TRANSCRIPTION Entwodiksyon : Jounal 4è, 4è chak apre midi sou Radyo Kiskeya. Jounal katrè, yon sèl jounal a lè sa a, nan tout peyi a. Jounal 4è, nouvèl total. Mizik… LPP: Nou di tout moun bonswa. Pi gran enfòmasyon nou va genyen pou n devlope pou ou, aprè midi a nan jounal sa a: komisyon ekonomi ak finans chanm depute a, òganize yon seyans travay ak minis ekonomi ak finans lan, Ronald Décembre. Pou yo ka analize pwojè bidjè a pou ekzèsis fiskal deu mil dizuit, deu mil dizneùf lan. Prezidan komisyon an depite Gandy Dorfeuille, fè konmen komisyon an pran desizyon nan kontre ak minis finans lan, anvan, yon fason pou l kapab jwenn yon sèvis enfòmasyon, li estime ki enpòtan. Apre pou l kapab envite tout enstitution ki konsène yo, nan egzekisyon budjè a. E minis ekonomi ak finans lan Ronald Décembre voye jete tout kritik ekonomis yo ap fè konsènan pwojè lwa deu mil dizuit, deu mil dizneùf la. N sonje yè e PDG gwoup kwasans lan, Wowo Farèl te analize, dekòtike budjè sa a. Selon monsieur Décembre budjè sa a n ap site «reflete reyalite sosyo ekonomik peyi a». Ronald Décembre, presize nan budjè sa a, travo publik, sektè agriculture ak lasante, yo gen plus lajan que nan lòt budjè a. Li di l ap toujou pre, pou bay palmantè yo, tout esplikasyon yo beszwen. E e e, n ap genyen pou m tande e e minis lan, li anonse, tout dispozisyon ki pral pran pou evite defisi nan budjè sa a, pandan ekzèsis fiskal la. Alòske, nou konnen, leta a fè yon pakèt defisi. Epui trantui milya ui san ven milyon (38,820,000,000) goud nan san swasanndouz milya (172,000,000,000) goud gouvènman an mande, pou paleman an vote a, e yo prevwa pou ranmase nan ane fiskal de mil dizuit, de mil diznèf (2018, 2019) lan, prale nan rubrik sa yo rele lòt admistrasyon trannde milya (32.000.000.000) ladan l. Epui asosyasyon pwofesyonèl magistrature yo, fete jounen jodiya, katriyèm lanne eksistans li, seremoni an te dewoule nan lekòl majistratu a. Alokazyon yon lòt fwa ankò pou poze pwoblèm fondamantal kesyon justis la, nan peyi DAyiti. Mèt Fradèt Leona, nan yon koferans pou laprès denonse menas li di l ap subi nan men yon seri de moun li pa rive idantifye, aprè l te fin fè on pledwaye, li te fin plede de preferans p on kliyan te jwenn liberasyon l, pandan asiz kriminèl ki ap dewoule nan palèdjustis kwadèboukè a semèn sa a. N ap genyen tou, pou n pale de pluzyeù lòt pwen e sou inisyativ ministè edukasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl, primatu ak prezidans lan òganize yon seremoni omaj, e jodiya nan sine triyonf pou trannkat loreya nasyonal ki patisipe nan egzamen ofisyèl ane akademik de mil disèt, de mil dizuit soti nevyèm ane, rive nan nivo segondè pase anba bakaloreya tradisyonèl e ni, e rive nan sant edukasyon familyal. Epui e Unyon Euwopeyèn nan, fon w seremoni, pou l prezante feùy de wout li ann Ayiti deu mil dizuit, deu mil dizneùf. Unyon Euwopeyèn e nouvo feùy de wout sa a epui li siyen on pwotokòl e d’accord ki defini angajnan unyon an, anvè sosyete sivil asyisyèn nan pou lane deu mil dizuit, deu mil dizneùf. Nouvo feùy de wout sa a, li aktualize e vèsyon deu mil katòz, deu mil disèt la, l fikse priyorite bay òganizasyon ayisyèn yo, nan sosyete sivil la. Anbasadeù Unyon Europeyèn nan ann Ayiti. Anbasadeù Vensan Dejèt pale de enpòtans ak wòl sosyete sivil la genyen nan tout devlopman. E li fè konnen, gen ven milyon euwo, ki disponib pou ride òganizasyon nan sosyete sivil la, e pou apuye yo, li fè on pledwaye en faveù renfòseuman òganizasyon sa yo, pou pèmèt n ap site: “demokrasi vanse”, li renouvle angajman Unyon Euwopeyèn ak eta ki manm yo, pou kontribye nan jefò pou yon sosyete sivil ayisyèn djanm. Sou bò pa l reuprezantan anbasad Lafrans lan, Loran Bono pale deu priyorite yo bay sosyete sivil ayisyèn nan, toujou nan menm seremoni sa a. Nan aktualite entènasyonal la, pou pi piti, genyen sis san kay ki boule nan peyi Brezil, nan Manaus daprè enfòmasyon ki soti nan gwo peyi sa a, ki nan Amerik Latin nan. Epui lòt pwen, lajustis atake fondasyon prezidan ameriken an Trump. E fondasyon sa a pote non mèt li, byennantandu, aksepte pou l disoud tèt li. Epui dezòmè se senk milya e prezidan Trump mande palemantè ameriken pou ba li pou l kapab konstui muray ki pou separe Etazuni ak peyi Meksik. Nan Euwòp santral nan peyi Ongri manifestasyon ap kontinue, kont Viktor Orbàn, keu anpil ongwa konsidere kòm yon diktateù. An plus deu sa, li vle pou l mete peùp la ann esklavaj, lè l mande pou yo fè pluzyeù èdtan e overtime san keu patwon yo pa peye yo. Yon kout je patikilye sou deu eleksyon sa ki fèt jodiya, deuzyèm tou nan peyi Madagaska k ap fèt demen, epui avèk eleksyon RDC kap fèt e e e nan wikenn nan la a. Lasuèd, lajustis entèdi mandyan, mandisite. Envite jounal katreù aprè midi a, se ansyen depute Gonayiv lan, ki se tou sekretè jeneral MOKRENA, Pasteù Sadrak Dieudone k ap livre nou analiz li sou konjontu politik lan, l ap gen pou l reponn kesyon Bitovenn Franswa Fis. Se enfòmasyon sa a, ak anpil lòt nou va genyen pou n devlope pou ou apremidi a, nan jounal sa a. Nou konnen kesyon budjè a domine aktualite a nan finisman ane sa a. E puiskeu gouvènman an depoze budjè pwojè lwa a deuvan paleuman an, ki susite deja kritik e nan mitan ekonomis yo. Yè PDG gwoup kwasans lan, ekonomis Kesnè Farèl te analize, dekòtike pou populasyon an budjè sa a. E Edzè Emil dayeù ap fè de même deumen konsènan nouvo pwojè budjè a. Nou wè minis ekonomi avèk finans lan pa twò kontan avèk kritik sa yo keu l voye jeute e komite ekonomi avèk finans nan chanm depute a justeuman te òganize yon seyans travay e ak minis ekonomi ak finans lan Ronald Décembre, nan kad analiz pwojè budjè pou egzèsis ane fiskal deu mil dizuit deu mil dizneùf la. Prezidan komisyon an ki se depute Gandi Dorfeùy fè konnen komisyon l ap dirije a te pran desizyon sa a pou rankontre ak minis lan anvan, yon fason pou l ka jwenn tout on seri de enfòmasyon li estime ki enpòtan apre pou l kapab envite tout enstitusyon ki konsène nan kesyon ekzekute budjè a. Depute Dorfeùy fè konnen komisyon l ap dirije a ap genyen pou rankontre divès sekteù nan peyi a nan kad analiz pwojè lwa sa a ki se pwojè lwa finans deu mil dizuit deu mil dizneùf lan. N ap koute l ki te pale konsa nan mikwo kolaboratè nou Vilnè Jozèf. Depute Dorfeùy: Enflasyon an nan ane k sot pase a li te a kenz pousan donk ane sa a dapre enfòmasyon keu n genyen …ap travay pou nou….situyasyon sa a li a douz pwen uit. Nou konnen depui gen enflasyon lavi chè, grangou, chomaj e ou pral rive on kote ou pral gade ou pral gen twoub sosyal kote populasyon an kapab soti, pran lari, manifeste e ka gen dezòd ki ka fèt nan peyi a. Kote gen on klima ki pa seuren ditou kote pou yo ta òganize eleksyon. Lòt kesyon ki preokupe nou nivo komisyon ki nan kad budjè sa a, se lefèt nou wè keu gen on ogmantasyon a yon to deu vennsenk pousan nan budjè a donk pa rapò a lane dernière donk nou ta renmen konnen kòm nou ka atenn yon defisi kolosal donk pou n ka konnen ki travay misyon minis finans lan pral fè pou evite defisi sa a lè nou konsidere ke gen anpil finansman monétaire ki te fèt. Donk jodiya komisyon an chita, ap chita sou tout pwen sa yo avè w paskeu nou estime keu jodiya kesyon ki gen rapò avèk tout eleman sa yo enpòtan. Lòt vwa: Revè une importance capitale pour la commission. N ap rappeler w keu chak desizyon depute yo gen pou yo pran nan kesyon budjè, li ka fatal konsa tou li ka favorab pou nou. Nou raple nou il y a pa lontan nan de budjè keu nou vote isi a ke yo trete budjè sa yo de budjè kriminèl. En ce sens que lè yo trete budjè a de budjè kriminèl se pou depute ki an grande difikulte sou teren lakay yo. Paskeu yo estime keu depute yo ap travay kont peùp la, se sa yo fè konprann, se sa politisyen fè konprann, se sa sosyete a fè konprann. Mentnan pa rapò a tout nou kapab di w reuvandikasyon lejitim deu populasyon an e deu pwopozisyon an donk nou ta renmen nan kad budjè sa a ki desizyon? Nou ta renmen w ekri pou nou apre sa se entèvansyon pa w nou ta renmen pou n tande ki desizyon minis finans lan pou ane sa a pran pour enrayer le déficit budgétaire? Par rapport à l’année dernière ki te, je disais tantôt, te kolosal kote keu situyasyon sa a jan w wè n ap viv li la a, l antrene la dépréciation de la gourde ki se monè nou e ki pèmèt keu enflasyon an, li galopant. Donk jodiya minis donk komisyon an preokupe deu depresyasyon goud la li trè dangereuse pour la cohérence de notre société. Antan keu prezidan dla komisyon donk nou preokupe pa situyasyon sa a, n ta renmen konnen kisa ane sa a keu minis finans lan pral fè pou rezoud pwoblèm nan. LPP: Vwala, se prezidan eu eko chan prezidan komisyon an nan chanm depute a ekonomi ak finans, Depute Gandi Dorfeùy, ki t ap pale konsa nan mikwo Vilnè Jozèf. Bò kote pa l minis finans lan Ronald Décembre, voye jeute tout kritik ki deja fèt, ekonomis yo fè sou pwojè de lwa finans deu mil dizuit, deu mil dizneùf lan. E selon minis lan budjè sa a, n ap site “reuflete reyalite sosyoekonomik peyi a”. Minis Décembre presize nan budjè sa a se travo publik, sektè agrikultu ak lasante ki gen plus lajan. Li di l ap toujou pre pou bay palmantè yo tout esplikasyon yo bezwen nan kad analiz pwojè budjè a. N ap koute minis ekonomi ak finans lan, Ronald Décembre toujou nan mikwo Vilnè Jozèf. Minis Décembre: Donc les donnés macro-économiques sur lesquelles on s’est établi pour faire, pour préparer le budget, pour déposer le budget, pour élaborer le budget et pour le déposer, done sa yo toujou rete menm, nan on kontèks kote keu n ka di keu pwojè de lwa finans sa a tabli sou des performances macro-économiques suivants: d’abord nou genyen on to deu kwasans, on kwasans reyèl de l’économie de deu pwen uit pousan, portée par une croissance soutenue de la valeur ajoutée du secteur agricole et du secteur de la construction. E taleù a la a e prevnan, prezidan prezidan komisyon an sot e poze on kesyon pou l mande m pou m eksplike kòman n pral fè pou n atenn plato d kwasans deu pwen uit pousan an. N ap eksplike d’abord nou di keu to kwasans lan li chita sou yon kwasans reyèl deu lekonomi de secteur agricole, portée par le secteur agricole et le secteur de la construction. Done yo la nou pral genyen yo toutaleù pou nou prezante nou, les données à partir desquelles le taux de croissance a été établi. E nou gen on enflasyon deu kenz pwen uit pousan (15.8%) an mwayèn anuèl de trèz pwen sèt pousan (13.7%) an fen d peryòd. Nou gen yon enfleksyon fiskal deu sèz pwen eun pousan (16.1 %) e pui le cap est maintenu vers le financement des dépenses d’investissement à hauteur de quinze pourcent (15%) des ressources propres. Budjè ki prezante a s on budjè, anvlòp budjè a s on budjè de san swasanndouz pwen uit milliard (172.800.000.000) de gourdes. Nan budjè a k prezante a n ap wè keu resèt yo ki te katreven dizneùf, katreven dizneùf milliard (89.000.000.000) de gourdes, resèt yo ki te san katreven dizneùf milliard (197.000.000.000) de gourdes pou resèt disèt dizuit lan, resèt yo pase a san katòz (114). Men n ap di keu resèt kourant yo, resèt kourant yo anndan san katòz (114) la. Sa vle di keu se pa tout resèt kourant yo ki san katòz (114). Ou genyen pa egzanp ladan l, ou genyen pa egzanp ladan l ou gen bon du trésor yo ki a oteur deu neùf milliard (9.000.000.000) de gourdes. Ou genyen ladan l des, ou genyen ladan l deu support budgétaire, ou gen ladan l anulasyon dla dèt du Fond Monétaire, anulasyon dla dèt du FMI epui ou genyen osi… LPP: Vwala, minis Ronald Décembre reponn sou kritik ki fèt konsènan pwojè lwa e finans deu mil dizuit, deu mi dizneùf lan n ap gen pou n tande minis lan ankò sou angajman li pou gouvènman l ladann nan pa ta ogmante defisit ee ekonomik lan. Men n ap reutounen sou sa. Pou kwèlyela a nou pral pale deu chif trantui pwen katrevendouz milya (38.920.000.000) goud nan budjè pwojè budjè san swasantui pwen uit milyar lan. Gouvènman Moyiz, Seyan an prevwa ranmase pandan ane fiskal deu mil dizuit, deu mil dizneùf lan. E pral nan rubrik lòt administrasyon. E pa bliye tou se pa seùlman ladann ak DGI ki ap alimante budjè sa a, jan keu Wowo te di nou l yè. Genyen prèskeu disèt pousan (17%) se don, disèt (17) lòt la se eeee prè gouvènman an pral fè. Eee alòs konsènan kesyon budjè a e ki gen ladan l sèvis dèt lan ak lòt rubrik tankou yo rele entèvansyon publik, sa ki reuprezante pi gwo moso nan lajan ki nan pwojè lwa deu mil dizuit, deu mil dizneùf lan. Seulon on dokuman gwoup Kwasans publiye e konsènan jan keu budjè a pral separe, Wobennsonn Anri pou plus detay; Wobennsonn Anri: Nan trantui pwen katrevendouz milya (38.880.000.000) goud gouvènman an mete nan rubrik lòt administrasyon publik yo ki se pi gwo moso nan budjè deu mil dizuit deu mil dizneùf lan, venteyen pwen senkannsèt milya (21.57.000.000) se pou peye dèt. Disèt pwen trannsèt milya (17.370.000.000) se pou entèvansyon piblik. Nan disèt pwen trannsèt milya (17.370.000.000) goud sa a, katòz pwen karannsenk milya (14.470.000.000) dwe al nan rubrik lòt entèvansyon publik yo. Venndeu pwen zewoeun milya (22.010.000.000) goud, deuzyèm pi gwo pati nan pwojè lwa finans lan al jwenn ministè travo piblik, transpò ak komunikasyon. Sèvis dèt la vini an twazyèm pozisyon ak venteyen pwen senkannsèt milya (21.570.000.000) goud. Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl vini an katriyèm pozisyon ak diznèuf pwen katrevendisèt milya (19.970.000.00) goud. Ribrik entèvansyon publik la soti ak disèt pwen tranntsenk milya (17.350.000.000) goud an senkyèm pozisyon. Rubrik lòt entèvansyon publik la vini an sizyèm pozisyon ak katòz pwen karannsèt milya (14.470.000.000) goud. Ministè justis ak sekurite publik jwenn setyèm pi gwo tranch nan budjè a ki se trèz pwen san swasannsèz milya (13.176.000.000) goud. Ministè sante publik ak populasyon an uityèm pozisyon ak douz pwen trèz milya (12.130.000.000). Ministè agrikilti resous natirèl ak devlopman riral vini an neuvyèm pozisyon ak onz pwen swasannsèz milya (11.760.000.000) goud. An dizyèm pozisyon nou jwenn ministè ekonomi ak finans ak yon valè de di pwen swasannsèt milya (10.670.000.000) goud. Onzyèm pi gwo moso nan san swasanndouz pwen ui milya (172.800.000.000) goud la, se sèt pwen senkanntwa milya (7.530.000.000) al pou ministè planifikasyon ak kooperasyon ekstèn. Palman an jwenn douzyèm pi gwo moso nan pwojè budjè a ki se senk pwen katreven milya (5.080.000.000) goud. Twa pwen senkannkat (3.54) pou chanm depite a, deu pwen vennsis (2.26) pou sena a. Òganis otonòm yo vin an trèzyèm pozisyon ak yon valè kat pwen sèt milya (4.700.000.000) goud. Ladann inivèsite leta a dwe jwenn deu pwen sèt milya (2.700.000.000). Lakou dèkont ak kontansyeu administratif eun pwen tranteyen milya (1.310.000.000). Konsèy Elektoral Pwovizwa a, senk san karann senk milyon (545.000.000). Ofis pwoteksyon sitwayen, katreven disèt milyon (97.000.000). Akademi Kreyòl Ayisyen, karantnèf milyon (49.000.000). Ministè enteryè ak koletivite teritoryal yo gen kat pwen zewosenk milya (4.050.000.000) goud an katòzyèm pozisyon. Ministè afè sosyal ak travay jwenn kenzyèm pi kwo moso nan san swasanndouz pwen ui milya (172.800.000.000) goud nan pwojè deu mil dizuit, deu mil dizneùf lan, ki se twa pwen ventneùf milya (3.290.000.000) goud. Ministè afè etranjè vini an kenzyèm pozisyon ak deu pwen swasannkenz milya (2.750.000.000) goud. Primatu a vin an sèzyèm pozison ak yon valè deu pwen deu milya (2.200.000.000) goud. Nan disetyèm pozisyon ak eun pwen katreuvendizneùf milya (1.990.000.000) goud. Ministè komès ak endustri genyen eun pwen katrevenneùf milya (1.990.000.000) goud an dizuityèm pozisyon. Ministè anviwo-nman vin an dizneuvyèm plas ak eun pwen katreuven milya (1.800.000.000) goud. Ventyèm pi gwo moso ki se eun pwen swasanndizneùf milya (1.790.000.000) goud al jwenn pouvwa judisyè a. Eun pwen swasanteyeun milya (1.610.000.000) goud al jwenn ministè touris an venteyunyèm pozisyon. Eun pwen senkantneùf milya (1.590.000.000) goud al jwenn palè nasyonal an venndeuzyèm pozisyon. Ministè defans gen eun pwen zewoneùf milya (1.090.000.000) goud an venntwazyèm pozisyon. Nan ke kamyonèt la nou jwenn ministè jeunès ak aksyon publik, neùf san swasanndizui milyon (978.000.000) goud. Ministè komunikasyon kat san dizui milyon (418.000.000). Ministè kult deu san senkannsenk milyon (257.000.000). Ministè kondisyon ak dwa fanm, venteyen milyon (21.000.000). Ministè ayisyen k ap viv aletranje, senkant milyon (50.000.000). Fò n presize gouvènman an mete tranntwa pwen eun pousan (33.1%) lajan pwojè deu mil dizuit deu mil dizneùf la nan sekteù ekonomik la. Venteyeun pwen deu pousan (21.2%) nan sekteù sosyal la. Katòz pwen ui pousan (14.8%) nan sekteù politik la, en pwen senk pousan (1.5%) nan sektè kiltirèl la daprè enfòmasyon gwoup kwasans pibliye sou dokuman an. Wobennsonn Anri, Radyo Kiskeya. LPP: Li trè enstruktif. Mèsi Wobennsonn. E pou tout enfòmasyon sa yo ki montre m priyorite gouvènman an. Lè w ap pale deu jeunès, on peyi ki anpil moun ladan l se jeùn yo ye, lè w ap pale deu spò, lè w ap pale deu kultu. Lè w ap pale deu dyaspora ki se yon rezèv e sa depan deu kijan w ap sèvi ak reusous sa yo. Donk se sa n ta rele on espès deu dyaman brut, se ou k konn kijan pou vin rafine, pou sèvi avè l. Ou wè se tikras kòb sa a yo mete alòskeu se deu kote pou yo ta mete plus kòb, anvimo-nman, eh eh, se ekstraòdinè. Apa deu lòt ministè klasik, edukasyon, sante, la yo se kote k ap pèmèt ou inove, ki ap pote dot valeù e ki kapab e justeuman se nan wout sa a pou peyi a ta mete plus mwayen e pou pèmèt ke peyi nou rive touche tout on seri de kategori: fanm, jeunès, peyizan. Se yo menm ki poto mitan peyi DAyiti. Donk fò ta gen anpil anpil kòb ki mete a dispozisyon yo nan on budjè. Eu n ap reutounen ak minis lan, minis ekonomi ak finans lan, Ronald Décembre ki te nan paleuman jounen jodiya fè konnen gouvènman l lan pral pran tout yon seri deu dispozisyon pou evite n ap site “gen defisi k fèt nan budjè a pandan ane fiskal la”. Lè n ap gade wotè defisi gouvènman sa a. Li di yo pral mete sou mache a sa yo rele bon trezò, se kiyès k ap achte yo? Epi evite leta depanse twòp lajan pou fonksyònman l. E minis Décembre fè konnen nan pwojè budjè a, yo redui kesyon franchiz pou ONG ak sekteù prive a e a on nivo senkant pousan. N ap tande minis lan k ap pote presizyon toujou nan mikwo Vilmè Jozèf. Minis Décembre: Se resous prevu a ki nan budjè a, e nivo de resous ki efektivman ap ankese, gen on mond deu diferans. Ou gen dwa prevwa pou w ankese katrevendizneùf milyar (99.000.000.000) epi nan rit resous yo ap ankese a ou pa kab antre katreuvendizneùf milyar (99.000.000.000). Entretan ou gen dè depans ki te deja prevu pou katrevendizneùf milyar la. Lòskeu ou rann ou kont situyasyon sa a ap rive, il faut que ou fè on jesyon prudente oubyen sa yo rele on disiplin budgétaire pou evite keu ou pa nan situyasyon kote keu w mande BRH pou l ap enjekte monè nan sosyete a, nan ekonomi an, ki pa koresponn efektivman a nivo deu reusous ki soti nan produksyon ekonomik peyi a, nan ekonomi peyi a. Donk lè sa a rive se sa m se sa mwen menm mwen te vle ensiste sou li e se repons sa a m ka ba ou prezidan. Lòt nivo, lòt e e sousi n ka genyen, lòt fason n ka rezoud defisi a, lè w (inodib) ou rann ou kont gen on seri deu depans ki esansyèl. Depans sa yo pa kab pa fèt, si depans sa yo pa fèt enben l bloke, li ka bloke fonksyo-nman leta a, fonksyònman nan sosyete a. Jeneralman nou konn ale nan sa yo rele des émissions de bons, des émissions de bons du trésor. Mentnan bons du trésor la li menm juska prezan nou poko en mesure pou n ale sou mache secondaire la. Se deu bon keu BRH emèt onivo des banques. Se sou mache primaire la seùlman bon yo emèt. Bon yo pa emèt sou mache secondaire la. E l’idée serait que non seulement w atenn mache secondaire la men w atenn tou mache des des, eksteryè yo. E sa t ap pèmèt keu olyeu keu w a w a l finanse à partir de de bank santral ou t ap finanse donk à partir de bon yo. Li pa t ap gen menm efè keu si finansman an te soti nan bank santral. Lòskeu finansman an soti nan à travers bons, li pa gen menm efè, menm efè keu lòskeu finansman an soti nan bank santral. E se youn nan rezon ki fè keu, nan budjè sa a nou wè la a, mwen prevwa on nivo deu bon, deu emisyon deu bon a oteùr deu neùf milyar (9.000.000.000) se pou evite keu nou pa al, nou pa pral nan situyasyon pou n al mande BRH, pou n al mande BRH pou fè emisyon monétaire anndan sistèm nan. Mwen menm, mwen panse keu e e e n ap travay seryeuzman mwen menm avèk BRH pou keu avèk bank santral pou keu nou rive atenn mache secondaire la. C’est à dire keu nenpòt sitwayen isi a, nenpòt sitwayen anndan sosyete a kapab achte des bons, kapab achte des bons. Ee pran des bons, puiskeu lè bon yo emèt, bon yo emèt a on oteùr deu douz pwen senk pousan. S on bon ki trè zenteresan pou nenpòt kèl sitwayen ki ta fè comme en dirais-je, pou transfere. Donk leù sa a aktuèlman nou poko, yo poko, nou poko fin travay sou emisyon deu bon sou mache secondaire la. La a se sou mache primaire la seùlman nou ye. Men m panse nou vle evolyeu vè sa. A chak fwa ou rann ou kont keu ou pral nan w situyasyon de defisi budgétaire, ebyen li ta rekòmande olyeu keu ou mande BRH pou l fè finansman pou ou, ou menm ou fè emisyon deu bon pou mache secondaire la, pou pèmèt ou anreye pwoblèm nan e seusi avèk moins de risque keu si emisyon deu keu si finansman sa yo t ap fèt à partir de e e e BRH. LPP: Vwala eksplikasyon minis ekonomi ak finans lan, Ronald Décembre pandan keu li te twouve li nan paleuman an jounen jodiya. Kote keu li te al rankontre ak komisyon ekonomi ak finans nan chanm depute a. E depute Gandi Dorfeùy, depute Sen Jan du Sud, se li menm ki prezidan komisyon ekonomi ak finans lan ki te rankontre ak minis ekonomi ak finans lan sou pwojè budjè ane fiskal deu mil dizuit, deu mil dizneùf lan. Premye kout pye nan aktualine entènasyonal la ap mennen n nan peyi Brezil, pi presizeman nan zòn nan eta Amazoni an kote gen yon dufeu pou pi piti ki boule sis san kay e daprè sa otorite brezilyèn yo fè konnen nan Manawous. E yon kokenn chenn dufeu ki ravaje yon sis san kay nan katye pòv yo rele Edukadadòs nan Manawous e vil sa a ki nan eta Amazoni an nan peyi Brezil. Se sa otorite lokal yo fè konnen. Yo pa pale si genyen, yo pa di si gen moun ki viktim. E dufeu a te kòmanse yè swa e yo te rive, ponpye te kontwole li. Gen plus keu san ponpye k te mobilize anvan keu yo rive pran kontwòl brazye sa a. Antreutan flanm dufeu a rive boule sis san kay pou pi piti nan katye sa a kote gen anpil moun ki rete youn sou lòt. Kay sa yo tou se de kay e ki pa ka twonpe anpil eleman tankou lapli pa egzanp, ki ka twonpe solèy. Anpil ladan yo se kay ki fèt ak bwa sou piloti e se nan katye malere e ki vin tounen yon gwo brazye dapre seukretarya sekurite ki bay enfòmasyon sa a an yo ouvri yon lankèt ki lese kwè se ta yon aksidan ki lakòz dufeu a. Aksidan sa a rele kòkòt minut, ou konnen bonm yo konn bouyi pwa e ou byen sere l, byen fèmen li e apre ou devise ti vis ki sou tèt li pou kite lè a sòti. Sanble se ta on kòkòt minut e ki ta lakòz e dufeu a nan zòn sa a, nan katye populè sa a, e nan vil Manawous nan eta Amazoni, nan peyi Brezil. N ap fè w konnen ou toujou sou Radyo Kiskeya w ap suiv Jounal Katrè n ap prezante w depui Studyo Bètran Pyèlwi. N ap salue tout entènot yo ki ap resevwa m sou twa doubleve Radyo Kiskeya pwen kòm (www.radiokiskeya.com) e tout sa yo k ap reseuvwa nou sou platfòm entèlijan yo. N ap retounen ankò nan aktualite entènasyonal la pou n pale w deu deu eleksyon enpòtan k ap fèt ann Afrik, deuman Madagaskar epi nan fen seumèn nan dimanch nan RDC. Pou Madagaskar tout preparasyon deja fèt nan buwo vòt yo e nou konnen nou gen on dekalaj ki enòm avèk peyi sa a. E se nan dènye moman preparasyon e buwo vòt yo lavèy deuzyèm tour eleksyon Madagaskar e kote gen sosyete sivil la ki mobilize, ki te deplòtonnen obsèvateù. Ki ap residive avèk plus obsèvatè ankò men ki ap trè kritik pa rapò a Seni an, Seni an se li menm ki anchaje pou òganize eleksyon, se konsèy elektoral peyi Madagaskar lan e kote e yo fè yon deba a uiklo ant deu kandida yo. Toulèdeu se deu ansyen prezidan ki pa t rive mete peyi a sou ray demokrasi ak devlopman. Okontrè te gen anpil korupsyon. Gen youn nan deu kandida yo, Mak Ravalo Raman, li menm li pa t fin fè youn nan manda l yo, akoz keu se yon diktatu li te soti pou l tabli. Men tou ranplasan l lan, Rad Jowèl, li pa t tou rive bay ankenn bon rezilta. E lavèy deuzyèm dou eleksyon sa a ki mete fasafas deu ansyen prezidan yo, yo plus wè se yon atmosfè youn ap regle ak lòt ki pi domine. E òganizasyon sosyete sivil la kritike konsèy elektoral lan ki pa rive bay garanti konsènan transparans y ap tann nan eleksyon an kote k te gen anpil fay nan premye tou a. Nan dènye moman sa yo buwo vòt yo yo deja prè, lavèy deuzyèm tou eleksyon nan Madagaskar. Gen plus keu di milyon malgach ki ta suppose patisipe nan eleksyon an pou chwazi e prezidan yo. Men nan peyi sa a, istwa ti kòb ayeùr, se menm konpòtman peùp yo genyen. Yo gen on zam nan men yon ki rele abstansyon. E plus keu mwatye populasyon an te chita lakay li. Li pa t ale nan preumye tou eleksyon. E paskeu yo pa wè kisa k pral chanje. Deu mesye sa yo depi di zan, yo domine lavi politik peyi yo san keu yo pa pote ankenn rezulta nan peyi sa a ki se on bèl peyi, li chaje ak reusous. Madagaskar, podyab li, li pami peyi ki pi pòv nan kontinan afriken an. N ap vini lakay pa nou. Pluzyè patizan pati ki sou pouvwa a, PHTK nan Wanament, ki regroupe tèt yo nan yon asosyasyon ki rele Rasanbleuman Militan Nordès Abandone (RAMNA) denonse vis delege awondisman Wanament lan, Awòl Jozèf ak senateù Wanik Pyèr, yo di k pa chita ak yo. Alòskeu se yo menm ki te travay pou te pèmèt keu pouvwa sa a te tabli nan depatman an, dapre sa yo fè konnen. Youn nan manm asosyasyn sa a, Pwofèt Jyasen ki mande entegrasyon yo nan buwo leta yo, meunase pou pran laru nan jou k ap vini la yo. Senmsonn Chal Amazan, youn nan korespondan nou yo nan nòdès ap di nou plus. Senmsonn Chal Amazan: Senpatizan PHTK nan Wananment ki fòme tèt yo nan on asosyasyon ki pote non Rasanbleman Militan Abandone, RAMA, fè sòti yon nòt pou laprès nan wikenn pase a pou kapab mande entegrasyon yo prese prese nan bwat leta yo. Militan sila yo denonse konpòtman vis delege awondisman Wanament lan, Awòl Jozèf epi kritike senatè PHTK, Wanik Pierre ak lòt elu nan komun nan yo di ki refuze chita ak yo ni fè ouvètu pou yo. Alòskeu yo fè tout demach anyen pa mache pandan yo menase pou pran beton an nan jou k ap vini la yo. Pwofèt Jaksen: Pwofèt Jaksen: Sa a se twòp atò. Ekip ki te travay akote vis delege Wanament lan, ki se Awòl Jozèf pandan tout kanpay deu mil katòz, deu mil kenz rive jus deu mil sèz pou te akouche pouvwa sa a jodiya. Ki gen nan tèt li prezidan Jovnèl Moyiz, senateur Jak Sauveur Jean, depite Elisma Forvil, majistra Lwima Demetriyus, espesyalman senateur Wanik Pierre. Nou toujou konn chita ak ekip sa a nan lakou Lèdisko. E se la menm yo te rive jwenn yon konnsansus pou te rive kandida ofisyèl pati a. Jounen jodiya, paskeu se senatè Wanik k ap fè e defè nan pouvwa sa a, se li ki sèl kòk chante nan nodès, enbyen li vin tounen yon ènmi pou nou tout ki t ap travay nan bòd vis delege Wanament lan. Nan sans sa a, RAMNA ki se Rasanbleman Militan Nòdès Abandone, ki nan Wanament soti nan silans yo pou yo mande entegrasyon san kondisyon nan tout buwo leta yo. Lagè avèti pa touye kokobe. Men atansyon, se kokobe ki pa gen tèt du. À bon entendeur, salut! Senmsonn Chal Amazan: N ap fè sonje, se pa premye fwa militan sila yo pran mikwo laprès pou fè mòd deu revandikasyon n ap raple nan lane deu mil dizuit la, te menm genyen manifestasyon ki te fèt nan komun Wanament pou kapab mande entegrasyon yo. Senmson Chal Amazan, depi Wanament, Radyo Kiskeya. LPP: Mèsi, n ap rete nan gran nord la nou prale nan nordwès kote twa mil san venntwa kandida ap patisipe eu nan preumye sesyon egzamen bak pèmanan depatman an ki kòmanse. E depui hier, k ap bout seumèn sa a, ven desanm. E direkteù edukasyon nan Nordwès, Webler Amyèn Dufrèn e fè konnen kandida yo, se nan twa syèj y ap konpoze. Plus detay ak korespndan n nan nòdwès Sen Jan Wiskis. Sen Jan Wiskis: Se jounen leundi disèt desanm deu mil dizuit sa a egzamen bak pèmanan yo demare atravè peyi a. Nan depatman nòdwès la gen twa mil san venntwa kandida ki repati nan twa syèj ki se, Pòdeupè, Sen Lwi du Nò ak Jan Rabèl. Premye jounen egzamen yo dewoule san ankenn ensidan nan nòdwès la si n vle kwè direktè depatmantal depatman nodwès la, pwofesè Webler Amyèl Dufrèn ki fè konnen tout mizanplas deja fèt pou koreksyon egzamen filozofi a demare nan vil Pòdeupè depi madi dizui desanm deumil dizuit, pwofesè Webler Amyèl Dufrèn. Webler Amyèl Dufrèn: Pou kantite syèj, nou gen twa syèj, syèj deu Jan Rabèl, syèj de Port-de-Paix et syèj de Saint Louis du Nord. Nou gen twa mil san venntwa kandida, juska minut n ap pale avè w la a, pa gen okenn iregularite. Tout bagay ap dewoule trè byen. Tout moun te aleù jodiya, tout moun motive keu yo konnen se tenu nwa e blan pou yo pote. Sof kèlkeu ra moun ki pa t mete tenu nwa e blan an, tout responsab deu sant yo di yo dè deumen fò yo konfòme yo. Sen Jan Wiskis: Pou premye jounen an, pou kandida ki t ap konpoze nan egzamen filozofi, gen sa ki t ap plenyen akoz keu egzamen an te difisil e gen sa tou ki di yo byen konpoze. Gen dot ki di gen mo nan tèks egzamen an yo pa t rive sezi. Nou envite w koute kèk nan yo: Kandida egzamen bak pèmanan 1: Egzamen pa t twòp yon egzamen ki di non men senpleman ou konnen, sa mande plus konpreyansyon. Sen Jan Wiskis: Èske egzamen an te alapòte w, egzamen filozofi a? Kandida egzamen bak pèmanan 2: Pou mwen menm egzamen an te mal pase pou mwen jodiya wi. Kandida egzamen bak pèmanan 3: M pa t twouve l twò mal. Paskeu yo te bay yon egzamen nou tout te konn wè nan klas, ou konprann. Sèlman m santi m byen konpoze pou mwen menm. Men selon korektè yo m pa konnen ki pwen yo pral ban mwen. Sen Jan Wiskis: Egzamen an te du? Kandida egzamen bak pèmanan 4: M pa wè l du men m pa ka fè l. Sen Jan Wiskis: Bak pèmanan sa a ki demare atravè peyi a depi lendi disèt desanm ap bout vandredi venteyen desanm de mil dizuit nan depatman nòdwès lan. Tout korektè yo deja mobilize pou demare ak koreksyon an depi madi dizuit desanm deu mil dizuit sa a. Nou vle pale deu koreksyon filozofi. Sa vle di s on koreksyon k ap dure on semèn dapre direktè depatmantal nòdwès la, pwofesè Webler Amyèl Dufrèn. Sen Jan Wiskis, Pordeupè, Radyo Kikeya. LPP: Mèsi n ap vin nan lwès. An yon òganizasyon jounalis nan Lewogàn denonse entimidasyon ak meunan lanmò, deu konfrè nan site Anakawona a ap subi, Waldèm Jozèf ak Pitèsonn Kadè. Nan yon konferans pou laprès, òganizasyon an ki gen nan tèt li Makennzi Dikou fè konnen non jounalis sa yo afiche nan laru e Lewogàn kòm kwa se yo k ta anpeche depute Lewogàn nan ki tou puisan, ki se depute PHTK, Jan Wilsonn Ipolit fè travay li. Jounalis yo ap pote plent kont iks nan pakè Tigwav la dapre sa korespondan nou Rene Inosan Degranj fè n konnen. Rene Inosan Degranj: Sekretè jounalis yo nan Tigwav, Makenzi Dikou, nan yon konferans pou laprès li bay nan lendi dizuit desanm demil dizuit lan, denonse entimidasyon ak menas tout kalte li di jounalis nan komin Lewogàn ap subi. N ap site “Waldèm Jozèf, Pitèsonn Kadè anba men yon ekip moun ki fè tèt yo pase kòm patizan pouvwa anplas la. Dènye aksyon andat ki atire atansyon yo, se nan lannuit samdi kenz pou rive dimanch sèz desanm nan kote yo ekri sou divès muray nan Lewogàn, non de jounalis sa yo ki anpeche pouvwa a travay. Makenzi Dikou: Sa ki pral pase nan dat ki te samdi kenz pou rive dimanch sèz desanm de mil dizuit la, non divès jounalis, pami yo Waldèm Jozèf epi Pitèsonn Kadè, non mesye sa yo afiche sou mu kòm moun ki anpeche, daprè yo, yo di ki anpeche depute Lewogàn, asavwa Jan Wilsonn Ipolit travay. Moman sa yo vini donk se nan moman jounalis yo pran angajman pou yo bay enfòmasyon sou divès kidnaping ki fèt nan site Anakawona a, pandan tou yo te enplike yo nan divulge enfòmasyon nan sa ki gen pou wè ak dosye petwokaribe a. Rene Inosan Degranj: Sekretè jeneral amika jounalis yo anonse y ap akonpanye jounalis yo pou al pote plent kont iks nan pakè Tigwav lan pandan l ap mande otorite yo pou asure sekurite jounalis yo. Makenzi Dikou: Nou menm nan amika jounalis yo nou pran trè zoserye menas ak zak entimidasyon sa yo. Nan sans sa a, nou antann nou pou nou pote plent kont tout moun ki patisipe ni de prè ni de lwen nan menas k ap fèt kont jounalis sa yo. E pandan n ap mande tou a otorite sivil e politik nan komun nan pou sekurize jounalis sa yo. Rene Inosan Degranj: N ap sinyale, sa fè yon bon bout tan depui kèk jounalis nan Lewogàn ap denonse menas y ap subi nan men pouvwa an plas la, kote chak jou Bondye mete bagay yo ap vin pi mangonmen san pèsonn pa di on mo. Rene Inosan Degranj, Tigwav, Radyo Kiskeya. LPP: Non dosye n ap suiv deu trè prè. Pluzyè sitwayen nan Miragwàn bay opinyon yo sou situyasyon sosyo ekonomik peyi DAyiti ki chak jou ap vin pi kritik, kote populasyon an pa konn ki sen pou l lapriyè. E yon mikwa twotwa korespondan nou Lwijeùn Josmèl e nan Nip, ap ba nou plus detay. Lwijeùn Josmèl: Opinyon pataje bò kote pluzyè kategori moun nan populasyon miragwanèz lan sou situyasyon sosyo ekonomik peyi a nan okazyon fèt fen dane a. Pwofesè, biznismann ak peyizan se pami moun nan populasyon an ki montre yo pa wè klè akoz lavi chè k ap trakase yo pandan dènye ane sa yo. San konte dola ameriken an ki pajanm sispann monte. Moun sila yo ki di yo pa konn kisa yo dwe fè lage situyasyon kritik sa a bay Bondye. Vwa 1: W ap fè edukasyon pitit moun, ou menm puiskeu pa w la nan lekòl prive, y ap voye l tounen pou lajan. Donk ou pa konn sa pou w fè. E sa k fè bon jounen jodiya nou nan fen dane keu nou lage sa nan men Bondye. E granmèt la seùlman k ka fè yon bagay pou nou, ou konprann? Vwa 2: Fò m di w byen, lektu keu m fè, m pa konn sa k ap pase. Depui keu m fèt se premye fwa m wè lajan ameriken rive nan nivo sa a. Avèk nivo lajan ameriken an rive la a, donk nenpòt sa keu w gen nan men w li prèskeu pa ka util ou anyen. Mwen menm m ap gade menm madanm mwen k nan on ti biznis, donk e menm vann li pakab vann. Gen moun, yo ta renmen achte vre men yo pa gen nan men yo. Donk se premye fwa m rive nan w situyasyon m wè m rive nan on fen dane ou pa wè ni pou w monte ni pou w desann. Kisa pou w dwe fè nan lavi sa a. Vwa 3: Pou avèk jan de lajan an ap monte a, tout bagay vin chè. Nou nan peryòd fen dane pa gen okenn aktivite kòm si yon moun ta ka antreprann. Pafwa konn gen ti asenisman, ki konn vini nan zòn yo, populasyon an konn jwenn on ti amenajman keu yo yo desèvi yo. Men pa gen sa ditou. Lwijeùn Josmèl: Pi lwen, yon lòt kategori moun nan populasyon miragwanèz lan ap plede an favè yon apezman sosyal ko keu otorite yo nan fèt fen dane a pou wè kòman yo kapab rale yon souf devan situyasyon kritik y ap viv pandan dènye jou sa yo. Depi Miragwàn, metwopòl Nip, Lwijeùn Josmèl, Radyo Kiskeya. LPP: Mèsi, n ap retounen nan kapital la kote ministè ayisyen k ap viv aletranje nan tèt kole ak yon òganizasyon nan dyaspora yo rele “Breakfast With Santa” te òganize e yon rankont e s on òganizasyon ki nan Mayami ki òganize dimanch ki sot pase la a yon seremoni pou te remèt kado bay timoun ki ap viv nan òfelina nan divès kote nan peyi a. E minis ayisyen ki ap viv nan peyi etranje yo madam Marnata Irène Ternye, ki pa t kache satisfaksyon n deklare se yon plezi pou gouvènman l ladann nan, gouvènman Moyiz-Seyan, atravè ministè l ap dirije a e patisipe bò kote òganizasyon sa a ki soti nan dyaspora a pou fè distribusyon sa a. Minis lan fè konnen aktivite sa a e se rezilta anpil travay avèk volonte òganizatè yo ki pèmèt yo rive fè l. N ap tande minis e ki anchaje ministè ayisyen k ap viv nan peyi etranje madam Marnata Irène Ternye ki te pale konsa nan mikwo Joubèr Jozèf. Minis Marnata Irène Ternye: Se yon gran jou pou gouvèneman an e pou ministè des haitiens vivant à l’étranger. Li pa t fasil pou òganizasyon keu w wè la a. Premyèman li te mande anpil lanmou pou peyi nou, ki se Ayiti, anpil lanmou pou timoun yo e li te pran tou anpil volonte. N ap wè yon ekip ki la a, m ap di nou keu òganizasyon an pa t fasil. Men avèk anpil volonte, anpil travay nou rive reyalize sa keu nou wè jodiyan. Se te pou on okazyon pou ministè ayisyen vivan aletranje te kòmanse teste sèvis deu koòdinasyon li ap mete sou pye. Sèvis de koòdinasyon sa a t ap pèmèt des groupes de la diaspora e des gwoup k ap sòti, des gwoup etranje k ap sòti nan peyi etranje. Lè yo vin ann Ayiti gen yon platfòm non seùlman ki reusevwa yo men akonpanye yo nan kèlkeuswa aktivite y ap genyen pou yo fè sur le terrain ann Ayiti. N ap tou envite tout gwoup nan dyaspora a, tout etranje ki vle vini ann Ayiti, pou nou di yo keu gouvèneman an à travers ministère des haitiens vivant à l’étranger, e nou prezan, e nou pare pou nou reuseuvwa yo. LPP: Minis ayisyen k ap viv nan peyi etranje yo madam Marnata Irène Ternye nan okazyon distribusyon sa yo yo te fè pou timoun ki ap viv nan òrfeulina avèk yon asosiyasyon e ki nan dyaspora ayisyèn nan Miyami “Breakfast with Santa”, madam Judit Jozèf, li pale deu egzistans òganizasyon n nan depi douz lane e li di se pa pou premye fwa yo jwenn bèl akeùy nan okazyon distribusyon y ap fè bay timoun, sitou sa yo ki nan situyasyon difisil. Timoun ki ap viv nan òrfeulina. Li envite tout ayisyen pote kole ansanm. N ap tande deklarasyon prezidan Breakfast lan, ki se madam Judit Jozèf ki te pale konsa nan mikwo reupòtè nou Joubèr Jozèf. Madam Judit Jozèf: Nou gen douzan depui n ap fè sa a. Depui douzan n ap vin la a, nou kòmanse a sisan timoun. Kounyeya n avè sen mil timoun. Nou voye jwèt la non seùlman isit lan men nan pluzyeù vil deu pwovens. Depui n ap vin la a, se pou la première fois nou gen nou gen wèlkòm sa a keu m jwenn nan la a. Ministè sa a, depui jou keu n rive juska jodiya nou pa gen on bagay pou n konplenn. Tout on seri deu gwo doktè k sot nan Mayami ki vin la a, ki fè toute une semaine nan Site Solèy ap bay timoun dantèr. Se kat san senkant timoun avèk tout pwofeseù. Menm moun nan vil yo di yo vin pran vin pran tretman dantèr, vin retire dan. Chak ane nou fè on bagay diferan. Lane dernière nou te fè lunèt pou timoun avèk granmoun, ane sa a se dantèr. Nou gen on afè deu disèt moun, medsen ki vin la a, vin fè tout bagay sa yo. Nou vle keu ayisyen yo konprann keu nou pa NGO, nou se ayisyen ki vle fè on bagay pou peyi nou. Se pa se pa lòt moun, se nou menm menm k ap fè l pou konn nou. Nou genyen k abite isit, genyen k abite lòtbò. Se depui n vini la a, l al pran nou, avèk l ba nou safety, nou feel safe avèk yo. Nou an sekurite avèk yo. LPP: Vwala, se madam Judit Jozèf, Breakfast with Santa nan okazyon distribusyon sa a ak ministè ayisyen k ap viv nan peyi etranje. Epui sekretè deta nan komunikasyon Edi Jaksonn Aleksi fè konnen gouvènman an pral lanse yon seri de aktivite nan jou k ap vini la yo. Sekretè deta a ki se pòtpawòl gouvènman an fè konnen gouvènman Moyiz-Seyan ap pran tout dispozisyon pou garanti n ap site “sekurite tout moun, ayisyen ki ap rantre vin pase fèt finisman lane a ak fanmi yo. N envite w koute sekretè deta a eu komunikasyon an eu Edi Jaksonn Aleksi, toujou nan mikwo Joubèr Jozèf. Edi Jaksonn Aleksi: Se ankadreman teknik e politik e pwofesyonèl keu li bay a moun ki soti nan dyaspora a, kote nou di yo peyi a louvri. Gen dispozisyon ki pran de la part du gouvèneman atravè tout enstans ki la pou sa, lapolis, lajustis e tout lòt enstitusyon notamman ministè du touris pou akonpanye tout moun ki vle antre, etranje oubyen dyaspora nan moman sa a pou vin fè des activités anndan peyi a. Nou pwofite di tout moun ki fin fè on seri de aktivite keu gouvènman ak rès populasyon an ap ret tann yo. Sa k ap pote kichòy pou nou mèsi, sa ki vin eseye endjòy yo swa nan kapital la swa nan nenpòt lòt vil nan peyi a n ap kapab jwenn dispozisyon e jwenn moun k ap akonpanye yo e pèmèt yo pase on bon sejou. Donk gouvèneman an pral lanse tout on seri de aktivite ki nan jou k ap vini yo la a n ap fè anons ofisyèl yo. Men sa a se yon ministè a ki akonpanye dyaspora a ki vin fè aktivite nan peyi a. Deja nan kòmansman, nan mitan seumèn nan, yo te nan Site Solèy. Yo jwenn akeùy deulapa deu populasyon an e yo menm tou yo delivre des services nan domèn lasante. Nou di yo merci. LPP: Vwala, sekretè deta komunikasyon, Edi Jaksonn Aleksi. Euu nan okazyon fèt nwèl la gen hotel hotelière d’Haiti ki nan on konferans pou laprès yè, anonse deu jounen mache nwèl l ap òganize venteyen ak ventdeu desanm k ap vini la a, vandredi ak samdi. Nan aktivite sa a ap gen fwar gastwo, artizanal e ee daprè direktè adjwen e d’école hotelière d’Haiti an ki se Mayegovani Teyodòr, li pale deu diz ekspozan, ofis nasyonal atizana e ki ap fè ekspozisyon atizana nan okazyon sa a, vennsenk etudyan école hotelière d’Haiti, k ap fè ekspozisyon gastwonomik, donk manje, nan kad aktivite sa a. E li, l ap pote plus presizyon e nan mikwo Lori Luijeùn. Mayegovani Teyodòr: N ap lanse aktivite a anvan midi, dè dizèu dumaten sa vle di tout espas la n ap bloke depi deuvan deuvan (inodib) tablo deu sa yo (inodib) deu ekstremite sa yo. Ap gen deu antre nan pwogram nan (inodib).... LPP: Vwala, se reuprezantan lekòl hotelière d’Haiti a Teyodòr, yo pral fè fwar gastwonomik pandan deu jou, venteyen ak vini ki pral vini la a. Non konnen lekòl hotelière depi n pale deu gastwonomi kote lekòl hotelière se yon referans. Lòskeu mesyeu Terilyen t ap dirije l, nou sonje kijan anpil aktivite e donk depi n pale deu lekòl hotelière se bon manje. E sou bò pa l gen asistan ki anchaje evènman mache nwèl la madam Mirlande, asistant, madam Mirlande Floritus e ki fè konnen aktivite sa a ap reyalize pou etudyan yo nan lekòl hotelière d’Haiti kapab ekspoze e sa yo fè epui pou yo ka rive ranmase kòb tou pou yo ka òganize lòt aktivite pou etudyan yo tankou pou yo fè toune touristik ak sòti pedagojik. N ap tande asistant ki anchaje evènman mache nwèl ane sa a nan lekòl hotelière d’Haiti madam Mirlande Floritus k ap pote plus presizyon ak detay toujou nan mikwo Lori Luijèun. Mirlande Floritus: Lekòl la gen deu depateuman au nom de l’organisation (inodib) se pou nou ka kolekte des fonds (inodib) pou nou antre lajan, pou nou kapab òganize des activités pou etudyan yo. Pa egzanp des sorties pédagogiques (inodib) et peut-être encore pratik etudyan ap gen pou yo fè nan lekòl la. Mache nwèl la pou nou menm se yon platfòm ideyal pou yon ekspozan. Pou etudyan yo pou yo ekspoze pwodui yo. Pou yo fè on publisite pou antrepriz yo. Etudyan yo gen anpil talan. Pati gastwonomik enterè lekòl la, se etudyan yo k ap reyalize manje sa yo. Donk s on fason pou nou mete sa lekòl la aprann timoun yo en valeur. Pou nou prezante pwogramsyon aktivite mache deu nowèl k ap fèt venteyen, venndeu desanm nan, n ap gen on fwar artizanal, n ap genyen twoubadour, (inodib) n ap gen chomedans, n ap gen (inodib) dejeu pou timoun, se pa sèulman granmoun ki pral amuze yo. Gen yon espas pou timoun yo tou. Y ap jwenn amuzman an, y ap jwenn manje (inodib) eksetera. N ap gen pè nowèl avèk nou. Timoun yo ap gen posibilite pou yo fè foto avèk le père noël (inodib) n ap gen tou deu gran atis ki ap kloture deuzyèm joune an anfèt venndeu desanm nan nan kad aktivite sa a. LPP: Vwala, se te madam Mirlande Floritus. E mache nwèl, hotel hotelière d’Haiti, venteyeun ak venndeu desanm ki ap vini la a, li te pale konsa nan yon konferans pou laprès kote kolaboratris nou Lori Luijèun te prezan pou Radyo Kiskeya. Epui gen direktè Fayès la mesye Chal Chateulye. Yè n sonje se minis afè sosyal la madam Brison ki te pale e konsènan restoran kominotè yo. Gen moun ki pran lajan ki pa louvri restoran. Ebyen direktè Fayès fè konnen gen enfòmasyon sou tout moun ki louvri restoran kominotè yo. Kidonk l ap trè fasil pou jwenn enfòmasyon sou yon moun ki pran kòb la, ki pa louvri restoran komunotè a. Seulon direktè Fayès la mesyeu Chal Ènès Chatelyeu, ki mande populasyon an pou denonse tout moun yo konnen ki pran kòb e ki pa louvri restoran komunotè yo. N ap tande l ki te pale konsa toujou nan mikwo Lori Luijèun. Se te nan w konferans pou laprès ak minis afè sosyal la. Chal Ènès Chatelyeu: Nou genyen katreven sèz restoran ki louvri nan è metwopolitèn de Pòoprens, gen senkanndeu restoran ki louvri dans le département du nord, e tranteyen ki louvri dans le département du nord-ouest (inodib). Sa n ap raple sè keu restoran komunotè yo (inodid) se restoran komunote yo keu yo ye. Se pa pou moun ki reseuvwa manje a. Men fò nou souliye gen anpil moun k ap opere restoran komunotè, se deu lidè ki gen tout bòn fwa, tout bòn volonte donk m felisite lidè sa yo. Gen deu moun se pa konpasyon e se avèk sousi de byen komeun keu y ap opere komunote restoran sa yo, fò n pa bliye sa. Maleureuzman, kèk moun deu byen keu nou jwenn sinyalman pou yo, n ap kontinue al chèche enfòmasyon pou n pa akuze pèsonn san prèuv e tout bagay ap fèt selon lalwa. Donk yon moun ki pran responsablite, li pran yon restoran komunotè, li gen yon restoran komunotè keu l ap jere pou komunote a, avèk komunote a, ebyen se pou l fè travay komunote a. E yon moun ou santi keu l p ap bon pou ou, sètadi kondisyon an pa bon pou ou. Leta bay manje a ou menm ou pa gen lokal, ou pa gen mendèuv, ou pa gen ekipman (inodib) nou ka konprann sa. Li p ap bon pou ou (inodib) bay yon lòt moun ki gen dwa patisipe (inodib) pou l fè populasyon an jwenn pla cho yo jan sa ye. Mwen mande poplasyon an pou l ouvè zyeu l. Pou l konprann chak moun ki gen restoran komunotè nan men l. Dayèu tout moun ki gen restoran nan men yo, y ap konnen yo. Non yo y ap publik, telefòn yo nou konn kote yo ye. Donk supèvizyon nou met anplas la se pou asure li keu tout restoran sou tout teritwa peyi a l ap fonksyone. Jodiya gen moun ki entèpeule, ekip la ap kontinye travay toujou. Un fwa keu li jwenn restoran keu moun yo pran kòb pou yo yo pa ouvè, y ap denonse yo e y ap remèt yo bay laj… LPP: Vwala, se direktè Fayès la mesyeu Chal Ènès Chatelyeu nan yon konferans pou laprès kote Lori Luijèun te prezan pou Radyo Kiskeya. Nan peyi Lasuèd ki se youn nan peyi ki pi ilega legalitè, sa vle di kote yo fè anpil efò pou sitwayen yo, richès peyi a pataje ant tout moun ki nan peyi a e ki tou respekte ekite deu jan, sa ve di egalite ant fanm ak gason. Pa egzanp l on fanm f on pitit nan peyi Lasuèd, li gen ennan juska ennan edmi vakans, pou ka pran tan pou gen tan elve timoun nan e papa timoun nan tou gen menm tan vakans lan. E s on peyi ki fè anpil anpil efò, men malgre sa gen pwoblèm sosyal. E se konsa g on afè deu moun k ap mande. Ebyen se lajustis pran yon desizyon nan peyi Lasuèd pou yo entèdi afè mandisite a. Nou pa bezwen pale w, on peyi tankou Ayiti kote twaka moun lage, leta pa gen ankenn responsablite yo pran anvè populasyon an, donk anpil moun ap rele anmwey pou kesyon moun kap mande yo kòb. Anpil fwa se pa menm moun mandyan nan lari a menm non. Lòt moun ou kwè k te ka degaje yo k pa ka viv. Enben Lasuèd kote moun yo ka viv, moun ap mande. Ebyen, lajustis oblije pran on desizyon pou entèdi afè mandisite sa a. Yo fè sa tou nan peyi Lafrans kote keu gen pluzyè meri ki entèdi moun k ap tyeke moun, k ap lonje men, k ap mande nan lari. E e se pi gwo kou e justis nan peyi a ki pran desizyon sa a, yo otorize yon vil pou mete mezu sa a ann aplikasyon, pou entèdi afè mandisite a. E men eu yo kabab pran desizyon sa a apati deu vil sa a, yo ka etann ni, layite l pou lòt lokalite. Yon dezisyon pluzyè ONG denonse, ladan yo, Amnisti Entènasyonal pa dakò ak desizyon sa a. Ann vin lakay pa nou kot youn nan asosyasyon juj you e asosyasyon ki gen k ap k ap defann pwofesyon sa a, k ap selebre kat lane depui l egziste. E seremoni k te fèt nan lekòl majistratu sou wout frè a. N ap pale deu lekòl e asosyasyon ki gen nan tèt li mèt juj Wando Sevilyen e se te okazyon pou te gen on espès deu pas dam ki te fèt ant eu prezidan komisyon justis sekurite ak defans nan sena a, senatè Jan Yonèl Senatus e ak eu prezidan asosiyasyon juj Wando Sevilyen nan entèvansyon l ki fè yon pledwaye pou yon refòm total nan sistèm judisyè a. Bò kote pa l senatè Jan Renal Senatus, senatè lwès deklare komisyon l ap dirije a ap l ap eee li prèt pou l tanmen dyalòg ak asosyasyon majistra yo alòkeu CSP avèk CSPJ pou yo diskute sou refòm nan sistèm lajustis lan, men minis justis lan, Jan Woudi Ali sou bò pa l parèt kritik. Li estime juj yo pa fè tout tan travay yo gen pou yo fè eu apati deu angajman pwofesyonèl yo genyen parapò a gouvènman an. Deklarasyon an pa rantre nan santiman prezidan CSPJ a e e Jul Kantav e ki twouve deklarasyon minis lan pa kòrèk, yon repòtaj Joubè Jozèf. Joubè Jozèf: Anprezans yon latriye pratikan dwa ki soti nan divès asosiyasyon, prezidan asosiyasyon pwofesyonèl majistra yo, Wando Senvilye, plede an favè yon refòm nan sistèm jidisyè a. Prezidan asosiyasyon pwofesyonèl majistra yo, estime keu lajan nan budjè ki rezève pou sistèm jidisyè a two piti pou pèmèt tribunal yo travay kòm sa dwa. (Wando Senvilyen: (in French)). Sou bò pa l, prezidan justis ak sekurite nan sena a, Jan Renèl Senatus, deklare komisyon l ap mennen an prè pou l dyaloge ak asosyasyon majistra yo ak CSPJ sou nesesite pou refòme sistèm jidisyè a li estime k ap mal mache. Jan Renèl Senatus: Nou menm onivo du sena a, n ap tann nan men w des propositions, pwopozisyon damandman yo, nou ka travay yo ansanm. Nou disponib. Si n bezwen modènize lajustis, se pou n fè l atravè tèks deu lwa yo. N ap tann ou pou sa. N ap tann ou nan kad egzamen budjè a. Yo pa ka di yo toujou deside bò w digoud pou w fonksyone. Nou konnen byen lakay nou nou pa renmen bay. Men fò n konnen pou n fonksyone fò n gen lajan, e lajan n ap mande a se lajan leta a. Par conséquent, je veux attendre au sénat, le président du CSPJ, les représentants des organisations de magistrats, k ap vini pou vin defann budjè yo pou di fòk juj yo suspann trete ant parantèz. Joubè Jozèf: Minis jistis la ak sekirite piblik la, Jan Woudi Ali, mande pou majistra yo travay kòm sa dwa, annatandan gen yon lwa pou refòme sistèm jidisyè a ki vote. Mèt Jan Woudi Ali estime, majistra yo pa travay kanti èd tan yo ta dwe travay pa jou. Epi li envite yo fè tout jijman yo an kreyòl, pou evite moun ki pa pale lòt lang konprann. Jan Renèl Senatus: Paskeu nou kapab (inodib) òganizasyon judisyè ki di keu lajustis kòmanse travay a dizè dumaten epui a deuzèu aprè midi moun nan pral lakay li. Li pa posib. Jodiya nan fonksyon publik la ou egzije fonksyonè publik yo pou yo vin travay a uitèu pou y ale a katrèu. Nou pa kapab gen on justis ki pou kòmanse travay a dizèu dumaten e l ap fini a deuzèu. Joubè Jozèf: Prezidan CSPJ, Jul Kantav nan entèvansyon l lan demanti senatè Jan Renèl Senatus, li di ki pajanm pran pwoposizyon CSPJ yo ankont, menm si yo chita pliayè fwa pou yo diskite sou nesesite refòme sistèm jidisyè a. Alòske, li raple minis jistis la, Jan Woudi Ali, majistra yo pa travay dizè pou dezè jan l ta vle fè kwè l la. Jul Kantav: Quand à dire keu majistra a travay deu dizèu a dezèu apre kwa se fini. M ap raple minis la keu, pandan karyè mwen depi nan tribunal deu pè pou juskote m rive a, pafwa m konn jwenn ou dosye keu m fin tande l, m fin trete l, m antre lakay mwen, dosye a tèlman enpòtan pou mwen m antre lakay mwen m analize l. Li konn dezèu, twazèu dumaten m sou dosye a toujou m ap travay. Donk travay majistra a, se pa seulement quelques heures de la journée. Kanta prezantèu a, li envite nou a patisipe nan deba avèk li o sena a, lachanm des députés chak ane. Pandan twa zane keu m ale, enben sa yo te adopte a se toujou menm bagay pa gen avansman. Joubè Jozèf: N ap note, seremoni komemorasyon kat lane egzistans asosyasyon pwofesyonèl majistra yo, se te okazyon pou fè konferans deba, kote Lorans Senlwi, majistra Loubenn Elize ak pwofesè Lemètre Zefir, te pran lapawòl sou tèm repenser l’organisation de la justice haitienne. Joubèr Jozèf, Radyo Kiskeya. (1:01:25) LPP: Mèsi. N ap rete toujou nan domèn lajustis lan. Mèt Pradè Lewonar nan yon konferans pou laprès denonse meunas li di l ap subi nan men yon seri deu moun li pa rive idantifye, apre l te fin plede pou yon kliyan n ki te jwenn liberasyon l pandan asiz kriminèl ki ap dewoule nan Palèdjustis Kwadèboukè a ee ki t ap dewoule semèn pase a. Avoka a ki di li pote plent epi mande komisè eu Kwadèboukè a, mèt Wilyam Aristid, pou l mete aksyon publik an mouvman, men juskaprezan di pa gen anyen ki fèt. E avoka mèt Fradè Lewonar fè konnen endividu sa yo debake epi sakaje kay li dabò epui nan on deuzyèm fwa yo te tire sou machin ni. N ap tande avoka a k te pale konsa nan mikwo e nan konferans pou laprès sa a kote kolaboratè nou Amòs Brevil te prezan pou Radyo Kiskeya. Mèt Fradè Lewonar: N ap bay kont dpwen sa a justeuman pou n denonse ansanm pèsekusyon keu n ap fè objè sa gen plus keu deuzan. Enbyen dènye asiz kriminèl ki te pase nan tribunal sivil Kwadèboukè a, mwa d jiyè a, nouzot nou te akete de sieur nome Premye Klark ki te akuze deu vyòl. Premye Klark n ap raple keu misyeu se yon militan politik. Akuzasyon ki te tonbe sou do li yo se te akuzasyon vyòl. Mè mentnan quand nous avons pris l’acte d’accusation du ministère public, on a vu que l’ensemble des accusations qui ont été porté contre Montelark Premye, yo pa t fonde vrèman. En tant keu teknisyen du dwa à la barre nous avons demantelé cet acte d’accusation pou n te rive avèk liberasyon l. E keu depui aprè liberasyon Klak Premye, n ap jwenn des persécutions kòm avoka. Dènye evènman an ki te jeudi ki te senk desanm nan aswè anviwon onzèu lè bandi a zam debake lakay mwen, yo vandalize, yo pote ale. Mentnan nou te fè ce que de droit, nou te fè yon jujdeupè konstate, nou pote plent prè du parquet du tribunal civil meusyeu Osòr, kote n te mande a komisè du gouvèneman an pou mete aksyon publik an mouvaman, jiska prezan anyen poko fèt. Dènye evènman an se vandredi ki sot pase la a ki te katòz sou lawout de Meyèr, gen de bandi abò moto ankò tire sou machin nou mwn Dye mèsi nou gen lavi sov. Nan sans sa a n ape sonnen, n ap tire sonèt alam nan a opinyon piblik nasyonal e entènasyonal pou rive nan zòrèy otorite responsab yo, plu patikilyèman komisè du gouvèneman pou mete aksyon publik an mouvman. Pou chèche, mennen tout bandi, kèlkeuswa apateunans yo, kèlkeuswa kote yo (inodib) pou trennen yo deuvan lajustis pou yo reponn deu zak keu yo komèt. LPP: Vwala. Donk se avoka sa a k ap evolue e nan Kwadèboukè, mèt Fradè Lewonar ki konvoke laprès pou denonse menas li di l ap subi apre li fin plede pou jwenn liberasyon yon kliyan. Epui n ap fè on dènye on lòt tounen pou di w kesyon afè ee akò Nasyon Zini rive jwenn avèk anpil peyi sou kesyon migratwar la ki kontinue ap fè vag nan on seri de peyi tankou nan peyi Bèljik, kote gouvènman an, premye minis Michèl la oblije demisyone. Pak mondyal Nasyon Zini sou migrasyon, gen pluzyè peyi ki ap fè fas a gwo difikulte. E tankou nan peyi Bèljik, nasyonalis flaman yo e yo kraze kowalisyon k te sou pouvwa a, akoz premye minis bèlj lan, e ki se on liberal Chal Bichèl te al patisipe nan seremoni sa a seumèn. Dayèu yo te retire kò yo avan premye minis lan te siyen pak sa a nan Marakèch nan peyi Mawòk. Enben aswè a premye minis lan li ofisyèlman demisyone e li di li pa gen ankenn apui e nan gouvènman ki la depui deu mil katòz pou l kontinye gouvène. Alòskeu nan senk mwa pral gen eleksyon lejislativ, ki prevwa pou fèt vennsis me e demisyon an li prezante l aswè a ba wa Filip e sa pa pral debouche, gouvènman an pa prale pou otan. Epi tou pa pral gen eleksyon anvan lè. E selon obsèvatè yo nan peyi Bèljik yo kwè opsyon y ap chwazi selon sous ki pwòch pouvwa a premye minis lan ap rete. Premye minis demisyonèr lan ak gouvènman demisyonè a, l ap rete nan plas li juskaskeu eleksyon an fèt. E ekspedye afè kourant sa nou konnen trè byen pa bò isit juskaskeu eleksyon fèt. Chal Michèl anonse demisyon l apre yon deba ki fèt nan paleuman an e keu li pa rive jwenn apui li t ap tann nan men opozisyon an sou pluzyè pwen kle, tankou sa yo rele pouvwa dacha bèlj yo, kesyon sekurite ak anviwònman pou pèmèt gouvènman n nan te kontinye travay. E fòk nou di Bèljik kòm peyi oksidantal, li bat on reukò absolu, kote keu l pase senk san karenteyeun jou san gouvènman nan ane deu mil onz lan men sa pa anpeche l pou yo te fè entèvansyon militè nan peyi Libi. Yo te rantre avèk lòt peyi. E donk afè kourant lan e yo abitue avè l e kote kowalisyon an li eklate akoz e yo pa dakò eu ak kesyon pak mondyal sou afè migrasyon. Dayè mèm peyi Lafrans e l ap souke tou nan kesyon sa a. Ou tande de militan keu yo rele, keu lame fransèz la rele la grande muette, ki pa supoze pale nan politik e pluzyè militè e kalifye kalifye e prezidan fransè a Emanyèl Makwon deu trèt. E se pozisyon dwat e ekstrèm dwat trè du nan peyi Lafrans sou kesyon pak mondyal sa a ki souke pluzyè peyi ki fè bak sou kesyon sa a, menm lè yo te dakò sou premye vòt ki te fèt nan Nouyòk nan Nasyon Zini. Ladan yo genyen tankou Etazini e Israyèl. Men apre sa yo retire kò yo, yo di yo pa dakò paskeu peyi yo pral pèdu souveurènte yo. Chal Michèl ki demisyone a li pral gen karanntwa zan vandredi. E alepòk li te rive nan gouvènman an, li te pi jèun premye minis ki te gen nan wayòm sa a. Wayòm bèlj la s on wayòm n ap raple depui mil uit san karant. E pou lapremyè fwa yo te gen on premye minis osi jèun. Mèsi dèskeu w fè Radyo Kiskeya konfyans pou enfòme w. N ap kontinue ak jounal lan. E genyen komunike sa a k soti nan anbasad deu Frans lan ki anonse yon matine keu yo rele yon matine etud nan peyi Lafrans ak nan mond frankofòn nan ki ap fèt deumen diznèuf desanm nan nan otèl Le Plaza, Channmas. E genyen tout frankofoni an k ap prezan. E matine etud la, di an Frans e peyi frankofòn yo, se yon seri deu sekans deu enfòmasyon ak oryantasyon pou e moun e y ap prezante publik la e univèsitè ayisyen yo pou montre yo atraksyon ki genyen nan ansèyman superyè nan yon peyi tankou LaFrans e avèk nan tout rezo entènasyonal ki genyen univèsite e ki pale fransè eunpeu oubyen totalman, ki fè pati deu frankofoni an. Aktivite sa a k ap fèt deumen se anbasad peyi Lafrans k ap òganize l avèk òganizasyon yo rele kanmpus Frans ann Ayiti epuis avèk entèvansyon lòt pateunè yo tankou ajans univèsitè frankofoni AUF, anbasad peyi Kanada ann Ayiti, anbasab peyi Lasuis ann Ayiti e ak federasyon Waloni, Brusèl, Bèljik, Bèljik frankofòn y ap prezan tou. Yo sible patikulyèman etudyan univèsitè ayisyen yo ki fè bak plus twa e ansanm avèk pwofesyonèl ak enstitusyon ki ap chèche pèfeksyònman ak pateunarya. Alò lè n ap di bak plus twa sa vle di etudyan e ki fini nan lisans k ap chèche metriz e ansèyman superyè nan peyi Lafrans e y ap di ki tib etablisman ki genyen parapò a entènasyonal la epui etablisman ak òf fòmasyon, finansman etud ak reuchèch epui nouvou filyèr ansanm avèk karyèr. Rezo etablisman frankofòn odeula deu Lafrans ki manm AUF avèk dispozitif fòmasyon ki louvri ak fòmasyon adistans pa egzanp. E genyen tou òf y ap pre prezante nan okazyon sa a, fòmasyon nan filyèr ki kapab e gen gwo debouche ladan yo e ki kapab ede Ayiti nan devlopman l. Y ap pale deu enèji e konstruksyon, enfrastruktu, teknoloji, agwoalimantè TIC. E moun k ap fè entèvansyon yo ap gen Loran Bono pou anbasad peyi Lafrans ann Ayiti, e Toma Pwarye pou anbasad peyi Lafrans ann Ayiti, Jozbar Sen Viktor pou espas kanmpus Frans Ayiti, e Sawoulo Neyiva e ak Weber N Chal, Agence Universitaire Francophonie, AUF direksyon jeneral Karayib, Stefano Bati, anbasad peyi Laswis ann Ayiti, Paskal Montwazi, Federasyon Waloni, Brusèl, Bèljik frankofòn ee Omiltil Dorval, anbasad Kanada ann Ayiti. Aktivite sa a l ap fèt deumen mèkredi diznèuf desanm nan, soti neuvè nan maten pou rive midi e ki kote? Otèl Le Plaza nimewo dis ri Kapwa, Channmas, Pòtoprens, pou tout moun ki enterese. Yo rele l matine etud an Frans ak nan frankofoni. Unyon Euwopeyèn ak eta ki manm ni yo prezante on nouvo fèuy deu wout epi siyen yon potokòl dakò ki defini angajman yo anvè sosyete sivil ayisyèn nan pou lane deu mil dizuit, deu mil venteyeun. E nouvo fèuy deu wout sa a aktualize vèsyon deu mil katòz, deu mil disèt lan, li fikse priyorite yo nan kad apui y ap bay nan òganizasyon nan sosyete sivil ayisyèn nan. Anbasadèu Unyon Euwopeyèn nan ann Ayiti, Vensan Deujèrt pale de enpotans ak wòl sosyete sivil nan tout peyi pou devlopman yo. Anbasadèu Unyon Euwopeyèn nan fè konnen gen ven milyon euwo ki disponib nan kad apui sa a y ap bay sosyete sivil ayisyèn nan. Li fè on pledoye anfavèu ranfòseuman òganizasyon nan sosyete sivil lan, pou pèmèt demokrasi avanse. Anbasadè Dejèt renouvle angajman Unyon Euwopeyèn ak eta ki manm ni yo pou kontribue nan jefò pou on sosyete sivil ki pi janm. N ap koute l nan rankont sa a kote Didro Paran te prezan pou Radyo Kiskeya. (French)... Anbasadèu Vensan Dejèt. Sou bò pa l, anbasadè Lafrans lan, Loran Bono, pale deu priyorite yo bay sosyete sivil lan. Reprezantan peyi Lafrans lan di l pwopoze pou gouvènman Lafrans lan bay yon lòt lajan andiplus, pou pwojè tou nèf atravè sosyete sivil ayisyèn nan. N ap tande reuprezantan anbasad peyi Lafrans lan ann Ayiti, Loran Bono nan yon konferans kote Didro Paran te prezan pou Radyo Kiskeya. (French) Vwala, se Loran Bono, reuprezantan anbasad Lafrans lan ann Ayiti ki t ap pale konsa. San tranzisyon n ap reusevwa envite Jounal Katrèu apremidi a. E se dirijan eu MOKRENA a, ansyen depute Gonayiv la Sadrak Dyeudone, analiz li sou konjonktu politik la, l ap reponn kesyon Bitovenn Franswa Fis. Sadrak Dyeudone: Nou vle di jounen jodiya, preokupasyon nou li vrèman ranfòse, pasekeu aulyeu dirijan nasyon an ta pran direksyon pou yo defann Ayiti, nou wè se chèche y a chèche rankontre yon sistèm ki totalman depase. Yon sistèm ki dezuè, ki fin fè kous li e k ap jenera chak jou plus kriz. Olye swasanndi pousan moun nan peyi, olyeu pakèt moun ki gen pou yo manje (inodib) ou sèulman bezwen pran laru a ou gade nan chak kwen laru a ou wè yon machann manje kuit. (inodib) se yo menm k ap panse jodiya deu afè peyi toujou. (inodib) yo tout yo pliye lechin, yo abandone deja, y ap ranpe deja. Bagay la li reyèlman difisil. Ou vin tounen ankò pluzyèu kou paskeu kòwuptè yo avèk kòwonpu yo, jodiya yo g on diskou konbat kòwupsyon eksetera. Donk ou n on veritable konfuzyon, nou nan on veritab kawo, preokupasyon m nan reyèlman li ranfòse. Men nou pa alarme paskeu nou dwe leuve tèt, drese zepòl nou paskeu (inodib) n ap kontinue aji paskeu nouvèl Ayiti a s on nesesite endispansab à la survie du peuple haitien, de la nation haitienne. Bitovenn Franswa Fis: Nou konnen on deteryorasyon klima politik, sosyal e ekonomik, kouwè gen de ekonomis ki pale, ki montre endikatèu ekonomik yo e donk baay la parèt trè konplike san konte fenomèn ensekirite a ki ap vale teren e fèt fen dane a rive sou moun yo, g on kesyon dyalòg moun yo, gouvènman Seyan mete sou li anpil. Sadrak Deudone: Pou kesyon sekurite a, sa a, li se youn k ap raple deu devalyeu, efondreman total leta a. Avèk li menm Jak D Lafontan an, nou sonje jan mesyeu sa a li t ap reponn a kesyon jounalis, “sè keu pa gen anpil moun ki mouri, juska prezan se deu twa moun” (inodib) vin jwenn on pwoblèm deu Matisan ki bloke vrèman, pluzyèu depateuman (inodib) anpil moun te panse keu avèk on chanjman deu gouvèneman, nou t ap genyen (inodib) Anri Seyan nan tèt gouvènman sa a, nou di keu se nan politik li ye, nou di li menm li konnen teren an. Ebyen nou panse pwoblèm ensekirite sa a li ta pral rezoud. Ebyen, nou wè pwoblèm nan se ranfòse l ranfòse. Se kòm si (inodib) te toujou la (inodib) oubyen pa gen diferans nan Ayiti lè te gen gouvènman e Ayiti lè pa t gen gouvènman. Puiskeu lè gen gouvènman ou pa wè kisa ki fèt oubyen ki justifye (inodib) gouvènman an. Donk se nan situasyon sa a keu w ye la a. E sa a ta dwe fè moun ki gen rèn pouvwa a nan men yo, fò yo konprann keu yo (inodib) puikeu yo pa ka fè anyen. Ilfokeu yo pran direksyon konferans nasyonal la, dyalòg nasyonal la (inodib). La solution de sagesse, si Jovnèl Moyiz renmen peyi a, si Jan Anri Seyan renmen peyi a, solusyon deu sajès la se ta va bay demisyon yo. Yon nouvo sistèm politik epi pou n ta kapab reukòmanse. Se sa k dwè fèt jounen jodiya la a. Tout lòt bagay k ap fèt yo se bagay (inodib) yo ye, y ap anveunime e kuv la, sa p ap bay okenn solusyon. Bitovenn Franswa: Dosye dèmalòg la ki parèt trè anbarase pou e laprezidans. M tande direktè Jan Woni ki di se te on koensidans, yon aza ki fè li menm ak madan chèf leta a te nan menm avyon, yo andireksyon Pari an Frans e kijan yo kapab demele yo pou yo sòti nan yon bagay konsa e ki trè pwoblematik. Lè n ap gade kisa sa enplike. Ki grad, ki tit, ki kalite madan chèf leta a li gen men l tranpe ladan l? Sadrak Dyeudone: Ebyen de ce fait m pa kwè yo bezwen fè anyen pou yo konklu sou sa, l a pale pandan kèlkeu tan, y ap pale pandan kèlkeu jou, pandan on seumèn, panda kèlkeu semèn epui apre sa se kase fèuy kouvri sa. Tout moun ap bliye sa, tout moun p ap pale deu sa ankò. Asureman se yo menm yo di, cette issue politik, dirijan yo, toutan se pa kraze brize ki fèt, yo menm yo pa tande anyen. Se kè kalm paskeu yo fè konnen pa gen kontak, tout moun ap fè silans (inodib) yo pa konprann dimansyon peyi a. Pase nan sa nou ye jounen jodiya la a, nou pa t supoze ap lute a se suivi, nou genyen des millions d’haitiens k ap pran laru, k ap manifeste (1:23:33) kont lakowupsyon, kont les dilapidateurs (inodib) petwokaribe (inodib) LPP: Vwala, se Sadrak Dyeudone, MOKRENA ki t ap pale konsa sou situyasyon politik la nan mikwo Bitovenn Franswa Fis. N ap reutounen nan aktualite entènasyonal la kote prezidan ameriken an, Donal Twonp depui l rive nan tèt Mezon Blanch lan, s on sèul bagay li mande, pou li mete yon muray ant Etazuni avèk vwazen li, peyi Meksik. Depui dènye eleksyon k sot fèt la, eleksyon mi manda a, s on sèul pawòl ki nan bouch li, depui keu yo pa ba l kòb sa a, l ap bloke administrasyon federal la. Si kongrè a pa ba li senk milya dola pou l bati mu sa a, nan fwontyè ki separe deu peyi yo. Seupandan jounen jodiya sanble keu li mete on ti dlo nan duven n. E ouvètu sa a laprès konstate Mezon Blanch fè a, li vin bay espwa keu yo kapab rive jwenn yon konpwomi nan kesyon budjè a ant elu republiken ak demokrat yo e nan kongrè a anvan fèt fen dane a menm si toujou gen suspens. Kouwè chak fwa ki dure prèskeu juskeu nan dènye minut. E ann absans deu yon akò sou yon lwa pou finanse apati deu kouwèlye la a juska vandredi a minui jou sa a, yon pati nan gouvènman federal lan ap bloke. E nou gen lòt mwayen pou nou rive jwenn senk milyar la, se sa pòtpawòl Mezon Blanch lan deklare sou Fox News, Sara Sanders, e ki t ap reponn kesyon laprès. Li di an definitiv nou vle fèmen administrasyon federal la, men nou vle sutou fèmen fwontyè a dapre sa l presize, e Twonp te mande tout minis li yo pou yo chèche nan lajan yo genyen nan ministè yo, kijan yo kapab fè pou ba l lajan pou li kapab finanse e konstui mu sa a selon li menm ki pral pwoteje pèup ameriken an. Lè yo te poze l kesyon apre eu eu akò, negosyasyon k ap fèt yo, e prezidan ameriken an te pa t klè nan repons li t ap bay laprès. Li di “N ap wè, li twò bonè pou nou di sa k ap pase”. Fòk nou di Nannsi Pelosi, ki pwoblableuman pra l vini spikèu prezidant chanm depute a nan mwa janvye a, ekate tout posibilite pou yo antre nan jan deu negosyasyon sa yo avèk Twonp. Eu dapre sa l fè konnen, li di keu e pwopozisyon e Mezon Blanch lan, yo p ap aksepte l jan keu l prezante l la sou kesyon mu an. Li di nou pa kapab aksepte pwopozisyon pou yo mete anplas yon lajan, pluzyèu mylyar dolar e pou prezidan kapab mete ann aplikasyon yon move politik ki p ap bon nan zafè migrasyon daprè sa madam Pelosi deklare bay laprès. N ap retounen bò lakay pa nou sou inisyativ ministè edukasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl. Primatu ak prezidans lan gen on seremoni omaj ki te òganize jounen jodiya, nan sine Triyonf pou trannkat loreya nasyonal, nan egzamen ofisyèl ane akademik deu mil disèt deu mil dizuit lan, soti neuvyèm ane akademik rive nouvo seugondè, pase anba bakaloreya tradisyonèl e ni rive nan sant edukasyon familyal. Elèv sa yo pou majorite nan yo e ki soti nan lekòl kongreganis, anwetan lòt lekòl ak lise, dwe benefisye bous detud konplè nan men leta pou kontinue etud univèsitè yo. Seremoni sa a dewoule an prezans prezidan Jovnèl Moyiz, premye minis Jan Anri Seyan, minis edukasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, Pyè Jozue Ajenò Kadè ak lòt minis nan gouvènman ak pluzyè lòt pèrsonalite nan sistèm edukatif la ak nan gouvènman an, dapre sa Gèrvens Rikado Jan Jak ki ap prezante nou reupòtaj li fè n konnen. Gèrvens Rikado Jan Jak: Elèv, paran, pwofesè ak divès lòt pèsonalite te deplase pou salye jefò loreya nasyonal egzamen ofisyèl yo. Tousuit apre elèv lise Marijàn yo fin chante Desalinyèn nan, seremoni an ki te pran tan pou kòmanse te okazyon pou minis edikasyon ak fòmasyon pwofesyonèl la Pierre Josué Agénor Cadet bat lestomak li pou travay li di ministè a akonpli. Li atire atensyon tou sou enplikasyon jèn yo nan administrasyon publik la. (French) Pierre Josué Agénor Cadet: Jodiya nou wè on gouvèneuman, yon administrasyon ki ap panse pou jèun yo, paskeu jèun yo pou li se reulèv pou deumen. Gèrvens Rikado Jan Jak: Reyisit skolè, ekselans akademik dwe rekonpanse selon prezidan Jovnèl Moyiz. Peyi a bezwen moun ki fòme, ki konpetan pou l devlope dapre li. Prezidan tèt kale a yon lòt pa rale kesyon dyalòg la nan diskou li. Chita pale a pa ka tann, selon prezidan Jovnèl Moyiz. Prezidan Jovnèl Moyiz: (French)...Nou p ap ka gen on peyi keu n reve a pou m kite pou yo si jodiya nou pa la pou n fè konpwomi pou futu yo. Paran timoun sa yo, se pa yon sèul pati politik keu nou soti. Yo chak te gen dwa te gen yon konviksyon politik (inodib). Vrè sans devlopman an, li pa ka fèt nan kraze brize, li pa ka fèt nan tuye frè, nan tuyè sèu. Gèrvens Rikado Jan Jak: Yo loreya, Dev Korin Mondezir ki soti depatman sid nan kolè Frè Wodne Jozèf, pale nan non loreya parèy li pou mande elèv, jèn ak otorite peyi a oze aji yo chak parapò a responsabilite yo genyen. Loreya Dev Korin Mondezir: (French). Selon MENFP, loreya yo ap jwenn bous pou tout ane inivèsite yo ak frè chak mwa san konte opòtinite pou etid avanse. Rekonpans pou elèv ki ekselan lekòl, se yon demach ke gouvènman an di l ap kontinye avè l. Pandan tan sa a, kisa ki di pou yon kantite elèv ki soti nan bakaloreya ki pa jwenn ni bous detud ni mwayen pou ale nan inivèsite prive, sitou inivèsite leta a pa gen kapasite pou akeyi yo tout. N ap fè remake, se sèlman de pwen senk milya goud ki fikse nan bidjè ki depoze nan palman an pou UEH la e ki reprezante eun pwen twa pousan. Gèrvens Rikado Jan Jak, Radyo Kiskeya. LPP: Mèsi. Prezidan ACPH la, Chanje Meyu, mande gouvènman Moyiz/Seyan an pou bese pri pwodui petwolye yo sou mache lokal lan paskeu gaz la bese anpil sou mache entènasyonal la. Ki soti katrevenseng dola pou rive senkann dola jounen jodiya. Dapre sendikalis lan, lwa katrevenkenz lan, egzije leta lè gaz lan bese e se pou yo bese l. Li di se yon pwodui transvèsal li ye, lè l monte nan peyi etranje yo wè gouvènman an kouri monte l. E konsa tou lè l desann se yon obligasyon pou yo desann ni. Sendikalis lan fè konnen, si gouvènman an bese pri gaz lan, sa kapab pèmèt populasyon an ral on souf. N ap tande sendikalis la Chan Meyu ki te pale konsa nan mikwo Amòs Brevil. Chan Meyu: Nou pa wont pou nou di li. Nan moman n ap pale la a, yon gaz pase deu katrevenseng dola a senkann dola, gen mwayen pou gouvènman an pase men nan gaz la d une fason pou n wè kòman populasyon sa a ka rive rale on souf. E nou menm nou ta swete le plu rapid keu posib gouvènman an chita pou l wè kòman l ka pase men nan gaz la. Pase pa bliye gaz la s on pwodui transvèsal li ye. Depui gouvènman an desann gaz la la a, nan moman l desann nan nan fen dane a la a kote manman ak papa pitit deja pa konn sa pou yo fè, men n ap pwofite de menm laprès sa a tou pou nou mande tout polisye direktè Jedeyon kòman li te kapab fè tout responsab tout zòn yo pou yo te wè kòman yo te ka kontwole wout nasyonal yo d’une fason, nan moman sa a kote anpil timoun pral an vakans, pral wè fanmi yo, pou yo kapab pèmèt yo ale san difikilte pou yo tounen san difikilte. Nou ta swete keu lapolis nasyonal, e mesye Jedeyon, pou l ta pase lòd a tout reskonsab tout vil yo nèt, direktè sikilasyon, polis woutyè a pou l wè kòman l te ka kontwole wout nasyonal d’une fason pou evite chofè k ap fè eksè d vitès yo, chofè k ap suchaje machin yo, pou nou wè kòman nou ka rive fen ti vakans desanm nab, fen dane a la a, pou evite aksidan. Pou n pa al pèdi ni mateyèl, ni pèt en vie humaine. Nou ta swete keu lapolis pran sa anchaj, kòm nou wè sikilasyon kòmanse fè travay sa a, toujou pèsonèl l ap kontwole yo. Nou ta swete ke pou yo fè sa d’une fason nou menm pou nou ta pase on fen dane san n pa anrejistre gwo ka. Tout pwoblèm ou wè k toujou genyen nan lari a se paskeu gouvènman an pa janm respekte sa ki di nan lwa a. Dekrè nèf mas mil nèf san katrevenkenz lan li di depi gaz la monte plis deu senk pousan sou mache entènasyonal la, fòk nou moute lakay nou. Menm dekrè sa a di tou depi l desann senk pousan fò l desann bò lakay nou. Men nou wè gouvènman pa nou an toujou ap jwe jwèt koken, li toujou prè pou l monte men l pajanm vle desann. Alò se sa k fè nou voye nou di atansyon li soti deu katrevenseng dola li pase a senkann dola. Alò ou wè li vrèman enpòtan. E fòk on nèg ou konprann tou, desann gaz la se pote on ti soulajman ba populasyon an. Paskeu gaz la s on pwodui transvèsal li ye. Menm lajan ameriken ou wè k ap monte tèt nèg la, si gaz f on ti desann l ap f on ti desann tou wi. Li enpòtan pwodui deu nesesite yo pou moun gen aksè avèk yo. Moman sa a, paskeu y ap bay, y ap rele ba ti manman cheri, ti bagay sa yo, depi yo desann manje nan peyi a l ap pi bon pou tout moun wi. Sa a pou kontwole, ti manman cheri a pa pral okenn kote. S on baay, s on makiyaj li ye. Sa p ap mennen okenn kote. Olye kab bagay la sa pito yo ta kapab pran lajan sa a yo depanse l nan agrikultu nou an. Nou konnen menm si nou fè on mwa, deu mwa n ap soufri nan twa kat mwa n ap jwenn bagay pou nou manje. Se sa a wi pou leta ayisyen fè. Baay kosmetik k ap fè nan lari a la a p ap mennen n okenn kote. Pase gouvènman sa a bay plis pawòl keu aksyon. Nou menm nou di sispann bay pawòl ann fè aksyon. Menm labib di w pito w montre moun nan peche pase w ap bal on grenn pwason. Bagay bay moun nan on pla cho baay sa a nou menm bagay sa a vin fè vin fè tout moun parese yo pa vle travay. Nou konsyen deu (inodib), se sa k fè n ap pale e nou konsyan nou grangou. Depi gaz la desann grangou a ap diminye wi. Ensekirite a ap diminye tou wi. LPP: Sendikalis Chanje Meyu alatèt APCH nan mikwo Amòs Brevil. Sou afè pri gaz la, premye minis lan te deja fè konnen gouvènman a pa ka bese pri gaz la. Men seulon li menm li te deja bese men se pa sa ki te prevwa. Lè l bese fòk li bese, lè l monte bon tout moun mare sentu yo e se premye moun ki kouri monte l se gouvènman an. Polisye yo nan peyi Lafrans, sendika, twa sendika polis ki gen nan peyi Lafrans rankontre ak minis enteryè a pou fè konnen yo about, yo pa kapab ankò. Yo menm tou yo ankòlè, yo sanlè mete jilè jòn yo sou yo. Reprezantan twa òganizasyon sendikal polis nan peyi Lafrans rankontre jounen jodiya ak Kristòf Kastanè ki se minis enteryè a. Objektif rankont lan se pou yo fè tande vwa yo e frape men yo sou tab la pou yo kapab jwenn konpansasyon finansyèr apre pluzyèu seumèn mobilizasyon nan kat kwen peyi a, dapre sa yo fè konnen. E nan lajounen yodiya, minis enteryè a te eseye dezamòse kriz la lè l fè konnen kondisyon polisye yo ap travay nan peyi Lafrans dabò pandan dènye semèn sa yo men globalman depui pluzyè lane fòs sekurite nou yo vrèman y ap travay deu fason trè difisil. Fason yo trete yo a pa alawotè nan sa ki konsène angajman e keu leta dwe pran anvè yo. Kristòf Kastanè, minis enteryè fransè a di li pre pou l atake valè lajan è suplemantè Lafrans pajanm peye ofisye l yo monte a deu san swasannkenz milyon euwo lajan Unyon Euwopeyèn nan. Deu san swasannkenz milyon euwo èu lajan suplemantè sa yo rele overtime polisye yo fè yo pa touche. E e dapre sa minis lan fè konnen e donk polisye yo di yo epuize, e pa bouke non, yo epuize . Epui avèk mwa kriz sa a yo sot pase avèk jilè jòn yo epui avèk tout lòt pwoblèm, menas teworis. Polisye fransè yo, yo di yo p ap sèulman aksepte bèl pawòl nan men gouvènman an k ap vin fè anons. Fòk yo di yo ki dat y ap peye yo. E sendika polis yo lanse on apèl ak tout manm yo e pou yo fè on grèv deumen pou yo fèmen tout komisarya yo toupatou nan peyi Lafrans e se sèul lè yo rele yo sèulman yo ka soti pou on kas durjans men tout komisarya supoze fèmen nèt deumen pou fè pwotestasyon e move tretman y ap reusevwa nan men gouvènman an. Gen on men seupandan g on sèvis minimòm e sou rezo sosyo ki ap egziste e keu y ap bay, yo rele sèvis sa a, jiwobleu puiskeu nou konnen n ap pale deu jilè jòn. Enh Enh e vwala men polisye yo tou y anba lòt presyon kritik, pa egzanp zam yo sèvi pou disuade manifestan yo sutou jilè jòn yo. E gen deu moun ki pèdu men yo pami manifestan yo. Gen yon jèun gason ki pèdu men dwat li paskeu yo te voye yon gaz lakrimojèn sou li. Misyeu reprann ni, li eksploze nan men li. E genyen yon lòt ki pèdu yon bò machwa l nèt. Li pèdu kat dan ak tout bò machwa tout bò jansiv la nèt. Epui g on lòt, yon jèun etudyan nan filozofi, se pou lapreumyè fwa li ta pral manifeste, li pèdu zyeu goch li. E san konte yon seri deu blesu terib yo di keu bal an kawotchou yo fè. Kounyeya g on seri deu mouvman, ankèt k ap mennen sou yon seri deu polisye, ki pèu paskeu yo pral pousuiv yo. Yo tire san moun nan pa fè yo anyen, deu fason abuziv e anplus de sa tou, e genyen òganizasyon k ap defann dwa moun ki panche sou dosye a. E fòk nou di anjeneral, polisye yo pa kontan dutou e yo menm mande, imajine yon plan Marshall pou polis la an Frans. N ap vini e pa bò isit avèj pluzyè anplwaye nan ministè afè sosyal ak travay, ki vin fè deklarasyon nan mikwo nou apre mouvman grèv yo te deklannche yè. Ki fè konnen yo toujou kanpe, yo p ap travay toutotan keu e ministè a pa pe ba yo kat mwa e kat debi yo yo di yo bloke. E Fredlin Zefir ak Sokrat Jus ki te pale nan non delegasyon sa a mande menm prezidan an ak premye minis lan, foure bouch nan zafè a, n ap tande yo k te pale konsa. Manifestan: E se minis Estefani te vini. Mwen menm m pa patizan l. Men ki pa t vin regle bagay patizan anndan ministè a. Li te vin regle afè moun ki pi mal yo. Lè li gade nan salè nou ki pa t reponn a bezwen nou, yon afè deu nèuf mil goud, di mil goud e ui mil goud. Sa a li konnen fòk nou manje e fòk pitit nou al lekòl e si nou gen entèwogasyon chak jou pou vin travay pou siyen. Li di ti pèsonèl la pa touche, li fè fason nan yon kòb, bon m pa bezwen konnen nan ki kòb li te ye, li ba nou fasilite nan ti kat la. Pandan li fasilite nou ti kat la, se devann ti kat la sòti. Nan douz mwa a, se senk mwa ase nou touche. Lòt sèt mwa a, kote n ap pale avè w la a, nou pa konn si l monte si l desann. Nou pa gen pwoblèm. Sa k fè nou te oblije kanpe yè, kòb la pa ka disponib e li ka peye nou kat mwa nou genyen la a mentnan, pa gen on chèf nan buwo a, ni minis, ni administratè, ni direktè, ni responsab ki vle ba nou l. Lè nou wè nou nou nou pale yo di yo pral ba nou deu mwa. Nou di nou menm nan kat mwa a, y ap ba nou tout kat mwa yo. Paskeu se pou nou l ye. Paskeu kòb la, li konbyen milyon deu goud. Metan ou ta fin ba nou kat mwa pa nou an y ap rete dizui milyon. Nou pa bezwen konnen sa yo pral fè ak dizui milyon an, yo ka fè sa yo vle. Men se sa k ap revyen nou deu dwa. N ap mande prezidan Jovnèl, n ap mande Seyan, m kwè keu yo, yo konnen jan bagay la ye lè pou w peye lekòl, lè pou peye fakulte. M pa rete kwè lè m ap travay tankou anplwaye leta pou pitit mwen pa ka al lekòl. Fòk mwen di sa k fè nou ensiste dèyè ti kat la mwen menm pèsonèl e ti kat la k vi m. Manifestan 2: Sa fè deuzyèm jou manifestasyon n ap fè pou twa, kat mwa ti kat la. Oktòb, novanm, desanm e janvye. E nou p ap negosye kat mwa ti kat sa a. Nou mande, nou mande san distenksyon, jwenn, pou avan mwa desanm sa a, jwenn aryere ti kat la. LPP: Vwala se anplwaye ministè afè sosyal yo. Epui pluzyè pwofesè ki soti nan lise Rene Preval pase nan Radyo Kiskeya jounen jodiya pou denonse minis lan, edukasyon an yo di ki pa respekte pwomès li te fè yo pou ba yo lèt nominasyon yo. Klotè Luino te pran lapawòl nan non delegasyon sa a. E fè konnen batay pou yo jwenn lèt nominasyon an l ap pran on lòt faz nan okazyon ouvètu lekòl la nan mwa janvye a e si minis lan pa reponn a reuvandikasyon yo. N ap tande Klotèl Luino. Klotèl Luino: Nou remèsye Radyo Kiskeya pou kouraj yo, detèminasyon yo nan batay pèup la. Paseukeu yè nou t ap fè yon mouvman anndan ministè afè sosyal, franchman yo te pote soutyen yo avèk nou paskeu kri nou t ap kriye a se yon kri ki jus. Alò nou menm, ki fè nou retounen la a jodiya pou nou di yo mèsi e tout lòt radyo, televizyon ki te potè supò tou, pou nou di yo mèsi. Rezon, sa nou vin di la a jodiya, se sè keu pou nou bay radyo a, yo te vin pran nou anbrèf gen bagay nou pa t di. Sa k fè nou menm nou leve brèfman se paskeu kondisyon nou nou menm ti pèsonèl nan afè sosyal pa regle. Lò w gade, nou fè tout tan nou, yon administratè ki gen sizan anndan an… LPP: Nou eskuze nou paskeu g on erèu deguiyaj. E te gen on seremoni ki te fèt e nan mwa fevriye a. E nou konnen yo te lanse, lè prezidan an te lanse sa nou rele karavàn nan ki te fèt nan Site Solèy. Yè g on lòt seremoni ki fèt nan prezans otorite komun nan. Fwa sa a pou lanse nan Site Solèy kote k gen divès pwoblèm, kote k te gen mateyèl lou yo te ekspoze e nan okazyon sa a, gen depute Site Solèy la, Pyèr Lemèr ki te pran lapawòl, li te pale konsa nan mikwo Gèrvens Rikado Jan Jak. Pyèr Lemèr: Nou kòmanse depui nan pwent pase nan vil komun nan rive Laplèn, pou kreye anplwa pou jenès la, pou ba yo travay. E lè n konnen pou difikilte ekonomik ki genyen pou fen dane a mwen m panse s on bèl opòtunite. Nou remèsye gouvènman Taywann, nou remèsye gouvènman Moyiz-Seyan an pou travay yo vin kreye pou jèn nan komun nan. Aksyon m se kontwole aksyon gouvènman an, pou kontwole si travay yo vre, ot entansite mendèv yo yo bay tout bon vre. Èske yo vini tout bon vre pou yo mete lajan nan pòch pèp la. Pou ede pèp la avèk bezwen fen dane l e kontinye poukwa pa pou mwa janvye fevriye. Nou gen poupale deja avèk minis travo publik la keu on deu mil moun pral jwenn travay nan komun nan. Mwen pa konnen ki montan moun yo, m pa konnen konbyen kòb ki disponib men se kontwole èske travay yo ap bay? Èske travay yo ap fèt vre? Èske rezilta eskonte yo komun nan ap jwenn yo? Pa bliye laprès m ap di l nou pa t lanse avèk yo, se paskeu m la a, nan inogurasyon an m ap konte yo. Mwen menm m pa vle ap vin nan site a pou fè baay soukotraj. Nou vle des actions concrètes, lè karavàn nan prale pou chanjman reyèl vre nan komun nan. Lekòl nasyonal la, plas la, teren foutbòl yo, wout nan premye ak dezyèm seksyon. Epi kanal la, kanal Senjòj, espesyalman nan zòn Ti Ayiti ki gen pi gwo pwoblèm nan. Pase nou pa vle materyèl vin la a, pou vini. E nou fè l toutan. Pandan m te vini an mete, travo publik mete materyèl men solusyon an pa bay. Nou vle pou ta g on badj ki soti nan lanmè a avèk yon materyèl ki pou drene rigòl yo pou lè lapli vini pou pèp la sispann viktim deu pwoblèm moun Dèlma, moun Petyonvil ki pa fè jesyon deu fatra yo. S on travay k ap dure twa mwa. Mwen m panse nan twa mwa, mwen menm mwen vle ke chanjman an li reyèl tout bon vre atravè yon ansanm deu pwoblèm nou sot site la a, lekòl nasyonal, wout, plas fyète, teren foutbòl, kanal yo. E nou gen waf Jeremi tou ki gen lòt pwoblèm. Nou gen Fò Dimanch ki gen pwoblèm dlo potab. E m panse karavàn nan dwe yon pakedj, li pa dwe pwoblèm kanal la sèulman, li dwe vin solusyone tout pwoblèm komin Site Solèy. Nou gen prè deu sèt kanal men priyorite yo se kanal Senjòj 1 ak Senjòj 2. Sou plas la nou gen fimli bati sou plas la men se ministè travo piblik ki ap reyaji sou kesyon travay yo. S on montan k alwe pou sis depatman, (inodib) Pòtoprens lan fè pati deu yon depatman, nan youn depatman k ap entèvenu yo, men yo kòmanse lakay nou. Men nou swete lakay nou bay egzanp a lòt komun yo pou lè karavàn nan vini yo wè se yon reyalite tout bon vre k ap vin rezoud ansanm deu pwoblèm yo. LPP: Vwala se depute Site Solèy la, Pyèr Lemèr pandan lansman karavàn sa a yè nan Site Solèy. Epi Fondasyon Donal Twonp lan pral disoud, li aksepte sa. S on viktwa pou pwokurè eta Nouyòk lan ki te asiyen fondasyon prezidan ameriken an deuvan lajustis nan mwa jwen ki sot pase la a. Li akuze prezidan ameriken an daprezavwa l sèvi ak fondasyon an pou te finanse depans pèsonèl li pou fè kanpay elektoral li olyeu pou l te fè zèuv charite avè l. Fondasyon an siyen yon akò kote l aksepte l ap disout tèt li anba supèvizyon lajustis amerikèn, jan keu lajustis nan eta Nouyòk la egzije l. E konsa lajustis ap verifye e keu tout aktif konsènan fondasyon an e e y ap dispèse yo ba lòt òganizasyon charitab nan eta Nouyòk lan jan keu pwokurè eta sa a, Barbara Oundèwoud te egzije l. Se la nou kanpe, rete sou Radyo Kiskeya pou rès, pou rès pwogram nan. M di tout moun bonswa, n a wè deumen. Chrisnette deja sou liy nan, pou l’ bannou dènye nouvèl tan an, Bonswa Chrisnette. Gwo bonsoir pou ou Liliane, bonsiouur Antoinenne, bonsoir tout ekip lan, auditeur, auditrice radio kiskeya, nou salye nou chak. Men kòman sitisyasyon a prezante l’pou aprè midi madi 18 désanm 2018 lan, ki konsène karayib la, sou Atlantik lan. Nou genyen yon lwon Karistasyonè ki chite kò li nan pati Les peyi Cuba, se li menm ki domine karayib lan, et surtout pati accidentale la. Landis que lòt pati Central la, avèk Orientale la, li anba domisyon yon zònm de haute pression , ki chita bò pa li, sou zafè Atlantik Nou lan, se sa ki fè aktivite laplu yo, on ti jan trè reduite surtout sou peyi dayiti, vi jodia, avèk demen. Pou aprè midi an, nou ankò gen Solèy gen muage kap develope, gen ti van kap soufle. Zanperatu an te vire kò l’ pandan jounen an entre 28 à 32ºC, e lap tonbe nan nwit la, an myayèn entre 18 a’ 22ºC humidité ki nan basstier lan a mete l’ avek chaleu jounen an, sa ki pra’l fasilite sètin tèt mornes, ki tou prè pati Sud peyi an bènefisye ti aktivite lapli nan nwit lan. Pou mèkredi avèk jedi, mas tè a kap kontinye make humidite, sa ki pap tèlman enkouraje aktivité lapli a, tonbe sou peyi an. Pou pòtoprene ak zòn ki antoure m’ yo, semenn kad figure lan, nou genyen solèy toujou, gen ti van kap soufle, gen nwaj kap develope e gen pasililite tèt moune ki tou prè. Pòtogrens resevwa ti aktivite lapli pou aswè a. Kote map pale la a a, température an limenm te ogmante pandan jounen an jiska 31ºC epi lap chute, pou l’rive nan nwit an 20ºC. Pou lanmè a, nou mande vwalye yo, anpil prekosyon, prudans souple, le vay travèse zòn kote nò gòff La Gonaive la, ak zòn kote Sud. Kote van an ap soufle, jiska 20 me otè vag yo p ap elve rive 7 e pou jiska demen lap rive 8 pye, lap on tijan trè elve mitan lanme a, ao move anpil, nou rekòmande, anpil prudans, anpil konsantrasyon, ou menm ki deja rive an lanmè a, pa kite pwoblèm, kalkil pran w’ sou lanm.`e a, pou w’ ta mwaye. Mete tout konsyans ou là, konsatre w’, pou kapap retounen sou t.è aprè wa mete kalkil la nan tèt ou. Pran anpil prekosyon, lè m’ rive nan mitan lanmè, surtout zòn kote Sud. Solèy la aprè midi an, ap kouche a’ 5h15, pou l’ leve demen mater à 6h16. Se la nou mete yon bout nan infòmasyon meteyolojik yo. Yon gran remèsiman avèk ou Liliane, Antoinette, tout ekip radio kiskeya, nou swete n’pase yon agreyab fen daprè midi, randevox pove’m kontinye enfòme nou, se pou demen. Bonne fin d’apres midi Liliane. Mèsi Chrisnette na wè demen. Merci Liliane. Radyo Kiskeya - Jounal 4è, 18 12 18 (Presentatrice Liliane Pierre Paul) 1