa fè konfyans, ni pèp lan tou, yo kwè kapab gen magwouy pou eleksyon an deja genyen nan òdinatè anvan pèp lan menm vote. Yo te voye chèche lòt materyèl nan peyi Kore di Sid daprè sa menm sous sa a ki t ap pale ak A.F.P fè konnen. Sepandan bilten vòt yo, yo p ap disponib nan rejyon Kinshasa pazavan samdi vennde (22) a, lavèy eleksyon selon kalandriye elektoral la;se sa k ta fè yo ta sou wout pou ranvwaye eleksyon pou lòt semèn. N ap vini lakay pa nou pou n pale ou, jan ke n te di l nan kòmansman jounal la, pou n raple, antèman monsenyè Guire Poulard ap chante Vandredi. Depi setè (7è) y ap ekspoze kò a epi aprè sa, a nevè (9è) seremoni an ap kòmanse nan Cathédrale Transitoire lan, nan plas ansyen katedral la. Gen ansyen prezidan an, Jocelerme Privert, ki te parèt yon nòt ke nou pa t genyen imedyatman aprè li te aprann nouvèl lan pou l te di tristès li, lè li te aprann nouvèl lanmò Archevêque Pòtoprens lan, monseyè Guire Poulard, jou ki te nèf (9) Desanm ki sot pase la a. Ansyen prezidan Privert, a travè nòt sa a, e nan sikonstans sa a te vle pou l te prezante kondoleyans li ak senpati l bay fanmi monseyè Poulard, bay tout moun ki te pwòch li, bay tout zanmi l, e bay kominote katolik lan ki regrèt jounen jodiya disparisyon pastè sa a ki se te yon modèl. Monseyè Poulard, li te òdone pè nan ane milnèf san swasann-douz (1972). Nan tout pawas li pase yo, li te egzèse ministè l. Li kite imaj yon bon bèje, yon bon pè ki pa t janm nan gran panpan, ki toujou enb, e ki te toujou ap tande fidèl yo, pawasyen yo; e li te toujou mete l nan sèvis brebi yo, daprè sa ansyen prezidan an ekri nan nòt senpati l la. Nasyon Ayisyèn nan pèdi yon sitwayen ki se/te yon egzanp. Konferans evèk Dayiti yo, yo pèdi yon frè, yon zanmi, pè yo pèdi yon konfrè nan sasèdòs lan; e pèp Bondye a bò kote pa l, li pèdi yon bon bèje ki egzòte a travè deviz sa a: “Donnen kote Bondye plante w”. Ansyen prezidan a, Privert, di l te gen privilèj pou l te rankontre pèsonèlman monseyè Poulard, li di nan sikonstans lan, li temwaye rekonesans li e admirasyon li te genyen pou li, bèje sa a, ki te toujou montre tout responsabilite l pou l te akonpaye l e te konseye l nan moman ki te pi difisil nan tranzisyon l te dirije a nan tèt peyi a. Ansyen prezidan, Jocelerme Privert, retire chapo l byen ba pou l salye monseyè Poulard ki te mete vi l nan sèvis pèp Ayisyen an, yon vi sèvis, yon vi ke li te konsakre pou lanmou l te genyen pou pwochen l. Ke nanm li repoze an pè. E se anyen prezidan Jocelerme Privert, ki te voye nòt senpati sa a nan okazyon disparisyon monseyè Guire Poulard. Nou prale nan Nòdwès kote gen yon nouvo delege depatmantal ki enstale, seremoni an fèt yè. Li te dewoule nan Tribunale Première Instance de Port-de-Paix pou li al bout nan biwo delegasyon an. Wesley Dordoille, se non nouvo delege a ki ranplase agwonòm, Owell Theock, ki te demisyone nan dat nèf (9) Desanm ki sot pase la a aprè li te pase ven (20) mwa kòm delege. Li patka sipòte kritik prezidan Jovenel Moïse te fè kont otorite lokal yo nan okazyon fèt patwonal Pòdepè. Plis detay ak korespondan nou, Saint-Jean Wiskis. STW: Dordoille Wesley se nouvo delege depatmantal Nòdwès ki ranplase nan pòs sa a, enjenyè agwonòm Owell Theock, ki te demisyone nan dat nèf (9) Desanm de mil dizwit (2018) pase a, aprè yon lanne, wit (8) mwa l pase nan pòs sila a. Jij tribinal premye enstans Pòdepè a, mèt Fresnel Desrosiers, ki te pwosede a prestasyon sèman sila a, ayè Madi dizwit (18) Desanm de mil dizwit (2018) lan, mande pou nouvo delege a met kanson l nan tay li pou l fè djòb sila a; paske nan Nòdwès, Pòdepè an patikilye, travay k ap tann li an, se yon travay ki difisil. Mèt Desrosiers… Mèt D: Je dois vous dire, mon frère, vous savez très bien la ville de Port-de-Paix, il y a beaucoup de choses qui vous attend. Il faut être un garçon gérant pour gérer cette situation ki vous attend, parce que la situation actuelle de la politique est au sommet des normes de la hiérarchie. Il faut être un délégué capable de faire attérir la politique au gouvernement. STW: Delege sòtan an, enjenyè agwonòm Owell Theock, di l pa prale nan opozisyon. Pòt li rete tou louvri ap tann si tout fwa nouvo delege a ap mande konsèy li. Agwonòm Theock. Agwo. T: Nou pa bezwen atann mwen ke m fristre m pral nan opozisyon, non! M ap toujou kanpe bò kote ekip la, pou m sipòte yo. (Bravo…) E m di nou, nou pral jwenn tout sipò. Nou mèt rele m a minwi, inè, dezè dimaten, m ap reponn nou. N ap kontinye travay ansanm. (Bravo…) Paske m pa t vin fè zo nan politik la, m te vini pou m chanje yon bagay, men “bout kòd rete vwayajè…” STW: Kanta nouvo delege a, Wesley Dordoille, mande kolaborasyon tout moun pou l sa mennen a bon pò politik gouvènman an. Wesley Dordoille… WD: Pour l’instant moment, je suis appelé à faire façe à résoudre ces différentes crises qui, à mon avis, réclament des solutions urgentes et adéquates. Je sollicite la collaboration de tout un chacun, car pour pouvoir atteindre notre objectif, celui de travailler à l’application et à la rigide du regard du gouvernement, définitivement orienté dans le bien-être collectif. Il faut, d’abord, l’accord de toutes les firmes, et de toutes les firmes du département. STW: N ap raple, enjenjyè agwonòm Owell Theock, sot pase yon lanne wit (8) mwa nan tèt delegasyon Nòdwès la. Saint-Jean Wiskis, Pòdepè, Radyo Kiskeya. LPP: Wi n ap vin nan Latibonit kote responsab inisyativ sosyete sivil la yè, se pwofesè, Rony Desroches, te twouve l. Li pale de pwoblèm ki genyen nan sistèm edikatif Ayisyen an. E li denonse de fèt ke politik antre nan sistèm nan. Li di se yon gwo pwoblèm. Pwofesè Desroches ki te minis edikasyon nasyonal fè yon pledwaye an favè yon veritab priz konsyans nan mitan aktè ki konsène yo pou tout moun pran konsyans, e pou yon lòt sistèm edikatif ki bay ansèyman an kalite, e ki bay pwofesè konpetan, e pou yo kapab wè si yo ka sove sistèm nan an Ayiti. Josué Jean-Baptiste pou plis detay. JJB: Pwoblèm ki genyen nan sistèm edikatif lan ap lwen pou rezoud si tout sektè pa pran konsyans pou aji an konsekans pou bay sistèm edikatif lan yon lòt vizaj. Nou t ap site prezidan inisativ sosyete sivil lan ki kwè politik lan ki foure pye l byen fon nan sisèm edikatif lan, se yon pwoblèm majè ki vin mele ak nivo dansèyman an ki vle bese chak jou pi plis nan peyi an. Pwofesè Rony Desroches plede an favè yon edikasyon de kalite avèk dè zanseyan konpetan pou redrese sitiyasyon an. Professeur Rony Desroches. Pr. RD: Bon, edikayon an gen anpil pwoblèm, kòm ou konnen li. D’abbord, nou gen des classes qui sont surchargées, en suite nou gen des professeurs ki genyen yon formation souvent médiocre. Youn nan pwoblèm ke yo siyale, n’est-ce-pas, nan edikasyon an, c’est la politisation de l’éducation. Paske ou gen yon seri de parlementaire, sèl sa y ap fè se pwopoze professeurs, pwopoze enseignants, pwopoze instituteurs/institutrices, traiteurs, directeurs, etc. Et ce sont des moun ki pa gen ankenn fòmasyon, ce sont des militants. Donk se youn nan gran plè ke nou genyen, n’est-ce-pas, nan edikasyon an jounen jodiya. C’est cette politisation dans le recruitement des enseignants pour le système éducatif Haïtien. JJB: Kisa ki ka fèt pou n redrese sitiyasyon sa a ? Pr. RD: Bon m kwè ke d’abbord fòk ke genyen yon prise de conscience. JJB: Nimewo en (1) inisyativ sosyete sivil lan, Pwofesè Rony Desroches, fè deklarasyon sa yo sware Madi dizwit (18) Desanm de mil dizwit (2018) lan nan moman l te vin anime yon konferans deba sur le rôle du protestantisme dans l’éducation Haïtienne nan okazyon karann sizyèm (46èm) anivèsè College Ebenezer. Gonayiv, Josué Jean-Baptiste, Kiskeya. LPP: Mèsi. Nou prale nan Grandans kounye a la, nan objektif pou l retounnen ak pwodiksyon kakawo nan depatman sa a, ki preske disparèt depi dènye siklòn “Matthew” a. E gen katèl komin Mowon ki lanse yon pwojè kakawo nan kòmansman semèn sa a. Li di ki kapab vin relanse ekonomi an tou nan depatman, e nan zòn nan patikilyèman. E selon Joël Georges, ki fè konnen gen de antrepriz nan peyi etranje ki enterese ak pwodiksyon kakawo nan depatman an. Plis detay ak korespondan nou, Charles Emile Joacin. CEJ: Majistra komin Mowon an, Joël Georges, te fè yon lansman pwojè kakawo nan komin sila a nan objektif pou l kapab retounnen avèk kakawo a ki vanse fin disparèt aprè pasaj siklòn “Matthew” ki lage peyizan yo nan tout tèt chaje. Majistra Georges Joël, pwofite pou l repwoche gouvènman Ayisyen an ak chèf leta peyi a, li di k ap bay manti nan pwomès ke yo fè popilasyon an. Yon ti kichòy, sa a yo te konn rele lontan an “woy woy”, sou ansyen gouvènman Aristide la. Chak lè fèt rive pou yo bwase lari a, oubyen asenisman pou pèmèt yo rantre yon ti chocho. Majistra komin Mowon an, Joël Georges, a pale konse… JG: Nou vin transpòte plis. Sa vle di, si se mettre en vente sur le marché, enpòtans pou l te genyen an li pa t ap genyen l. Nous avons maintenant des coopératives de France ki déjà fè anpil toune nan Grandans pou wè kòman retou ke n ap bay kakawo. E yo menm, koperativ la ap vin achte kakawo a, de façon mainenant pou ekonomi Grandans lan retire kò l nan eta ke li ye a, économie de misère la. Sa vle di, se pa yon kesyon de kakawo tou senpleman, nou fè kakawo en grande quantité pour le marché Haïtien, mais aussi pour le marché, maintenant, international. CEJ: Nan sikonstans lan, plizyè techniciens en agriculture, professeurs, agriculteurs, te reyini en assemblé pou l te kapab reyalize lansman sila a Lendi dizwit (18) Desanm de mil dizwit (2018) la. Pwojè kakawo a, selon majistra Joël Georges, jwenn yon (1) milyon de goud bò kote Union Européenne pou relansman aktivite a. Kidonk, majistra a fè de (2) kout pye, “d’une pierre, deux (2) coups”. Charles Emile Joacin. Radyo Kiskeya. Jeremi. LPP: Epi nou prale nan Nòdès. Youn nan majistra nan komin Monben Kwochi, Jean-Verlis Calixte, li menm li kritike ministè enteryè; dayè ki dwe yo, plizyè mwa yo p ap peye yo. An plis de sa, ki pa ba yo mwayen, pa egzanp nan finisman lane a, pou fè ankenn jès ak popilasyon an, daprè sa Benoît Lafontant fè n konnen. BL: Youn nan majistra (inodib) komin nan, (inodib), Jean-Verlis Calixte, deklare nan mikwo laprès, fen dane a ap avanse, yo poko gen anyen nan men yo. Ministè titèl yo, ki se ministè enteryè, poko di yo anyen. Yo fè anpil rechèch, jiska prezan, meri a blanch. Yo pa gen anyen, Yo gen prè de senk (5) mwa yo pa janm touche. (inodib) y ap resevwa demann a goch a dwat. Le pli souvan, ti kòb minitè a ap peye yo, yo toujou fè zèv avèk li. JVC: (inodib) Jiska prezan, peyi a blanch, pa gen anyen, en tèm de mwayen, pa gen anyen ditou. (inodib) BL: Majistra nan komin nan ap fini pou l di, menm nan asenisman, yo pa jwenn de fason pou wè si yo ta ede peyizan yo jwenn yon soulajman pou fèt fen dane a. Monben Kwochi, nan Nòdès. Benoît Lafontant, pou Radyo Kiskeya. LPP: Mèsi. Lakou Siperyè dè Kont ak Kontansye Administratif ekri premye minis, Jean-Henry Céant, pou denonse blokaj li jwenn nan kad ankèt l ap mennen sou afè lajan PetwoKaribe a, selon mèt André Michel. Li deklare, lèt lakou a konfime yon lòt fwa ankò avèk Jovenel Moïse nan tèt peyi a, pa gen ankenn posibilite pou gen pwosè nan dosye PetwoKaribe a. Nan sans sa a, li mande popilasyon an rete mobilize nan yon entèvyou li bay Radyo Kiskeya jodiya. Mèt Andre Michel deklare blokaj dosye a se yon blokaj politik paske li di Jovenel Moïse, an tan ke prezidan, ak tout moun ki mete l sou pouvwa a, yo enplike nan dosye PetwoKaribe a. N ap tande mèt Andre Michel, ki te pale konsa, nan mikwo Kettia Jean-Pierre Taylor. Mèt AM: Bagay sa a ba nou rezon. E sa konfime sa mwen te toujou konn ap di, an tan ke avoka ki kòmanse pwosè PetwoKaribe a. Il n’y aura pas de procès PetroCaribe avec Jovenel Moïse au pouvoir. Jodiya La Cour Supérieure des Comptes oblije rekonèt ke gen blokaj lè yo mande dosye PetwoKaribe. Yo pa voye dosye yo ba yo! Gen obstruction au travail de La Cour Supérieure des Comptes et du Contentieux Administratif. E m pral di yon bagay, sa Lakou dè Kont di nan nòt li voye bay premye minis lan, li pa menm reprezante di pousan (10%) de verite a. La vérité c’est que depi se kontra ki gen rapport avec Olivier Martelly, leta a pa vle voye l bay La Cour des Comptes. Depi se kontra ki gen rapport avec “Ti Manman Cheri” ke Sophia Martelly t ap dirije, yo pa vle bay kontra sa yo nan Cour des Comptes. La vérité c’est que depi se kontra ki gen rapport avec Agritrans, konpayi Jovenel Moïse la, yo pa vle bay yo. Sa vle di kisa ? Il y a un blocage, et les citoyens doivent le comprendre. Seul la mobilisation des citoyens finira par créer les conditions favorables à l’organisation du procès PetroCaribe. C’est un dossier historique. C’est un dossier national. C’est un dossier patriotique. C’est un dossier citoyen. Pou pwosè PetwoKaribe a fèt, se tout peyi a ki dwe mobilize! Pou pwosè PetwoKaribe a fèt, fòk Jovenel Moïse pa la! Se la verite! Et cette vérité, elle est absolue, ou p ap gen pwosè avèk yo! Paske kisa k pase ? Se tout moun ki mete Jovenel Moïse prezidan yo, ki vòlè kòb PetwoKaribe a, se Martelly, se Sophia, se Olivier, se Wilson Lalo. Tout kontra Jovenel Moïse te benefisye yo, se Wilson Lalo ki voye kòb yo ba li. Jovenel Moïse, li menm pou kò l, li gen senk (5) kontra nan PetwoKaribe. Le jour w ap fè yon pwosè PetwoKaribe très sérieusement, premye moun w ap arete se Martelly! Dezyèm moun w ap arete se Laurent Lamothe! Twazyèm moun se Jovenel Moïse! Sa vle di kisa ? Ou p ap gen pwosè avèk menm moun ki vòlè kòb PewtoKaribe yo. Tout sa k ap fèt la se demagwoji. P ap gen pwosè PetwoKaribe. Egal pou m byen di w limit Kou Siperyè dè Kont, Kou Siperyè dè Kont pa gen konpetans pou l mennen yon pwosè konsa. Gen yon kote l p ap ka rive. Donk depi yo pa ba li yo, sa l ka fè? Li pa ka arete moun. KJPT: Mèt Andre Michel, se nan ki nivo dosye a bloke la a menm ? Mèt AM: L’obstacle majeur à l’organisation du procès, c’est un obstacle politique! Blokaj politik la vle di ke kondisyon politik yo pa reyini pou gen pwosè a. Blokaj politik la vle di, ebyen, Jovenel Moïse ap toujou bloke pwosè a. Blokaj politik la vle di ke tout dosye nan PetwoKaribe ki konsène Agritrans Jovenel Moïse, tout dosye ki konsène Sophia Martelly, Olivier Martelly, Wilson Lalo, Yves Germain Joseph, ebyen, Jovenel Moïse p ap janm kite leta bay dosye sa yo. Y ap toujou kenbe yo. Y ap toujou bloke yo. Il est le chef de l’état. Lè ou mande yon minis pou l ba ou yon dosye, se Jovenel Moïse ki nome minis la; se li ki chèf minis la. L ap di minis la non! Lè ou mande yon direktè jeneral al ba ou yon dosye, l ap di direktè jeneral la non! C’est ça le blocage politique! Paske Jovenel Moïse p ap kapab mete pwòp tèt pa l nan prizon. Vòlè pa konn jije vòlè. Vous avez besoin d’un coup de balai politique pour créer les conditions indispensables à l’organisation de ce procès. Et ça, c’est une vérité! Et cette vérité est absolue. LLP: Se mèt André Michel, youn nan dirijan Oganizasyon Sektè Demokratik ak Popilè a ki t ap pale sou dosye PetwoKaribe a. Kote Lakou Siperyè dè Kont ak Kontansye Administratif fè premye minis lan konnen yo jwenn blokaj daprè sa l deklare nan mikwo Kettia Jean-Pierre Taylor. N ap raple Lakou Siperyè dè Kont gen randevou ak pèp Ayisyen an daprè sa l te di nan mwa Janvye pou l bay rapò l. Byen ke yo konnen se yon paskout ki te fèt nan sena a. Kote majorite senatè yo se Tèt Kale yo ye pou yo te fèmen dosye a. Lè ke dosye sa a te rive nan deba nan lachanm nan, yo te retounnen l bay kote l te soti a. Kidonk Lakou Siperyè dè Kont, jounen jodiya, Lakou a gen randevou ak pèp lan. Sa vle di, avèk listwa. Yon seyans analiz ankò fèt jounen jodiya sou pwojè bidjè gouvènman an prezante nan paleman an. Li fèt nan Otèl Maryòt, sou bidjè de mil dizwit (2018), de mil diznèf (2019) lan. Pwojè sa a, jan ke nou konnen l nou te pale de sa déjà, e se Fim Konsiltasyon Ayiti Efikas ak Gwoup Edikasyon Ekonomik ak Finansyè, GEF, ki gen nan tèt li, ekonomis Etzer Emile, ki te pale de sa nan rankont jounen jodiya ak laprès. Li analize plizyè aspè nan nouvo bidjè sa a. Li pale de anpil chanjman ki fèt tankou enpo sou revni an, li di ki ogmante. Li mande sitwayen yo kenbe je yo louvri sou kesyon bidjè sa a, menm lè li rekonèt gen kèk eleman tankou nan bidjè a ,sektè sosyal ki jwenn ogmantasyon nan bidjè sa a. Ekonomis lan konsidere kèk antrepriz piblik ki rapòte leta lajan tankou: AAN, APN, OAVCT, pou n site sa yo sèlman. Nan analiz li fè a, li panche sou yo. Li pale de previzyon resèt yo, yo monte disèt (17) wotè. E li kesyone tou aspè ki pa pran an konsiderasyon dimansyon chapant, kidonk striktirèl nan kesyon sosyal ak ekonomik yo. E san konte pwoblèm transparans ak senserite li kesyone nan bidjè sa a. N ap tande ekonomis Etzer Emile, direktè Ayiti Efikas, epi ki se tou prezidan Gwoup Edikasyon Ekonomik ak Finansyè, ki te pale konsa nan mikwo Guervens Ricardo Jean-Jacques. EM: Secteur social nan bidjè a genyen yon pa ki beaucoup plus important que secteur économique, sa se premye eleman an, ki pa toujou sa, avan. Dezyèm eleman an, nou gade, ann pran bidjè de kèlke ministè ki nan sektè sosyal la, de manières séparées. Affaires sociales, gen yon ogmantasyon tèt chaje nan bidjè l la, konparaman a ane dènyè. Santé public, bidjè pa l la double, ki se sosyal; li pase de senk pwen sis (5.6) a douz pwen trèz (12.13) milya de goud, mais parallèlement genyen, nou ta kapab di, gen yon ti deranjaman nan sa se Education Nationale ki kan menm gen yon rediksyon de a pe prè kat (4) milya de goud nan bidjè l ki lye sitou avèk dè bagay de fon ki fè bak sou dè zangajman ke yo te pran ankò ki pa gen mwayen e ki pa enterese finansyè yo ankò. Maitenant gen yon ansanm de pwogram sosyal ki kan menm ase enpòtan ke yo mete nan bidjè envestisman leta a, ki kapab bay anpil mwayen. Men kesyonman m: eske n ap mete an faz sou yo sèlman san ke nou pa travay tou sur le Structurant Economique ? Parce que, si m ap bay Sociales, ki peut être trop léger, ki nan apezman sèlman, m pral gen difikilte ane pwochèn pa rapò a de lòt defi ke m ka pral fè fas avè yo. Paske m oblije, an menm tan m ap travay sou Sociales fòk ke mwen ap reflechi sur le Structurant, sou yon mwayen tèm. Paske se pa paske moun nan p ap travay ki fè ke moblije bal manje, se paske li pa genyen envestisman serye ki fè ke ou oblije ba yo des avantages sociales de base. Donk mwen kwè ke, il faut que, mwen te retwouve mwen nan yon bidjè ki a lafwa sosyal, men ki osi ekonomik, pou m ta kapab rezoud de (2) pwoblèm nan yo an mèm tan. Donk mwen kapab di, wi li reponn pa rapò a ansanm de resous ke yo met ladann. Mais, il n’est que d’attendre! Paske resous la lè li nan bidjè a, pa vle di ke reyèlman m pral gen rezilta tout bon. E se lyen sa a pou ke nou fè ant yon strikti kontab de yon bidjè e efikasite ke li kapab genyen sou les objectifs socio-économiques. E se fen ane a ki pral di nou kisa reyèlman ki te kapab atenn kòm objektif. Gen plizyè bagay ki frape m ladan. Dabò se dèt yo/la. Service de la dette, se ke lajan ke n ap bay pa rapò a dèt ke peyi a genyen, li kontinye ogmante. Li te katòz (14) milya de goud année dernière, li pase a venteyen (21) milya de goud ane sa a, ki se yon ogmantasyon de senkant pousan (50%). Se pratikman dezyèm pi gwo bidjè aprè Travaux Publics an tèm de depans pou leta a. Se kan menm ekstrèman enpòtan! Donk kesyon an, fè dèt se pa sa ki pwoblèm nan. Sa k pwoblèm nan se lè ke lajan ke m prete yo yo pa toujou itilize dans des acitivités ki pwodikitif. Tout peyi nan monn lan gen dèt! E tank yo pi rich, yo gen plis dèt. Mentnan, mwen malalèz se lè ke mwen pa sifizaman byen itilize lajan ke m dwe yo. Men dezyèman, se lè ke mwen pa menm ka gen mwayen pou m reyalize minimòm de survie m nan peyi a, e moblije kounye a la ap pran venteyen (21) milya de goud nan yon bidjè pou ke m ap bay li a des dettes principalement ki ale vers Vénézuela. Yon lèt eleman ankò ki enpòtan, nan pati enpo yo. Impôts sur le revenue, gen anpil chanjman ki fèt. Yo pèmèt ke jodiya la yo ogmante barèm de moun ki kapab enpozab la. Avan l te san ven (120) mil goud, ki te di (10) mil goud pa mwa. On moun konsa, a pati de di (10) mil goud pa mwa e plis, te konn kapab peye taks. Kounye a yo ogmante li, yo pase li a san senkant (150) mil goud pa mwa. Ki vin ba w douz (12) mil konbyen. Donk moun kounye a ki nan di (10) mil, onz (11) mil, douz (12) mil p ap peye taks toujou. Li yon ti jan pèmèt ke gen plis moun ki kapab soti nan kategori enpozab. Men lòt kategori de moun ki a pati de ventwit (28) mil goud de salaire mensuel, moun sa a yo yo pral gen yon ti ogmantasyon nan impôts sur le revenue ke y ap bay nan youn nan partie impôts sur le revenue yo ke y ap peye. A partir de douz (12) mil konyen goud nan pati sa a e plis pa mwa, yo pral peye yon impôts sur le revenue ki beaucoup plus élevé ki soti de di pousan (10%) a kenz pousan (15%) kounye a la, et ainsi de suite. Donk ki pral kapab genyen yon enpak negatif sou pouvwa dacha yon kategori de moun k ap travay ki pral afekte conditions de vie yo. Sa a pou mwen li te frape m! Yon lòt eleman ki frape m ankò se sa m rele Senserite Bidjè a. Donk, encore une fois, mwen gen yon bidjè ki pa kredib e ki pa sensè. E ke kisa senserite vle di ? Li vle di ke ansanm de previzyon ke m fè yo yo ase rasyonèl e reyalis. Donk lè mwen di ke mwen pral ogmante resèt domestik leta de karannkat pousan (44%) nan yon ane, mwen m pa wè ki leta sa a reyèlman ki genyen ase de ponyèt pou ke travay sa a fèt. Lè ou di m ke ou pral ogmante resèt dwanyè de preske swasann katòz pousan (74%), pase de diznèf (19) milya a trannsenk (35) milya de goud, m pa wè efektivman leta genyen mwayen reyèlman. Paske nou pa janm fè ven (20) milya de goud de resèt dwanyè, e kounye a leta di m li pral fè trannsenk (35) ane sa a. Mwen yon ti jan trè septik pa rapò a chif sa a. Leta pajanm rive kolekte menm senksan (500) milyon de goud nan antrepriz piblik yo. Sa yo rele OAVCT, AAN, APN, ane sa a li di l ap fè twa (3) milya. M pa konn kote l ap miltipliye chif sa a pa sis (6) pou l rive nan yon sèl ane, se toujou des questionnements. Donk se sa mwen rele senserite nan bidjè a. Li valab tou si ke resèt yo ipotetik, depans yo ipotetik tou. Men si m pa si de resèt yo, aussi bien que depans yo p ap si tou. Donk mwen pral gen difikilte pa rapò a depans lan yo tou. Li valab tou pou de lòt pòs ankò nan bidjè a jan m t ap prezante l la, ki kan menm mwen pa fin totalman si ke ap genyen vrèman otan de resous ki prevwa ladan yo. Pa egzanp don yo. Leta di ke l kapab genyen ventnèf (29) milya de goud de don ane sa a. Lè ou mete yo an dola Ameriken, li ba ou prèske katsan (400) milyonn dola. Men lè m gade konpòteman bagay yo fè yo, lè m ap gade retisans ke yo genyen depi de (2) zan, lè m ap gade tip de pwomès ke y ap fè, m prèske sèten menm mwatye kòb sa a p ap rantre. Donk pou mwen ankò, mwen kesyone senserite. Leta a di ke l kapab gen des finacements internes dans l’ordre des montants assez importants jodiya la ki kapab très élevés pa rapò a sa l te ye. Li te sèz (16) kounye a li di l ka gen prèske ventnèf (29), donk prèske de (2) fwa plis. Kisa yo rele “Bons du Trésor”, ki yon bann lòt sous de revni ankò, pou mwen ki pa genyen garanti ladan yo reyèlman. Donk se sa mwen rele pwoblèm senserite a ki frape m, e li fè m mal lè ke chak fwa nou toujou rete nan yon lojik konsa. Nou vin gen yon bidjè ki pratikman tankou yon gwo blòk. Paske resous ke yo di ki a p konekte yo pa genyen prèv reyèlman ke yo kapab konekte. Otomatikman, yon ansanm de pwojè ke ou di ou pral fè vin pratikman vin fose tou. Bidjè Paleman an gen rediksyon ladann, anpil moun t ap mande sa nan popilasyon an. Li pase de sèt pwen en (7.1) milya de goud a senk pwen sis (5.6) milya de goud. Yon lòt bagay mwen panse ki enpòtan, e ki atire atansyon m tou, e ki toujou vini chak ane se li manke vantilasyon, manke transparans nan bidjè a. Pa egzanp gen des resources ke yo pa presize yo. Mwen konnen gen yon bann antrepriz piblik ki ap fè yon bann kòb chak ane. Ayewopò fè yon bann lajan, bidjè a pa di yo. Bidjè a sèlman di “Entreprises Publiques”, bon li di: “autres sources domestiques antre tant montant”. Mwen menm, an tan ke sitwayen, m ta renmen konnen ki kantite lajan OAVCT ap fè. Se yon antrepriz li ye. OAVCT, AAN, APN yo pa administrasyon piblik. Ce sont des entreprises publiques ki gen obligasyon pou yo fè benefis chak ane. Donk mwen bezwen konnen ki kantite lajan y ap fè. Donk pou mwen, que ce soit objectif de croissance, que ce soit objectif en terme de création d’emplois, ce sont des objectifs qui assez hypothétiques et que yon bidjè konsa ki genyen a peu près un (1) milliard de dollars Américain d’investissement ladan, m pa wè vrèman mirak ki ka pral fèt ladan ki pou chanje condition de vie moun ladan. LPP: Vwala se ekonomis Etzer Emile ki t ap pale konsa. Nan antrepriz piblik yo tou gen BNC, gen BPH tou ki se antrepriz piblik leta. Vwala, nan konferans deba sa a li te fè jounen jodiya sou pwojè bidjè a kote li t ap reponn kesyon Guervens Ricardo Jean-Jacques. Epi gen yon lòt pa konsènan pwoblèm ekonomik yo nou konnen ki mangonmen pou pèp la nan finisman lane de mil dizwit (2018) sa a. Genyen yon sendika Mouvement Unifié des Transporteurs Haitiens (MUTH) ki te rankjontre laprès jounen jodiya pou l denonse lavi chè a ki ap fini ak pèp Ayisyen an paske tout bagay ap ogmante chak jou. Sèl sa k pa ogmante se kapasite pèp la, kidonk mwayen poub l kapab fè fas ak responsbilite l kote popilasyon an pa konn ki sen pou l priye. Nan yon konferans pou laprès jounen jodiya, nan lokal li, MUTH, kowòdonatè jeneral li, sendikalis Duclos Benissoit, kritike otorite yo nan Ministè Komès ak Endistri li di k pa gen kontwòl sou anyen. Nan sa k ap antre, nan sa ki ap vann nan peyi a. Kote chak moun bay pri yo vle. Kèlkelanswa medikaman an, kèlkelanswa materyo konstriksyon, kèlkelanswa pyès machin nan, kèlkelanswa pwodwi premye nesesite, se nan yon jeng peyi Dayiti twouve l. Se chak moun ki fè sa yo pi pito! Pa gen ankenn leta k ap kontwole anyen ditou. N ap tande sendikalis Duclos Benissoit nan konferans pou laprès sa a kote Diderot Parent te prezan pou Radyo Kiskeya. Send. DB: Nou pran egzanp medikaman, ou paka viv nan yon peyi konsa! Pa gen okenn Ministè Komès k ap regilye anyen! Ministè Komès la li p ap cheke eske medikaman yo ekspire, èske yo pa ekspire, konbyen tan yo bay moun yo, yo pa mete anyen sou pòt yo pou yo di “famasi sa a se yon famasi danje li ye, pa achte ladann”. Ceux-ci, pa gen anyen, nou livre a nou menm. M ale yon kote, m al achte yon bagay, yo mande m desan senkant (250) goud pou li. M ale yon lòt kote, yo mande m senksan (500) goud pou menm bagay la, menm peyi a! Nou p ap ka fè l konsa! Pa gen youn nan nou la a, ki nan klas mwayèn nan la a, ki ka fè yon kay pou n rete. Bon menm yon kounouk nou pa (inodib) kounouk la. On sak siman, an de mil disèt (2017), ki te vann, ann di swasant (60) dola Ayisyen, jounen jodiya li van katreven kat (84) dola Ayisyen an de mil dizwit (2018). Ba fè ou te konn achte senksan (500) goud la, jounen jodiya l vann prèske mil (1,000) goud. Nan yon ka parèy, mwen m panse ke fòk popilasyon an wè nan kisa l ye, fò l leve kanpe! Nou pa ka ap kontinye. “Le peuple” la pa t sèlman fèt pou ke nou te anpeche l pale non, li pa t sèlman fèt pou l di “Pouvwa a pa mache”, fò n fè l pou n di nou grangou! E nou grangou vre! Mizè a twò rèd! Se sa k fè nou di ke lavi chè twò di. Fòk nou leve kanpe! Si n ta rantre nan pwodwi machin yo ap itlize, yon kawotchou se sis san senkant (650) pa katòz (14) ke ou te konn achte sis san (600) dola Ayisyen an de mil disèt (2017), jounen jodiya ou achte l mil desan (1,200) dola Ayisyen. Hey! Yon ti lwil fren, yon ti lwil motè ou te konn achte, ann di san (100) goud, jodiya l vann san swasant kenz (175) goud. Ki leta k ap pwoteje nou ? Eben se nou k pou leve kanpe! Tankou Prezidan Préval te di “Pase pran l, si nou vle al manifeste”, eben gen moun n ap pase pran yo pou nal manifeste. Prezidan Jovenel, fò l veye kò l. Nou pral pase pran l, pou l vin manifeste kont lavi chè a. Paske m pa kwè Prezidan Jovenel ap byen aksepte sa. Si w se prezidan yon peyi, ou ka gen tout pwoblèm, men pwoblèm grangou, manje moun yo, sa se pwoblèm nimewo en (1) kin pou rezoud! Depi de (2) zan moun yo paka manje. Fòk moun yo manje! Gen yon pwen m pa t vle touche l! Men li sou zye n! Konpayi telefonik yo! Bon sa se yon lòt sous de lavi chè. Oke w achte yon telefòn, w achte kat met sou li, ou tande y ap voye plan otomatik. Ou gen desan (200) plan otomatik, yo fin voye l, ou paka efase l. Epi y ap touche kòb la sou ou. Pa gen ankenn leta k ap pwoteje nou. Kote Ministè Komès ? Yo pa la! M pral fè ou wè kèk bagay. On galon lwil nou te konn achte an de mil disèt (2017) twasan (300) goud, jodiya menm galon lwil sa a vann kat san senkant (450) goud, de mil dizwit (2018). Yon ti aran sèl ou te konn achte trant (30) goud an desanm de mil disèt (2017), jodiya l vann swasant (60) goud an de mil dizwit (2018). Yon aran sò ou te konn achte vennsenk (25) goud, yo te konn vann ou yon ti mòso pou di (10) goud, kounye a li vann senkant (50) goud; yo pa t dwe bay anyen menm. Si yo vle ba ou, kenz (15) goud, pa gen pou di (10) goud. Popilasyon an t ap denonse a lepòk, yon rejim bannann ke yo t ap vann vennsenk (25) goud. E lè yo te di rejim bannann epòk sa a, trannsenk (35) an avan, yon timoun dizan (10an) pa t ka leve l, ki gen onz (11) pat, kenz (15) pat pa t ka leve l. Malgre sa, mezi te fèt pou denonse vennsenk (25) goud la. Men sa k vann katreven trèz (93) goud nan makèt, twa (3) ti grenn bannann pou katreven trèz (93) goud! Non, nou pa kapab. Nou pa kapab! Gouvènman sa a, eske l vle tande? M pa konnen si y ap tande! Men sèl bagay mwen kwè, si popilasyon an vle, n ap leve kanpe e l ap oblije tande. LPP: Vwala, Duclos Benissoit sou lavi chè a e lis lan pi long ankò, nou ta gen dwa pale de zoranj, nou ta gen dwa pale de sitwon, nou ta gen dwa pale de tout sa moun bezwen ki monte men wotè san ke pa gen ankenn espwa gen anyen ditou ki ap fèt. Konsènan medikaman yo, gen kontwòl Ministè Komès ak Endistri sou kesyon pri a, men gen kontwòl Ministè Sante Piblik tou. Imajine w nan yon peyi medikaman w ap achte yo vann li nan lang ke ou pa konprann! Gen medikaman ki ekri an Arab, genyen ki ekri an Espanyòl, alòs ke se de (2) lang peyi a genyen; genyen ki ekri an Anglè. Se de (2) lang nou genyen, ofisyèlman se Kreyòl ak Fransè. De (2) responsab finans nan menm sendika MUTH, Valpierre Richard ak Jean-Louis Fortuné, mande popilasyon an leve kanpe sou kesyon lavi chè a. Paske li di sistèm sa a li bout, fòk li chanje. N ap tande de (2) sendikalis yo, Valpierre Richard ak Jean-Louis Fortuné, toujou nan menm konferans pou laprès sa a kote Diderot Parent te prezan pou Radyo Kiskeya. VR & JLF: Nòmalman nou tout konnen ke Ayiti se yon peyi agrikòl, c’est-à-dire, nou ta dwe ranfòse kapasite peyizan yo. Nou ta dwe tou sispann enpòte. Nòmalman, sou ki kritè nou kapab di yon peyi li pòv ? Fòk nou ka teni kont de balans komèsyal la. Si n ap enpòte sèlman, nou pa janm ekspòte, natirèlman, kote nou ye a se rezilta sa a n ap jwenn. C’est-à-dire, nan mache enfòmèl la, non sèlman w wè sa, se swasann di pousan (70%) yo mete. Sa ou te konn ap achte ou te bezwen san (100) goud pou ou achte l la, w ap oblije ajoute swasann di (70) goud sou li. Kounye a mwen m ap poze tèt mwen kesyon. Gen nesesite pou tout sitwayen an dedan peyi a, pou yo leve kanpe kont lavi chè a. E si nou pa ta leve kanpe kont sa, c’est sûr ke nou pa ta Ayisyen. Et en suite, n ap fini sou pye. Nou mande aske menm jan Konstitisyon an li di nou sa, men yo pa aplike l: “droit à la santé, à l’éducation, à la nourriture”, nou pa genyen li! Yo pa rantre en application. Nou vin gade tou, an de mil kenz (2015), te gen yon etid ki fèt, li te revele ke majorite Ayisyen ap viv ak mwens ke yon (1) dola Ameriken pa jou, si n ap teni kont moun k ap travay kay moun agent de sécurité. Ann pa bay tèt nou manti, tout sa nou genyen kòm dirijan anndan peyi an, se “poupe twal” yo ye. An gwo, pou m reponn ou, olye m bay pwòp kisa nou ka emèt kòm pwopozisyon pou lavi chè a desann, m ap tou di w, bon, pa gen wout pa bwa, se sistèm nan ki pa bon. Pa gen anyen m ap bay kòm pwopozisyon pou yo ta chanje yon sistèm la a ki pral relatif. Paske an nou di Magasin de l’Etat te la a, se soulaje li te soulaje mas defavorize a. Men jounen jodiya ou pa konn sa k reprezante mas defavorize a, se jenosid wi yal fè kote k gen klas pòv yo. Se tire yo tire yo lè y ap revandike sa ki fè yo mal, lè y ap revandike pou mizè, lè y ap revandike pou (inodib) lajan PetwoKaribe a, se fizye yo fizye yo! Ou konprann, se kochon k manje moun an Ayiti lè l ap revandike li bezwen lojman, li bezwen nouriti, li bezwen edikasyon, li bezwen sante, se tire! Kèlkelanswa pozisyon MUTH ta pran la a, pou l di men yon chemen pou amelyore sitiyasyon vi klas defavorize yo, se nat marinad! Paske sistèm nan pa bon, se nan sistèm nan li ye. Se sa k fè nou di pèp Ayisyen li lè li tan pou n kanpe, pou n leve kanpe, pou nou di “Abraham di: c’est assez!” a sistèm sa a. LPP: Vwala, konferans pou laprès, MUTH, ki se Mouvement Unifié des Transporteurs Haitiens, nou te tande dabò Kowòdonatè jeneral, sendika Duclos Benissoit, epi de (2) adjwen l yo, Valpierre Richard ak Jean-Louis Fortuné. Mizik… Poz: Branche w nenpòt kibò sou planèt la sou www.radiokisyeya.com Mizik… LPP: Mèsi dèske w fè Radyo Kiskeya konfyans pou enfòme n. N ap retounnen nan aktyalite entènasyonal la, kote prezidan Ameriken an, Donald Trump, òdone jounen jodiya pou tout militè Ameriken ki stasyone nan peyi Siri rantre lakay. Li di ke objektif Etazini te fikse nan dosye sa a, yo rive atenn objetif lan, yo rive mete do Eta Islamik la, EI, atè. Alòs ke nou konnen se yon peyi ki kraze pak an pak Siri a ye. “N ap retire tout militè nou yo nèt, nou p ap kite youn pi rapidman ke posib”, se sa jounen jodiya yon responsab Ameriken, ki pa t vle yo site non l, deklare. Li presize desizyon sa a Trump pran an, li kapab, daprè obsèvatè, gen gwo konsekans nan rejyon an; an patikilye pou konbatan “Kurdes” yo ki yo menm yo te gen anpil espwa sou prezans Ameriken an nan zòn nan. Eben selon responsab Ameriken an, ki pa t vle non l site, li fè konnen dènye men yo te mete pou pran desizyon sa yo te finalize l yè madi a. Nan dènye mwa sa yo, gwo responsab militè Ameriken yo te fè plizyè entèvansyon pou voye yon pinnga konsènan posibilite sa a pou te retire tout militè Ameriken yo nan peyi Siri. Pou yo menm, si Etazini fè sa, l ap livre a lye l yo bay rejim Bashar al-Assad la yon pa, e l ap livre zòn nan nèt bay la Risi, ki se rival Etazini plis Iran ki se lenmi nimewo en (1) nan zòn nan, daprè sa militè Ameriken fè konnen. Gen enviwon de mil (2000) sòlda ameriken ki, ki kwè l ye la, deplòtonnen nan peyi Siri. Sitou se de fòs spesyal yo prezante kòm konbatan ki ap prezan pou fè fas/konbat EI epi antrene fòs lokal nan zòn nan lè yo fin mete Jiyadis yo deyò. “Nou mete do gwoup Eta Islamik lan nan peyi Siri atè, se sèl rezon pou mwen menm ki fè sou gouvènman pa m nan Trump te gen militè Ameriken nan zòn nan”, daprè sa prezidan an ekri nan yon twit lin voye jounen jodiya. Prezidan Ameriken an plizyè fwa te di l swete pou l mennen sòlda yo retounnen lakay yo. Mezon blanch te parèt trè vag lè y ap mande l kalandriye retrè a kijan li ye, li sèlman afime san ke l pa bay okenn chif ke sòlda yo kòmanse kite zòn nan deja. Kanpay kont EI a pa fini, sepandan se sa, bò kote pa l, Pentagòn fè konnen avèk anpil nuans, plis nuans ke twit prezidan an presize ke, selon Pentagòn, Ministè Defans lan, li p ap bay okenn detay pou rezon sekirite. Pa gen lòt enfòmasyon tou yo te bay konsènan enpak desizyon sa a kapab genyen, pa egzanp sou kanpay frap ayeryen Etazini mennen nan peyi Seri depi finisman ane de mil katòz (2014) lan. Sepandan Israyèl ki se yon alye Etazini nan zòn nan di l poko analize retrè Ameriken an, kisa l kapab responsab. Alòs ke yon seri de minorite nan zòn nan ki ap bay presyon La Turquie, fè konnen se yon trayizon le fèt ke Etazini ap lage yo nan zòn nan. Eben daprè sa Benjamin Netanyahu fè konnen, li menm li kapab defann tèt li devan tout aktè nan zòn nan ki ka kwè yo ka vin vare sou li. Techno Science se ribrik syantifik ak miltimedya Radyo Kiskeya, Arold t ap pretanze n. Mizik… A: Byenvini sou Techno Science! Eske nouvo fonksyonalite sekirite konpayi tankou Google ak Apple, deplwaye sou telefòn entelijan yo san pousan (100%) garanti ? Eben sanble ke non! Nou aprann semèn sa a ke yon tèt enprime reyisi dejwe sistèm rekonesans fasyal kat (4) telefòn Android ke yo t ap teste pou sa. Yon sitiyasyon ki twouble e enkyete spesyalis yo. Se yon jounalis magazin Amerikèn, Forbes, Thomas Brewster, ki dèyè tès sa yo. Li fè yon kopi fòm tèt li an plat epi li eseye twonpe sekirite telefòn Android, Apple ak Microsoft. Si Android yo fè bèk atè, iPhoneX Apple lan ak telefòn Microsoft lan pa pran nan kou sa a. Ekspè ke yo kontakte sou sa fè konnen kè sote ke yo genyen konsènan sitiyasyon sa a. Yo mande tout moun ki ap sèvi ak metòd sekirite sa a pou yo fè yon kanpe, osinon konbine yo ak yon mot de passe. Fòk nou di, nouvo metòd sekirite sa yo fè anpil pale anpil nan dènye ane sa a. Sitou lè Ozetazuni polisye Ameriken rale iPhoneX yon moun ki te an afè ak la jistis, pwente telefòn nan nan figi li pou li debloke l, sa te mache! Gwo tole te fèt sou sa, men èske sa ap kanpe la ? Mizik… A: Eske yon moun ka antere nan lespas ? Ebyen kesyon sa a tou jwenn repons li semèn pase a lè rès plis pase san (100) moun monte al nan lespas nan kad yon kolaborasyon ant konpayi Illusion Space, ak SpaceX. Chak fanmi aksepte peye de mil senksan (2,500) dola pou voye moun yo nan dènye repo yo nan lespas. Se yon echantiyon sann moun yo ki ale flote nan lespas nan yon satelit memoryal konpayi Elysium. Fanmi yo ap kapab swiv satelit lan an dirèk lè li pase sou tèt yo oswa kèlkeswa kote l ye sou tèt planèt la. Mizik… A: Eske milti milyadè Ameriken ekstravagan, Elon Musk, ap reyisi youn nan pwojè moun fou l yo? Antouka li sou wout, menm si wout sa a ap pase anba tè. E se konsa nan semèn nan la a Elon Musk kòmanse fè jounalis vizite premye tinèl li bati anba Lòs Anjelès ki pral pèmèt konpayi li an, The Boring Company, “regle pwoblèm trafik Ozetazini e petèt nan lemonn”. Tinèl plis pase yon (1) kilomèt la pral pèmèt machin file ak tout boulin nan yon tan ki pa twò long anba L.A. Vitès Elon Musk vle atenn se plis pase sèt san senkant (750) kilomèt lè; bagay tèt chaje nèt. Li vle bati yon rezo tinèl konplè anba vil lan. Li deja ap travay sou menm lide a nan lòt vil tou. Elon Musk panse ke li ka redwi tan vwayaj tou ak kreyasyon sa a li rele “Hyperloop” lan, ki pral pèmèt konekte plizyè gwo vil a des vitesses anraje! Konsa, olye ou fè senk (5), sizè (6è) de tan de vòl ant Nouyòk ak Lòs Anjelès, li ka vin pran ou trant (30) minit sèlman. Ann rale ti chèz ba nou pou nou tande… Mizik… A: Pou Techno Science se te Arold… Mizik… LPP: San tranzisyon, envite jounal katrè (4è) a aprè midi a, ansyen minis jistis, mèt Jean-Joseph Exumé, sou defi ki ap tann nouvo komisè gouvènman Pòtoprens lan. Li te reponn kesyon Beethovens François Fils. Mèt JJE: Se pa yon afè de ou gen yon blokaj de Pakè, ou gen yon blokaj de tèl jiridiksyon. An reyalite, veritab pwoblèm ke ou genyen nan lajistis jodiya se yon disfonksyonman de lajistis. Epizòd de Pakè a ki te disfonksyonèl la, se yon “goutte d’eau”, paske tout rès bagay yo lye. Ou gen yon sistèm ki p ap fonksyone. Lè yon sistèm p ap fonksyone, donk ou déjà konnen gen yon pakèt konsekans pou jistisyab yo, pou peyi an, etc. Premye bagay pou komisè gouvènman ki vini la a ta fè, se asemi Pakè a, pou mwen. Kisa mwen vle di lè m di “asemi Pakè” a ? Asemi Pakè a se fè ke administrasyon Pakè a fonksyone kòrèkteman. Ke lè gen yon dosye ki rive nan Pakè, gen yon delè pou ke Pakè a kominike dosye a. Si y ap voye dosye a nan Cabinet d’Instructions, pou l voye dosye a nan Cabinet d’Instructions. Fòk gen yon kontwol ki fèt de chak dosye ki vini an, avèk nimewo dosye a, swivi ke Pakè a ap fè sou dosye a. BFF: Pou gen des Réquisitoires Informés ki bay a tan ? Mèt JJE: Pou gen des Réquisitoires Informés ki bay a tan, et des Réquisitoires Définitifs ki bay a tan tou. Men ou gen aspè sivil la, aspè komèsyal la tou. Paske se pa yon bagay ki nòmal pou yon afè plede, ou pa janm jwenn okenn desizyon. Lè finalman, ou menm avoka, wal chèche konnen poukisa desizyon an pa rann, epi ou wè ke Ministè Piblik la potko janm bay konkli. Aussi bien, au niveau de tribunal la li menm, des juges qui, au niveau du Parquet, fò w genyen yon sorte de control kin pou egzèse pou ke sistèm nan ka mache. M si e sèten ke ou pral pale m de “Détentions Préventives Prolongées”. Paske ou konnen se youn nan konsekans ki genyen. Men chak fwa nou tout nou vinin avèk menm pwoblèm nan: “Détentions Préventives Prolongées… Détentions Préventives Prolongées…”. Men nou pa janm eseye chèche koz li! Paske mwen menm, mwen te toujou di sa: Si tout moun nan sistèm lan te fè travay yo kòrèkteman, jan pou yo fè l la, ou pa t ap menm gen okenn “Détentions Préventives Prolongées”. An Ayiti, se youn nan peyi, malgre tout sa ke ou tande a, se youn nan peyi kote nonm de deteni yo, pi ba. Li pi ba ke Jamayik, li pi ba ke Trinidad et Tobago, pi ba ke Bahamas, tout kote. E si wale nan de peyi, menm devlope, tankou La France, Les Etats-Unis, ou pral wè kijan prizon yon bonde. Dans la mesure du possible, ou ka rezoud pwoblèm nan, si tout bagay fèt kòrèkteman. C’est-à-dire, si chak moun pran responsabilite yo e ke yo fè sa pou yo fè a dans le délai ke la lwa prezante. BFF: Pa egzanp gen plizyè dosye ki ap tann li, gen anpil defi ki rete pou leve. Otorite yo tann twa (3) mwa depi lè te gen paralizi total aktivite yo, avèk grèv ide wote avoka yo, pou rive mennen yon nouvo chèf Pakè. Ou gen dosye PetwoKaribe a ki nan Cabinet d’Instructions, nou gen yon jan pou yo abòde li. Genyen tou masak Lasalin, gen de non ki site, gen de moun ki pwòch egzekitif la, yo te di poukisa pa t gen aksyon piblik ki te mete an mouvman ? N ap tann kounyea, an tant qu’avocat de la société, ki prensipal aksyon ki pral poze ? Mèt JJE: Bon, natirèlman ou konnen ke nouvo chèf Pakè a, li efektivman gen beaucoup de pains sur planche li. Dosye PetwoKaribe a, an fèt, se yon dosye konplèks. An reyalite, nou pa menm ka di, dosye PetwoKaribe, se pa yon sèl dosye, pou mwen, ki genyen nan PetwoKaribe a. Gen différentes infractions, e tout enfraksyon yo ou pa trete yo menm jan. On moun ki kontab des Deniers Publics ki an koz, donk kontab des Deniers Publics la, ça veut dire il faut que ou gen yon “Arrêt de débet”. Men lè se yon moun ki fè yon lòt enfraksyon, dans le cadre d’exécution, d’accord, de contrats, de bagay konsa, donk lè sa a ou ale dirèkteman devan le Tribunal de Droits Communs. Donk menm lòske se yon moun ki kontab des Deniers Publics, w ap fini pa ale devan le Tribunal de Droits Communs tou wi, men sof que gen yon preyalab endispansab. Sa se yon premye dosye, m te gen dwa di ki très important pour que nouvo chèf Pakè a abòde l. Fò l fè sa dans le respect des normes, se sitou sa! Paske si w ap voye monte, e ke w ap voye manda bay moun, fin debòde, lè sa a ou p ap fè dosye. Dosye a mande pou gen yon serenite ladan li pou konnen ke men kijan ke m ap abòde bagay la, men ki aksyon ke m ap fè, men tout sa ke w ap fè yo, il faut que ou toujou mete yo dans le cadre de la loi. Paske ke pandan tout tan sa a ke Pakè a te bloke a, non sèlman tout avoka ap soufri, ou genyen yon seri de jistisyab k ap soufri, donk kounye a la il faut mettre les bouchées doubles, en quelque sorte. BFF: E menm La Cour d’Appel, paske yo loje nan menm ansent. Mèt JJE: Wi! Bon, évidemment, ou konnen. BFF: Se yon abitye ki retounnen, se yon ansyen sibstiti komisè gouvènman an. Nan premye deklarasyon li fè lè seremoni enstalasyon dwayen Saint-Vil te prezide, li di li pral fè de Pakè a yon modèl dans La (inodib) Publique. N ap tann a travè sa l di, kisa ki pral fèt. Men kòm ansyen minis jistis, ki swè ou ? Ki antant ou pa rapò ak de ijans ki genyen la a kounye a ? Kijan w wè ke yon bagay konsa kapab fèt lè n sonje pòs komisè gouvènman an se yon pòs ki enjektab ? Dependemment de politik ou pral mennen an ki lye ak kesyon gouvènman ki la, egzekitif ki la a, e ou toujou wè, gen de bagay ki fèt, on moun on bò, on lòt on lòt bò. Mèt JJE: Bon, se nòmal, mwen dakò avèk ou. Men mwen m estime ke lè komisè a di sa a, komisè a kapab efektivman fè de Pakè a on modèl. Nan ki sans ? Au niveau de l’administration d’abord. Dans ce sens ke ou konnen gen anpil efò ki fèt nan sèten Pakè: Pakè de Saint-Marc, Tribunal Fort Liberté, Tribunal Port-de-Paix, Ti Gwav… Au fait, ou è gen de pwojè ki mennen, men ou wè tout pwojè sa a yo, si w byen gade, w ap wè ke tout se sou administrasyon yo yo chita. Ou gen yon volè kijan w ap jere, kijan w ap manadje, kijan w ap fè jesyon Pakè a. Au niveau des dossiers, lè dosye a rive, konbyen tan dosye a pran avan li trete, dè bagay konsa. Epi dezyèman ou genyen le droit li menm. C’est-à-dire lè w ap poze yon ak se an fonksyon du compte d’instructions criminelles, se an fonksyon du compte des procédures civiles ke w ap aji. Ou konnen ke pa egzanp au niveau du Parquet de Port-au-Prince, gen yon veritab pwoblèm nan sa ke nou rele “egzekwat” yo. Tout jistisyab, anpil avoka ap plenyen, paske ou gen dwa gen on dosye ou depoze l pou “execroiture” epi ou pa janm ka jwenn okenn “execroiture”. On dosye ki nan domèn chèf Pakè a, fòk ke l al gade byen pou l wè bagay sa a. De même, ou genyen au niveau d’arpentage la. BFF: Men kesyon “execroiture” la, genyen de moun, pou yon rezon ou pou yon lòt, oubyen de bonnes ou de mauvaises intentions, gen dwa pa janm siyifye moun nan. Yo pran l pa defo! Moun nan pa janm o kouran, lòt pati a, epi w tande “execroiture” bay, yo di tout delè epwize e poutan se pa vre. Mèt JJE: E poutan se pa vre. Mwen menm mwen vle fè w konprann ke sa se yon deriv ki fèt pou korije. Paske jijman pa defo a egziste. M gen dwa pran yon jijman si moun nan pa konparèt. Sa m fè ? M ap pran jijman pa defo a, men il ne faudra pas que, à la base de prosedi m nan, genyen yon fwod… BFF: …li visye a la baz… Mèt JJE: Ouais, li visye a la baz… Donk fwod lan vini… Poukisa fwod la vini ? Se paske ou genyen, kòmsi m ta di w, de isye tou. Paske se pa avoka a veritablement ki pral fè sa, se isye a ki ap siyife ak. Lè isye a di ke l siyifye ak la, ak la kouri. Or, vwala ke isye a se soufle l soufle ak la. Ak la pa janm rive jwenn moun nan vrèman. Mwen m dakò, an tan ke yon avoka k ap milite, mwen dakò pou ke gen yon sèten kontwol ki fèt sou “execroiture”. BFF: Mwen byen kontan entèvyou sa a nou fè a. Donk mwen pwofite swete w Jwaye Nowèl e pi yon bon lane de mil diznèf (2019). Mèt JJE: Donk nou fè menm bagay la: Jwaye Nowèl e Bòn Ane de mil diznèf (2019) a tout oditè de Radyo Kiskeya. LPP: Mèsi. Se mèt Jean-Joseph Exumé, ansyen minis Jistis nan mikwo Beethovens François Fils. Anons: Jounal katrè (4è), presizyon san mank… Mizik… LPP: Asanble jeneral Nasyonzini an nan Nouyòk ratifye, jounen jodiya, yon gwo majorite pak mondyal pou migrasyon. E tèks sa a li la pou li kapab ranfòse kowoperasyon entènasyonal ant peyi yo nan dosye afè sitwayen ki ap deplase. Men pou garanti sekirite yo, yo di yon migrasyon ki si, ki soulve anpil pasyon nan plizyè peyi e lakoz, pa egzanp gouvènman tonbe nan peyi Bèljik. Pandan yon vòt ki fèt jounen jodiya nan Nasyonzini, san senkannde (152) peyi vote an favè pak lan, ki te siyen nan peyi Mawòk nan kòmansman mwa Desanm nan. Se san swasannsenk (165) manm Nasyonzini k te siyen l. Gen douz (12), finalman, ki absteni yo jodiya. E gen senk (5) ki vote kont. Sa k vote kont yo se Etazini, Ongri, Repiblik Tyèk, Polòy ak Israyèl. Jiska jodiya, selon diplomat yo, Washington t ap fè presyon dirèk ou endirèk sou tout lòt peyi yo pou yo pa t aksepte vote an favè pak sa a. Se yon siksè ki klè pou sa yo rele miltilateralis, pou tout peyi yo youn ap pote kole ak lòt, ak kominote entènasyonal lan. Se yon rezolisyon fèm yo pran ki garanti yon sitwayen k ap kite yon peyi pou l al nan yon lòt, pou li benefisye de tout kondisyon yon moun dwe benefisye. Se sa Lalmay felisite tèt li! “M espere ke peyi ki chwazi pou pa pote kole yo y ap konprann pi devan ki enterè pak sa a genyen pou yo tout, e y ap pote kole ak nou”, se sa bò kote pa l Sekretè Jeneral Nasyonzini an, pòtigè António Guterres deklare lè l salye, le fèt ke dokiman sa a rive pase ak tout vwa sa yo. Nasyonalis flaman yo, nan peyi Bèljik denonse l, e se sa k lakoz ke gouvènman premye minis Charles Michel lan, ki se yon liberal, oblije demisyone, men li te ale nan peyi Mawòk pou l te andose pak sa a. Bèljik, kan menm, jodiya vote an favè tèks Nasyonzini an. Pak sa a se premye dokiman ki egziste konsa sou kesyon migrasyon. Yo te deja adopte l nan mwa Jiyè ki sot pase la a. Se tout manm Nasyonzini yo an wetan Etazini ki pa t patisipe nan vòt la. Aprè sa, gen plizyè lòt peyi ki fè bak nan okazyon jounen mondyal sou kesyon dwa moun nan, dis (10) Desanm. Pandan somè Marakèch lan, san swasannkat (164) peyi plis Inyon Euwopeyèn te vote an favè l. LONI gen an tou san katreventrèz (193) ban men li pa gen okenn kontrent. E pak sa a, se yon seri de prensip li mete ansanm pou defann dwa moun, dwa timoun, rekonèt souverènte chak nasyon e lis divès opsyon ke yon peyi ka genyen ak yon lòt peyi nan dosye migrasyon, kowoperasyon, e boukante enfòmasyon, e boukante ekspètiz, entegrasyon migran yo. E li entèdi, pou de fason gwo ponyèt, paske yon moun antre nan yon lòt peyi, pou yo pran l pou yo boure l nan yon prizon kòm premye rekou. Arestasyon se nan dènye dènye rekou nèt li gen dwa fèt, selon tèks lan. Tèks lan, fòmèlman non li yo rele: “Pacte de Marrakech, pour une migration sûre, ordonée et régulière”. Te gen yon nesesite pou yo te fè ratifikasyon nan syèj Nasyonzini an nan Nouyòk, yo fè sa jounen jodiya kote ke chak fwa gen yon tèks yo adopte deyò yo oblije vin ratifye l nan Nouyòk. Pandan dènye mwa sa yo, pak lan soulve anpil pasyon, patikilyèman an Ewòp, gen yon kenzèn peyi Ewopeyen, men tou lòt peyi. Pa egzanp nou te wè Otrich, Ostrali ki jis byen lwen, Bilgari, Chili ki an Amerik di Sid, e Stoni, Ongri, Itali, Repiblik Tyèk, Repiblik Dominikèn ki bò kote nou an, Letoni, Polòy, Slovaki, Sloveni, La Swis, tout te mande dechennen, yo fè konnen piblikman yo retire kò yo oubyen yo kanpe sou sa yo te fè nan tèks sa a. La Ongri, yon lòt fwa ankò, denonse jounen jodiya Nasyonzini; li di se yon gwo erè yo fè e l menase, li di ke Nasyonzini ap fè yon pakèt migran vin monte tant yo nan lemonn. Filipin, nan diskou li a, ki te jwenn bèl aplodisman, raple moun yo sa sa rele yon pak. Yon pak vle di ke se yon akò de (2) antite jwenn oubyen plizyè, yo paka enpoze w li. Li di “ann sispann nan pasyon, ann kite la rezon pito”, daprè sa l fè konnen. Donk se te yon gwo deba nan Nasyonzini. Brezil deja di l ap retire kò l avèk prezidan ekstrèm dwat ki pral pran pouvwa a. Amnesty International mande eta ki adopte pak lan sou kesyon migrasyon pou yo onore pawòl yo e pran desizyon an rapid pou pwoteje dwa moun, dwa migran yo. Peyi ki refize pou andose pak lan, ladan yo gen Etazini, men gen Ostrali, gen Ongri, gen Itali, gen Otrich, gen la Polòy, yo responsab de pi gwo abi ki ap fèt kont migran pandan dènye tan sa yo, daprè sa Amnesty denonse. Gen anviwon desan senkantwit milyonn (258 milyon) moun ki ap mobil sou planèt lan/migran a travè planèt lan sa bay twa vigil kat pousan (3,4%) sèlman nan popilasyon mondyal la ki sèt milya (7 milya); gen plis ke katreven pousan (80%) nan deplasman ki ap fèt ant peyi ak peyi, se selon lalwa yo fèt de fason legal, moun yo gen viza pou yo antre nan peyi yo. Gen plis ke swasant mil (60 mil) migran ki antre anba chal k ap eseye rantre nan yon seri de peyi ki pèdi lavi yo depi ane de mil (2 mil) lan, daprè sa Nasyonzini pibliye kòm chif. N ap vini lakay pa nou, gen Association Agent Sécurité Professionnelle yo ki rankontre laprès, ki fè tout yon seri de denonsyasyon nan yon konferans pou laprès. Kowòdonatè jeneral asyosyasyon sa a te bay, ki ap mande pi bon kondisyon travay, n ap tande Junior Derose. JD: Nou p ap rate okazyon pou nou denonse PAP Sécurité ki gen nan tèt li Mario Viau, ki li menm tou aprè de (2) mwa edmi resi deside mete yon grap day e ki pretann ke se ajisteman ke l fè. N ap raple a tout ajan sekirite de PAP Sécurité ke salè an se dizwit mil desan (18,200) goud li ye pou ajan sekirite ki travay vennsi (26) jou douzè (12è). Donk sa PAP Sécurité fè a li pa rele ajisteman, li rele gapji pou nou menm. Donk ajan PAP yo menase. Nan jou k ap vini la yo, gen yon mobilizasyon manch lonn ki pral deklanche nan PAP Sécurité pou fòse Mario Viau, non sèlman respekte dwa yo kòm moun, e respekte aplikasyon sou salè minimòm nan. Nan Metro Sécurité se menm bagay. Nan Metro se vye sanksyon ajan sekirite a ap pran. Poukisa ? Poutèt bag maryaj yo ki nan dwèt yo, poutèt chèn ki nan kou yo, ki ap reyisi pran twa mil (3 mil) goud sou yon ajan sekirite poutèt bag maryaj li ki nan dwèt li. Donk gen yon pakèt òganizasyon dwa moun, ki di y ap defann dwa moun an Ayiti, nou toujou ap poze kesyon kote yo ye, kisa y ap regle? Nou genyen Maximum Sécurité tou, se menm travay la. Konpayi sa a, majorite kontra l genyen se avèk leta Ayisyen. Genyen Youri Latortue tou, sénateur de la République, pandan semèn nan ki fè yon polisye bouskile yon ajan sekirite nou, paske ajan an tal mande l touche. E li menm tou senatè a li pa janm fè aplikasyon salè minimòm lan. Senatè a pa peye, l pa vle bay kòb la. Donk ajan sekirite nan konpayi sa a ap patoje dans la misère, nan soufrans, nan kras. Patwon an, donk sénateur de la République, li bay Hervé, ki se manm sendika, Augustin Hervé, yon chèk san pwovisyon. Li pa nòmal mezanmi! Yon sosyete kote yo revoke yon nèg, pou lonje yon chèk pa li, pou li pa gen pwovizyon sou li. Donk l ap gen pwovizyon jis tranteyen (31) Desanm, sepandan ou revoke ajan an depi nan semèn dis (10) Desanm. Kisa sa vle di? Gen moun tankou majistra Wilson Jeudy ki revoke sendikalis yo ki pa vle peye… LPP: Vwala se pa yon entèvyou, se yon konferans pou laprès Junior Derose bay ki site plizyè non antreprenè avèk antrepriz. Toujou nan menm konferans pou laprès sa a, fwa sa a li denonse politik Ministè Afè Sosyal ak Travay ap mennen nan kesyon jan y ap pase men nan kòd travay la. JD: Nou gen konferans de près sa a maten an se pou nou kapab, yon lòt fwa ankò, voye yon mesaj klè bay minis Afè Sosyal la, Marie Elise Gélin. Pou nou di l, yon lòt fwa ankò, jan ke y ap kondwi kesyon “Re-Fondement d’ Travail” la, li pa nòmal. Paske nou wè ke pou sa ke y ap fè ak dè santralis sendika, pou nou menm ki pa gen anyen ki serye y ap regle pou travayè. Nou wè se des syndicats jaunes ki ap fè afè avèk yo. E poutan nèg yo ap pete batay nan “Re-Fondement d’ Travail” la, yon travail ke tout sosyete a ap tann. Yon travay ke tout kouch ap tann! Paske kòd travay sa a ki la a, li merite chanje. Sa se yon wont! Se yon gwo desepsyon ke l ye! Pou nou wè se konsa ke yon seri de sendikalis ki di ke y ap batay pou moun k ap travay, se konsa y ap travèse yon sosyete. Negatif! Donk madam la minis, n ap di w, yon lòt fwa ankò, resezi w sou kesyon an! E nou p ap janm bliye tou kesyon lwa “trois-huits” sa a ke Stéphanie te di nan yon ide, li pas d’application e ke ou menm ou poko janm pwononse w sou li. Pou ta kapab mete travayè a lèz pou di efektivman eske sa k ekri yo se reyèl. LPP: Vwala Junior Derose ki se responsab sendika Association Agent Sécurité Professionnelle. Gen Rezo Politik PHTK nan Kafou ki li menm rankontre laprès pou l mande Oganizasyon Politik Sektè Demokratik ak Popilè a ak tout lòt branch nan opozisyon, n ap site “Kite peyi a mache”, pandan yo menm y ap mande pou yo antre nan gouvènman an. Nan yon konferans yo bay pou laprès jodiya, kowòdonatè rezo sa a, nan Kafou, yo rele Lamarre Bélizaire, li denonse sektè demokratik la. Li di k derefize rantre nan dyalòg ak pouvwa a. Kowòdonatè jeneral òganizasyon sa a deklare “se sèlman nan bon jan eleksyon…», n ap site “lib ak demokratik moun dwe pran pouvwa”. Li mande pou Jovenel Moïse fini manda l. Alòs ke li fè konnen pwogram apezman sosyal gouvènman an yo pa benefisye de li, li pa rive nan men moun ki bezwen l yo. N ap koute kowòdonatè jeneral Rezo Politik PHTK nan Kafou, yo di m non li se Lamarre Bélizaire, ki te pale konsa nan konferans pou laprès sa a, kote Joubert Joseph te prezan pou Radyo Kiskeya. LM: Se pèp politik e anti-demokratik san konsyans lan ki regwoupe nan yon ansanm anti-nasyonalis, yon bann patripòch. Kote ke, pitit yo, madanm yo, fanmi yo, nan lòt peyi, yo anpeche peyi a pran bon jan ray devlopman jeneral li. Rezo Politik PHTK Kafou a ap di a sektè politiki anti-demokratik, anti-chanjman an “Bann ipokrit! Kite peyi n mache! Kite peyi a mache!”. Nan tout peyi, toujou genyen opozisyon, men se yon opozisyon konstriktif k ap regle zafè peyi. Rezo Polotik PHTK Kafou a di fòk senk (5) an konstitisyonèl ke pèp la te bay Prezidan Jovenel Moïse la respekte, san kondisyon, nan tout entegralite l! Rezo Politik PHTK Kafou a pwofite pou l mande a gouvènman Jovel Moïse-Céant an, poukisa pwogram sosyo yo ki senbolize apezaman sosyal pou pèp la, tankou pwogram Asenisman, pwogram Atè Plat, yo pa rive sou moun ki vrèman nan nesesite yo. Rezo Politik PHTK Kafou a ap mande a Prezidan Jovenel Moïse, entegrasyon pou militan PHTK yo, ki te livre kò ak nanm yo a travè vennde (22) manifestasyon plis ven (20) mwa kanpay. Pou jiska prezan yo lage a de (2) bwa pandje nan lari a, san yon lèt de travay, san yon nominasyon. Pandan ke se yon bann abolocho ki gen lèt ak nominasyon nan men yo ki pa t fè okenn sakrifis pou akouche pouvwa a. LPP: Alò Bélizaire, e sa yo di nou, ki ta gen menm non ak yon lòt Lamarre Bélizaire, nou sonje, ki te fè la pluie et le beau temps nan lajistis Ayisyèn, ki se kowòdonatè jeneral Rezo Politik PHTK nan Kafou. Komisyon Jistis ak Lapè Achidyosèz Pòtoprens òganize de (2) jounen fowòm ki fini jodiya sou kesyon manje nan lokal, li genyen, lokal Pastorale Universitaire Pòtoprens lan. Daprè deklarasyon òganizatè yo fè konnen, yo panche sou kalite manje k ap antre nan peyi a e ki kapab gen konsekans sou lavi moun yo selon Nickerson Justin, responsab pèmanan Komisyon Jistis ak Lapè Achdyosèz Pòtoprens lan: “leta pa gen okenn politik!”. L ap aplike tout bon vre nan pwodiksyon nasyonal pou ta pèmèt peyi a pwodwi plis. Yo pa bay okenn enpòtans ak sa pèp la ap konsome. N ap tande Nickerson Justin ak Joël Joseph ki te pale konsa nan mikwo Amos Breville. NJ & JJ: Aktivite sa a k ap òganize la a se Komisyon Episkopal Jistis ak Lapè Pòtoprens ki ap òganize l nan kad repons stratejik nasyonal. Kisa l ye ? Se yon aktivite kote ke n ap fè des forums sou kesyon dwa moun manje. Nou konnen pa tout dwa nou genyen yo, dwa pou moun manje se yon dwa ki, non sèlman li rekonèt nan yon seri de pactes internationals, Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun, epi nan Konstitisyon an tou li se yon bagay ki rekonèt. Maintenant kisa nou konstate nou menm o nivo komisyon an, nou konstate depi kèlke ane, peyi a ap fè fas avèk yon grav kriz ki sou kesyon manje, kesyon sekirite alimentè. E se nan sousi sa a depi plizyè ane Komisyon Jistis ak Lapè, o nivo nasyonal, òganize plizyè fowòm, de mil kenz (2015), de mil sèz (2016), e ankò ane sa a. E plizyè fòmasyon ki kapab sansibilize tout moun sou kesyon dwa pou moun manje de fason kòrèk. E travay sa a kisa li vize fè ? Donk dabò li vize pou n chèche konprann fenomèn pwoblèm manje. Donk se objektif, se bi fowòm sa a ke Jistis ak Lapè Achidyosèz Pòtoprens ap fè nan lokal pastoral la pandan de (2) jou, jodiya ak demen. Jisteman aprè… La vin genyen yon ensekirite alimentè kote ke manje a tou se yon bezwen natirèl e fondamantal tout moun genyenm, men li vin yon liks! Alò la pa genyen yon politik agrikòl tou. Ki vle di w ap wè nou pa vrèman genyen lagrikilti, ebyen lè sa a nou vin nan yon defayans. E sa ale tou nan fason politik la nou òganize nan peyi a, nan fason leta a li wè sa, paske petèt leta a pa gen anyen, ke nou te wè. E n ap wè se majorite klas mwayèn nan lè sa a ki ap viktim, ki ap soufri, paske pa gen anyen vrèman. Depi gen yon sitiyasyon, pa gen yon sekirite alimantè. W ap wè leta a li vini ak yon seri de ti pwogram, tankou: “Bay yon Moun yon Plat Manje”. Men sa se vrèman a respekte diyite moun nan. Mèt de koze a petèt jisteman mwen tande kèk moun ki pale de li, jisteman fòk nou gade nan kòb leta ap mete pou agrikilti, fò n gade nan kòb leta ap mete pou envestisman reyèl. Paske depi lontan, si w pran dènye bidjè k te pase a, nou wè majorite kòb la tale pou fonksyonman nan Parlement an, majorite ale pou fonksyonman nan Executif lan. Lè m pale de Egzekitif la, mwen pale de Primature et la Présidence. LPP: Vwala se de (2) manm Komisyon Jistis ak Lapè nan Achidyosèz Pòtoprens sou de (2) jounen refleksyon sou kesyon manje yo fè yè ak jodiya Nickerson Justin ak Joël Joseph nan mikwo Amos Breville. Se la nou kanpe. Rete sou Radyo Kiskeya pou rès pwogram lan. Nou di tout moun bonswa, na wè demen. Anons: Jounal katrè (4è), katrè (4è) chak aprè midi sou Radyo Kiskeya. Jounal katrè, yon sèl jounal a lè sa a, nan tout peyi a. Jounal katrè (4è), nouvèl total. Mizik… Jounal 4è, 19-12-18 (Prezantatris Liliane Pierre-Paul)